Old/New Testament
17 ¶ Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa:
2 -Pale ak moun pèp Izrayèl yo. Di yo pou yo pote douz branch bwa, yon branch bwa pou chak branch fanmi pèp Izrayèl la. Wi, y'a pran yon branch bwa nan men chèf chak branch fanmi. Epi w'a ekri non chak chèf sou branch bwa pa yo.
3 W'a ekri non Arawon sou branch bwa Levi a. Va gen yon sèl branch bwa pou chak moun ki chèf nan branch fanmi pa l'.
4 W'a mete yo nan Tant Randevou a, devan Bwat Kontra a, kote mwen ban nou randevou a.
5 Branch bwa ki pote non moun mwen chwazi a, se li menm ki va fè flè. Se konsa m'a fè moun Izrayèl yo sispann bougonnen sou do ou.
6 Moyiz pale ak moun pèp Izrayèl yo. Epi chak chèf pote ba li yon branch bwa, yonn pou chak branch fanmi. Sa te fè douz branch bwa antou. Branch bwa Arawon an te nan mitan tout lòt yo.
7 Moyiz pran tout branch bwa yo, li mete yo devan Bwat Kontra Seyè a, nan Tant Randevou a.
8 ¶ Nan denmen, lè Moyiz antre nan Tant Randevou a, li wè branch bwa Arawon an, ki pou branch fanmi Levi a, te fè flè. Li te gen tan fè bouton, flè yo te louvri, zanmann yo te mi.
9 Moyiz pran tout branch bwa yo ki te devan lotèl Seyè a, li pote yo bay moun pèp Izrayèl yo. Yo wè sa ki rive, epi chak chèf pran branch bwa ki te pou yo a.
10 Seyè a di Moyiz: -Remete branch bwa Arawon an devan Bwat Kontra a. Se pou yo konsève l' pou sa sèvi yon siy pou moun tèt di sa yo, pou yo ka sispann bougonnen. Si yo pa sispann bougonnen, y'ap mouri!
11 Moyiz fè jan Seyè a te ba li lòd fè a.
12 Apre sa, moun pèp Izrayèl yo pale ak Moyiz, yo di l' konsa: -Gade jan n'ap mouri, n'ap deperi, nou tout ap fini.
13 Depi yon moun pwoche bò Tant Randevou a, li mouri. Si se konsa, nou tout ap mouri!
18 ¶ Seyè a di Arawon konsa: -Se ou menm, pitit gason ou yo ansanm ak tout lòt moun nan branch fanmi Levi a, ki va reskonsab tout bagay mal ki pase nan tant yo mete apa pou Bondye a. Men, se ou menm ak pitit gason ou yo ase ki va reskonsab tout bagay mal ki pase nan travay prèt yo gen pou fè a.
2 W'a pran fanmi ou yo, moun branch fanmi Levi, granpapa ou la, w'a mete yo ansanm avè ou pou yo ka ede ou, pandan ou menm ak pitit gason ou yo, n'ap fè travay nou devan Tant Randevou a.
3 Y'a fè tou sa yo gen pou yo fè pou ou, ak tou sa pou yo fè nan kay Bondye a. Men, se pa pou yo janm pwoche bò bagay yo mete apa pou Bondye yo, ni bò lotèl yo. Si yo fè sa, ni ou menm ni yo menm, n'ap mouri.
4 Y'a travay ansanm avè ou, y'a fè tou sa y'a gen pou yo fè nan kay Bondye a, nan tout travay ki gen pou fèt nan kay Bondye a. Pesonn lòt pa gen dwa travay avè ou.
5 Men, ou menm ak pitit gason ou yo, n'a fè tou sa nou gen pou nou fè nan kote ki apa pou Seyè a, tou sa nou gen pou nou fè pou lotèl la. Konsa, mwen p'ap janm fache ankò sou moun pèp Izrayèl yo.
6 Se mwen menm ki te pran fanmi ou yo, moun Levi yo, ki te chwazi yo nan mitan tout moun pèp Izrayèl yo, mwen mete yo apa pou mwen. Se mwen ki ba ou yo pou yo ka travay nan Tant Randevou a.
7 Men, se ou menm sèl ak pitit gason ou yo ki pou fè travay prèt yo bò lotèl la ak dèyè rido a. Sa se travay pa nou sa. Mwen ban nou pouvwa pou nou sèvi m' prèt. Se yon kado mwen fè nou. Se pou yo touye nenpòt lòt moun ki va pwoche bò bagay yo mete apa pou mwen yo.
8 ¶ Apre sa, Seyè a di Arawon konsa: -Chonje mwen pran yon pòsyon nan tout ofrann moun pèp Izrayèl yo fè pou mwen, mwen ba ou yo. Se va pòsyon ki va toujou rete pou ou ak pou pitit gason ou yo depi lè mwen te mete nou apa pou mwen an, dapre regleman ki la pou tout tan tout tan an.
9 Nan ofrann yo mete apa nèt pou mwen yo, lè ou fin wete pòsyon pou boule nan dife a, tout rès la va pou nou: tout ofrann grenn ki donnen nan jaden, tout ofrann pou mande Bondye padon, tout ofrann pou repare sa yo fè ki mal. Tou sa yo ofri ban mwen tankou yon ofrann yo mete apa pou mwen, se pou ou ak pou pitit gason ou yo y'a ye.
10 N'a manje yo yon kote yo mete apa pou Seyè a. Se gason ase ki pou manje ladan yo. Konsidere ofrann sa yo tankou bagay ki apa pou Seyè a.
11 Lèfini, tout ofrann espesyal moun pèp Izrayèl yo va fè pou yo balanse devan Seyè a, se pou ou yo va ye tou. M'ap ba ou yo pou ou, pou pitit gason ou yo ak pitit fi ou yo, dapre yon regleman k'ap la pou tout tan tout tan. Tout moun nan fanmi ou ki nan kondisyon pou fè sèvis pou mwen va gen dwa manje ladan l'.
12 M'ap ba ou tou tousa ki pi bon nan premye fwi rekòt y'ap ofri bay Seyè a chak lanne: lwil oliv, diven ak grenn ki donnen nan jaden.
13 Tout premye fwi ki mi nan peyi a, fwi yo ofri bay Seyè a, se va pou ou tou. Tout moun lakay ou ki nan kondisyon pou sèvi Seyè a va gen dwa manje ladan yo.
14 Tout bagay moun pèp Izrayèl yo pran angajman mete apa pou Seyè a va pou ou tou.
15 Tout premye pitit, kit se pitit moun, kit se pitit bèt, y'a mete yo apa pou mwen, e se pou ou yo va ye tou. Men, se pou ou asepte yo peye ou pou chak premye pitit moun ak tout premye pitit bèt ki pa ka sèvi ofrann pou mwen.
16 Lè premye pitit gason an va gen yon mwa, w'a fè yo peye ou senk pyès ajan dapre sistèm yo sèvi nan kay Bondye a, -vin gera pou yon pyès ajan -,pou yo ka achte lavi l' nan men m'.
17 Men, pou premye ti mal yon manman bèf osinon yon manman kabrit ou ankò yon manman mouton fè, ou p'ap asepte anyen pou yo. Se bagay ki apa pou mwen nèt. Se pou yo touye yo. Y'a vide san yo sou lotèl la, w'a boule grès yo. Se va yon ofrann y'a boule nèt pou mwen, yon ofrann ki va fè m' plezi ak bon sant li.
18 Men, vyann yo va rete pou ou ansanm ak vyann pwatrin lan ak jigo dwat ki te deja pou ou a.
19 M'ap ba ou pou ou menm, pou pitit gason ak pitit fi ou yo tout pòsyon ki va rete nan ofrann moun pèp Izrayèl yo va mete apa pou mwen. Se va yon regleman k'ap la pou tout tan tout tan. Se yon kontra ki p'ap janm kase ni ki p'ap janm gate mwen fè la avèk ou, pou ou ak pou tout ras fanmi ou.
20 ¶ Apre sa, Seyè a di Arawon konsa: -Ou p'ap jwenn okenn pòsyon nan tè eritaj ki pou pèp la. Ou p'ap janm gen yon moso tè ki va rele ou pa ou nan peyi a. Se mwen menm ki tout ou, se mwen menm ki tout byen ou nan mitan pèp Izrayèl la.
21 Seyè a di konsa: -Mwen mete tout ladim moun Izrayèl yo va bay la apa pou moun branch fanmi Levi yo, pou sèvis y'ap rann nan tanp lan, pou travay y'ap fè nan Tant Randevou a.
22 Moun pèp Izrayèl yo pa janm bezwen preche bò Tant Randevou a. Konsa, yo p'ap rive fè yon peche ki pou ta fè yo mouri.
23 Depi koulye a, se moun Levi yo ki va pran swen tout bagay nan Tant Randevou a. Y'a reskonsab pou tout bagay mal y'a fè. Sa se yon lòd sevè pou tout moun swiv de pitit an pitit. Se konsa yo menm tou, yo p'ap gen tè k'ap rele yo pa yo pou tout tan nan mitan pèp Izrayèl la.
24 M'ap bay moun Levi yo tout ladim moun pèp Izrayèl yo pran sou sa yo genyen pou ofri bay Seyè a. Se poutèt sa, mwen di moun fanmi Levi yo p'ap gen okenn pòsyon tè ki pou rele yo pa yo nan peyi Izrayèl la.
25 Seyè a pale ak Moyiz ankò, li di l':
26 -Pale ak moun Levi yo, di yo konsa: Lè n'a resevwa nan men moun pèp Izrayèl yo ladim Seyè a ban nou pou byen pa nou, n'a wete yon dizyèm ladan l' pou mwen. Se va ofrann ladim pa nou bay Seyè a.
27 Y'a konsidere ofrann sa a tankou ofrann lòt moun yo fè sou farin ble ak diven apre chak rekòt.
28 Konsa, nou menm tou, n'a pran yon pòsyon nan tout ofrann ladim moun pèp Izrayèl yo va fè, n'a mete l' apa pou mwen. Epi n'a pran pòsyon nou wete pou Seyè a nan sa ki pou nou an, n'a bay Arawon, prèt la, li pou tèt pa li.
29 N'a pran sa ki pi bon nan tout sa ki pou nou an, n'a ofri l' bay Seyè a.
30 W'a di yo tou: Lè moun Levi yo fin pran sa ki pi bon nan tou sa ki pou vin pou yo a, y'a konsidere rès ki rete a tankou rekòt farin ble ak diven yo menm yo fè.
31 Y'a manje l' kote yo vle, ansanm ak tout moun lakay yo. Se tankou lajan yo ba yo pou travay y'ap fè nan Tant Randevou a.
32 Depi nou ofri sa ki pi bon an bay Seyè a, nou mèt manje rès la san kè sote, anyen p'ap rive nou. Piga nou derespekte bagay moun pèp Izrayèl yo mete apa pou mwen. Si nou fè sa, n'ap mouri.
19 ¶ Seyè a pale ak Moyiz ansanm ak Arawon, li di yo konsa:
2 -Men yon regleman Seyè a bay lòd pou yo swiv tankou yon lwa: Men sa li di: Mande moun pèp Izrayèl yo pou yo fè ou jwenn yon gazèl pwal koulè wouj, ki pa gen okenn enfimite e ki poko janm travay.
3 W'a renmèt Eleaza, prèt la, li. L'a fè l' soti andeyò limit kan kote moun yo rete a, epi l'a fè yo touye l' devan je li.
4 Apre sa, Eleaza va pran ti gout nan san an. Epi, kote l' kanpe a, avèk dwèt li, l'a voye san an sèt fwa nan direksyon Tant Randevou a.
5 Lèfini, y'a boule tout bèt la nèt devan je prèt la: po a, vyann lan, san an ansanm ak tout tripay la.
6 Prèt la va pran kèk moso bwa sèd, kèk branch izòp, yon moso twal wouj, l'a jete yo nan boukan dife kote gazèl la ap boule a.
7 Apre sa, prèt la va lave rad ki te sou li, l'a benyen nan gwo dlo. Lèfini, l'a tounen antre nan kan an. Prèt la p'ap nan kondisyon pou l' fè okenn sèvis pou Bondye jouk aswè.
8 Moun ki te boule gazèl la va lave rad ki te sou l' a, epi l'a benyen nan gwo dlo tou. Li menm tou, li p'ap nan kondisyon pou l' fè okenn sèvis pou Bondye jouk aswè.
9 Yon lòt moun ki nan kondisyon pou fè sèvis pou Bondye va ranmase tout sann gazèl wouj la, l'a mete l' yon kote ki apa pou Bondye andeyò limit kan kote moun yo rete a. Y'a konsève sann lan pou lè moun pèp Izrayèl yo va bezwen pran ladan l' pou pare dlo y'a sèvi pou mete nenpòt bagay nan kondisyon pou fè sèvis Bondye ankò, lè y'ap fè sèvis pou mande Bondye padon pou sa yo fè ki mal.
10 Nonm ki te ranmase sann gazèl la va lave rad ki te sou l' a, epi li p'ap nan kondisyon pou l' fè okenn sèvis pou Bondye jouk aswè. Sa se va yon regleman pou tout moun nan peyi a toujou swiv, kit se moun pèp Izrayèl yo, kit se moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan yo.
11 ¶ Depi yon moun manyen kadav yon moun mouri, pandan sèt jou apre sa, li p'ap nan kondisyon pou l' fè sèvis pou Bondye.
12 L'a fè sèvis pou mande Bondye gras avèk dlo yo pare pou sa a sou twazyèm jou a ak sou setyèm jou a. Apre sa, l'a nan kondisyon pou l' fè sèvis Bondye. Men, si li pa fè sèvis pou mande Bondye gras sou twazyèm jou a ak sou setyèm jou a, li p'ap nan kondisyon pou l' fè sèvis Bondye.
13 Depi yon moun manyen kadav yon moun mouri, si li pa fè sèvis pou mande Bondye gras, piga li pwoche bò Tant Randevou a pou li pa derespekte tant lan. Si li fè sa, se pou yo touye l'. Se pou yo konsidere moun sa a tankou yon moun ki pa fè pati pèp Bondye a, paske yo pa t' voye dlo pou mete nan bon kondisyon an sou li, li pa nan kondisyon pou l' sèvi Bondye. Toutotan yo pa fè sèvis la pou li, l'ap rete nan kondisyon sa a.
14 Men regleman pou yo swiv: lè yon moun mouri nan yon kay, tout moun ki te nan kay la lè lanmò a, ou ankò tout moun ki vin antre nan kay la apre sa, p'ap nan kondisyon pou fè sèvis Bondye pandan sèt jou.
15 Tout veso ki pa kouvri ak yon kouvèti byen mare sou li p'ap ka sèvi pou moun ki nan kondisyon pou sèvi Bondye.
16 Konsa tou, depi yon moun k'ap mache nan jaden manyen kadav yon moun mouri, kit moun lan mouri mò natirèl, kit se ansasinen yo te ansasinen l', osinon depi yon moun manyen zosman yon moun mouri oswa tonm kote yo antere yon moun mouri, moun sa a p'ap nan kondisyon pou l' sèvi Bondye pandan sèt jou.
17 Si yon moun ta rive nan kondisyon sa a konsa, y'a pran ti gout nan sann gazèl yo te boule pou wete peche a, y'a mete l' nan yon veso, epi y'a vide ti gout dlo dous sou li.
18 Nan premye ka a, yon moun ki nan kondisyon pou fè sèvis Bondye va pran yon branch izòp, l'a plonje l' nan dlo a, epi l'a voye dlo sou kay la, sou tout bagay ki ladan l' ak sou tout moun ki te la nan kay la. Nan dezyèm ka a, l'a voye dlo a sou moun lan, kit li te manyen zosman moun mouri osinon kadav moun yo te ansasinen, osinon kadav moun ki te mouri mò natirèl, kit li te manyen yon tonm moun mouri.
19 Sou twazyèm jou a ak sou setyèm jou a, nonm ki nan kondisyon pou fè sèvis pou Bondye a va voye dlo a sou moun ki pa nan kondisyon pou sèvi Bondye a. Sou setyèm jou a, l'a fè sèvis pou mande Bondye gras pou nonm lan. Apre sa, nonm lan va lave rad ki sou l' a, l'a benyen nan gwo dlo. Men, se lè solèy va fin kouche la nan kondisyon ankò pou l' fè sèvis Bondye.
20 Men lè yon nonm pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye, si li pa fè sèvis pou mande Bondye gras, se pou yo konsidere l' tankou yon moun ki pa fè pati pèp Bondye a. Li pa ka pwoche bò Tant Randevou a pou l' pa derespekte l'. Toutotan yo pa fè pou li sèvis voye dlo ki pou mete l' nan bon kondisyon an, l'ap rete nan kondisyon pou l' pa ka fè sèvis Bondye.
21 Se va la yon regleman pou yo toujou swiv tout tan. Moun ki te voye dlo sou lòt la pou mete l' nan bon kondisyon an, va gen pou l' lave rad ki te sou l' a tou. Depi yon moun manyen dlo pou mete nan bon kondisyon an, li p'ap nan kondisyon pou l' fè sèvis pou Bondye jouk nan aswè menm jou a.
22 Depi yon nonm ki pa nan kondisyon pou sèvi Bondye manyen yon bagay, moun ki nan kondisyon pou sèvi Bondye pa ka sèvi ak bagay sa a. Depi yon moun manyen yon bagay konsa, li menm tou, li p'ap nan kondisyon pou l' sèvi Bondye jouk aswè rive.
30 ¶ Lè apòt yo tounen vin jwenn Jezi, yo rakonte l' tou sa yo te fè ak tou sa yo te di.
31 Lè sa a, te sitèlman gen moun ki t'ap ale vini, Jezi ak disip li yo pa t' menm gen tan pou yo manje. Se poutèt sa Jezi di disip li yo: -Ann al avè m' yon kote ki pa gen moun pou nou ka pran yon ti repo.
32 Epi, yo pati pou kont yo nan yon kannòt pou y' ale yon kote ki pa gen moun.
33 Men, anpil moun te wè lè y' ale, yo te rekonèt yo. Se konsa, yo kouri soti nan tout bouk yo, yo gen tan rive kote Jezi taprale avèk disip li yo anvan li.
34 Lè Jezi rive pou l' debake sot nan kannòt la, li wè tout bann moun yo. Kè l' fè l' mal pou yo, paske yo te tankou yon bann mouton san gadò. Lamenm, li tanmen esplike yo anpil bagay.
35 Lè li te kòmanse fè ta, disip yo pwoche bò kote Jezi, yo di li: -Li fin ta, wi. Pa gen moun rete bò isit la.
36 Voye moun yo ale non pou yo ka achte manje nan bouk yo.
37 Jezi reponn yo: -Poukisa nou pa ba yo manje nou menm pito? Disip yo mande li: -Ou ta vle poun al achte pen pou mil (1.000) goud poun bay tout moun sa yo manje? Jezi reponn yo:
38 -Konbe pen nou gen la a? Ale wè non. Lè yo fin jwenn konbe pen yo genyen an, yo di l' konsa: -Nou gen senk pen ak de pwason.
39 Lè sa a, Jezi pase lòd pou disip li yo fè tout moun chita atè sou zèb la, ti gwoup bò isit, ti gwoup bò la.
40 Moun yo menm chita pa ranje san moun, ranje senkant moun.
41 Apre sa, Jezi pran senk pen yo ak de pwason yo, li leve je l' nan syèl la, li di Bondye mèsi. Li kase pen yo an moso, li renmèt yo bay disip li yo pou yo mache bay moun yo. Li fè menm bagay ak de pwason yo.
42 Tout moun manje vant plen.
43 Disip yo ranmase tout ti moso pen yo ansanm ak rès pwason yo. Yo plen douz panyen pote ale.
44 Te gen senkmil (5.000) moun antou ki te jwenn pen pou yo manje.
45 ¶ Touswit apre sa, Jezi fè disip li yo moute nan yon kannòt, li voye yo devan lòt bò lanmè a, nan direksyon Betsayda. Jezi menm te rete dèyè pou l' voye foul moun yo ale.
46 Apre li fin ranvwaye yo, li al lapriyè sou yon ti mòn.
47 Lè solèy fin kouche, kannòt la te nan mitan lanmè a toujou. Jezi te pou kont li atè.
48 Li wè disip yo te gen anpil traka pou yo naje zaviwon yo, paske van an te kontrè pou yo. Vè twazè nan maten, Jezi pran mache sou dlo lanmè a pou li al jwenn disip yo. Li te prèt pou depase yo.
49 Lè yo wè l' ap mache sou dlo a, yo te kwè se te yon revenan. Yo pran rele.
50 Yo tout yo te wè li, yo tout te pè. Menm lè a, Jezi pale avèk yo, li di yo konsa: -Pran tèt nou non. Se mwen menm. Nou pa bezwen pè.
51 Li moute bò kote yo nan kannòt la, van an vin tonbe. Se pa ti sezi disip yo te sezi.
52 Yo pa t' konprann sans mirak pen an, paske lespri yo te bouche toujou.
53 Yo fin travèse lanmè a, yo fè tè toupre lavil Jenezarèt. Yo mare kannòt la atè.
54 Kou yo soti nan kannòt la, lamenm moun yo rekonèt Jezi.
55 Pèp la kouri nan tout peyi a; yo pote malad yo tou kouche sou nat ba li kote yo tande li te ye a.
56 Toupatou kote Jezi te rive, kit nan bouk, kit nan lavil ou andeyò, yo te mete malad yo sou plas piblik, yo te mande Jezi pou l' te kite yo manyen bò rad li ase. Tout moun ki te manyen rad li te geri.