Old/New Testament
23 Pòl gade Gran Konsèy la epi l di: “Pou mwen menm, frè m yo, mwen toujou mennen bak mwen devan Bondye ak konsyans mwen byen klè depi lontan jouk jounen jodi a.” 2 Ananyas,[a] ki te pi gran sakrifikatè a lè sa a, li te la tou. Lè l tande Pòl di pawòl sa yo, li pase moun ki te toupre Pòl yo lòd pou bay Pòl yon kalòt. 3 Lè sa a, Pòl di: “Ou menm se Bondye k ap frape w! Miray blanchi! Gade w chita la pou jije m selon lalwa, epi gade w mande pou yo frape m, epi se yon bagay ki kont lalwa!”
4 Moun ki te la yo di Pòl konsa: “W ap manke pi gran sakrifikatè Bondye a dega!”
5 Pòl reponn: “Frè m yo, m pa t konn si se te pi gran sakrifikatè a; paske m konnen pawòl la di: Nou pa dwe di anyen mal kont yon chèf ki nan mitan pèp ou a.”[b]
6 Kòm Pòl te konnen Konsèy la te gen Sadiseyen ansanm Farizyen ladan l, li tonbe di byen fò devan yo: “Frè m yo, mwen menm se yon Farizyen mwen ye. Papa m tou se te yon Farizyen! Si nou wè mwen menm, m ap jije devan tribinal se poutèt esperans mwen genyen pou m di mò yo gen pou yo resisite!”
7 Menm kote Pòl fin di sa a, yon diskisyon pete ant Farizyen yo ak Sadiseyen yo, epi gwoup la divize. 8 Sadiseyen yo pa t kwè ni nan moun mouri gen pou leve, ni nan anj, ni nan espri, epi Farizyen yo te kwè nan tout bagay sa yo. 9 Foul la te pran manifeste pi fò toujou, epi kèk pwofesè lalwa ki te manm pati Farizyen yo leve kanpe epi yo kòmanse yon diskisyon ak foul la, yo di: “Nou pa jwenn nonm sa a koupab de anyen. Yon espri osinon yon anj dwe te pale ak li.”
10 Diskisyon an te fè goumen leve, sa te fè kòmandan an vin pè pou moun yo pa dechire Pòl an miyèt moso. Konsa, li mande sòlda l yo pou yo desann nan foul la, retire Pòl nan mitan yo epi al fèmen l nan kazèn nan.
11 Nan lannuit jou sa a, Pòl wè Jezi Senyè a ki parèt devan l epi li di l: “Pran kouray! Paske menm jan ou rann temwanyaj pou mwen isit Jerizalèm, se konsa ou gen pou rann temwanyaj pou mwen tou, nan lavil Wòm.”
Kèk Jwif ap fè konplo pou touye Pòl
12 Nan demen maten, kèk nan Jwif yo monte yon konplo pou yo touye Pòl. Yo te menm fè yon ve devan Bondye yo pa t ap ni manje ni bwè anyen jouktan yo touye Pòl. 13 Te gen plis pase karant Jwif ki t ap prepare konplo sa a kont Pòl. 14 Jwif sa yo t al jwenn chèf prèt yo ansanm ak ansyen lidè yo, yo di yo: “Nou fè sèman sou tèt nou pou nou pa ni manje ni bwè toutotan nou pa touye Pòl. 15 Kidonk, nou menm, se pou nou aranje nou ak Gran konsèy la pou n al mande kòmandan an pou l mennen Pòl devan nou, sou pretèks nou bezwen poze l kèk kesyon toujou. Nou menm, nou pare pou n gentan touye l depi nan wout, anvan menm li rive devan nou.”
Copyright © 2017 by Bible League International