M’Cheyne Bible Reading Plan
Pòl rive Korent
18 Apre sa, Pòl kite Atèn, l ale nan vil Korent. 2 Rive l rive Korent, Pòl rankontre ak yon nonm yo te rele Akilas. Akilas sa a te moun yon kote yo te rele Pon, men, limenm ak madanm li Prisil te sanse fèk rive pou rete Korent, ki nan peyi Itali. Yo te kite itali paske anperè Klod te egzije tout Jwif pou yo kite lavil Wòm. Pòl t al vizite Prisil ak Akilas. 3 Kòm Prisil ak Akilas se tant yo te konn fè, menm jan ak Pòl, Pòl tou rete ansanm avèk yo epi li travay ansanm avèk yo.
4 Chak saba, Pòl te toujou tanmen kèk bon diskisyon ak moun yo nan Sinagòg la. Li t ap eseye konvenk Jwif yo ak Grèk yo tou. 5 Men, lè Silas ak Timote te vin rive soti Masedwàn, Pòl te konsakre tout tan l pou l preche epi anseye Bib la. Li t ap eseye konvenk Jwif yo pou l fè yo konprann Jezi se Mesi a vre. 6 Men, kòm Jwif yo te kont sa Pòl t ap anseye a, yo tonbe manke l dega. Konsa, Pòl souke pousyè nan rad li[a] epi li di yo: “Se pou san nou retonbe sou pwòp kò nou. Mwen menm, mwen gentan fè tout sa k te depann de mwen. Apati de jodi a, se moun ki pa Jwif yo sèlman m apral preche.”
7 Apre sa, Pòl kite Sinagòg la epi l al lakay Tèsiyis Jistis, yon nonm ki te konn adore Bondye epi ki te rete tou kole ak Sinagòg la. 8 Poutan, Krispis ki te chèf Sinagòg la, li menm ak tout moun lakay li te kwè nan Jezikris. Anpil lòt moun nan Korent ki t ap tande Pòl te kwè tou epi yo te resevwa batèm.
9 Pòl te fè yon vizyon, nan mitan lannuit. Li wè Senyè a ki di li: “Ou pa bezwen pè! Ou mèt kontinye pale ak pèp la. 10 Mwen menm mwen avè w. Pèsonn p ap ka mete men sou ou pou fè w mal, paske m gen anpil anpil moun nan vil sa a.” 11 Konsa, Pòl pase ennan edmi ap anseye mesaj Bondye a nan mitan pèp la.
Pòl vin jije devan Galyon
12 Nan epòk lè Galyon te gouvènè nan rejyon Akayi a, kèk pami Jwif yo te met tèt yo ansanm pou konbat Pòl. Sa te fè yo te trennen l devan tribinal. 13 Yo di Galyon konsa: “Nonm sa a ap pran tèt pèp la pou fè yo adore Bondye yon fason ki pa konfòm ak lalwa nou an.”
14 Pòl t apral ouvè bouch li pou l pale, lè Galyon di Jwif yo: “M t ap pran tan pou m tande nou, nou menm Jwif yo, si plent nou an se te pou yon krim grav osinon yon lòt kalite dezagreman. 15 Men, poutèt se bagay ki konsènen diskisyon sou mo, sou non moun, diskisyon sou lalwa nou an, se pou nou rezoud pwoblèm nou nou menm. Mwen, m pa vle antre nan jije bagay konsa.” 16 Apre sa, li fè yo tout kite tribinal la.
17 Lè sa a, yo pase men pran Sostèn ki te chèf Sinagòg la, yo tout tonbe bat li byen bat, la devan tribinal la. Men, sa pa t fè Galyon ni cho ni frèt.
Pòl retounen lavil Antyòch
18 Pòl te rete nan Korent ansanm ak kwayan yo pandan yon bon tan ankò. Apre sa, li pran batiman, l ale nan peyi Siri. Prisil ak Akilas te vwayaje avèk Pòl tou. Lè Pòl rive nan Sankre, li fè kale tèt li, paske li te fè yon ve[b] ak Bondye yon. 19 Lè yo rive nan vil Efèz, Pòl separe avèk Prisil ak Akilas. Pandan l nan Efèz, Pòl al nan Sinagòg la, li kòmanse kèk bon diskisyon ak Jwif yo. 20 Yo mande Pòl pou l rete pase plis tan avèk yo, men li pa t vle rete. 21 Pandan l ap kite yo, li di: “Si Bondye vle, m ap tounen vin wè nou.” Konsa, li pati kite Efèz nan batiman.
22 Lè l rive Sezare, Pòl monte al vizite legliz la, apre sa, li desann Antyòch. 23 Apre Pòl fin pase yon tan nan vil Antyòch, li pati ankò al nan peyi Galasi ak Friji. Li pase de vil an vil nan peyi sa yo ap ede kwayan yo vin pi fèm nan lafwa yo.
Apolòs nan Efèz ak nan Korent
24 Te gen yon Jwif ki te rele Apolòs ki te rive nan Efèz. Apolòs sa a te fèt nan vil Aleksandri. Se te yon gwo oratè ki te aprann pale byen epi li te konn Bib li byen tou. 25 Se yon moun ki te byen fòme nan chemen Bondye a epi l te toujou chofe pou pale moun de Jezi. Sa l t ap anseye konsènan Kris la pa t gen okenn fay, malgre se batèm Janbatis la sèlman l te konnen. 26 Apolòs te kòmanse preche nan Sinagòg la avèk anpil asirans. Lè Prisil ak Akilas tande l ap preche konsa, yo pran li lakay yo epi la, yo ede l konprann chemen Bondye a pi byen toujou.
27 Kòm li te vle pase nan Akayi, kwayan Efèz yo te ede li. Yo ekri yon lèt voye bay kwayan Akayi yo pou mande yo aksepte Apolòs lè l rive. Lè l rive Akayi, Apolòs pa t manke itil sila yo ki te aksepte Kris pa mwayen gras Bondye. 28 Paske se ak tout fòs li, li t ap fèmen bouch Jwif yo an piblik epi li t ap sèvi ak Bib la pou l bay prèv Jezi se Kris la toutbon vre, apati de pawòl Bondye.
Jezi avèti moun yo sou sa ki gen pou rive
(Mat 24:1-25; Lik 21:5-24)
13 Pandan Jezi t ap kite tanp lan, youn nan disip li yo di l: “Mèt ala bèl wòch! Ala bèl konstriksyon!”
2 Jezi reponn yo: “Nou wè gwo konstriksyon sa yo, pa gen yon wòch k ap rete chita sou yon lòt, yo gen pou yo detwi rapyetè.”
3 Apre sa, Jezi te chita sou Montay Olivye a, anfas tanp lan. Pyè, Jak, Jan ak Andre vin kote l apa pou yo poze l kesyon sou sa li te di yo. 4 Yo mande l: “Di nou non, ki lè bagay sa yo gen pou rive? E ki siy k ap montre nou bagay sa yo prèt pou rive?”
5 Lè sa a Jezi di yo: “Fè atansyon pou moun pa pran nou sou blòf, 6 paske gen anpil moun ki pral vin sou non mwen, epi k ap di: se mwen menm ki Kris la,[a] y ap rive twonpe anpil moun konsa. 7 Lè nou pran nouvèl sou lagè k ap fèt pasi pala, ou pa bezwen pè. Bagay sa yo dwe rive, men se poko lafen an sa. 8 Yon nasyon gen pou leve kont yon lòt nasyon. Yon wayòm gen pou leve kont yon lòt wayòm. Pral gen tranblemanntè ak grangou toupatou. Bagay sa yo se tranche anvan akouchman an.
9 Nou menm, fòk nou pran prekosyon. Y ap livre nou bay chèf yo, y ap bat nou nan sinagòg yo. Nou va konparèt devan wa ak gouvènè yo poutèt mwen. Sa va sèvi yo temwanyaj. 10 Anvan lafen an rive, fòk Levanjil la preche nan tout nasyon yo. 11 Kelkeswa lè yo arete nou, mennen nou nan tribinal, pa fatige kò nou sou sa nou gen pou n di, di sa nou jwenn nan moman an, paske se pa nou ki gen pou pale, men se Sentespri a.
12 Frè pral leve kont pwòp frè yo. Y ap livre yo bay lòt moun pou yo touye. Papa pral livre pwòp pitit yo bay lòt moun pou yo touye. Pitit pral leve kont pwòp paran yo epi touye yo. 13 Akòz nou se disip mwen, moun p ap vle wè nou. Men se moun ki pèsevere jiska lafen an ki va sove.
14 Lè nou wè bagay ki tèrib la, sila a k ap detwi tout bagay la,[b] tabli nan plas ki pa fèt pou li a, nou menm k ap li, nou menm k ap li, se pou n byen pran sans sa n ap li a. Lè sa a, tout moun nan teritwa Jide a ta dwe chape pou l yo ale nan mòn yo. 15 Moun ki sou tèt kay yo p ap bezwen desann pou antre pran afè yo anndan kay la. 16 Moun te nan jaden, li p ap bezwen tounen lakay ankò.
17 Nan jou sa yo, bagay la p ap dous ditou pou medam ki ansent yo oswa sa yo ki ti nouris. 18 Priye Bondye pou pete kouri sa a pa rive pandan livè. 19 Paske dezas ki gen pou rive nan jou sa a ap pi grav pase tout sa ki te rive deja depi Bondye te kreye lemonn. Epi p ap janm gen yon lòt tankou l. 20 Amplis, si Bondye pa t deside fè tan bagay sa yo vin pit kout, pa t ap gen yon moun ki t ap chape. Men li fè l kout poutèt moun li chwazi yo.
21 Lè sa a, si w tande yon moun di w: Men Kris la isit, oswa men Kris la laba. Pa okipe l.[c] 22 Paske se pa de fo Kris ak fo pwofèt ki pral genyen! Y ap fè mirak pou yo wè si yo te ka twonpe menm moun Bondye chwazi yo, si sa ta posib. 23 Alò, fè atansyon. M di nou bagay sa yo, anvan menm yo rive.
Lè Jezi va retounen sou latè
(Mat 24:29-51; Lik 21:25-36; 19:12-13,40)
24 Men nan jou sa yo, apre tribilasyon sa a,
Solèy la pral vin tou nwa,
lalin nan ap sispann klere.
25 Zetwal yo ap sot nan syèl la tonbe,
epi puisans nan syèl yo pral tranble.[d]
26 Lè sa a, tout moun gen pou wè Pitit Lòm nan sou tèt nyaj yo k ap desann sou latè avèk anpil pouvwa ak gwo onè. 27 Epi Pitit Lòm nan va voye anj li yo nan kat kwen latè rasanble moun pa l yo kelkeswa kote yo.
28 Pran leson sou yon pye figye. Depi l kòmanse pouse boujon, epi l pouse fèy, nou konnen lete rive. 29 Menm jan an tou, lè nou wè tout bagay sa yo rive, n a konnen Pitit Lòm nan nan papòt la. 30 An verite m ap di nou: jenerasyon sa a p ap pase, bagay sa yo ap gen tan rive! 31 Syèl la ak tè a gen pou pase, men pawòl mwen p ap janm pase.
32 Pou sa ki konsènen jou a ak lè a, pèsonn pa konnen. Ni anj nan syèl la ni Pitit la pa konnen. Se Papa a sèl ki konnen. 33 Pran prekosyon, rete veyatif, paske ou pa konnen ki jou sa ap rive.
34 Se tankou yon moun ki pati pou yon vwayaj. Li kite kay li, epi li bay sèvitè l yo responsablite, chak moun gen zafè pa yo. Epi li bay gadyen an lòd poul veyatif. 35 Konsa, se pou nou toujou pare, paske nou pa konnen ki lè Mèt kay la ap tounen. Nou pa konnen si l ap retounen apremidi, aminui, avanjou, oubyen nan maten. 36 Si l vini sanzatann, pa kite l jwenn ou ap dòmi. 37 Sa m ap di nou la a, se sa m di tout moun: rete veyatif!”
Copyright © 2017 by Bible League International