Revised Common Lectionary (Complementary)
130 ¶ Se yon chante pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Nan mizè mwen ye a, Seyè, m'ap rele nan pye ou.
2 Seyè, koute m' non! Panche zòrèy ou pou ou tande jan m'ap lapriyè nan pye ou.
3 Si ou t'ap make tout zak nou fè, Seyè, ki moun ki ta ka leve tèt devan ou?
4 Men, ou padonnen nou, pou n' ka respekte ou.
5 ¶ Mwen mete tout espwa m' nan Seyè a, mwen mete espwa m' nan sa li di.
6 N'ap tann Seyè a, tankou faksyonnè k'ap tann solèy leve, wi, tankou faksyonnè k'ap tann solèy leve!
7 Nou menm pèp Izrayèl, mete tout espwa nou nan Seyè a, paske li renmen nou anpil. Li toujou pare pou delivre.
8 Se li menm ki va delivre pèp Izrayèl la anba tout mechanste yo fè yo.
13 ¶ Se konsa, yon pakèt moun sanble lavil Jerizalèm nan dezyèm mwa a, pou yo fete fèt Pen san ledven yo.
14 Yo pran tout lòt lotèl kote yo te konn boule bèt yo ofri yo ak lotèl kote yo boule lansan ki te lavil Jerizalèm yo, yo al voye yo jete nan Fon Sedwon an.
15 Nan katòzyèm jou dezyèm mwa a, yo touye ti mouton Delivrans yo. Prèt yo ak moun Levi ki pa t' nan kondisyon pou fè sèvis pou Seyè a vin wont tèt yo, yo fè sa pou yo fè pou yo ka nan kondisyon pou sèvis Seyè a, lèfini yo antre nan Tanp lan al boule bèt yo ofri nèt pou Seyè a.
16 Yo al pran plas yo nan Tanp lan dapre regleman ki nan lalwa Moyiz, sèvitè Bondye a. Moun Levi yo bay prèt yo san bèt yo pou yo vide sou lotèl la.
17 Te gen anpil moun ki pa t' mete tèt yo nan kondisyon pou fè sèvis Bondye a. Kifè yo pa t' kapab touye ti mouton Delivrans pa yo. Konsa, se moun Levi yo ki te fè l' pou yo, lèfini ki te mete yo apa nèt pou Seyè a.
18 Paske pifò moun ki te soti nan branch fanmi Efrayim, nan branch fanmi Manase, nan branch fanmi Isaka ak nan branch fanmi Zabilon yo pa t' fè sèvis pou mete tèt yo nan kondisyon pou sèvi Bondye. Yo te manje manje Delivrans lan yon jan ki pa konfòm ak sa ki ekri nan liv lalwa a. Men, Ezekyas lapriyè Bondye pou yo, li di: -O Seyè, Bondye zansèt nou yo, pou jan ou gen bon kè, tanpri padonnen
19 tout moun sa yo ki soti pou sèvi ou ak tout kè yo, menm si yo pa nan kondisyon pou sèvi ou, pou yo manyen sa yo mete apa pou ou yo.
20 Seyè a tande lapriyè Ezekyas te fè a, li padonnen pèp la.
21 ¶ Konsa pandan sèt jou, moun pèp Izrayèl ki te sanble lavil Jerizalèm yo fete fèt Pen san ledven yo avèk anpil kè kontan. Chak jou, prèt yo ak moun Levi yo menm t'ap chante fè lwanj Seyè a, yo t'ap jwe enstriman mizik yo byen fò pou Seyè a.
22 Ezekyas t'ap ankouraje tout moun Levi yo pou jan yo t'ap mennen sèvis Seyè a byen. Pandan sèt jou, tout pèp la t'ap manje manje fèt Delivrans lan, yo fè ofrann pou mande padon, yo t'ap di Seyè a, Bondye zansèt yo a, mèsi.
23 Apre sa, tout pèp la tonbe dakò pou yo pase sèt lòt jou ankò ap fè fèt. Se konsa, yo fete pou sèt lòt jou ankò ak kè kontan.
24 Ezekyas, wa peyi Jida a, te bay mil (1.000) towo bèf ak sètmil (7.000) mouton pou yo bay pèp la manje. Lòt otorite yo menm bò pa yo te bay mil towo bèf ak dimil mouton. Anpil prèt te mete tèt yo nan kondisyon pou sèvis Seyè a.
25 Tout moun te kontan, depi moun peyi Jida yo, prèt yo, moun Levi yo jouk moun ki te soti nan peyi Izrayèl yo ansanm ak moun lòt nasyon ki te tabli ni nan peyi Jida a ni nan peyi Izrayèl la.
26 Se te gwo fèt nan lavil Jerizalèm, paske depi sou rèy Salomon, pitit David, wa pèp Izrayèl la, pa t' janm gen bagay konsa lavil Jerizalèm.
27 Apre sa, prèt yo ak moun Levi yo kanpe, yo mande benediksyon Bondye pou tout pèp la. Lapriyè yo moute rive jouk nan syèl la, kay Bondye a menm, kote Bondye ki apa nèt la rete a. Bondye tande lapriyè yo.
2 ¶ Kèk jou apre sa, Jezi tounen Kapènawòm. Yo tande li te lakay li.
2 Te sitèlman gen moun ki te sanble, pa t' gen plas ankò, pa menm devan pòt kay la. Jezi menm t'ap anonse yo pawòl la.
3 Se lè sa a, yon kolonn moun vin rive, kat ladan yo t'ap pote yon nonm paralize. Yo t'ap mennen l' bay Jezi.
4 Men, foul la te kwense anpil, kifè moun yo pa t' ka pwoche bò kot Jezi. Lè yo wè sa, yo dekouvri do kay la egzakteman sou tèt Jezi. Epi yo file nonm paralize a desann nan twou a, tou kouche sou nat li a.
5 Jezi wè jan yo te gen konfyans nan li, li di nonm paralize a: -Pitit mwen, peche ou yo padonnen.
6 Te gen kèk dirèktè lalwa chita la; yo t'ap di nan kè yo:
7 -Pouki nonm sa a pale mal sou Bondye konsa? Ki moun sou latè ki kapab padonnen peche? Sa se travay Bondye sèlman.
8 Menm lè a Jezi te gen tan konnen nan fon kè l' sak t'ap pase nan tèt yo. Li di yo: -Poukisa n'ap fè lide konsa nan kè nou?
9 Kisak pi fasil pou m' di nonm paralize a: Peche ou yo padonnen; osinon: Leve kanpe, pran nat ou, mache?
10 Enben, m'ap fè nou konnen, mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, mwen gen pouvwa sou latè pou m' padonnen peche. Lè sa a, Jezi di nonm paralize a:
11 -Mwen di ou: leve kanpe, pran nat ou, ale lakay ou.
12 Latou, nonm lan leve kanpe, li pran nat li, li soti devan tout moun. Yo tout te sezi, yo fè lwanj Bondye; yo t'ap di: -Nou poko janm wè bagay konsa.