Old/New Testament
Jezi pale sou lanmò li
27 Kounye a, m santi lespri m twouble. Ki sa m ta di? Papa, delivre m non anba tan soufrans sa a. Men, se pou sa menm mwen te vini. 28 Papa, fè wè glwa w non!”
Lè sa a, yon vwa soti nan syèl la, li di: “Mwen fè wè glwa m deja, epi m ap fè wè glwa m ankò.”
29 Foul moun ki te la yo te tande. Gen nan yo ki di se yon kout loray, gen lòt ki di se yon anj ki pale avè l.
30 Jezi reponn epi li di: “Se pa pou mwen menm vwa sa a pale, se poutèt nou menm. 31 Kounye a lè jijman lemonn rive, lè a rive pou chèf k ap domine sou lemonn nan tonbe. 32 Epi mwen menm, lè yo va leve m anwo[a] tè a, m ap rale tout moun vin jwenn mwen.” 33 Li te di sa pou l fè konprann kijan l ap mouri.
34 Foul la te reponn li: “Nou etidye nan Lalwa, lè Kris la vini l ap viv pou tout tan, kijan ou fè di fòk Pitit Lòm nan leve anwo latè a?[b] Ki moun Pitit Lòm nan ye?”
35 Jezi di yo: “Limyè[c] a avèk nou pou yon ti tan ankò. Mache toutotan limyè a la, pou fènwa pa kenbe nou. Paske moun k ap mache nan fènwa pa wè kote l prale. 36 Pandan nou genyen limyè a, se pou n kwè nan limyè a, konsa nou va tounen pitit limyè.” Apre Jezi fin pale konsa ak yo, li pati l al kache.
Kèk Jwif derefize kwè Jezi
37 Menm lè Jezi fè tout mirak sa yo devan pèp la, yo pa t kwè nan li 38 pou pawòl pwofèt Ezayi sa a te kapab akonpli:
“Senyè, kilès ki kwè nan sa yo tande n ap di?
Pouki moun pouvwa Senyè a parèt aklè?”[d]
39 Men pou kisa yo pa t kapab kwè, se Ezayi menm ki di ankò:
40 “Li fè yo avèg
epi li fè kè yo di
pou yo pa wè nan je yo,
pou yo pa konprann nan kè yo,
pou yo pa ta vire vin jwenn mwen,
pou m ta geri yo.”[e]
41 Ezayi te di sa, paske li te wè glwa Jezi, epi li pale de li.
42 Poutan, pami chèf yo menm, anpil te kwè nan Jezi. Men poutèt Farizyen yo, yo pa t oze di sa, yo te pè pou yo pa t mete yo deyò nan Sinagòg la. 43 Yo te prefere lwanj moun ba yo pase lwanj Bondye.
Ansèyman Jezi a gen pou jije lèzòm
44 Lè sa a, Jezi deklare byen fò: “Moun ki kwè nan mwen se pa nan mwen l kwè, se nan moun ki voye m nan li kwè. 45 Moun ki wè mwen wè moun ki voye m nan. 46 Mwen menm, mwen vini pou m yon limyè pou lemonn, pou nenpòt moun ki kwè nan mwen pa rete nan fènwa.
47 Si yon moun tande sa m di epi li pa pratike yo, se pa mwen k ap jije li, paske mwen pa vini pou m jije lemonn, mwen vini pou m sove lemonn. 48 Yon moun ki rejte m epi ki pa fè ka pawòl mwen, li gentan gen jij li: Pawòl mwen yo, se yo k ap jije li nan dènye jou a. 49 Mwen pa pale pou pwòp tèt pa m. Men, Papa m ki voye m, li preskri m sa m dwe di. 50 Mwen konnen sa l mande fè bay lavi etènèl. Se poutèt sa, mwen di sa m ap di, menm jan papa m di l.”
Copyright © 2017 by Bible League International