Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Old/New Testament

Each day includes a passage from both the Old Testament and New Testament.
Duration: 365 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Error: '1 Samyèl 15-16' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Lik 10:25-42

Yon istwa konsènan yon bon Samariten

25 Apre sa, yon doktè Lalwa ki te vle pran Jezi nan pyèj leve kanpe epi li poze l kesyon sa a: “Mèt, kisa pou m fè pou m gen lavi etènèl?”

26 Jezi reponn li: “Ki sa ki ekri nan Liv Lalwa a? Ki sa ou wè l di?”

27 Doktè Lalwa a reponn: “Renmen Bondye ak tout kè ou, ak tout nanm ou, ak tout fòs ou, ak tout panse w;[a] epi renmen pwochen w menm jan ou renmen pwòp tèt ou.”[b]

28 Lè sa a, Jezi di li: “Ou konnen ou byen reponn. Annik fè sa a epi ou ap gen lavi etènèl.”

29 Men, doktè Lalwa a ki te vle montre Jezi li bon deja, poze Jezi kesyon sa a: “Men, ki moun menm pou m konsidere kòm pwochen m?”

30 Lè sa a, Jezi reponn li: “Yon nonm te soti Jerizalèm l ap desann Jeriko. Pandan l sou wout la, yon kolonn vòlè atoufè tonbe sou li. Yo dechèpiye li, pran tout sa l te genyen, ata rad sou po do l. Yo bat li byen bat epi y al fè wout yo kite li atè a twaka mò.

31 Konsa, vin gen yon sakrifikatè k ap pase. Lè l wè nèg la, li pa kanpe pou ede l. Okontrè, li chankre kò l sou lòt bò chemen an, l ale fè wout li. 32 Apre sa, vin gen yon Levit ki vin ap pase tou. Lè l wè nonm nan, li chankre kò l sou lòt bò chemen an tou, l ale fè wout li.

33 Apre sa ankò, vin gen yon Samariten[c] k ap pase. Lè l wè nonm yo te dechèpiye a, kè l fè l mal anpil pou li. 34 Li pwoche kote li. Li vide lwil doliv ak diven sou kote li blese yo pou netwaye yo, epi li vlope yo ak twal. Apre sa, Samariten an ki te gen yon bourik, chaje nonm nan mete sou bourik la. Li mennen l nan yon otèl pou ba li plis swen. 35 Nan demen, Samariten an bay responsab otèl la kantite lajan ou te ka peye yon moun pou de jounen travay, epi li di l konsa: Pran swen malad sa a pou mwen. Sizoka ou ta depanse plis pou pran swen l, lè m retounen m ap remèt ou li.”

36 Apre sa, Jezi di doktè Lalwa a: “Dapre ou, ki lès nan twa mesye sa yo ki pwochen nonm ki te tonbe anba men atoufè yo?”

37 Doktè lalwa a reponn: “Nonm ki te gen kè sansib pou li a.”

Epi Jezi di li: “Ebyen, ale, montre kè sansib tou pou nenpòt moun ki nan bezwen.”

Mari ak Mata

38 Etan yo t ap vwayaje, Jezi ak disip li yo antre nan yon ti bouk epi yon fi nan bouk la yo te rele Mata te resevwa yo lakay li. 39 Mata te gen yon sè yo rele Mari. Mari ta vin chita nan pye Jezi ap koute ansèyman Jezi t ap bay yo. 40 Mata menm t ap fatige kò l ak travay pou resevwa moun yo. Li vin parèt kote Jezi, li di: “Mèt, sa pa fè w anyen Mari kite m poukont mwen pou m fè tout travay sa yo. Pale avè l non pou fè l vin ede m.”

41 Senyè a reponn Mata, li di l konsa: “Mata, Mata, ou ap bay kò w traka pou anpil bagay. 42 Men, se yon sèl bagay ki nesesè. Se bagay sa menm Mari chwazi, yo p ap janm retire l nan men l.”

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International