Old/New Testament
26 Frè m yo, nou menm pitit pitit Abraram, nou menm tou ki pa jwif, men ki gen krentif pou Bondye, Bondye voye fè nou konnen li vin delivre nou. 27 Jwif ki nan Jerizalèm yo ansanm ak tout lidè yo pa t reyalize se Jezi ki Sovè a. Malgre yo t ap li pawòl pwofèt yo te pwoklame yo chak jou saba, yo pa t konprann anyen ladan yo. Lè yo kondane Jezi, yo fè pawòl pwofèt tounen verite a. 28 Malgre yo pa t ka jwenn anyen ki pou ta fè Jezi merite lanmò, yo mande Pilat touye l kanmenm.
29 Jwif sa yo te fè tout move bagay Bib la te di ki t ap rive Jezi. Apre sa yo desann Jezi sou kwa a, epi yo mete l nan tonbo. 30 Men Bondye Papa a te resisite Jezi. 31 Apre sa, pandan plizyè jou, moun ki te soti Galile pou monte Jerizalèm avèk Jezi yo te wè li; Kounye a, se yo menm k ap temwanye rezireksyon l devan pèp la.
32 Nou menm, nou vin anonse nou Bòn Nouvèl konsènan pwomès Bondye te fè zansèt nou yo. 33 Nou menm, nou se pitit pitit yo, epi Bondye fè pwomès la reyalize pou nou lè li fè Jezi leve soti vivan lanmò a. Anplis, men sa ki ekri tou nan Sòm 2 nan Bib la:
Ou se pitit mwen.
Depi jodi a, se mwen menm ki papa w.[a]
34 Bondye te resisite Jezi pou l pa t janm pouri ankò. Se sa k fè Bondye te di:
M ap ba ou tout bon bagay
mwen te pwomèt David yo.[b]
35 Nan yon lòt pasaj, li ekri ankò:
Ou p ap kite moun ki apa pou ou a pouri anba tè.[c]
36 David li menm te fè volonte Bondye pandan tout lavi li. Apre sa, li mouri, yo antere l tankou tout zansèt li yo. Kò David pouri anba tè! 37 Men, sila a Bondye resisite a, li pa pouri anba tè. 38-39 Frè n yo, konprann byen sa n ap anonse nou an. Nou kapab jwenn padon pou peche nou yo nan Jezikris. Lalwa Moyiz la pa t ka delivre nou anba peche nou yo, men nou kapab jwenn padon pou peche nou epi ranje lavi nou avèk Bondye si sèlman nou kwè nan Jezi. 40 Kidonk, se pou n pran prekosyon pou bagay pwofèt yo te di a pa rive nou:
41 Gade non, nou menm ki gen dout nan kè nou,
nou gen pou n sezi, epi n ap mouri met sou li;
Paske pandan tan pa nou an la,
m pral fè yon bagay nou p ap kwè.
Nou pa t ap janm kwè l,
menmsi moun ta rakonte nou li!”[d]
42 Lè Pòl ak Banabas ap vire pou y ale, moun yo mande yo pou yo retounen nan pwochen jou saba a pou kontinye pale avèk yo sou tout bagay sa yo. 43 Apre reyinyon an nan Sinagòg la, anpil jwif ansanm ak moun lòt nasyon ki te vin konvèti nan relijyon Jwif yo te swiv Pòl ak Banabas. Pòl ak Banabas te sezi okazyon an pou ankouraje yo pou yo kontinye kenbe fèm nan gras Bondye a.
44 Nan pwochen saba a, prèske tout moun nan lavil la te rasanble pou yo tande pawòl Senyè a. 45 Lè Jwif yo wè tout moun sa yo te rasanble, yo vin gen anpil jalouzi nan kè yo. Yo tonbe ap demanti tout sa Pòl t ap di, epi yo tonbe joure. 46 Men, Pòl ak Banabas pa t kraponnen, yo di: “Nou te gen pou n pwoklame Bòn Nouvèl Bondye a bay nou menm jwif yo anvan, men nou refize tande l. Sa vle di nou pa konsidere tèt nou kòm moun ki bon ase pou n gen lavi etènèl la. Kidonk, kounye a nou pral kòmanse preche moun lòt nasyon yo. 47 Paske, men sa Senyè a menm te di nou:
Mwen mete w pou sèvi yon limyè pou lòt nasyon yo,
pou montre moun toupatou sou latè kijan pou yo sove.”[e]
48 Lè moun lòt nasyon yo tande Pòl di pawòl sa yo, sa te fè yo kontan anpil. Yo te tonbe fè lwanj pou Bòn Nouvèl Bondye a. Anpil nan yo te kwè, paske Bondye te gentan chwazi yo pou yo gen lavi etènèl la.
49 Konsa, mesaj Bòn Nouvèl Bondye a te preche nan tout peyi a. 50 Men, Jwif yo menm te monte tèt yon ekip gwo medam lavil la ki te konvèti nan relijyon yo a, ansanm ak lidè yo pou soulve yo kont Pòl ak Banabas. Yo tout te tonbe pèsekite Pòl ak Banabas epi yo chase yo mete deyò nan vil la. 51 Konsa, Pòl ak Banabas souke pousyè pye yo[f] sou moun yo, epi yo pati al nan vil Ikonyòm. 52 Disip nan vil Antyòch yo menm te gen anpil kè kontan epi Sentespri a te ranpli yo.
Copyright © 2017 by Bible League International