Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Old/New Testament

Each day includes a passage from both the Old Testament and New Testament.
Duration: 365 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Error: 'Egzòd 19-20' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Matye 18:21-35

Aprann padone lòt moun

21 Apre sa, Pyè pwoche bò kote Jezi pou l ka poze l yon kesyon: “Senyè, konbyen fwa pou m padone frè m nan si l kontinye ap fè m bagay ki mal? Èske sèt fwa pa ase?”

22 Jezi reponn li: “Non Pyè! Mwen pa di sèt fwa. Ou bezwen kontinye padone li swasanndis fwa miltipliye pa sèt.[a]

23 Se sak fè m ap di nou wayòm Bondye a se tankou yon wa ki deside pou l rantre tout kòb li te gen deyò. 24 Nan fouye kaye li, li jwenn yon nonm ki te dwe l yon gwo gwo sòm lajan.[b] 25 Kòm sèvitè a pa t ka jwenn kòb la pou l peye, mèt la pase lòd pou yo vann sèvitè a, madanm li, pitit li ak tout sa l te posede, pou li ta rantre yon pati nan lajan l lan.

26 Lè sa a, sèvitè a lage kò l ajenou devan mèt la, epi li di: Tanpri, pran pasyans avè m, m ap peye dèt la. 27 Kè mèt la fè l mal pou sèvitè a. Li deside anile dèt la, epi l kite msye ale.

28 Menm sèvitè sa a, lè l rive deyò a, li jwenn yon kamarad ki te dwe l yon ti kraze monnen. Li mete men anba kou l, epi li di l: Peye m lajan m!

29 Kanmarad la lage kò l ajenou epi l di lòt la: Tanpri, pran pasyans avè m, m ap peye dèt la.

30 Men lòt refize tande. Okontrè li fè fèmen kanmarad la nan prizon jouktan l fin peye tout dèt la. 31 Gen lòt sèvitè mèt la ki t ap swiv tout bagay, kè yo te fè yo mal pou kanmarad ki ale nan prizon an. Konsa yo rapòte tout bagay bay mèt la.

32 Lè mèt la tande sa, li rele sèvitè l la epi l di: Gade jan ou mechan! Èske m pa t anile tout dèt ou a, paske ou te sipliye m? 33 Èske ou pa ta dwe fè menm bagay la pou kanmarad ou a tou? 34 Konsa, mèt la te fache anpil. Li pran sèvitè a, li fèmen l nan prizon. Epi li di: fòk misye peye dènye sengkòb la, anvan l sòti nan prizon.

35 Enben Papa m ki nan syèl la ap fè nou menm jan ak wa sa si nou pa padone frè ak sè nou ak tout kè nou.”

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International