Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

New Testament in a Year

Read the New Testament from start to finish, from Matthew to Revelation.
Duration: 365 days
Haitian Creole Version (HCV)
Version
Ebre 11:20-40

20 Se paske Izarak te gen konfyans nan Bondye kifè, lè li t'ap beni Jakòb ak Ezaou, li te pwomèt yo anpil benediksyon pou pita.

21 Se paske Jakòb te gen konfyans nan Bondye kifè li te gen tan beni tout pitit Jozèf yo yonn apre lòt anvan l' mouri. Lèfini li apiye sou tèt baton li, li adore Bondye.

22 Se paske Jozèf te gen konfyans nan Bondye kifè, lè li tapral mouri, li te fè pitit Izrayèl yo konnen yon jou yo te gen pou yo te kite peyi Lejip la. Se lè sa a tou li ba yo lòd sa pou yo fè ak zosman l' yo.

23 Se paske papa ak manman Moyiz te gen konfyans nan Bondye kifè yo te rive sere l' pandan twa mwa apre li te fin fèt. Yo te wè jan li te yon bèl ti pitit, yo pa t' pè dezobeyi lòd wa a te bay la.

24 Se paske Moyiz te gen konfyans nan Bondye kifè, lè li vin gran, li te refize pote non pitit fi farawon an.

25 Li te pito kite yo maltrete li ansanm ak pèp Bondye a, pase pou l' te asepte pran plezi l' nan peche pou yon ti tan.

26 Tankou moun Bondye te chwazi pou voye a, li te konsidere li te pi rich lè yo t'ap pase l' nan betiz pase si l' te gen tout richès ki nan peyi Lejip la. Tou sa, paske je l' te fikse sou rekonpans Bondye t'ap pare pou li a.

27 Se paske Moyiz te gen konfyans nan Bondye kifè li te kouri kite peyi Lejip, san l' pa t' pè kòlè wa a. Li pa t' chanje lide menm, tankou si l' te wè Bondye moun pa ka wè a.

28 Se paske Moyiz te gen konfyans nan Bondye kifè li te fete fèt Delivrans lan, li bay lòd make pòt kay yo ak san an pou zanj Bondye a pa t' touye premye pitit gason pèp Izrayèl yo.

29 Se paske pitit Izrayèl yo te gen konfyans nan Bondye kifè yo te kapab pase nan mitan lanmè Wouj la tankou si yo t'ap mache sou tè sèk. Men, lè moun peyi Lejip yo vin seye fè menm bagay tou, lanmè a kouvri yo.

30 Se paske pitit Izrayèl yo te gen konfyans nan Bondye kifè miray lavil Jeriko a te tonbe, apre pèp la te fin pase sèt jou ap fè wonn lavil la.

31 Se paske Rarab, fanm movèz vi a, te gen konfyans nan Bondye kifè li pa t' mouri ansanm avèk moun ki te desobeyi Bondye yo. Paske, li menm li te byen resevwa espyon pèp Izrayèl yo lakay li.

32 ¶ Kisa m' ta di nou ankò? Se tan mwen pa genyen pou m' ta pale nou sou Gedeyon, Barak, Samson, Jefte, David, Samyèl ak tout pwofèt yo.

33 Ak konfyans yo te gen nan Bondye a, yo goumen, yo pran peyi lòt moun nan men yo, yo gouvènen san patipri, yo resevwa sekou Bondye te pwomèt la. Yo fèmen bouch lyon yo,

34 yo touye gwo gwo dife, yo chape anba men moun ki te vle touye yo ak nepe. Yo te fèb, men yo vin gen fòs, sa te rann yo vanyan anpil nan lagè, kifè yo te ka kraze lame etranje yo.

35 Ak konfyans yo te gen nan Bondye a, anpil fanm wè moun pa yo ki te mouri tounen leve vivan ankò. Gen ladan yo yo matirize jouk yo mouri. Yo refize asepte okenn moun vin delivre yo, pou yo te ka leve soti nan lanmò, antre nan yon lavi ki pi bon.

36 Gen lòt ladan yo moun pase anba betiz, yo bat yo byen bat. Gen lòt ankò yo mare yo ak chenn, yo jete yo nan prizon.

37 Yo touye yo anba kout wòch, yo siye yo fè de moso, yo touye yo ak nepe. Se kouri yo t'ap kouri soti yon kote al nan yon lòt tèlman moun t'ap pèsekite yo, tèlman yo t'ap maltrete yo. Se po mouton ak po kabrit yo pran sèvi rad tèlman yo te pòv.

38 Moun konsa, latè pa t' bon ase pou yo. Yo t'ap kouri moute kouri desann nan dezè yo, nan mòn yo. Yo t'ap viv nan twou wòch ak nan twou tè.

39 Tout moun sa yo, Bondye te dakò ak yo paske yo te gen konfyans nan li. Men, atousa, yo pa t' resevwa sa Bondye te pwomèt la.

40 Bondye te sere yon pi bon bagay ankò pou nou. Li pa t' vle pou moun sa yo te rive bon nèt kite nou dèyè. Sèl jan pou moun sa yo te ka rive bon nèt, se ansanm ak nou.