Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Old/New Testament

Each day includes a passage from both the Old Testament and New Testament.
Duration: 365 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Error: '1 Istwa 13-15' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Jan 7:1-27

Jezi avèk frè li yo

Apre sa, Jezi te fè laviwonn teritwa Galile a. Li pa t vle ale nan peyi Jide, paske chèf Jwif yo t ap chache touye li. Se te moman Jwif yo te pral fete Fèt Tant yo. Se poutèt sa frè l yo te di l: “Ou ta sipoze pati ale Jide nan fèt la. Konsa, tout disip ou yo ta wè mirak ou ap fè yo. Si ou vle anpil moun konnen ou, ou pa dwe ap kache sa ou fè. Si ou kapab fè bagay ekstraòdinè sa yo, kite tout moun wè yo.” Frè Jezi yo te pale konsa paske menm yo menm yo pa t kwè nan li.

Jezi di yo: “Mwen poko pare pou m al Jerizalèm, lè m poko rive. Men, pou nou menm, nou pa gen okenn lè espesyal, tout lè se menm pou nou. Lemonn pa kapab rayi nou. Men lemonn rayi mwen, paske m ap di moun nan lemonn zèv yo pa bon. Alò nou mèt ale. Mwen pa prale kounye a, paske tan pa m nan poko rive.” Lè Jezi fin di sa, li rete nan peyi Galile.

10 Alò frè l yo pati y al nan fèt la. Lè yo fin pati, Jezi pati tou, men l te ale an sekrè. 11 Lidè Jwif yo t ap chache li nan fèt la. Yo t ap di: “Kote nonm nan?”

12 Te gen anpil moun la. Anpil nan yo t ap pale an sekrè antre yo de Jezi. Kèk nan yo te di: “Se yon nonm de byen li ye.” Men kèk lòt t ap di: “Se pa vre, mesye ap twonpe moun yo.” 13 Men pa t gen yon moun ki te brav ase pou l ta pale de li pou tout moun tande. Yo te pè lidè Jwif yo.

Jezi ap anseye nan Jerizalèm

14 Peryòd fèt la te deja nan mwatye konsa, Jezi ale nan tanp lan epi Li te kòmanse anseye. 15 Lidè Jwif yo te sezi epi yo di: “Kòman nonm sa a fè konnen tout bagay sa yo? Li pa te janm etidye menm jan ak nou!”

16 Jezi reponn: “Sa m ap anseye pa soti nan mwen menm. Ansèyman mwen soti nan moun ki voye m nan. 17 Moun ki vle fè sa Bondye vle reyèlman, y ap kapab konnen si ansèyman sa a soti nan Bondye oubyen si li soti nan mwen menm sèlman. 18 Nenpòt moun k ap anseye pwòp panse pa l, l ap chache glwa pou pwòp tèt li. Men yon moun k ap chache glwa pou moun ki voye li, yo kapab kwè l. Yon moun ki aji konsa p ap nan manti. 19 Moyiz te ban nou Lalwa, pa vre? Men nou pa obeyi Lalwa a. Si nou obeyi Lalwa, pou kisa n ap chache touye m?”

20 Moun yo reponn: “Yon demon fè w fou! Nou p ap eseye touye w pyès.”

21 Jezi di yo: “Mwen te fè yon mirak yon jou saba, epi nou tout te choke. 22 Nou obeyi Lalwa Moyiz te bay sou sikonsizyon an epi pafwa nou fè l nan jou saba a. (Men an reyalite se pa Moyiz ki ban nou sikonsizyon an. Li soti depi zansèt nou yo ki t ap viv anvan Moyiz.) Wi, byen souvan nou sikonsi ti bebe gason yo nan jou saba a. 23 Konsa, nou travay nan jou saba a! Nou retire yon ti moso po nan sèks yon bebe jou saba a! Nou fè sa pou n evite vyole Lalwa Moyiz la! Alò, pou kisa nou leve kont mwen poutèt mwen geri yon nonm totalman nan jou saba a? 24 Ann sispann jije sou laparans. Ann jije yon fason ki dwat.”

Moun yo ap mande si se Jezi ki Kris la

25 Kèk nan moun Jerizalèm yo di: “Men nonm y ap eseye wè si yo ta touye a. 26 Men l ap anseye kote tout moun kapab ni wè li ni tande li. Epi pèsonn pa eseye anpeche l fè sa. Petèt lidè yo te deside se li ki Mesi a vrèman. 27 Men, lè vrè Mesi va vini, pèsonn p ap konnen kote l soti. Nonm sa a, nou konnen moun ki kote li ye.”

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International