Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Revised Common Lectionary (Complementary)

Daily Bible readings that follow the church liturgical year, with thematically matched Old and New Testament readings.
Duration: 1245 days
Haitian Creole Version (HCV)
Version
Sòm 31:1-5

31 ¶ (31:1) Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. (31:2) Seyè, m'ap chache pwoteksyon anba zèl ou! Pa janm kite m' pran wont ankò. Ou se yon Bondye ki pa nan patipri. Tanpri, delivre mwen.

(31:3) Panche zòrèy ou bò kote m', prese vin delivre mwen. Se ou menm ki twou wòch kote m' ka jwenn pwoteksyon. Se ou menm ki pou sèvi m' ranpa. Se ou menm ki pou delivre m'.

(31:4) Se ou ki tout pwoteksyon mwen, tout defans mwen. Tanpri, dirije m', kondi m' poutèt non ou pote a.

(31:5) Pa kite m' tonbe nan pèlen yo tann pou mwen an. Se ou menm k'ap pwoteje m'.

(31:6) Mwen renmèt lespri mwen nan men ou. W'a delivre m', Seyè, paske ou se yon Bondye ki kenbe pawòl li.

Sòm 31:19-24

19 ¶ (31:20) Ala bon yo bon, bagay ou kenbe an rezèv pou moun ki gen krentif pou ou! Ala bèl yo bèl, bagay ou fè devan tout moun, lè w'ap pwoteje moun k'ap chache pwoteksyon anba zèl ou!

20 (31:21) Ou kenbe yo la devan je ou, pou ou ka pwoteje yo anba moun k'ap pèsekite yo. Ou kache yo lakay ou pou yo pa fini ak yo anba kout lang.

21 (31:22) Lwanj pou Seyè a! Ala bèl bagay li fè pou l' moutre jan l' renmen mwen, lè m' te anba tray, lè yo te sènen m' toupatou a!

22 (31:23) Mwen te pè, mwen t'ap di nan kè m': -Gen lè ou voye m' jete byen lwen ou. Men, ou te tande rèl mwen, lè m' t'ap mande ou sekou.

23 (31:24) Nou tout k'ap sèvi Seyè a, se pou nou renmen l'. Wi, Seyè a pwoteje tout moun ki kenbe fèm nan li. Men, se pa ti pini l'ap pini moun k'ap vante tèt yo.

24 (31:25) Nou tout ki met espwa nou nan Seyè a, pran kouraj, kenbe fèm.

Amòs 2:6-11

Seyè a di konsa: Moun pèp Izrayèl yo ap plede fè peche sou peche san rete. Mwen fin pran desizyon m', mwen p'ap chanje lide. Yo pran moun serye ki pa ka peye dèt yo, yo vann yo tankou esklav. Yo pran pòv malere ki pa gen senk pou peye dèt yo, yo vann yo pou gremesi.

Y'ap pilonnen malere anba pye yo. Y'ap fè pòv yo vin pi pòv. Papa kou pitit al dèyè fi k'ap sèvi nan kay la. Konsa, yo trennen non Bondye nan labou.

Yo kouche bò lotèl yo sou rad moun te mete nan plan lakay yo. Nan tanp bondye yo a y'ap bwè bweson yo te fè moun bay pou amann.

¶ Men, nou menm pèp mwen, se pou nou mwen te detwi moun Amori yo nèt, yon bann moun ki te wo tankou pye palmis, ki te gen kouraj tankou pye bwadchenn. Mwen koupe branch yo ra tè. Mwen dechouke rasin yo.

10 Mwen fè nou soti kite peyi Lejip. Mwen mennen nou pandan karantan nan dezè a. Mwen ban nou peyi moun Amori yo pou peyi pa nou.

11 Mwen te chwazi kèk nan pitit gason nou yo pou sèvi m' prèt, ak kèk nan jenn gason nou yo pou yo ka vin nazirit. Se pa konsa sa te fèt vre, moun Izrayèl? Se mwen menm, Seyè a, ki di sa.

Matye 7:1-6

¶ Pa jije moun pou Bondye pa jije nou,

paske Bondye va jije nou menm jan nou jije lòt yo. Mezi nou sèvi pou mezire lòt yo, se li menm menm Bondye va sèvi pou mezire nou tou.

Poukisa pou w'ap gade ti pay ki nan je frè ou, epi ou pa wè gwo bout bwa ki nan je pa ou la?

Ou menm ki gen yon gwo bout bwa nan je ou la, kouman ou ka di frè ou: Kite m' wete ti pay ki nan je ou la?

Ipokrit! Wete gwo bout bwa a ki nan je pa ou la anvan. Apre sa, wa wè klè pou ou ka wete ti pay ki nan je frè ou la.

Piga nou bay chen bagay yo mete apa pou Bondye. Piga nou jete bèl grenn pèl nou yo devan kochon. Si nou fè sa, kochon yo va mache sou yo, epi y'a vire sou nou vin dechire nou.