Old/New Testament
Laveni Wayòm Bondye a
(Mat 24:23-28,37-41)
20 Apre sa, kèk nan Farizyen yo mande Jezi: “Ki lè Wayòm Bondye a ap vini?”
Jezi reponn, li di: “Wayòm Bondye a p ap vini nan yon fason nou ka obsève davans. 21 Moun p ap ka di men l bò isit, ni men l bò lòtbò, paske Wayòm Bondye a la nan mitan nou.”
22 Apre sa, Jezi di disip yo: “Gen yon tan k ap vini kote n ap anvi wè youn nan jou Pitit Lòm nan, men nou p ap ka wè l. 23 Moun pral di: Ey men l bò lòtbò, osinon, men l bò isit. Pa okipe pèsonn. Rete kote nou ye a. Pa soti al nan chache anyen.” 24 Menm jan yon kout zèklè flache travèse syèl la, soti sou yon bò al sou lòtbò a, se konsa sa ap ye pou Pitit Lòm nan jou l ap retounen an. 25 Men, anvan sa rive, Pitit Lòm nan gen pou l soufri anpil move tretman. Moun alèkile yo ap rejte li.
26 Menm jan sa te ye nan tan Noye a, se konsa tou sa ap ye lè Pitit Lòm nan va retounen. 27 Moun t ap manje, yo t ap bwè. Moun t ap marye epi yo t ap marye pitit yo jouktan jou a te rive epi Noye antre nan lach la. Apre sa delij la vini, li touye yo tout.
28 Se menm bagay ki te pase nan tan Lòt la tou k ap rive. Moun t ap manje, bwè, achte, vann, plante nan jaden, bati kay pou yo rete. 29 Yo te viv konsa jouk jou Lòt pati kite Sodòm, epi dife ak souf soti nan syèl la grennen sou vil la epi detwi tout bagay. 30 Se ekzakteman konsa bagay yo ap ye lè Pitit Lòm nan retounen.
31 Nan jou sa a, si yon moun te sou tèt kay li, li pa fèt pou l desann al pran zafè li anndan kay la. Menm jan an tou, si yon moun te nan jaden, li p ap bezwen tounen lakay ankò. 32 Se pou sa k te rive madanm Lo[a] la sèvi nou leson.
33 Nenpòt moun ki chache konsève lavi li, li va pèdi l. Men nenpòt moun ki dakò bay lavi li, li va konsève l. 34 M ap di nou sa: “Nan nuit sa a, gen dwa gen de moun k ap dòmi sou menm kabann, y ap pran youn epi y ap kite lòt la. 35 Ka gen de medam k ap pile grenn ansanm nan pilon, y ap pran youn, y ap kite lòt la.” 36 [b]
37 Disip yo reponn, yo di li: “Mèt, ki kote sa ap rive?”
Jezi reponn yo: “Kote kadav la ye a, se la tou zwazo sovaj ki konn manje kadav yo ap rasanble!”
Copyright © 2017 by Bible League International