Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Old/New Testament

Each day includes a passage from both the Old Testament and New Testament.
Duration: 365 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Error: 'Resansman 32-34' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Mak 9:30-50

Jezi pale sou lanmò li

(Mat 17:22-23; Lik 9:43b-45)

30 Apre sa, Jezi ak disip li yo kite kote yo te ye a, yo t ap vwayaje nan Galile, li pa t vle moun konnen ki kote yo te ye. 31 Li te vle anseye disip li yo sèlman. Li te di yo: “Yo gen pou yo trayi Pitit Lòm nan. Yo gen pou yo livre l anba pouvwa lèzòm. Yo gen pou yo touye l, men sou twazyèm jou a li gen pou l resisite.” 32 Men disip yo pa t konprann sa l te vle di, men tou yo te pè mande l sa pawòl la vle di.

Kilès ki pi gran?

(Mat 18:1-5; Lik 9:46-48)

33 Jezi ak disip li yo ale Kapènawòm, epi lè yo rive nan kay la, li mande yo: “Kisa nou t ap diskite sou wout la konsa?” 34 Disip yo pa reponn paske sou wout la yo t ap diskite pou konnen kilès nan yo ki pi gran?

35 Jezi chita, li rele douz disip yo epi li di yo: “Nenpòt moun ki vle premye se dènye pou li ye, epi li dwe sèvi tout moun.”

36 Se konsa Jezi pran yon timoun, li mete l kanpe devan yo. Li kenbe timoun nan nan bra l epi li di yo: 37 “Nenpòt moun ki resevwa youn nan timoun sa yo nan non mwen, se mwen li resevwa. E nenpòt moun ki resevwa mwen, se pa mwen sèlman li resevwa, men tou, se moun ki voye m nan li resevwa.”

Nenpòt moun ki pa kont ou, li avèk ou

(Lik 9:49-50)

38 Apre sa Jan di Jezi: “Mèt, nou wè yon moun k ap sèvi ak non ou pou l chase demon. Nou eseye fè l sispann, paske li pa youn nan nou.”

39 Men Jezi di: “Pa anpeche l, paske pa gen yon moun ki fè yon mirak nan non mwen ki pral pale m mal apre sa. 40 Yon moun ki pa kont nou se pou nou li ye. 41 Mwen ba w garanti sa a, nenpòt moun ki bay w yon vè dlo paske ou pou Kris la, li p ap janm pèdi l.”

Mizangad sou koz ki fè moun peche

(Mat 18:6-9; Lik 17:1-2)

42 “Se va byen grav pou yon moun ki ta fè youn nan timoun sa yo ki mete konfyans nan mwen peche. Li ta pi bon pou li si yo ta mare yon moulen nan kou l epi voye l jete nan lanmè. 43 Si se men w k ap lakoz ou tonbe nan peche, koupe l. Li pi bon pou gen lavi ki p ap janm fini an ak yon men oswa yon pye pase pou w ta genyen de men w ak de pye w epi pou w al boule nan dife lanfè etènèl. 44 [a] 45 Si pye w fè ou peche, koupe l. Li pi bon pou gen lavi ki p ap janm fini an ak yon men oswa yon pye pase pou w ta genyen de men w ak de pye w epi pou w al boule nan dife lanfè etènèl. 46 [b] 47 Si se je w k ap lakoz ou tonbe nan peche, rache l. Li pi bon pou ou pou w ta antre nan wayòm Bondye a ak yon sèl je pase pou ou ta gen de je w epi w al nan lanfè, 48 kote vè pa janm mouri epi dife pa janm etenn.

49 Tout moun gen pou sale avèk dife.[c]

50 Sèl bon wi, men si l pèdi gou sale l genyen an, kijan ou ka fè l sale ankò? Pa pèdi bon gou sale nou genyen an, epi viv nan lapè youn ak lòt.”

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International