Old/New Testament
Yon lòt istwa sou wayòm
(Mak 4:30-34; Lik 13:18-21)
31 Jezi bay foul la yon lòt parabòl. Li di yo: “Wayòm syèl la se tankou yon grenn moutad yon plantè simen nan jaden l. 32 Grenn moutad la se semans ki pi piti, men lè li grandi, li vin pi gwo plant pami legim yo. Li vin tounen yon pyebwa kote zwazo yo ka fè nich.”
33 Li ba yo yon lòt parabòl: “Wayòm syèl la, se tankou ledven yon fi pran li melanje l ak yon gwo mamit farin pou l fè pen. Ledven an fè tout pat la leve.”
34 Jezi sèvi avèk parabòl pou l di foul la tout bagay sa yo. Alaverite, li toujou sèvi ak istwa ki fè moun reflechi pou l anseye yo. 35 Sa te rive konsa pou pwofesi sa a te ka akonpli:
“M pral pale an parabòl.
M pral mete deyò sekrè ki kache depi fondasyon lemonn.”[a]
Jezi eksplike parabòl move zèb la
36 Apre sa Jezi voye foul moun yo ale lakay yo, epi li tounen lakay li. Disip li yo pwoche bò kote li, yo di l: “Ba nou yon ti eksplikasyon sou parabòl zèb nan jaden ble a.”
37 Lè sa a, Jezi di yo: “Moun ki plante bon grenn nan, se Pitit Lòm nan. 38 Jaden an reprezante lemonn antye. Bon grenn nan, se moun ki fè pati wayòm Bondye a. Zèb la se tout moun Satan yo. 39 Lènmi ki plante zèb la se Dyab la. Jou rekòt la reprezante lafendimond. Travayè yo se anj Bondye yo.
40 Menm jan yo rache zèb yo pou boule nan dife, se konsa sa pral ye lè lafendimond nan rive. 41 Pitit Lòm nan ap voye anj li yo pou vin triye tout sa yo k ap fè peche epi k ap pouse moun fè peche pou retire yo mete deyò wayòm li an. 42 Apre sa anj yo ap voye moun sa yo nan flanm dife kote ki gen kriye ak manje dan. 43 Moun ki te mache dwat devan Bondye pral klere kon solèy nan wayòm Bondye a. Moun ki gen zòrèy pou tande, tande!
Parabòl ja lajan an ak grenn pèl la
44 Wayòm syèl la se tankou yon ja lajan ki sere anba tè. Yon moun jwenn li, li sere l pi fon. Li tèlman kontan, l ale vann tout sa l genyen pou l achte jaden an.
45 Wayòm syèl la se tankou yon machannn bijou k ap chache bèl grenn pèl. 46 Lè l jwenn yon bèl grenn pèl ki gen anpil valè, l ale vann tout sa li genyen pou l achte li.
Parabòl senn lan
47 Wayòm syèl la se tankou yon senn yo jete nan lak la ki pran tout kalite pwason. 48 Lè senn nan plen, pechè yo rale l mete deyò. Yo chita pou yo triye pwason yo. Yo mete tout sa k bon nan panye, epi yo jete rès sa k pa vo anyen yo. 49 Se menm jan an sa pral pase lè lafendimond lan rive. Zanj yo ap separe mechan yo ak moun jis yo. 50 Y ap voye mechan yo nan yon gwo flanm dife kote ki pral gen kriye ak manje dan.”
51 Apre sa Jezi mande disip yo:
“Èske nou konprann tout sa m di nou an?” Yo reponn li: “Wi, nou konprann.”
52 Li di yo ankò: “Pwofesè lalwa ki vin kwè nan mesaj wayòm syèl la se tankou yon mèt kay ki fouye nan depo li pou l chache non sèlman bagay ansyen men bagay nouvo tou.”
Jezi ale nan vil kote l te grandi
(Mak 6:1-6; Lik 4:16-30)
53 Lè Jezi fin bay tout parabòl sa yo, li kite zòn kote l te ye a. 54 Li ale Nazarèt, kote li te grandi. Li kòmanse anseye nan sinagòg la. Tout moun ki t ap koute l te etone anpil. Yo t ap mande tèt yo: “Kote li jwenn kalite sajès sa a ak kalite pouvwa sa a pou fè mirak?” 55 Èske se pa pitit bòs chapant la? Se pa Mari ki manman l? Jak, Jozèf, Simon, Jid, èske se pa frè l yo ye? 56 Tout sè l yo toujou rete nan zòn nan, pa vre? Kòman l fè ka fè tout bagay sa yo? 57 Yo te gen gwo pwoblèm pou yo aksepte Jezi.
Lè sa a Jezi di yo: “Moun tout kote fè lwanj pou pwofèt, eksepte moun nan pwòp vil kote pwofèt la te leve ak moun nan fanmi li.” 58 Poutèt moun yo te enkredil, Jezi pa t fè anpil mirak nan Nazarèt.
Copyright © 2017 by Bible League International