Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Old/New Testament

Each day includes a passage from both the Old Testament and New Testament.
Duration: 365 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Error: 'Levitik 19-20' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Matye 27:51-66

51 Nan menm lè a, vwal tanp la te chire fè de moso, sòti anwo pou desann anba. Latè tranble. Karyann yo fann. 52 Tonm yo ouvri. Yon bon valè moun nan pèp Bondye a ki te gen tan mouri te resisite. 53 Apre Jezi fin resisite, yo te kite tonm yo, epi yo antre vil Jerizalèm. Anpil moun te wè yo.

54 Ofisye a ak sòlda yo ki te la pou veye kò Jezi a te vin pè anpil, lè yo wè tranbleman tè a ak tout lòt evènman yo. Yo di: “Vrèman vre, nonm sa a se te Pitit Bondye.”

55 Te gen plizyè medam ki te kanpe a distans ap gade sa k ap pase. Medam sa yo se moun ki t ap swiv Jezi espesyalman pou yo te ka pran swen l, depi lè l te nan Galile. 56 Pami yo nou jwenn Mari, moun Magdala a, Mari manman Jak ak Jozèf, epi manman Jak ak Jan pitit Zebede[a] yo.

Yo antere Jezi

(Mak 15:42-47; Lik 23:50-56; Jan 19:38-42)

57 Nan apremidi te gen yon nonm rich ki te disip Jezi, yo rele Jozèf, moun Arimate, ki te vini 58 bò kote Pilat pou l mande pou yo ba li kò Jezi. Pilat pase sòlda yo lòd pou yo remèt li kò a. 59 Jozèf pran kò a, li vlope l ak yon dra len fen, 60 epi l al antere l nan yon kavo tou nèf, li te fèk fè fouye nan yon karyann. Li woule yon gwo wòch pou fèmen bouch kavo a, epi l al lakay li. 61 Mari, moun Magdala a, ak lòt Mari a te ret chita devan kavo a.

Yo met sòlda veye kavo a

62 Nan demen, apre jou yo rele Jou Preparasyon an, chèf prèt yo ak Farizyen, te fè yon ti rankont ak Pilat. 63 Yo di li: “Chèf, nou sonje lè magouyè sa a te vivan, li te di: m gen pou m resisite nan twa jou. 64 Konsa n ap mande w pou pase sòlda yo lòd, pou yo byen veye kavo a pandan twa jou. Konsa, disip li yo pa t ka vin vòlè kò epi fè moun kwè mèt yo resisite. Dènye magouy sa a t ap pi rèd pase premye a.”

65 Pilat di yo: “Pran kèk sòlda, al bay kavo a tout sekirite ki nesesè.” 66 Yo ale nan plas kot kavo a ye pou yo ba l sekirite. Yo poze sele sou gwo wòch ki fèmen bouch kavo a, epi yo mete sòlda veye l.

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International