M’Cheyne Bible Reading Plan
Zanj lan ak ti woulo liv la
10 Apre sa, m wè yon anj puisan ki desann sot nan syèl la. Anj lan te vlope ak yon nyaj. Li te gen yon lakansyèl sou tèt li. Figi anj lan te menm jan ak solèy la epi janm li yo te sanble ak gwo kolòn, epi yo te tankou flanm dife. 2 Li te kenbe yon ti liv tou louvri nan men l. Li poze pye dwat li sou lanmè a, epi pye goch li sou latè. 3 Li te pran rele byen fò. Li fè bri menm jan ak yon lyon. Lè l te pran rele konsa, te gen sèt kout loray ki te fèt.
4 Lè sèt kout loray yo te fin pale, m t apral ekri, men m tande yon vwa ki sot nan syèl la ki te di m konsa: “Kenbe sa sèt loray yo di a sekrè, pa ekri l.”
5 Lè sa a, anj m te wè kanpe sou lanmè a ak sou latè a, li leve men dwat li an wo nan syèl la 6 epi li fè sèman nan non sila a k ap viv pou tout tan an, sila a ki kreye syèl la ak tout sa ki ladan l, sila a ki kreye latè ak tout sa l gen ladan l, sila ki kreye lanmè a ak tout sa ki ladan l lan: “M sèmante, p ap gen dèle ankò! 7 Lè setyèm zanj lan pral pare l pou l sonnen twonpèt li a, plan sekrè Bondye a pral akonpli nèt, nan fason l te anonse l bay sèvitè l yo, pwofèt li yo.”
8 Epi vwa m te tande soti nan syèl la pale avè m ankò, li di konsa: “Al pran liv ouvè a nan men anj ki kanpe sou lanmè a ak sou latè a.”
9 M ale epi m mande anj lan pou l ban m ti liv la. Li di m konsa: “Pran l epi manje l. L ap anmè anndan vant ou, men l ap kou siwo myèl nan bouch ou.” 10 M pran ti liv la nan men anj lan epi m vale l. Li te dous kou siwo myèl nan mouch mwen. Men, lè m vale l, li te koupe zantray mwen ak doulè. 11 Lè sa a, li di m: “Fòk ou pwofetize ankò kont anpil pèp, anpil nasyon, anpil lang ak anpil wa.”
Jezi geri yon nonm ki fèt tou avèg
9 Pandan Jezi t ap mache konsa, li wè yon nonm ki te fèt tou avèg. 2 Disip li yo mande l: “Mèt, pou kisa nonm sa a fèt avèg? Peche ki moun ki fè sa rive? Pwòp peche pa l oubyen peche paran l yo?”
3 Jezi reponn: “Se pa ni peche pa l ni peche paran l yo, men se yon okazyon pou Bondye fè wè puisans li nan sa l ka fè. 4 Toutotan l lajounen toujou, fòk nou kontinye fè travay moun ki voye m nan. Lannuit gen pou vini, lè sa a pèsonn p ap ka travay ankò. 5 Toutotan m nan mond lan, mwen se limyè mond lan.”
6 Apre Jezi fin pale konsa, li krache atè. Li fè labou ak krache a epi li mete l sou je mesye a. 7 Jezi di li: “Al lave je w nan pisin Siloye a.” (Siloye vle di: yon moun yo voye.) Avèg la ale, li lave je l epi lè l retounen li wè klè.
8 Vwazen avèg la yo ak tout moun ki te konn wè l ap mande charite yo di: “Se pa li menm ki te konn chita isit la ap mande charite a?”
9 Gen moun ki di: “Se li menm.” Men gen lòt ki di: “Se pa li, se kèk moun ki sanble l.”
Nonm ki te avèg la menm reponn, li di: “Se mwen menm.”
10 Yo mande li: “Kòman ou fè wè?”
11 Li reponn: “Nonm yo rele Jezi a fè labou li pase sou je m epi li di m: Al lave je w nan pisin Siloye a. M al lave je m, epi mwen wè.”
12 Yo mande: “Kote nonm nan?”
Nonm ki te avèg la reponn: “A, m pa konnen.”
Farizyen yo te gen kèk kesyon
13 Yo mennen nonm ki te avèg la bay Farizyen yo. 14 Se te yon jou saba Jezi te fè labou epi li te louvri je nonm nan. 15 Farizyen yo retounen poze nonm nan kesyon ankò sou kijan li fè wè.
Nonm nan di yo konsa: “Li fè labou, li pase sou je m, mwen lave je m epi m wè.”
16 Lè sa a, kèk nan Farizyen yo di: “Se pa Bondye ki voye nonm sa a, paske li pa obsève saba a.”
Men, kèk lòt di: “Kòman yon nonm pechè kapab fè gwo mirak sa yo?” Konsa, te gen divizyon nan mitan yo.
17 Yo retounen poze Nonm ki te avèg la kesyon ankò: “Ki sa ou menm ou di de nonm sa a, kòm se je pa w li louvri?”
Alò, li reponn: “Pou mwen menm, se yon pwofèt li ye.”
18 Lidè Jwif yo pa t vle kwè nonm nan te avèg epi li vin wè. Yo voye chache paran l yo. 19 Jwif yo mande paran yo: “Èske nonm sa a se pitit nou an nou di ki te fèt tou avèg la? Kòman li fè wè kounye a?”
20 Alò, paran yo reponn epi yo di: “Wi, nonm sa a se pitit nou an, li te fèt tou avèg. 21 Men nou pa konnen kijan li fè wè jodi a. Nou pa konnen ki moun ki fè l wè nonplis. Mande l, li gran moun, l a reponn.” 22 Paran yo te pale konsa paske yo te pè lidè Jwif yo. Lidè yo te gentan antann yo pou yo pini tout moun ki di Jezi se Mesi a. Yo ta mete l deyò nan Sinagòg la. 23 Se poutèt sa paran yo di li gran ase pou l pale poukont li, poze l kesyon.
24 Alò yon dezyèm fwa, yo voye rele nonm ki te avèg la, yo di l: “Devan Bondye, di nou verite a.[a] Nou menm nou konnen nonm sa a se yon pechè l ye.”
25 Nonm nan reponn: “Si se yon pechè li ye, m pa konnen. Men gen yon bagay mwen konnen: M te avèg, kounye a m wè.”
26 Jwif yo mande l: “Ki sa li fè w? Kòman l fè louvri je w?”
27 Nonm nan reponn yo: “Mwen gentan di sa deja, epi nou pa koute; pou kisa nou vle tande m di sa ankò? Èske nou menm nou ta vle vin disip li tou?”
28 Jwif sa yo te vekse nonm nan byen vekse epi yo di l: “Se ou menm ki disip nonm sa a, men nou menm, nou se disip Moyiz.” 29 Nou konnen Bondye te pale ak Moyiz, men nonm sa a, nou pa konn kote l soti.
30 Nonm nan reponn yo: “Sa vrèman dwòl anpil! Nou pa konnen kote mesye a soti, epoutan li louvri je m.” 31 Nou konnen Bondye pa koute lapriyè pechè yo, men l ap koute vwa nenpòt moun ki adore l epi ki obeyi l. 32 Se premye fwa nou tande yon moun fè yon moun ki fèt tou avèg wè. 33 Si se pa t Bondye ki te voye nonm sa a, li pa t ap kapab fè bagay konsa.
34 Lidè Jwif yo reponn li: Gade non! Ou fèt nan labou peche, epi ou ap vin fè nou leson? Lidè yo mete nonm nan deyò nan sinagòg la epi yo di l pa retounen ankò.
Avèg espirityèl
35 Jezi rankontre nonm nan, apre l te fin tande yo mete l deyò nan sinagòg la, li mande l: “Èske ou kwè nan Pitit Lòm nan?”
36 Nonm nan reponn: “Ki moun li ye, Mesye, pou m kapab kwè nan li?”
37 Jezi di l konsa: “Ou gentan wè li. Pitit Lòm nan, se li menm menm k ap pale avèk ou la a.”
38 Nonm nan di: “Senyè, mwen kwè.” Epi li mete ajenou devan Jezi, li adore l.
39 Konsa, Jezi di: “Mwen vini nan mond sa a pou m fè de gwoup moun: pou moun ki pa wè vin wè, epi pou moun ki wè vin avèg.”
40 Kèk Farizyen te toupre a, lè Jezi te di sa a, epi yo tande. Lè sa a, yo di: “Sa li ye? Èske w vle di nou avèg tou?”
41 Jezi di yo: “Si nou te avèg, nou pa t ap anba kondanasyon peche. Men, nou di nou wè, se sa k fè nou koupab.”
Copyright © 2017 by Bible League International