Old/New Testament
29 Si moun ki mouri p ap resisite, kisa moun k ap batize pou mò yo kwè y ap fè? Si moun ki mouri p ap resisite a ki fen moun k ap batize pou mò yo fè sa y ap fè a?
30 E nou menm apot, pouki n ap met tèt nou an danje san rete? 31 Se chak jou mwen wè lanmò anfas. Mwen pa gen dout sou sa frè m ak sè m yo, menm jan mwen pa gen dout sou jan m fyè de nou poutèt sa nou ye nan Jezikris. 32 Mwen te batay ak bèt sovaj nan vil Efèz. Si nou konsidere l nan jan nou menm lèzòm gade bagay, kisa l itil mwen, si pa gen rezirèksyon pou moun ki mouri? Si se konsa, “An nou manje, an nou bwè paske demen n ap mouri.”[a]
33 Pa twonpe tèt ou: “Move zanmi ap detwi bon abitid ou.” 34 Tounen vin nan bon sans ou! Ou ta dwe sispann fè peche! Gen pami nou moun ki pa konnen Bondye. Sa se yon wont pou nou!
Ak ki kalite kò n ap resisite?
35 Men, yon moun ka mande: “Ki jan pou l ta posib pou mò yo resisite? Ak ki kalite kò?” 36 Kesyon sa yo pa gen plas yo! Lè w mete yon grenn nan tè, fòk li mouri anba tè a anvan li jèmen. 37 Epi lè w ap plante, sa w mete nan tè a gen yon kò diferan de sa plant ap ye lè l devlope. Sa w plante a se sèlman yon grenn, se petèt yon grenn ble oswa yon lòt grenn. 38 Men, se Bondye ki chwazi ki kalite kò l ap ba li. E li bay chak grenn pwòp kò pa li. 39 Pa gen yon kalite kò ki sanble ak yon lòt. Moun gen kalite kò pa l. Bèt sovaj gen kalite kò pa yo. Zwazo gen kalite kò pa yo. Pwason gen kalite kò pa yo. 40 Se menm jan an tou gen kalite kò ki fèt pou syèl, gen kalite kò ki fèt pou latè. Kalite kò ki fèt pou syèl yo gen bote pa yo. Kalite kò ki fèt pou latè yo gen bote pa yo. 41 Solèy la gen kalite bote pa l. Lalin nan gen yon lòt kalite bote. Zetwal yo gen kalite bote pa yo. Menm pami zetwal yo bote youn diferan de bote yon lòt.
42 Se menm jan an tou l ap ye lè mò yo resisite. Kò ki mete anba tè a tankou yon grenn se yon kò k ap pouri. Men, kò ki resisite a pa kapab pouri. 43 Lè kò a pral anba tè, li pa vo anyen. Men, li gen pou l resisite avèk anpil onè. 44 Kò ki pral anba tè a, se yon kò moun nòmal. Men, kò ki gen pou resisite a, se yon kò transfòme ak pouvwa Sentespri a. Paske, menm jan gen kò natirèl konsa tou gen kò espirityèl.
45 Jan Bib la di l la: “Premye Adan an, se te yon senp moun[b] ki te resevwa lavi.”[c] Dènye Adan an, ranpli ak Sentespri ki bay lavi. 46 Se pa espirityèl la ki vin an premye, men se natirèl la. Espirityèl vini apre natirèl la. 47 Premye Adan an te soti nan pousyè latè. Dezyèm Adan[d] an soti nan syèl. 48 Tout moun sou latè sanble ak premye nonm nan ki te soti nan pousyè. Tout moun ki pou syèl sanble ak sila a ki soti nan syèl. 49 Menm jan nou te pote menm mak fabrik ak nonm sa ki te soti nan pousyè a, se menm jan tou n ap pote menm mak fabrik ak sila a ki soti nan syèl la.
50 M ap di nou sa frè m ak sè m yo, kò sa ki fèt avèk chè epi san pa kapab eritye wayòm Bondye a. Bagay ki ap pouri pa gen anyen pou l wè avèk bagay ki pa ka pouri. 51 M ap di nou yon sekrè: Nou tout p ap mouri, men nou tout gen pou chanje. 52 Lè sa a ap rive, l ap pran mwens pase yon segond. L ap fèt nan yon batje lè dènye twonpèt la sonnen. Lè dènye twonpèt la sonnen, mò yo gen pou yo resisite, epi nou tout n ap transfòme. 53 Bondye ap chanje kò nou pou l tounen yon kò ki p ap janm kapab pouri. Kò sa a ki mouri a, Bondye ap transfòme l fè l tounen yon jan pou l pa janm mouri. 54 Konsa, lè kò sa a ki kapab pouri a vin tounen yon kò ki p ap janm pouri, epi lè kò sa a ki mouri vin tounen yon kò ki p ap janm mouri, lè sa a, pawòl Bib la ap vin parèt aklè:
56 Zam lanmò, se peche. Puisans peche soti nan lalwa. 57 Men, nou di Bondye mèsi, ki ba nou laviktwa pa mwayen Jezikris, Senyè nou an.
58 Konsa, frè m ak sè m yo, nou menm mwen renmen anpil, kenbe fèm, pa lage! Angaje nou pi plis chak jou nan travay Senyè a. Jan nou konnen l deja, travay nou fè pou Senyè a p ap janm pèdi.
Copyright © 2017 by Bible League International