Old/New Testament
Jezi delivre yon jèn gason anba yon move lespri
(Mat 17:14-18; Mak 9:14-27)
37 Nan demen, Jezi ansanm ak Pyè, Jan ak Jak desann mòn nan. Parèt yo parèt, yon gwo foul moun vin rankontre Jezi. 38 Yon mesye rete nan foul la, li kriye byen fò, li di: “Mèt, tanpri, vin gade pitit gason m nan pou mwen non. Se yon sèl pitit la mwen genyen. 39 Lè ou tande move lespri sa a sezi li, li fè l tonbe kriye byen fò, li souke l byen souke, li fè bouch li fè kim, li pa vle kite l ditou epi li maltrete l anpil. 40 Mwen mande disip ou yo pou yo ta chase move lespri a, men yo pa t kapab.”
41 Jezi reponn: “Bann moun san lafwa k ap viv nan peche. Pou konbyen tan ankò pou m rete avèk nou, pou m ap pran pasyans ak nou? Mennen pitit ou a isit.”
42 Pandan ti gason an t ap vin jwenn Jezi, denmon an lage l atè. Li souke l byen souke. Men Jezi pale byen rèd ak move lespri a. Li geri ti gason an epi li remèt li bay papa l. 43 Tout moun yo te etone pou wè jan Bondye gen anpil pouvwa.
Jezi pale sou lanmò li
(Mat 17:22-23; Mak 9:30-32)
Pandan moun yo te nan etònman toujou pou sa Jezi t ap fè yo, Jezi di disip li yo konsa: 44 “Kenbe pawòl m pral di nou la yo byen nan tèt nou. Yo gen pou yo trayi Pitit Lòm nan. Yo gen pou yo livre l anba pouvwa lèzòm.” 45 Men disip yo pa t konprann anyen nan sa l te di yo a. Sans pawòl la te kache pou yo pa t konprann li. Men disip yo te pè poze Jezi kesyon sou sa l te di a.
Kilès ki pi gran?
(Mat 18:1-5; Mak 9:33-37)
46 Disip Jezi yo te tonbe nan yon diskisyon sou ki moun pami yo ki ta pi gran pase lòt yo. 47 Jezi li menm ki te konnen sa k te nan tèt yo, li pran yon ti moun, li mete l kanpe kote l. 48 Apre sa li di yo: “Nenpòt moun ki resevwa ti moun sa a nan non mwen, se mwen menm menm li resevwa. Nenpòt moun ki resevwa m, li resevwa moun ki voye m nan. Paske moun ki pi piti nan pami nou an, se li menm ki pi gran.”
Nenpòt moun ki pa kont ou, li avèk ou
(Mak 9:38-40)
49 Jan pran lapawòl li di: “Mèt, nou wè yon moun k ap sèvi ak non ou pou l chase demon. Nou eseye fè l sispann, paske li pa youn nan nou.”
50 Men Jezi di: “Pa anpeche li. Paske nenpòt moun ki pa kont ou, li avè w.”
Yon ti bouk nan peyi Samari
51 Lè a te prèske rive pou Jezi te monte nan syèl, konsa, li te pran desizyon fèm pou dirije l sou Jerizalèm. 52 Li voye kèk mesaje ale devan. Mesaje yo ale, yo antre nan yon bouk nan peyi Samari pou yo te ka fè aranjman pou Jezi. 53 Men, moun yo nan bouk la pa t resevwa Jezi paske se Jerizalèm li t aprale. 54 Lè Jak ak Jan wè sa, yo di: “Mèt, ou pa ta vle nou rele dife sot nan syèl la tonbe sou yo, pou boule yo?”[a]
55 Jezi vire gade mesye yo, li raple yo a lòd.[b] 56 Apre sa, yo ale nan yon lòt bouk.
Swiv Jezi
(Mat 8:19-22)
57 Pandan yo te nan wout aprale, yon moun pwoche bò kote Jezi, li di l: “Mèt, m ap swiv ou kèlkeswa kote ou ale.”
58 Jezi reponn li: “Rena yo gen tou yo, zwazo yo gen nich yo, men mwen menm, Pitit Lòm nan, mwen pa gen yon kote pou m repoze tèt mwen.”
59 Apre sa li di yon lòt: “Swiv mwen.”
Men, nonm nan di Jezi konsa: “Mèt, pèmèt mwen al antere papa m anvan.”
60 Jezi reponn li: “Kite moun mouri yo antere moun mouri parèy yo. Men ou menm, al pwoklame wayòm Bondye a pito.”
61 Yon lòt moun ankò di Jezi konsa: “M ap swiv ou wi Mèt, men kite m al di fanmi m orevwa dabò.”
62 Men Jezi di li: “Nenpòt moun ki kòmanse laboure yon jaden epi ki vire gad dèyè li pa kalifye pou wayòm Bondye a.”
Copyright © 2017 by Bible League International