M’Cheyne Bible Reading Plan
Pòl ak Silas nan Tesalonik
17 Apre Pòl ak Silas fin vwayaje nan vil Anfipolis ak Apoloni, yo rive nan vil Tesalonik kote Jwif yo te gen yon Sinagòg. 2 Pòl antre nan Sinagòg la jan l te konn abitye fè a. Se la li te diskite sou Bib la ansanm ak Jwif yo pandan twa saba. 3 Li ede yo konprann Kris la te gen pou l mouri epi li t ap leve vivan pami mò yo, dapre sa k te ekri nan Liv yo. Li di yo: Jezi sa a m ap pale de li a, se li menm ki Mesi a. 4 Kèk nan Jwif ki te la yo te vin kwè mesaj Pòl la, konsa yo vin fè pati ekip Pòl ak Silas la. Te gen anpil Grèk ki te konn adore Bondye Izrayèl la ansanm ak anpil medam ki soti nan ran te vin fè pati gwoup la tou.
5 Men, Jwif ki pa t kwè yo menm te vin jalou. Konsa, yo rasanble yon ekip chimè nan tout vil la. Yo mete yo an gwoup pou vin fè t ap aj nan vil la. Yo al lakay Jazon pou y al chache Pòl ak Silas. Yo te vle mennen Pòl ak Silas devan pèp la. 6 Lè yo pa jwenn Pòl ak Silas, yo trennen Jazon ansanm ak kèk lòt frè devan chèf yo k ap dirije vil la. Yo t ap rele pou di chèf yo konsa: “Mesye k ap mache boulvèse tout kote ki gen moun k ap viv sou latè yo rive isit la tou! 7 Kounye a, men Jazon dakò akeyi yo lakay li. Mesye sa yo se moun k ap vyole lalwa Seza yo, paske y ap mache di gen yon lòt wa ki rele Jezi.”
8 Lè chèf lavil la ansanm ak foul la tande pawòl sa yo, yo pa t manke fache. 9 Yo fè Jazon ansanm ak lòt frè yo peye yon lajan kòm kosyon, tankou yon garanti yo p ap fè sa yo te fè a ankò. Apre sa, yo lage yo.
Pòl ak Silas ale nan vil Bere
10 Nan menm nuit lan, frè yo fè Pòl ak Silas ale nan yon lòt vil ki te rele Bere. Rive yo rive nan vil la, Pòl ak Silas ale tou dwat nan Sinagòg Jwif yo. 11 Moun Bere yo te gen pi bon dispozisyon pase moun Tesalonik yo. Yo te byen kontan tande mesaj Pòl te anonse yo a. Yo te pran tan pou etidye Bib la chak jou, pou yo te ka verifye si mesaj yo te tande a se te verite a toutbon vre. 12 Sa te fè anpil nan yo te kwè nan Kris la. Te gen anpil notab Grèk nan moun ki te kwè yo, fi tankou gason.
13 Men, lè Jwif Tesalonik yo vin konnen Pòl t ap anonse mesaj Levanjil la nan Bere, yo te vini la tou pou pran tèt foul la epi kreye tapaj. 14 Konsa, kwayan yo kouri voye Pòl al nan zòn bò lanmè a; Silas ak Timote menm te rete nan Bere. 15 Frè ki nan Bere yo ki te akonpanye Pòl yo te mennen l jouk nan vil Atèn. Apre sa, yo retounen ak yon mesaj pou Silas ak Timote pou di yo pou yo degaje yo al jwenn Pòl kote l ye a, pi vit posib.
Pòl nan Atèn
16 Pandan Pòl t ap tann Silas ak Timote nan Atèn, li te wè jan vil Atèn nan te chaje ak zidòl epi sa te fè l fache anpil. 17 Nan Sinagòg la, li te fè anpil bon diskisyon avèk Jwif yo ak Grèk ki te konn adore Bondye yo; men, chak jou, li te konn al sou plas piblik la tou pou pale ak moun k ap pase sou plas la. 18 Pandan l te sou plas la, gen kèk filozòf ki te patizan lide Epiki yo ansanm ak kèk lòt ki te rele tèt yo Estoyisyen,[a] yo te patizan lide Zenon yo, filozòf sa yo te kòmanse diskite ak Pòl. Gen nan yo ki di: “Nonm sa a pa menm konn sa l ap pale a. Ki sa l ap eseye di menm?” Pòl t ap anonse yo Bòn Nouvèl la konsènan Jezikris la epi li t ap pale yo sou jan moun ki mouri yo gen pou resisite. Lè sa a, yo di: “Li genlè ap eseye pale nou de kèk lòt dye etranje!”
19 Konsa, yo pran Pòl, yo mennen l nan Areyopaj la, epi yo di l: “Silvouplè, eksplike nou nouvo lide sa a non, ou ap anseye konsa a. 20 Bagay ou ap anseye yo yon jan etranj nan zòrèy nou. Nou pa t janm konn tande yo anvan, nou ta renmen konn sa yo vle di.” 21 Selon koutim yo te genyen, tout moun Atèn ansanm ak tout etranje ki te vin viv nan mitan yo te pase tout tan yo ap rakonte osinon ap koute tout lide tounèf ki fèk parèt yo.
22 Lè sa a, Pòl kanpe nan mitan yo nan Areyopaj la, li di: “Nou menm moun Atèn, lè m voye je gade, m reyalize nou se moun ki relijye anpil. 23 Paske, pandan m ap vizite vil nou an, m ap gade kote nou abitye adore yo, m wè yon lotèl ki gen pawòl sa yo make sou li: pou bondye nou pa konnen an. Ebyen, Bondye sa a n ap adore san nou pa konnen l lan, se de li m ap pale nou la a.
24 Se Bondye sa a ki kreye mond lan ak tout sa k ladan l. Se li menm ki mèt syèl la ak tè a. Li pa rete nan okenn tanp moun fè ak men yo. 25 Se li menm ki bay moun lavi, posibilite pou yo respire, ak tout sa yo bezwen pou yo viv. Li pa bezwen èd nan men pèsonn. Li gen tout sa l bezwen. 26 Bondye te kreye yon sèl moun, epi avèk moun sa li vin fè tout moun nèt ki sou tè a, kèlkeswa kote y ap viv. Li deside davans ki kote ak nan ki epòk y ap gen pou yo viv.
27 Bondye te vle moun chache li, epi nan chache l konsa toupatou, yo ta jwenn li. Men, Bondye pa lwen okenn nan nou. 28 Paske se nan li nou kapab viv, kapasite pou n fè sa nou fè epi tou pou nou sa nou ye. Se sa wi youn nan pwòp powèt ou yo te di: Nou tout se nan li nou soti.
29 Kidonk, si nou tout se nan Bondye nou soti, nou pa ka panse Bondye se yon bagay imajinè osinon yon bagay moun kapab fè ak lò, ak lajan, osinon ak wòch yo taye. 30 Nan tan lontan, moun pa t konnen kilès Bondye ye, li pa t kenbe sa kont yo. Men, kounye a, l ap fè tout moun nan lemonn konnen yo bezwen chanje epi tounen vin jwenn li. 31 Li gentan deside ki jou l ap jije tout moun nan mond lan selon lajistis. Pou l fè jijman sa a, l ap sèvi ak yon moun li te chwazi depi lontan. Bondye gentan bay prèv se nonm sa a k ap fè jijman an nan resisite li te fè l resisite a.”
32 Lè yo tande Pòl pale de yon moun ki te resisite, gen ladan yo ki pase l nan rizib. Gen lòt menm ki di: “N ap gen pou n tande w plis sou sa yon lòt lè.” 33 Se konsa Pòl te soti nan mitan yo. 34 Epoutan, gen kèk nan yo ki te vin atache ak Pòl epi ki te vin kwè nan Kris. Pami moun sa yo ki te kwè, te gen Dyonisyòs, ki te yon manm nan Areyopaj la, te gen yon dam ki te rele Damaris, ansanm ak kèk lòt moun ankò.
Jezi bay yon istwa sou yon jaden rezen
(Mat 21:33-46; Lik 20:9-19)
12 Jezi kòmanse pale ak pèp la an parabòl: “Yon nonm te plante yon jaden rezen. Li fè kloti li bare l, li fouye yon basen pou kraze rezen yo, li bati yon gerit pou gadyen yo. Li remèt li bay kèk moun jere l epi l pati an vwayaj.
2 Lè sezon rekòt la rive, mèt jaden an voye yon sèvitè kote kiltivatè yo pou yo ba li pati pa l nan rekòlt la. 3 Men yo kenbe sèvitè a, yo bat li byen bat epi yo voye l tounen san yo pa ba l anyen. 4 Apre sa, mèt jaden an voye yon lòt sèvitè kote yo; yo bat li nan tèt epi se pa de maltrete yo maltrete l. 5 Li voye yon lòt sèvitè, kiltivatè yo touye l. Mèt jaden an voye plizyè lòt; gen ladan yo, yo bat; gen lòt yo touye.
6 Mèt jaden an te gen yon sèl pitit gason li te renmen anpil, li voye l kote yo an dènye. Li di nan kè l: Sètènman y a gen respè pou pitit gason m nan.
7 Men kiltivatè yo reflechi, yo di: Men eritye a. Ann touye l, konsa jaden an ap rete pou nou. 8 Yo mete men sou li, yo trennen l met deyò jaden rezen an, epi yo touye l.
9 Nan kondisyon sa a, kisa mèt jaden an pral fè kiltivatè sa yo? L ap bay lòt moun jaden an. 10 Nou pa li sa ki ekri nan Bib la:
Wòch bòs mason yo te refize sèvi a
vin tounen wòch ki pi enpòtan nan kay la.
11 Se Bondye ki te fè sa!
Se yon mèvèy pou nou wè sa!”[a]
12 Lè lidè Jwif yo tande sa, yo te vle jwenn yon fason pou arete Jezi, men yo te krenn pèp la. Yo te byen konnen se pou yo Jezi te bay parabòl sa a. Konsa, yo kite l, y al fè wout yo.
Jezi reponn yon kesyon pyèj
(Mat 22:15-22; Lik 20:20-26)
13 Apre sa, lidè Jwif yo voye kèk Farizyen ak Ewodyen bò kote Jezi pou eseye rache kèk pawòl nan bouch li pou yo ka akize l. 14 Lè yo rive, yo di l: “Mèt, nou konnen ou toujou met verite a kote l ye. W ap montre moun chemen Bondye. Sa ou gen pou di a se li w ap di. Ou pa gade moun sou laparans: Èske l legal pou nou kontinye peye taks bay Seza, wi ou non?”
15 Men Jezi te konnen byen kesyon yo a pa t sensè, li di yo: “Poukisa nou vle pran m nan pyèj? Pote yon pyès lajan ban m wè.” 16 Yo pote youn ba li epi li di yo: “Foto ak non ki moun ki sou li? Yo reponn li: Seza.”
17 Lè sa a, Jezi reponn yo: “Bay seza sa k pou Seza, bay Bondye sa k pou Bondye.” Jezi pa t manke fè yo sezi ak repons sa a.
Kèk Sadiseyen ap chache pyeje Jezi
(Mat 22:23-33; Lik 20:27-40)
18 Kèk Sadiseyen, ki wè moun ki mouri pa resisite, vin kote Jezi. Yo mande l: 19 “Mèt, Moyiz ekri si yon frè mouri san li pa fè pitit ak madanm li, se pou lòt frè a marye ak madanm defen an, pou li fè pitit avè l pou defen an.[b] 20 Te gen sèt frè, premye a te marye ak yon fi, li mouri san li pa kite pitit. 21 Dezyèm nan marye ak vèv la, li mouri san li pa kite pitit. Menm bagay la rive twazyèm nan. 22 Konsa, pa gen youn nan sèt la ki kite pitit. Apre sa, fi a vinn mouri tou. 23 Lè jou rezireksyon an va rive, madanm kilès nan sèt frè yo fi a pral ye, paske li te marye ak tou lè sèt?”
24 Jezi reponn yo: “Nou nan erè nèt. Nou pa konnen sa Bib la di, ni nou pa konprann pouvwa Bondye. 25 Lè mò yo va leve, p ap gen ni mari ni moun k ap marye paske y ap vin tankou anj nan syèl la. 26 Pou sa ki konsène mò k ap leve yo, nou pa li sa ki ekri nan liv Moyiz la, nan pasaj touf bwa ki te pran dife san l pa boule a![c] Se la Bondye di: mwen se Bondye Abraram nan, Bondye izaak la ak Bondye Jakòb la.[d] 27 Bondye pa Bondye moun mò, men li se Bondye moun vivan. Nou twonpe tèt nou nèt.”
Ki kòmandman ki pi Empòtan?
(Mat 22:34-40; Lik 10:25-28)
28 Youn nan direktè Lalwa yo te tande diskisyon an. Li te wè Jezi byen reponn Sadiseyen yo. Lè sa a, li vin kote l, li mande l: “ki pi gran kòmandman ki gen?”
29 Jezi reponn li: “Kòmandman ki pi gran an se: Koute, Izrayèl! Senyè Bondye nou an, se sèl Senyè. 30 Renmen Senyè a, Bondye ou a ak tout kè w, ak tout nanm ou, ak tout panse w, epi ak tout fòs ou.[e] 31 Dezyèm nan se: Renmen pwochen w[f] menm jan ak pwòp tèt ou.[g] Pa gen lòt kòmandman ki pi gran pase yo.”
32 Lè sa a, direktè Lalwa a di li: “Ou gen rezon, Mèt. Bondye nou an se sèl Bondye. Pa gen lòt kon li. 33 Nou dwe renmen li ak tout kè nou, ak tout lespri nou, ak tout nanm nou, epi ak tout fòs nou; epi renmen pwochen nou menm jan ak pwòp tèt nou. Sa gen plis valè pase tout ofrann ak sakrifis nou ka ofri ba li.”
34 Lè Jezi wè li reponn ak sajès, li di l konsa: “Ou pa twò lwen wayòm Bondye a.” Apre sa, pa t gen direktè Lalwa ki te brav ase pou oze poze l kesyon ankò.
Èske Mesi a se pitit David?
(Mat 22:41-46; Lik 20:41-44)
35 Pandan Jezi t ap anseye nan tanp lan, li mande: “Ki jan doktè lalwa yo ka di Mesi a se pitit David? 36 Paske David li menm, anba enspirasyon Sentespri, te di:
Senyè a di, Senyè m nan:
Chita sou bò dwat mwen,
jouktan m fè lènmi w yo
tonbe anba pouvwa w.[h]
37 David, li menm, rele Mesi a Senyè. Alòs, kijan l fè pitit li?”
Pèp la te pran plezi tande l.
Jezi kritike pwofesè lalwa yo
(Mat 23:6-7; Lik 11:43; 20:45-47)
38 Nan ansèyman li, Jezi te di: “Pran prekosyon avèk Doktè Lalwa yo. Yo menm ki renmen fè parad ak gwo wòb long sou yo. 39 Yo menm ki renmen lè moun bese byen ba pou salye yo sou plas piblik, ki renmen plas devan nan sinagòg ak plas rezève nan resepsyon. 40 Epoutan, se dechèpiye y ap dechèpiye vèv yo. Yo pran kay vèv yo. Apre sa y ap blofe moun avèk yon ekip priyè byen long. Men tou, Bondye ap jije yo pi rèd pase lòt moun.”
Yon vèv montre kisa yon vrè ofrann ye
(Lik 21:1-4)
41 Apre sa, Jezi te chita anfas bwat[i] kote yo te mete ofrann lajan nan tanp lan, li t ap gade kijan moun yo t ap depoze lajan. Te gen anpil moun rich ki te depoze anpil lajan. 42 Men te vin gen yon pòv vèv ki mete de ti pyès kuiv ki te vo kèk santim konsa.
43 Jezi rele disip yo, li di yo: “Anverite, m ap di nou, pòv vèv sa a mete plis nan ofrann nan pase tout lòt moun yo. 44 Paske lòt moun yo mete nan sa yo gen anplis, men li menm, malgre mizè li, li bay tout sa l te genyen pou l viv.”
Copyright © 2017 by Bible League International