Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Read the New Testament in 24 Weeks

A reading plan that walks through the entire New Testament in 24 weeks of daily readings.
Duration: 168 days
Haitian Creole Version (HCV)
Version
2 Korint 1-2

¶ Mwen menm Pòl, yon moun Bondye menm te deside rele pou sèvi apòt Jezikri, ansanm ak frè nou Timote, m'ap ekri nou tout ki nan legliz Bondye a nan lavil Korent ansanm ak tout pèp Bondye a ki nan tout peyi Lakayi.

Nou mande Bondye, papa nou, ansanm ak Jezikri, Seyè nou an, pou yo ban nou benediksyon ak kè poze.

¶ Ann fè lwanj Bondye ki papa Jezikri, Seyè nou an, Papa ki gen kè sansib la, Bondye ki toujou la pou ban nou ankourajman an.

Li ankouraje nou nan tout lapenn nou, konsa nou menm tou nou ka ankouraje moun ki nan tout kalite lapenn lè n'a ba yo menm ankourajman nou te resevwa nan men li an.

Menm jan nou soufri ak Kris la nan tout soufrans li yo, konsa tou, gremesi Kris la, nou resevwa yon gwo ankourajman.

Si mwen menm mwen nan lapenn, se pou nou menm, moun Korent yo, nou ka resevwa ankourajman pou nou ka delivre. Si mwen menm mwen resevwa ankourajman, se pou nou menm nou ka ankouraje, pou nou ka resevwa fòs kouraj pou sipòte avèk pasyans soufrans mwen menm m'ap sipòte a.

¶ Se konsa, mwen gen fèm espwa sa a pou nou, moun Korent, paske mwen konn sa byen, menm jan nou soufri ansanm avè m' nan tout lapenn mwen yo, konsa tou n'a resevwa pa nou nan ankourajman Bondye ap ban mwen an.

Mwen ta renmen, frè m' yo, nou konnen anba ki kalite soufrans mwen te ye nan pwovens Lazi a. Sa te rèd nèt. Mwen pa t' kapab sipòte ankò. Mwen te menm kwè mwen pa t'ap soti vivan.

Mwen te santi yo te dèyè pou yo te touye mwen. Tou sa rive m' pou m' te aprann pa mete konfyans mwen sou fòs kouraj pa mwen, men pou m' te ka mete tout konfyans mwen nan Bondye ki fè moun mouri leve.

10 Se li menm ki delivre m' anba tout gwo danje lanmò sa yo. Se li menm k'ap toujou la pou delivre m'. Wi, mwen gen espwa l'ap toujou delivre mwen,

11 depi nou menm moun Korent nou ban m' ankourajman, nou lapriyè pou mwen. Se konsa Bondye va tande tout lapriyè sa yo n'ap fè pou mwen, la ban mwen benediksyon l', anpil moun va di l' mèsi pou mwen.

12 ¶ Men rezon ki fè m' kontan ak tèt mwen anpil konsa: Konsyans mwen pa repwoche m' anyen pou jan m' te mennen tèt mwen byen nan mitan tout moun, ak kè ouvè, san ipokrizi, sitou nan mitan nou menm, moun Korent, jan Bondye vle l' la. Paske, sa se travay favè Bondye a, se pa t' bon konprann lèzòm ki t'ap dirije mwen.

13 Nan tout lèt mwen ekri, mwen pa janm di lòt bagay pase sa nou ka li ak sa nou ka konprann. Mwen gen espwa nou ka rive konprann nèt

14 sa nou poko fin konprann koulye a: konsa, lè jou Seyè Jezi a va rive, nou ka kontan m' anpil, menm jan mwen menm m'a kontan nou tou.

15 ¶ Mwen te sitèlman gen konfyans sou pwen sa a, mwen te kòmanse fè lide ale lakay nou pou nou te ka resevwa benediksyon Bondye a de fwa.

16 Men wi, mwen te fè lide pase lakay nou sou wout mwen lè mwen t'aprale Masedwan, epi pou nou te resevwa m' ankò lè m'ap tounen soti la. Nou ta ka ede m' lè sa a kontinye vwayaj mwen pou peyi Jide.

17 Lè m' te fè lide sa a, èske mwen te twò prese? Lè m'ap pran yon desizyon, èske se avantaj pa m' m'ap chache tankou tout moun kifè m' ta gen de pawòl?

18 Mwen pran Bondye ki gen yon sèl pawòl la pou temwen, pwomès mwen te fè nou an, se pa t' yon wi ak yon non anmenmtan.

19 Paske, mwen menm, Silas ak Timote, nou pa t' anonse nou Jezikri, Pitit Bondye a, tankou yon moun ki gen de pawòl. Okontrè, se wi ase Jezikri di pou Bondye.

20 Paske se li menm ki fè nou wè tout pwomès Bondye yo se verite. Se poutèt sa tou, gremesi Jezikri, nou ka di amèn lè n'ap fè lwanj Bondye.

21 Se Bondye menm ki kenbe m' fèm, ansanm ak nou tout, nan lavi n'ap mennen nan Kris la. Se li menm ki mete nou apa pou li,

22 li menm ki make nou ak letanp li, ki mete Sentespri nan kè nou tankou yon garanti pou tou sa li sere pou nou.

23 Mwen pran Bondye pou temwen sou lavi m': se pou m' te ka menaje nou kifè mwen chanje lide, mwen pa rive Korent.

24 Mwen p'ap chache fòse nou kwè anyen, paske nou deja kanpe fèm nan lafwa. Men, mwen ta renmen travay ansanm ak nou pou fè kè nou kontan.

¶ Se konsa, mwen pran desizyon pou m' pa vin lakay nou pou m' pa fè nou lapenn ankò.

Si pou m' ta fè nou lapenn, ki moun ki pou ta fè kè m' kontan ankò? Eske se ta moun mwen ta fè lapenn yo?

Se poutèt sa, mwen ekri nou jan m' te fè l' la: mwen pa t' vle pou lè m' rive lakay nou, moun ki pou ta fè kè m' kontan yo, se yo menm ki pou ta fè m' lapenn. Paske, mwen gen fèm konviksyon sa a, lè m' kontan, nou tout nou kontan tou.

Wi. Lè sa a, kè m' te boulvèse anpil, kè m' te sere, se ak dlo nan je mwen te ekri nou. Mwen pa t' fè sa pou fè nou lapenn non. Se vle mwen te vle fè nou konnen jan m' renmen nou anpil.

¶ Si yon moun fè yon lòt lapenn, se pa mwen li fè lapenn, men se nou tout, moun Korent, li fè lapenn. Pou m' pa al twò lwen, pito m' di se kèk nan nou li fè lapenn.

Pifò nan nou gen tan peni nonm sa a, se kont li.

Koulye a se pou nou padonnen l', se pou nou ba li ankourajman pito, pou yon twò gwo lapenn pa kraze l' nèt.

Se poutèt sa, m'ap mande nou pou nou aji avè l' yon jan pou fè l' wè jan nou renmen li.

Se pou sa menm mwen te ekri nou: mwen te vle sonde nou pou m' te konnen si nou toujou soti pou nou koute tou sa m' di nou.

10 Enben, lè nou menm nou padonnen yon moun pou mal li fè a, mwen menm tou mwen padonnen li. Lè mwen menm mwen padonnen li, pou di vre, mwen pa gen anyen pou m' padonnen non, men, lè m' fè sa, mwen fè l' pou nou devan Kris la,

11 pou pa bay Satan okenn avantaj sou nou. Paske nou konnen byen pwòp sa Satan gen nan tèt li.

12 ¶ Lè mwen te lavil Twoas pou m' te anonse Bon Nouvèl ki pale sou Kris la, Seyè a te ban m' yon bèl okazyon pou m' te travay la.

13 Men, kè m' te sere anpil, paske mwen pa t' jwenn Tit, frè nou an. Se poutèt sa mwen di moun Twoas yo orevwa, epi m' pati pou Masedwan.

14 Ann di Bondye mèsi! Paske l'ap toujou mennen nou ansanm ak Kris la pou fete batay li genyen an. Li pran nou, li sèvi ak nou tankou yon odè k'ap gaye bon sant li toupatou, pou n' ka fè tout moun konnen Kris la.

15 Nou tankou yon bon lansan Kris la ap boule pou Bondye. Sant li rive nan men tout moun, kit y'ap sove, kit y'ap peri.

16 Pou moun k'ap peri yo, se yon sant lanmò k'ap touye yo. Men, pou moun k'ap sove yo, se yon sant lavi k'ap ba yo lavi. Ki moun ki kapab fè yon travay konsa?

17 Nou pa tankou anpil moun k'ap defòme pawòl Bondye a. Okontrè, nou pale pawòl la jan li ye a devan Bondye, tankou moun k'ap viv nan Kris la, paske se Bondye menm ki voye nou.