Revised Common Lectionary (Complementary)
110 ¶ Se yon sòm David. Seyè a pale ak wa a, chèf mwen an, li di: -Chita la sou bò dwat mwen, jouk tan mwen fè lènmi ou yo tounen yon ti ban pou lonje pye ou.
2 Seyè a va fè ou dominen sou peyi ki lòt bò fwontyè peyi Siyon. Li di ou: -Gouvènen sou tout lènmi ou yo.
3 Jou w'ap pare pou konbat lènmi ou yo, pèp ou a va prese vin ba ou konkou. Tankou lawouze nan granmaten, jenn gason ou yo va vin jwenn ou sou mòn ki apa pou Bondye a.
4 Seyè a te sèmante, l'ap toujou kenbe pawòl li: -Ou se prèt pou tout tan, menm jan ak Mèlkisedèk.
5 ¶ Seyè a kanpe sou bò dwat ou. Lè l' ankòlè l'ap krabinen wa yo.
6 L'ap jije nasyon yo, l'ap anpile kadav sou kadav, l'ap kraze chèf yo toupatou sou latè.
7 Wa a ap bwè dlo larivyè k'ap koule bò wout la. Se poutèt sa li p'ap janm bese tèt devan lènmi l' yo.
11 ¶ Lè sa a, Moyiz te fin grandi. Yon jou, li soti pou l' al vizite moun pèp Izrayèl parèy li yo. Li wè jan yo t'ap fè yo travay di. Li wè yon moun peyi Lejip ki t'ap bimen yon ebre anba kou, yonn nan moun parèy li yo.
12 Li voye je l' adwat, li voye je l' agoch, li pa wè pesonn. Li touye moun pèyi Lejip la, li fouye yon twou nan sab la, li kache kadav la.
13 Nan denmen, li soti ankò, li wè de ebre ki t'ap goumen. Li di sa ki te antò a: -Poukisa w'ap maltrete moun menm ras ak ou konsa?
14 Men, nonm lan reponn li: -Kilès ki mete ou chèf pou kòmande nou? Gen lè ou vle touye m' menm jan ou te touye moun peyi Lejip la? Moyiz vin pè, li di nan kè l': -Aa! Gen moun ki konnen sa m' te fè a!
15 Farawon an pran nouvèl sak te pase. Li t'ap chache Moyiz pou touye l'. Men Moyiz chape kò l' anba men l', l' al rete nan peyi Madyan. Rive la, li chita bò yon pi.
16 ¶ Prèt peyi Madyan an te gen sèt pitit fi. Yo te vin tire dlo pou plen ganmèl yo pou bay mouton papa yo bwè.
17 Men, kèk lòt gadò mouton vin rive, yo kouri dèyè medam yo. Moyiz leve, li pran defans yo, epi li bay mouton medam yo bwè.
18 Lè medam yo tounen lakay Reouyèl, papa yo, li mande yo: -Ki jan nou fè tounen vit konsa jòdi a?
19 Yo reponn li: -Se yon moun peyi Lejip ki te delivre nou anba men gadò mouton yo. Apre sa, se li menm ankò ki tire dlo pou nou bay bèt yo bwè.
20 Reouyèl mande pitit fi li yo: -Kote msye? Poukisa nou kite l' laba a? Al rele l' pou l' vin pran kichòy ak nou.
21 Moyiz te dakò pou l' te rete lakay nonm sa a. Reouyèl bay Moyiz Sefora, yonn nan pitit fi li yo, pou madanm.
22 Sefora fè yon ti gason. Lè sa a, Moyiz di: -Se moun vini mwen ye nan yon peyi etranje. Se konsa, li te rele pitit la Gèchon.
23 ¶ Lontan apre sa, wa Lejip la mouri. Pèp Izrayèl la t'ap plenn pi rèd anba esklavaj. Yo t'ap rele gras mizèrikòd. Bondye te tande jan yo t'ap rele, jan yo t'ap plenn anba esklavaj la.
24 Bondye tande rèl yo, li vin chonje kontra li te pase ak Abraram ak Izarak epi ak Jakòb.
25 Bondye te wè nan ki sitiyasyon moun pèp Izrayèl yo ye, li pran kòz yo nan men l'.
27 Se paske Moyiz te gen konfyans nan Bondye kifè li te kouri kite peyi Lejip, san l' pa t' pè kòlè wa a. Li pa t' chanje lide menm, tankou si l' te wè Bondye moun pa ka wè a.
28 Se paske Moyiz te gen konfyans nan Bondye kifè li te fete fèt Delivrans lan, li bay lòd make pòt kay yo ak san an pou zanj Bondye a pa t' touye premye pitit gason pèp Izrayèl yo.