Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Old/New Testament

Each day includes a passage from both the Old Testament and New Testament.
Duration: 365 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Error: '1 Istwa 22-24' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Jan 8:28-59

28 Jezi di yo konsa: “Lè n a fin leve Pitit Lòm nan mete anlè[a] sou yon kwa, n a konnen ki moun mwen ye, epi n a konnen mwen pa fè anyen ak pwòp otorite m, men mwen di sa Papa a te anseye m. 29 Epi moun ki voye m nan la ak mwen; li pa kite m poukont mwen, paske mwen toujou fè bagay ki fè l plezi.” 30 Lè l t ap di bagay sa yo konsa, anpil moun te kwè nan li.

Jezi ap pale de libète pou nou pa peche

31 Jezi di Jwif ki te kwè nan li yo: “Si nou obeyi pawòl mwen yo, n ap disip mwen toutbon vre, 32 epi n ap konnen verite a, epi se verite a k ap ban nou libète.”

33 Yo reponn li konsa: “Se pitit pitit Abraram nou ye, epi nou pa t janm esklav pèsonn, kijan ou fè di n ap vin lib?”

34 Jezi reponn yo: “An verite, an verite, m ap di nou, tout moun k ap pratike peche se esklav peche yo ye. 35 Yon esklav pa rete avèk yon fanmi pou tout tan. Men yon pitit kay, li menm, li nan fanmi lan pou tout tan. 36 Konsa, si se pitit la ki libere w, ou lib toutbon vre. 37 Mwen konnen se nan ras Abraram nou soti, men n ap chache touye m, se paske pawòl mwen yo pa fè anyen nan nou. 38 Mwen menm, mwen pale de sa Papa m montre m, men nou menm, nou fè sa pwòp papa pa nou di nou fè.”

39 Yo reponn li: “Papa nou se Abraram.”

Jezi di yo: “Si nou te pitit Abraram, nou ta fè menm bagay ak Abraram. 40 Mwen menm, m ap di nou verite a mwen tande ki soti nan Bondye, men kounye a n ap chache touye m. Abraram pa fè bagay konsa. 41 Nou menm n ap fè travay papa nou.”

Lè sa a, yo reponn li: “Nou pa pitit deyò, nou gen yon sèl papa, se Bondye.”

42 Jezi reponn yo: “Si Bondye te papa nou, nou ta renmen m. Paske se Bondye ki voye m, mwen pa vini pou pwòp tèt mwen, men se li menm ki voye m. 43 Pou kisa nou pa kapab konprann langaj mwen? Paske nou pa kapab aksepte ansèyman m. 44 Se dyab la ki papa nou, epi nou vle fè sa papa nou vle nou fè. Li menm, depi okòmansman, se metye touye moun li fè. Li pa janm pale verite a, paske verite a pa nan li menm. Lè l ap bay manti, se nan pwòp trezò li li pran li. Li mantè epi se papa bay manti li ye.

45 Men paske m di nou verite a, nou pa kwè m. 46 Kilès nan nou ki kapab montre m mwen fè peche? Si m di nou verite a pou kisa nou pa kwè m? 47 Moun ki soti nan Bondye koute sa Bondye di. Rezon ki fè nou pa koute se paske nou pa soti nan Bondye.”

Jezi ak Abraram

48 Jwif yo reponn li: “Ou pa wè nou gen rezon di ou se yon Samariten, ou gen move lespri nan tèt ou.”

49 Jezi reponn yo: “Non, mwen pa gen okenn move lespri nan tèt mwen, men m ap onore Papa m, epi nou menm n ap dezonore m. 50 Mwen menm, se pa glwa m ap chache pou tèt mwen. Gen yon moun k ap chache l (pou mwen) epi k ap jije. 51 An verite, an verite, m ap di nou sa, si yon moun obeyi sa m anseye l, li p ap janm mouri.”

52 Lè sa a, Jwif yo di li konsa: “Kounye a nou konnen ou gen yon move lespri nan tèt ou. Abraram mouri, ata pwofèt yo mouri, epi ou menm ou ap vin di: Si yon moun resevwa pawòl ou li p ap janm mouri. 53 Èske ou pi gran pase Abraram, zansèt nou? Li menm li mouri, epi pwofèt yo mouri tou. Ki sa ou kwè ou ye?”

54 Jezi reponn yo: “Si se mwen k ap fè lwanj pou tèt mwen, lwanj mwen an pa vo anyen. Se Papa m ki fè lwanj pou mwen, li menm n ap di se Bondye nou an. 55 Nou pa konnen li, poutan mwen menm mwen konnen li. Si m ta di m pa konnen li, mwen ta yon mantè, menm jan ak nou. Men mwen konnen l epi mwen fè sa l anseye. 56 Abraram, papa nou, te kontan nèt lè l sèlman panse mwen gen pou m vini. Li te kontan nèt, lè l te wè jou sa a rive.”

57 Lè sa a, Jwif yo di li: “Ou poko menm gen senkant an epi ou di ou te wè Abraram!”

58 Jezi reponn yo: “An verite, an verite, m ap di nou, anvan Abraram te la, mwen la.” 59 Lè sa a yo ranmase wòch pou yo te touye li, men Jezi te kache epi li chape kò l soti nan tanp lan.

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International