Old/New Testament
16 ¶ Seyè a pale ak Jeou, pitit gason Anani. Li ba li mesaj sa a pou Bacha. Li di l' konsa:
2 -Bacha pa t' anyen menm. Men, mwen mete l' chèf sou pèp mwen an, pèp Izrayèl la. Koulye a menm, li fè tankou Jewoboram, lèfini li lakòz pèp la fè sa ki mal tou. Yo fè m' fache ak peche yo fè yo.
3 Se konsa mwen pral disparèt Bacha ansanm ak tout fanmi li, tankou m' te fè fanmi Jewoboram lan.
4 Chen pral manje kadav moun nan fanmi li ki va mouri nan lavil la. Malfini karanklou va manje kadav sa ki va mouri andeyò yo.
5 Tout lòt istwa sou sa Bacha te fè yo, sou jan li te yon vanyan gason, n'a jwenn yo ekri nan liv Istwa wa peyi Izrayèl yo.
6 Lè Bacha mouri, yo antere l' lavil Tiza. Se Ela, pitit gason l', ki moute wa nan plas li.
7 Seyè a te bay pwofèt Jeou, pitit gason Anani an, mesaj sa a pou Bacha ak fanmi li poutèt peche Bacha te fè kont Seyè a. Li te fè Seyè a fache sou li non sèlman paske li te fè sa ki mal tankou moun fanmi Jewoboram yo, men tou paske li te touye tout moun nan fanmi Jewoboram lan.
8 Wa Asa t'ap mache sou vennsizan depi li t'ap gouvènen peyi Jida lè Ela, pitit gason Bacha, moute wa peyi Izrayèl la. Li gouvènen pandan dezan lavil Tiza.
9 Zimri, yonn nan chèf li yo ki te reskonsab mwatye cha lagè wa a, moute yon konplo kont wa a. Yon jou, Ela te lavil Tiza, li t'ap bwè gwòg lakay Atza ki te reskonsab palè wa a.
10 Zimri antre nan kay la, li touye wa Ela, li pran plas li sou fotèy la. Tou sa pase nan vennsetyèm lanne rèy Asa, wa peyi Jida a.
11 Moute Zimri moute wa, li touye dènye moun nan fanmi Bacha a. Li touye tout gason ki te fanmi l' osinon zanmi l'.
12 Se konsa Zimri te touye tout fanmi Bacha a, jan Seyè a te mete pawòl la nan bouch pwofèt Jeou a.
13 Paske Bacha ak Ela, pitit li a, te fè Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, fache ak vye zidòl yo. Yo te peche kont Seyè a, yo te lakòz pèp la fè sa ki mal tou.
14 Tout lòt bagay Ela te fè yo, n'a jwenn yo ekri nan liv Istwa wa peyi Izrayèl la.
15 ¶ Wa Asa t'ap mache sou vennsetan depi li t'ap gouvènen peyi Jida a, lè Zimri pran pouvwa a pou sèt grenn jou lavil Tiza nan peyi Izrayèl. Lè sa a, lame pèp Izrayèl la t'ap sènen lavil Gibeton nan peyi Filisti.
16 Lè sòlda yo pran nouvèl Zimri te fè konplo sou wa a, li te menm touye l', lapoula yo nonmen Omri, kòmandan lame a, wa peyi Izrayèl.
17 Omri kite lavil Gibeton ansanm ak tout lame a, li moute, l' al sènen lavil Tiza.
18 Lò Zimri wè lavil la tapral tonbe nan men Omri, li antre nan ti fò ki sou tèt palè wa a, li mete dife nan palè a, epi li mouri nan dife a.
19 Sa te pase konsa paske Zimri te fè sa ki mal nan je Seyè a. Tankou Jewoboram, li pa t' fè sa ki dwat devan Seyè a, li te lakòz pèp Izrayèl la fè peche tou.
20 Tout lòt bagay Zimri te fè ak istwa konplo li te moute a, n'a jwenn sa ekri nan liv Istwa wa peyi Izrayèl yo.
21 Lè sa a, moun peyi Izrayèl yo te fè de kan: Mwatye ladan yo te vle fè Tibni, pitit gason Genat la, wa. Mwatye te pou Omri.
22 Patizan Omri yo kraze patizan Tibni, pitit gason Genat la. Tibni mouri, Omri moute wa.
23 Se konsa nan tranteyenyèm lanne rèy Asa, wa peyi Jida, Omri moute wa peyi Izrayèl. Li gouvènen peyi a pandan douzan. Pandan sizan, li gouvènen nan lavil Tiza.
24 Apre sa, li achte mòn Samari a pou simil (6.000) pyès ajan nan men yon nonm yo te rele Chemè. Omri bati yon lavil sou tèt mòn lan, li rele l' Samari, dapre non Chemè, ansyen mèt tè a.
25 Omri fè sa ki mal nan je Seyè a. Li fè pi mal pase moun ki te chèf anvan l' yo.
26 Li mache pye pou pye dèyè Jewoboram, pitit Nebat la: li fè sa ki mal, li lakòz pèp la fè sa ki mal tou. Se konsa yo te fè Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, fache ak vye zidòl yo.
27 Tout lòt istwa sou sa Omri te fè yo, sou jan li te yon vanyan gason, n'a jwenn sa ekri nan liv Istwa wa peyi Izrayèl yo.
28 Lè Omri mouri, yo antere l' lavil Samari. Se Akab, pitit gason l' lan, ki moute wa nan plas li.
29 ¶ Wa Asa te gen trantwitan depi li t'ap gouvènen peyi Jida a lè Akab, pitit Omri a, moute wa peyi Izrayèl. Pandan venndezan li gouvènen peyi Izrayèl nan lavil Samari.
30 Li fè sa ki mal nan je Seyè a. Li fè pi mal pase tout moun ki te chèf anvan l' yo.
31 Non sèlman li te fè tankou Jewoboram, pitit Nebat la, men l' ale pi lwen toujou. Li marye ak Jezabèl, pitit fi Elbaal, wa peyi Sidon. Li pran sèvi Baal, l' al met ajenou devan li.
32 Nan mitan lavil Samari, li bati yon tanp pou Baal, li mete yon lotèl ladan l'.
33 Li fè yon estati pou Astate tou. Li fè pi mal pase tout lòt wa peyi Izrayèl ki te pase anvan l' yo pou fè Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, fache.
34 Se pandan rèy Akab la, yon nonm yo rele Iyèl, moun lavil Betèl, rebati lavil Jeriko. Men, pawòl Seyè a te di Jozye, pitit Noun lan, rive vre. Abiram, premye pitit Iyèl la, mouri lè yo t'ap fouye fondasyon lavil la, lèfini Segoub, dezyèm pitit gason Iyèl la, mouri lè yo t'ap moute pòtay lavil la.
17 ¶ Yon pwofèt yo te rele Eli, moun lavil Tichbe nan zòn Galarad, di wa Akab konsa: -Nan non Seyè m'ap sèvi a, Bondye vivan pèp Izrayèl la, men sa m'ap di ou: Pandan lanne k'ap vini yo, p'ap gen lawouze, p'ap gen lapli si se pa mwen ki mande sa.
2 Apre sa, Seyè a pale ak Eli, li di l' konsa:
3 -Kite kote ou ye a, ale nan direksyon solèy leve. Al kache toupre ravin Kerit la ki sou bò solèy leve larivyè Jouden.
4 W'a jwenn dlo nan ravin lan pou ou bwè. Mwen bay kaou yo lòd pou yo pote manje ba ou.
5 Eli fè sa Seyè a te di l' fè a. Li pati, l' al rete toupre ravin Kerit la.
6 Kaou yo pote pen ak vyann pou li chak maten, chak aswè. Li te jwenn dlo pou l' bwè nan ravin lan.
7 Kèk tan apre sa, ravin lan vin chèch, paske lapli pa t' tonbe nan peyi a.
8 ¶ Lè sa a, Seyè a pale ak Eli, li di l' konsa:
9 -Leve non! Ale lavil Sarepta, nan peyi wa Sidon an. Se la ou pral rete koulye a. Mwen bay yon fanm vèv ki rete laba a lòd pou li ba ou manje.
10 Se konsa Eli leve vre, li pati pou lavil Sarepta. Lè li rive bò pòtay lavil la, li wè yon fanm vèv ki t'ap ranmase bwa. Li rele l', li di l' konsa: -Tanpri, pote ti gout dlo nan yon veso pou m' bwè.
11 Madanm lan fè sa pou l' al chache dlo a, Eli rele l' ankò, li di l' konsa: -Tanpri, pote yon moso pen pou mwen tou.
12 Madanm lan reponn li: -Mwen pran Seyè a, Bondye ou la ki vivan an, pou temwen, mwen pa gen pen tou kwit lakay mwen. Tou sa m' genyen se yon ponyen farin frans nan yon ti bòl ak tigout lwil nan yon boutèy. Mwen vin ranmase de ti bwa la a pou m' al pare ti sa ki rete m' lan pou mwen ak pitit gason m' lan. Lè n'a fin manje l', nou pral rete konsa jouk grangou touye nou.
13 Eli di li: -Pa bat kò ou! Ale pare ti manje ou la! Sèlman fè yon ti pen pou mwen anvan, epi pote l' vini. Apre sa, w'a fè yonn pou ou ak pitit gason ou lan.
14 Paske men pawòl Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, di: Ti bòl farin frans lan ak ti boutèy lwil oliv la p'ap janm vid jouk jou mwen menm Seyè a m'a fè lapli tonbe sou latè ankò.
15 Madanm lan ale, li fè sa Eli te di l' fè a. Se konsa pandan lontan, ni madanm lan, ni pitit gason l' lan, ni Eli, yo tout jwenn manje pou yo manje.
16 Te toujou gen farin frans nan ti bòl la ak lwil oliv nan ti boutèy la, jan Seyè a te mete pawòl la nan bouch pwofèt Eli.
17 ¶ Kèk tan apre sa, pitit gason metrès kay la tonbe malad. Maladi a vini pi mal sou li jouk li mouri.
18 Madanm lan di Eli konsa: -Sèvitè Bondye, poukisa ou fè m' sa? Ou vin lakay mwen pou fè Bondye chonje peche m' yo, pou fè pitit gason m' lan mouri.
19 Eli reponn: -Ban m' pitit la. Li pran ti gason an nan men manman l', li moute avè l' nan pyès chanm anwo kay la kote li te rete a, li mete l' kouche sou kabann li.
20 Apre sa, li lapriyè, li di: -Seyè, Bondye mwen, poukisa pou ou fè vèv sa a tout lapenn sa a? Li resevwa m' lakay li, men w'ap pran pitit li.
21 Eli kouche twa fwa sou pitit la, li lapriyè. Li di: -Seyè, Bondye mwen, tanpri, bay pitit la lavi ankò.
22 Seyè a koute lapriyè Eli a, li bay pitit la lavi ankò. Ti gason an rekonmanse pran souf.
23 Eli pran ti bway la, li desann anba avè l', li renmèt li bay manman l', li di l': -Gade! Ti gason ou lan vivan!
24 Madanm lan reponn: -Koulye a mwen wè se yon sèvite Bondye ou ye vre. Pawòl nan bouch ou se pawòl Bondye vre.
18 ¶ Apre sa, kèk tan pase. Chechrès la t'ap mache sou twazan depi li t'ap bat peyi a. Lè sa a, Seyè a pale ak Eli, li di l' konsa: -Al parèt devan wa Akab. Mwen pral fè lapli tonbe.
2 Eli pati pou l' al devan wa Akab. Grangou a te rèd anpil pou moun lavil Samari yo.
3 Akab te fè rele Abdyas ki te reskonsab palè a. Abdyas sa a te sèvi Seyè a ak tout kè li.
4 Lè larenn Jezabèl t'ap fè touye pwofèt Seyè yo, li menm Abdyas te sove san (100) ladan yo. Li te kache yo nan de gwòt, li te mete senkant nan chak gwòt. Lèfini, li ba yo manje, li ba yo bwè.
5 Akab te di Abdyas: -Nou pral mache nan tout peyi a, nou pral gade bò tout sous dlo, nan tout ravin kote nou ka jwenn zèb pou bay chwal yo ak milèt yo. Konsa nou p'ap bezwen touye ladan yo.
6 Yo separe peyi a fè de zòn, yo chak pran yon zòn pou yo mache al chache zèb. Se konsa Akab pran yon chemen, Abdyas pran yon lòt chemen.
7 Antan Abdyas ap mache konsa, li tonbe bab pou bab ak Eli. Li rekonèt li, li bese tèt li jouk atè devan li. Li mande l': -Se ou menm vre, Eli, mèt mwen?
8 Eli reponn: -Wi, se mwen! Ale di wa a, mèt ou a, men m' isit la!
9 Abdyas reponn: -Kisa m' fè ki mal pou ou voye m' al chache lanmò nan men wa Akab?
10 Mwen pran Seyè ki vivan an, Bondye ou la, pou temwen, pa gen peyi sou latè kote wa a pa fè chache ou. Chak fwa nan yon peyi yo di l' ou pa lakay yo, wa Akab te fòse chèf la ak tout pèp la fè sèman yo pa t' jwenn ou.
11 Epi, koulye a ou vle pou m' al di li men ou isit la?
12 Bon, vire m' vire do m' ale la a, si lespri Seyè a pran ou, li pote ou yon kote m' pa konnen, lè m'a di wa Akab ou isit la, lè l'a vini li pa wè ou, l'ap touye m'. Chonje mwen menm m'ap sèvi Seyè a ak krentif depi mwen piti.
13 Mèt, yo pa janm rakonte ou sa m' te fè lè Jezabèl t'ap touye pwofèt Seyè yo? Mwen kache san (100) pwofèt nan de gwòt, senkant nan chak gwòt, mwen ba yo manje, mwen ba yo bwè.
14 Men koulye a ou vle pou m' al di wa a men ou isit la! L'ap touye m'!
15 Eli reponn li: -Mwen pran Seyè m'ap sèvi a, Bondye ki gen tout pouvwa a, pou temwen. Jòdi a m'ap parèt devan Akab!
16 Se konsa Abdyas pati, li jwenn Akab, li fè l' rapò. Akab vin kontre Eli.
17 ¶ Wè Akab wè Eli, li di l': -Apa ou sa! Se ou menm k'ap rale malè sou pèp Izrayèl la konsa!
18 Eli reponn li: -Se pa mwen ki rale malè sou pèp Izrayèl la. Se ou menm ak tout fanmi papa ou yo ki lakòz, paske nou dezobeyi lòd Seyè a te bay, n' al adore zidòl Baal yo.
19 Koulye a, bay lòd pou tout moun pèp Izrayèl yo vin sanble bò kote m' sou mòn Kamèl la. Gen katsansenkant (450) pwofèt Baal ak katsan (400) pwofèt zidòl fanm yo rele Astate a Jezabèl ap pran swen. Fè yo vini tou.
20 Akab voye chache tout pèp Izrayèl la. Li fè sanble tout pwofèt Baal yo sou mòn Kamèl la.
21 ¶ Eli al kanpe devan pèp la, li di yo: -Kilè n'a sispann woule de bò! Si se Seyè a ki Bondye, se li pou n' sèvi. Si se Baal ki Bondye, se li pou n' sèvi! Men pèp la pa di yon mo.
22 Eli di yo: -Nan tout pwofèt Seyè a, se mwen menm ase ki rete. Men gen katsansenkant (450) pwofèt Baal.
23 Mennen de jenn towo ban nou. Pwofèt Baal yo va chwazi yonn, y'a touye l', y'a koupe l' an moso, y'a mete l' sou yon pil bwa, men piga yo limen dife. Mwen menm m'a fè menm jan an tou ak lòt towo a. m'a mete l' sou yon pil bwa, mwen p'ap limen dife.
24 y'a rele bondye yo a. Mwen menm, m'a rele Seyè a. Sa ki va voye dife pou reponn lan se li ki Bondye. Tout pèp la reponn: -Nou dakò!
25 Lè sa a, Eli di pwofèt Baal yo: -Nou anpil, mwen ban nou devan. Chwazi yon towo. Pare li. Lèfini, rele bondye nou an. Men, pa mete dife nan bwa a.
26 Pwofèt Baal yo pran towo yo ba yo a, yo pare l'. Lèfini, yo pran rele Baal depi nan maten rive vè midi. Yo t'ap di: -Baal o! Reponn nou non! Yo t'ap danse fè wonn lotèl yo te moute a. Pa yon vwa, pa yon repons.
27 Vè midi, Eli tanmen pase yo nan betiz. Li di yo: -Rele pi fò non! Se bondye li ye. Li dwe okipe anpil. Li ka ap kalkile, osinon li nan vwayaj. Li ka ap dòmi tou. Se pou nou leve l'.
28 Pwofèt yo pran rele pi fò. Yo pran nepe ak kouto, yo make tout kò yo jan yo te konn fè l' la. San t'ap koule sou yo konsa.
29 Lè midi fin pase, yo pran rele Baal pi rèd toujou jouk lè pou yo fè ofrann apremidi a rive. Men, ankenn vwa pa reponn! Anyen pa pati.
30 Lè sa a, Eli mande pèp la pou yo pwoche bò kote l'. Lè yo pwoche vin jwenn li, li rebati lotèl Seyè a paske yo te kraze l'.
31 Li pran douz wòch, yonn pou chak branch fanmi pitit Jakòb yo. Se Seyè a ki te bay Jakòb non Izrayèl li pote a.
32 Li pran wòch yo, li rebati lotèl Seyè a. Li fouye yon kannal fè wonn lotèl la. Kannal la te ka pran kat galon dlo.
33 Li ranje bwa yo sou lotèl la, li dekoupe towo a, li mete moso vyann yo sou bwa yo. Lèfini li di: -Plen kat krich dlo vide yo sou ofrann lan ak sou bwa yo. Apre yo fè sa,
34 li di yo: -Fè l' yon dezyèm fwa. Apre yo fè l', li di yo ankò: -Fè l' yon twazyèm fwa. Yo fè l' ankò.
35 Dlo a koule tout atè bò lotèl la, li plen kannal la.
36 Lè lè pou yo fè ofrann apremidi a rive, pwofèt Eli pwoche bò lotèl la, li di: -Seyè, Bondye Abraram, Bondye Izarak ak Bondye Jakòb, fè yo wè jòdi a se ou menm ki Bondye pèp Izrayèl la. Fè yo rekonèt se sèvitè ou mwen ye. Se ou menm ki ban m' lòd fè tout bagay sa yo.
37 Reponn mwen, Seyè! Reponn mwen pou pèp sa a ka konnen se ou menm Seyè a ki Bondye, pou yo rekonèt se ou menm k'ap fè yo tounen vin jwenn ou.
38 Seyè a voye dife soti nan syèl la, li boule ofrann lan, bwa yo, wòch yo ak anplasman kote lotèl la te ye a, li fè tout dlo ki te nan kannal la cheche.
39 Lè pèp la wè sa, yo tonbe fas atè, yo pran rele: -Se Seyè a ki Bondye! Se Seyè a ki Bondye!
40 Lè sa a, Eli di yo: -Mete men sou pwofèt Baal yo! Pa kite yonn chape. Pèp la mete men sou tout pwofèt yo. Eli mennen yo desann nan ravin Kison an, li touye yo.
41 ¶ Apre sa Eli di wa Akab konsa: -Koulye a, ou mèt al manje, ou mèt al bwè. Mwen tande bri lapli a k'ap vini.
42 Akab al manje, l' al bwè. Eli menm moute sou tèt mòn Kamèl. Li mete ajenou, li bese tèt li jouk atè.
43 Li di domestik li a: -Al gade bò lanmè a. Domestik la ale, li gade. Li tounen, li di: -M' pa wè anyen! Pandan sèt fwa Eli di li al gade.
44 Sou setyèm fwa a, domestik la di l': -Mwen wè yon ti nwaj k'ap moute sot lòt bò lanmè a. Li gwosè yon pla men. Lè sa a Eli bay domestik li a lòd sa a: -Al jwenn wa Akab, w'a di l': Moute sou cha ou, al lakay ou anvan lapli a bare ou.
45 Yon sèl lè a, syèl la gen tan kouvri ak nwaj nwa. Van an tanmen soufle, yon gwo lapli pran tonbe. Akab moute sou cha li, li pati pou Jizreyèl.
46 Pouvwa Seyè a vin sou Eli. Eli mare rad li nan ren, li pran kouri devan Akab jouk yo rive lavil Jizreyèl.
47 ¶ Jezi t'ap pale toujou lè yon bann moun vin rive. Jida, yonn nan douz disip yo, t'ap mache devan. Li pwoche bò kot Jezi pou l' bo li.
48 Men, Jezi di li: Jida, se avèk yon bo w'ap trayi Moun Bondye voye nan lachè a?
49 Moun ki te avèk Jezi yo, lè yo wè sak t'apral rive, yo mande li: Mèt, èske nou mèt voye kout nepe?
50 Yonn ladan yo gen tan pote domestik granprèt la yon kou, li koupe zòrèy dwat li.
51 Men, Jezi di yo: Non. Ase. Li manyen zòrèy nonm lan, li geri li.
52 Apre sa, Jezi pale ak chèf prèt yo, chèf lagad tanp lan ansanm ak chèf fanmi yo ki te vin pran li. Li di yo: Nou vin dèyè m' ak nepe epi baton, tankou si m' te yon ansasen.
53 Toulejou mwen te la avèk nou nan tanp lan, nou pa t' chache arete mwen. Men koulye a, se jou pa n', se jou pouvwa ki travay nan fènwa a.
54 ¶ Yo arete Jezi, yo mennen li ale. Yo kondi l' kay granprèt la. Pyè t'ap swiv yo yon ti jan lwen lwen.
55 Yo te limen yon dife nan mitan lakou a. Pyè al chita nan mitan moun ki te bò dife a.
56 Yon sèvant wè Pyè chita bò dife a; li fiske je l' sou li, li di: Nonm sa a te avèk li tou.
57 Men, Pyè demanti l', li di: Madanm, mwen pa konnen li.
58 Yon kadè apre, yon lòt wè l', epi l' di: Ou menm tou, ou fè pati moun sa yo. Pyè di: Non, monchè, mwen pa fè pati moun sa yo.
59 Apre yon bon ti moman, yon lòt di l' ankò: Men wi, nonm sa a te avè l'. Se moun Galile li ye.
60 Pyè reponn li: Monchè, mwen pa konnen sa ou ap di la a. Menm lè a, antan li t'ap pale toujou, yon kòk pran chante.
61 Jezi vire, li gade Pyè, epi Pyè vin chonje pawòl Seyè a te di l': Jòdi a, kòk p'ap gen tan chante, w'ap di ou pa konnen mwen pandan twa fwa.
62 Pyè soti, epi li tonbe kriye jouk li pa t' kapab ankò.
63 ¶ Mesye ki t'ap veye Jezi yo t'ap pase l' nan rizib. Yo t'ap ba l' kou.
64 Yo te bouche je l', yo t'ap mande li: Ki moun ki ba ou kou sa a? Devinen?
65 Epi yo t'ap di l' anpil lòt jouman ankò.
66 Lè l' fin fè jou, tout chèf fanmi yo, chèf prèt yo ansanm ak dirèktè lalwa yo reyini. Yo fè mennen Jezi devan Gran Konsèy jwif yo.
67 Yo mande li: Manyè di nou: èske se ou ki Kris la? Jezi reponn yo: Si m' reponn nou, nou p'ap vle kwè mwen.
68 Si m' poze nou yon keksyon, nou p'ap vle reponn mwen.
69 Men, depi jòdi a, Moun Bondye voye nan lachè a pral chita sou bò dwat Bondye ki gen pouvwa a.
70 Yo tout di li: Ou se pitit Bondye a, pa vre? Li reponn yo: Apa nou di li. Wi, se sa mwen ye menm.
71 Lè sa a yo di: Sa nou bezwen temwen ankò fè. Nou menm nou fèk tande pawòl ki soti nan bouch li.