Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Old/New Testament

Each day includes a passage from both the Old Testament and New Testament.
Duration: 365 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Error: '1 Samyèl 22-24' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Lik 12:1-31

Piga nou sanble ak Farizyen yo

12 Lè sa a, foul moun ki te rasanble pou tande Jezi a te plizyè milye. Yo te tèlman anpil, se kòmsi youn t ap mache sou lòt. Men, Jezi chwazi pale ak disip li yo anvan, pandan lòt moun yo ap koute. Li di yo: “Veye kò nou ak ledven Farizyen yo, ki vle di yo eseye parèt tankou[a] moun ki dwat, men alaverite yo pa moun ki dwat. Pa gen anyen ou ka resi sere tèlman byen pou l pa janm parèt aklè. Pa gen anyen ou ka resi sere pou moun pa janm konnen li ditou. Kidonk, tout sa ki di an prive pral di devan tout moun. Tout sa ou chichote nan zòrèy moun ankachèt, y ap pibliye l byen fò an piblik.”

Gen krentif pou Bondye, pa pè lòt moun

(Mat 10:28-31)

Men sa m ap di nou, nou menm ki zanmi m: “Nou pa bezwen pè moun ki ka touye kò a sèlman, men ki pa gen anyen li ka fè ankò apre sa. M ap di nou kilès pou nou pè pito. Se pou nou pè Bondye pito, paske lè l fin touye kò a, li gen otorite tou pou voye l jete nan lanfè. Wi, se li menm pou nou pè pito.

Èske nou pa wè ti zwazo ap vann pou piyay, se senk (5) pou dis (10) kòb yo vann yo. Epoutan, Bondye pa bliye yo. Bondye menm konnen konbyen cheve nou gen nan tèt nou. Nou pa bezwen pè anyen, paske nou gen plis valè lontan pase anpil ti zwazo.”

Ou pa bezwen jennen devan moun poutèt lafwa w

(Mat 10:32-33; 12:32; 10:19-20)

M ap di nou sa: “Nenpòt moun ki pa wont kanpe devan moun pou l di se moun pa m li ye, mwen p ap wont non plis pou m di se moun pa m li ye. M ap di sa menm devan anj Bondye yo. Men, moun ki di devan moun li pa konnen m, m ap di m pa konnen l tou devan anj Bondye yo.

10 Nenpòt moun ki pale mal kont Pitit Lòm nan, li ka jwenn padon; men, yon moun ki pale mal kont Sentespri a, li p ap jwenn padon.

11 Lè y a mennen nou vin jije swa nan sinagòg la, swa devan chèf yo osinon otorite yo, nou pa bezwen bay tèt nou traka pou konnen kisa nou pral di, osinon kijan pou n defann tèt nou. 12 Paske Sentespri Bondye a ap la nan moman an pou anseye nou sa ki nesesè pou n di.”

Jezi bay avètisman kont egoyis

13 Yon nonm nan mitan foul la di Jezi konsa: “Mèt, pale ak frè m nan non pou l ka pataje byen paran nou kite pou nou yo ak mwen.”

14 Men, Jezi reponn li: “Ki moun ki mete m jij osinon abit pou m jije bagay konsa ant ou menm ak frè w?” 15 Apre sa Jezi di foul la, “Fè atansyon pou dezi pou gen anpil bagay pa pran tèt nou, paske se pa pakèt byen yon moun posede k ap fè lavi li long.”

16 Epi li tonbe rakonte yo parabòl sa a, li di: “Te gen yon nonm rich ki te fè yon bèl rekòt nan jaden l. 17 Nonm rich la reflechi nan li menm, li di: Ki sa m pral fè la a, paske mwen pa gen ase plas pou m sere rekòt mwen yo?

18 Apre sa, li di: Oke, m konn sa m pral fè. M ap kraze tout depo m yo, epi m ap bati sa k pi gwo pou m ka jwenn kote pou m sere tout ble m yo ak lòt rekòt mwen yo. 19 Apre sa, m a di tèt mwen: Monchè, ou gen anpil byen nan depo pou anpil ane ankò. Ou mèt poze kounye a. Annik manje, bwè epi jwi lavi w.

20 Men Bondye di li: Egare! Aswè a menm ou pral mouri. Tout bagay sa yo ou te prepare yo, pou kilès y ap rete?

21 Se konsa sa ye pou nenpòt moun k ap rasanble byen pou li menm sèlman, men ki pa rich nan je Bondye.”

Mete Wayòm Bondye a anvan tout bagay

(Mat 6:25-34,19-21)

22 Apre sa, li di disip li yo: “Se poutèt sa mwen di nou: Pa bay kò nou traka pou kisa n ap manje, osinon ki kote n ap jwenn rad pou n met sou nou. 23 Paske lavi gen plis valè pase manje. Kò moun gen plis valè pase rad. 24 Gade zwazo yo rele kònèy yo. Yo pa plante ni yo pa rekòlte. Yo pa gen depo, ni galata, epoutan Bondye ba yo manje. Èske nou pa vo plis pase zwazo yo? 25 Kilès nan nou ki ka ajoute menm yon sèl èdtan sou lavi li afòs li bay tèt li traka pou sa? 26 Si ou pa ka menm fè ti bagay ki pi piti yo, poukisa pou ap bay kò w traka pou bagay ki pi gwo yo?

27 Gade jan flè ki nan raje yo grandi. Yo pa travay, yo pa koud rad. M ap di nou sa, menm wa Salomon, nan tout laglwa li, li pa t abiye bèl tankou youn nan flè sa yo. 28 E si zèb nan jaden jodi a, zèb yo pral boule nan dife demen, Bondye pran tan pou l abiye yo si bèl, epi nou menm atò? Ala piti lafwa nou piti!

29 Kidonk, nou pa bezwen ap bay kò nou traka pou chache bagay pou n manje ak bagay pou n bwè. 30 Bagay sa yo se moun ki nan mond lan ki toujou ap kouri dèyè bagay sa yo. Papa nou ki nan syèl la deja konnen nou bezwen tout bagay sa yo. 31 Akòde plis enpòtans a wayòm Bondye a pito, epi l ap ban nou tout lòt sa nou bezwen kòm degi.

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International