Old/New Testament
Sòlda women yo pase Jezi nan betiz
(Mak 15:16-20; Jan 19:2-3)
27 Apre sa, sòlda yo mennen Jezi nan palè gouvènè a. Tout sòlda te reyini, epi yo mete Jezi nan mitan. 28 Yo dezabiye l, epi yo mete yon tòj wouj vyolèt sou li. 29 Yo trese yon kouwòn ak branch pikan met sou tèt li. Yo mete yon baton nan men dwat li. Apre sa yo met ajenou devan l, epi yo t ap rele “Viv wa Juif yo!” pou yo te ka pase l nan betiz. 30 Yo krache sou li. Yo pran baton ki te nan men l lan yo frape l nan tèt. 31 Apre yo pase l nan betiz kont yo, yo retire rad la sou li, epi yo mete rad pa l sou li. Apre sa yo pati avè l pou yo al krisifye l.
Yo klouwe Jezi sou yon kwa
(Mak 15:21-32; Lik 23:26-43; Jan 19:17-19)
32 Pandan yo sou wout pou y al krisifye Jezi a, yo kontre ak Simon, moun Sirèn. Yo fòse l pote kwa Jezi a. 33 Lè yo rive kote yo rele Gòlgota a (Gòlgota vle di: Plas zo tèt), 34 yo ba l bwè yon melanj diven ak yon bagay anmè. Lè Jezi goute l, li refize bwè l.
35 Yo krisifye l epi yo fè tiraj osò[a] pou yo ka separe ata rad ki te sou li. 36 Sòlda yo te ret chita veye l. 37 Te gen yon pannkat nan tèt kwa Jezi ki te di pouki yo touye l. Men sa k te ekri ladan l: nonm sa a, se Jezi, wa Jwif yo.
38 Yo te pwofite menm okazyon an pou yo krisifye de bandi, youn sou bò dwat Jezi, lòt la sou bò gòch li. 39 Moun ki t ap fè ale vini nan wout la t ap joure Jezi, epi yo t ap souke tèt yo. 40 Yo t ap di: “Ou ta pral kraze tanp lan epi nan twa jou ou ap rebati l la? Ebyen, kounye a sove tèt! Si ou se pitit Bondye vre se pou desann kwa a!”
41 Chèf prèt yo, pwofesè lalwa yo ak lòt lidè Jwif yo, t ap pase Jezi nan betiz menm jan ak lòt moun yo. Yo t ap di: 42 “Li sove lòt moun, epi l pa ka sove pwòp tèt pa l. Si l se wa Izrayèl vre se pou l desann kwa a. Lè sa n ap kwè nan li. 43 Li mete konfyans li nan Bondye. Enben, si Bondye vle l, se pou l delivre l kounye a! Dayè li te di ak bouch li: Mwen se pitit Bondye.” 44 Menm bandi yo ki te krisifye ak Jezi t ap pase l nan betiz tou.
Jezi mouri
(Mak 15:33-41; Lik 23:44-49; Jan 19:28-30)
45 Sòti midi pou rive twazè, li te fè nwa nan tout peyi a. 46 Vè twazè, Jezi pouse yon gwo kri: “Eli, Eli, lema sabaktani!”[b] Sa vle di: “Bondye m, Bondye m, pou kisa ou abandone m?”
47 Kèk nan moun ki te kanpe la te tande lè l fè kri a, epi yo di: “Men l ap rele Eli.”[c]
48 Youn pami yo kouri pran yon eponj, li tranpe l nan yon diven ki gen gou vinèg, epi l mete sou tèt yon gòl pou Jezi te ka bwè l. 49 Men tout lòt moun yo t ap di: “Padon kò w la! Kite l pou nou wè si Eli ap vin delivre l.”
50 Jezi fè yon lòt gwo kri ankò, epi li rann dènye souf li.
Copyright © 2017 by Bible League International