Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Revised Common Lectionary (Complementary)

Daily Bible readings that follow the church liturgical year, with thematically matched Old and New Testament readings.
Duration: 1245 days
Haitian Creole Version (HCV)
Version
1 Wa 17:17-24

17 ¶ Kèk tan apre sa, pitit gason metrès kay la tonbe malad. Maladi a vini pi mal sou li jouk li mouri.

18 Madanm lan di Eli konsa: -Sèvitè Bondye, poukisa ou fè m' sa? Ou vin lakay mwen pou fè Bondye chonje peche m' yo, pou fè pitit gason m' lan mouri.

19 Eli reponn: -Ban m' pitit la. Li pran ti gason an nan men manman l', li moute avè l' nan pyès chanm anwo kay la kote li te rete a, li mete l' kouche sou kabann li.

20 Apre sa, li lapriyè, li di: -Seyè, Bondye mwen, poukisa pou ou fè vèv sa a tout lapenn sa a? Li resevwa m' lakay li, men w'ap pran pitit li.

21 Eli kouche twa fwa sou pitit la, li lapriyè. Li di: -Seyè, Bondye mwen, tanpri, bay pitit la lavi ankò.

22 Seyè a koute lapriyè Eli a, li bay pitit la lavi ankò. Ti gason an rekonmanse pran souf.

23 Eli pran ti bway la, li desann anba avè l', li renmèt li bay manman l', li di l': -Gade! Ti gason ou lan vivan!

24 Madanm lan reponn: -Koulye a mwen wè se yon sèvite Bondye ou ye vre. Pawòl nan bouch ou se pawòl Bondye vre.

Sòm 30

30 ¶ (30:1) Kantik pou fèt Benediksyon Tanp lan. Se yon sòm David. (30:2) M'ap fè lwanj ou, Seyè, paske ou mete m' sou de pye m' ankò, paske ou pa bay lènmi m' yo chans pou yo pase m' nan rizib.

(30:3) Seyè, Bondye mwen, mwen rele nan pye ou, epi ou geri mwen.

(30:4) Ou rale m' soti nan bouch twou a. Ou ban m' lavi ankò, ou pa kite m' mouri.

(30:5) Nou tout ki renmen Seyè a, fè lwanj li! Chonje sa l' te fè. Li pa tankou tout moun. Di l' mèsi.

(30:6) Paske, lè li ankòlè, se pou yon ti tan. Men, li ban nou favè l' pou tout tan n'ap viv. Lannwit nou kriye, Kou l' jou, kè nou kontan.

¶ (30:7) Mwen te santi kè m' poze, se sak fè mwen t'ap di: -Anyen p'ap janm rive m'.

(30:8) Seyè, ou fè m' favè, ou mete m' chita sou yon mòn byen wo. Men, kou ou vire do ban mwen, kè m' kase.

(30:9) Mwen te kriye nan pye ou, Seyè. Mwen te mande ou sekou.

(30:10) Si ou kite yo touye m', sa sa ap fè pou ou? Si ou kite m' ale anba tè, sa sa ap rapòte ou? Eske moun mouri ka fè lwanj ou? Eske yo ka mache di jan ou toujou kenbe pawòl ou?

10 (30:11) Koute m' non, Seyè! Gen pitye pou mwen! Seyè, pote m' sekou!

11 (30:12) Ou siye dlo nan je m', ou fè kè m' kontan anpil. Ou wete rad dèy ki te sou mwen an, ou ban m' yon bèl rad mete sou mwen pou m' fè fèt.

12 (30:13) Mwen p'ap rete ak bouch mwen fèmen, m'ap chante lwanj ou. Seyè, se ou menm ki Bondye mwen! Se tout tan tout tan m'ap di ou mèsi.

Galasi 1:11-24

11 M'ap di nou sa, frè m' yo, bon nouvèl m'ap anonse a pa soti nan moun.

12 Paske mwen menm, mwen pa t' resevwa l' nan men pesonn, ni se pa yon moun ki te moutre m' li. Men, se Jezikri menm ki te fè m' konnen li.

13 Nou tande pale sa m' te konn fè nan tan lontan, lè m' te nan relijyon jwif yo. Nou konnen jan m' te san pitye lè m' t'ap pèsekite legliz Bondye a, jan m' t'ap chache kraze li.

14 Nan relijyon jwif yo mwen te pi fò pase anpil moun nan ras mwen ki te menm laj avè mwen. Mwen te pi cho pase yo pou defann koutim zansèt nou yo.

15 Men, Bondye fè m' favè l', li mete m' apa depi nan vant manman m', li rele m' pou m' te ka sèvi li.

16 Konsa, lè se te lide l' pou l' te fè m' konnen Pitit li a, pou m' te ka anonse bon nouvèl li a nan mitan moun ki pa jwif yo, wi, lè sa a, mwen pa t' al mande pesonn konsèy.

17 Mwen pa t' moute Jerizalèm non plis pou m' al wè moun ki te apòt anvan m' yo. Men, mwen te pati la menm pou peyi Arabi. Apre sa, mwen tounen tounen m' lavil Damas.

18 Sou twazan, mwen moute lavil Jerizalèm pou m' te fè konesans ak Pyè. Mwen rete kenz jou lakay li.

19 Lè sa a, mwen pa t' wè okenn nan lòt apòt yo, esepte Jak, frè Seyè a.

20 Sa m'ap ekri nou la a, se vre wi. Mwen pran Bondye pou temwen, mwen p'ap bay manti.

21 Apre sa, mwen te ale nan peyi Siri ak Silisi.

22 Pandan tout tan sa a, manm legliz Kris la ki te nan peyi Jide a pa t' ankò rekonèt mwen.

23 Yo te sèlman konn tande moun ap di yo: Nonm ki t'ap pesekite nou nan tan lontan an, koulye a men l'ap mache anonse bon nouvèl li te vle kraze a.

24 Yo t'ap fè lwanj Bondye pou tèt mwen.

Lik 7:11-17

11 ¶ Apre sa, Jezi ale nan yon lavil yo rele Nayen. Disip li yo t'ap fè wout avè l' ansanm ak yon gwo foul moun.

12 Li rive bò pòtay lavil la. Lè sa a yo t'ap pote yon mò al antere: se te sèl pitit gason yon madanm vèv. Te gen anpil moun lavil la avèk li.

13 Lè Jezi wè vèv la, kè l' fè l' mal pou li, li di li: Pa kriye, tande!

14 Apre sa li pwoche, li manyen sèkèy la. Moun ki t'ap pote l' yo ret kanpe. Li di: Jennonm, se mwen menm k'ap pale avè ou. Leve.

15 Epi mò a leve chita, li kòmanse pale. Jezi renmèt li bay manman li.

16 Tout moun yo te pè, yo t'ap fè lwanj Bondye, yo t'ap di: Yon gwo pwofèt parèt nan mitan nou! Yo t'ap di tou: Bondye vin sove pèp li a.

17 Nouvèl la te gaye nan tout peyi Jide a ak nan tout vwazinaj la.