Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Old/New Testament

Each day includes a passage from both the Old Testament and New Testament.
Duration: 365 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Error: 'Deteronòm 19-21' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Mak 13:21-37

21 Lè sa a, si w tande yon moun di w: Men Kris la isit, oswa men Kris la laba. Pa okipe l.[a] 22 Paske se pa de fo Kris ak fo pwofèt ki pral genyen! Y ap fè mirak pou yo wè si yo te ka twonpe menm moun Bondye chwazi yo, si sa ta posib. 23 Alò, fè atansyon. M di nou bagay sa yo, anvan menm yo rive.

Lè Jezi va retounen sou latè

(Mat 24:29-51; Lik 21:25-36; 19:12-13,40)

24 Men nan jou sa yo, apre tribilasyon sa a,

Solèy la pral vin tou nwa,
    lalin nan ap sispann klere.
25 Zetwal yo ap sot nan syèl la tonbe,
    epi puisans nan syèl yo pral tranble.[b]

26 Lè sa a, tout moun gen pou wè Pitit Lòm nan sou tèt nyaj yo k ap desann sou latè avèk anpil pouvwa ak gwo onè. 27 Epi Pitit Lòm nan va voye anj li yo nan kat kwen latè rasanble moun pa l yo kelkeswa kote yo.

28 Pran leson sou yon pye figye. Depi l kòmanse pouse boujon, epi l pouse fèy, nou konnen lete rive. 29 Menm jan an tou, lè nou wè tout bagay sa yo rive, n a konnen Pitit Lòm nan nan papòt la. 30 An verite m ap di nou: jenerasyon sa a p ap pase, bagay sa yo ap gen tan rive! 31 Syèl la ak tè a gen pou pase, men pawòl mwen p ap janm pase.

32 Pou sa ki konsènen jou a ak lè a, pèsonn pa konnen. Ni anj nan syèl la ni Pitit la pa konnen. Se Papa a sèl ki konnen. 33 Pran prekosyon, rete veyatif, paske ou pa konnen ki jou sa ap rive.

34 Se tankou yon moun ki pati pou yon vwayaj. Li kite kay li, epi li bay sèvitè l yo responsablite, chak moun gen zafè pa yo. Epi li bay gadyen an lòd poul veyatif. 35 Konsa, se pou nou toujou pare, paske nou pa konnen ki lè Mèt kay la ap tounen. Nou pa konnen si l ap retounen apremidi, aminui, avanjou, oubyen nan maten. 36 Si l vini sanzatann, pa kite l jwenn ou ap dòmi. 37 Sa m ap di nou la a, se sa m di tout moun: rete veyatif!”

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International