Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

M’Cheyne Bible Reading Plan

The classic M'Cheyne plan--read the Old Testament, New Testament, and Psalms or Gospels every day.
Duration: 365 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Error: 'Jij 10-11:11' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Travay 14

Pòl ak Banabas rive Ikonyòm

14 Pòl ak Banabas pati al nan Ikònyòm. Rive yo rive la, yo antre nan Sinagòg Jwif yo. Yo tèlman pale byen nan sinagòg yo, anpil Jwif ak anpil moun lòt nasyon te kwè nan mesaj yo t ap preche a. Men, te gen nan Jwif yo ki pa t kwè. Yo monte tèt moun lòt nasyon yo pou fè yo fache epi pou yo ka leve kont kwayan yo.

Pòl ak Banabas rete Ikonyòm pandan yon bon bout tan ankò. Yo pwoklame mesaj konsènan favè Bondye a avèk anpil konviksyon. Senyè a bay Pòl ak Banabas pouvwa pou fè anpil bèl bagay ak anpil mirak pou l montre sa yo t ap anonse a se vre. Sa te fè vil la te vin gen de kan ladan l. Yon gwoup te dakò mache nan lojik Jwif yo, lòt gwoup la menm te patizan apot yo.

Gen yon kolonn Jwif ki met ansanm ak lidè yo, avèk kèk moun lòt nasyon tou, pou yo ta fè yon jan ak Pòl ak Banabas, yo te vle touye yo ak kout wòch. Lè Pòl ak Banabas aprann koze a, yo kite vil Ikonyòm. Yo lage kò yo nan vil Lis ak vil Dèb ki nan zòn Likawoni an ak kèk lòt kote nan anviwon an. Yo pa t sispann anonse Bòn Nouvèl la tout kote sa yo nonplis.

Pòl ak Banabas nan List ak Dèb

Te gen yon nonm nan vil Lis ki te andikape. Li te fèt ak tou de pye l paralize. Li pa t janm konn mache nan vi l. Nonm nan te chita ap tande Pòl k ap preche. Pòl fikse je l sou li, epi l wè nonm nan te kwè Bondye ta ka geri l. 10 Konsa, Pòl pale byen fò, li di nonm nan: Leve, kanpe dwat sou de pye w. Nonm nan fè sa l leve kanpe, epi l kòmanse mache nòmal.

11 Lè foul la wè sa Pòl te fè a, yo tonbe rele byen fò, nan pwòp lang yo pale nan Likawoni, yo di: “Mezanmi, men dye yo desann vin jwenn nou sou fòm moun.” 12 Moun yo tonbe rele Banabas Zeyis, epi yo rele Pòl Emès, paske se sitou Pòl ki te pale. 13 Tanp kote yo te konn adore Zeyis la te toupre lavil la. Konsa, prèt tanp lan vin nan baryè lavil la avèk kèk towo bèf ansanm ak flè pou yo menm ak foul la ofri sakrifis bay Pòl ak Banabas.

14 Men, lè apot yo, Banabas ak Pòl, vin konprann sa foul la t ap chache fè a, yo chire rad sou yo.[a] Yo kouri nan mitan foul la, yo leve vwa yo, yo di: 15 Mezanmi, sa n ap fè konsa? Se moun nou ye menm jan avèk nou. Nou sèlman vin isit la pou n anonse nou Bòn Nouvèl la. Nou vin di nou pou n vire do nou kite tout zidòl sa yo ki pa vo anyen. Tounen vin jwenn vrè Bondye vivan an pito, li menm ki kreye syèl la, tè a, lanmè a ak tout sa ki ladan yo.

16 Nan tan lontan, Bondye te kite tout nasyon yo viv jan lide yo te di yo. 17 Men Bondye te toujou la ap fè anpil bon bagay pou montre li reyèl. Li ban nou lapli ki sot nan syèl la ansanm ak bon rekòt selon sezon yo. Li ban manje an kantite epi li ranpli kè nou ak lajwa.

18 Pòl ak Banabas te toujou gen anpil difikilte pou anpeche foul la ofri sakrifis ba yo, malgre tout pawòl sa yo.

19 Apre sa, yon ekip Jwif vin rive soti Antyòch nan Pisidi ak Ikonyòm. Yo pran tèt pèp la pou fè yo leve kont Pòl. Konsa, moun yo kalonnen Pòl ak kout wòch epi yo trennen l mete deyò lavil la. Yo panse l te gentan mouri. 20 Men, lè kwayan yo vin rasanble toutotou l kote l te ye a, li leve kanpe epi l tounen antre nan vil la. Nan demen, li pati ansanm ak Banabas, y ale lavil Dèb.

Pòl ak Banabas retounen Antyòch nan Siri

21 Pòl ak Banabas preche Bòn Nouvèl la nan lavil Dèb tou, epi anpil moun te aksepte swiv Jezikris. Apre sa, yo retounen pase nan vil Lis, nan Ikonyòm ak nan vil Antyòch nan Pisidi. 22 Pòl ak Banabas fòtifye kwayan yo nan tout vil sa yo, yo ankouraje yo pou yo kontinye kenbe lafwa yo fèm nan Bondye. Yo di disip yo: “Nou gen pou n sibi anpil pèsekisyon pandan nou sou wout pou n antre nan Wayòm Bondye a.” 23 Pòl ak Banabas chwazi moun ki pou sèvi kòm lidè nan chak legliz yo. Apre yo fin pase yon tan ap fè jèn epi priye pou lidè sa yo, yo remèt yo nan men Senyè a yo te mete konfyans nan li a.

24 Lè yo fini, Pòl ak Banabas travèse tout peyi Pisidi a epi yo rive Panfili. 25 Pandan yo te la, yo preche mesaj Bòn Nouvèl Bondye a nan vil Pèj epi yo desann Atali. 26 Se nan Atali yo pran batiman pou ale Antyòch nan Siri. Antyòch ki nan Siri a, se kote kwayan yo te remèt yo nan men Bondye pou yo tal fè menm travay yo sot fè a.

27 Lè yo rive Antyòch, Pòl ak Banabas rasanble tout legliz la. Yo rakonte legliz la tout sa Bondye te pèmèt yo fè. Yo di yo: “Bondye louvri yon pòt pou moun lòt nasyon yo kapab kwè tou.” 28 Apre sa, yo pase yon bon bout tan avèk disip yo nan vil Antyòch.

Error: 'Jeremi 23 ' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Mak 9

Apre sa Jezi di: “Nou mèt kwè m lè m di nou kèk nan nou ki la jodi a ap wè wayòm Bondye a vini ak puisans anvan nou mouri.”

Kèk nan disip yo wè Jezi ansanm ak Moyiz epi Eli

(Mat 17:1-13; Lik 9:28-36)

Sis jou apre sa, Jezi te mennen Pyè, Jak ak Jan sou yon tèt mòn byen wo. Se te mesye sa yo sèlman ki te avèk Jezi. Epi devan disip yo li te kòmanse transfòme. Rad li te klere tou blan. Pa gen yon klowòks sou latè ki te ka fè yo blan konsa. Epi, men Moyiz ak Eli te vin parèt ap pale ak Jezi.

Pyè pran lapawòl, li di Jezi konsa: “Mèt, li bon pou nou ta rete isit la! Si ou dakò, m ap monte twa tant, youn pou ou, youn pou Moyiz epi youn pou Eli.” Pyè pa t konnen sa pou li paske li menm ak lòt disip yo te ranpli ak pèrèz.

Apre sa, yon nwaj klere vin kouvri yo, epi yon vwa pale nan nyaj la, li di: “Sa a se pitit mwen, pitit mwen chwazi a, tande l lè l pale!”

Lè disip yo voye je vit gade toutotou, sèl moun yo te wè devan yo se Jezi ki te la avèk yo.

Pandan Jezi ak disip yo t ap desann mòn nan, li di yo pou yo pa di pèsonn moun sa yo sot wè a jouktan Pitit Lòm nan leve soti vivan nan lanmò.

10 Disip yo pa t pale pawòl la, men yo t ap diskite ant yo sou sa Jezi te vle di lè li te pale de “leve soti vivan nan lanmò a.” 11 Yo mande li: “Pou kisa pwofesè lalwa yo di fòk Eli vini[a] anvan?”

12 Jezi reponn yo: “Wi, Eli dwe vini anvan pou li mete tout bagay nan plas yo! Men poukisa Bib la di Piti lòm nan gen pou l soufri anpil, epi pèp la gen pou rejte li? 13 Men m ap di nou, Eli te vini deja, epi yo te fè sa yo te vle avèk li, jan sa te gentan ekri nan Bib la.”

Jezi delivre yon jèn gason anba yon move lespri

(Mat 17:14-20; Lik 9:37-43a)

14 Lè yo desann al jwenn lòt disip yo, yo wè yon foul moun ak direktè Lalwa ki t ap diskite ant yo. 15 Lè foul la wè Jezi yo te sezi anpil epi yo te kouri vin salye l.

16 Jezi di yo: “Sou kisa n ap diskite la ak direktè Lalwa yo?”

17 Yon nonm nan foul la di: “Mèt, mwen mennen pitit gason m nan ba ou. Li gen yon demon sou li ki fè l pa ka pale. 18 Epi, lè lespri a pran l, lespri a frape l atè, li kimen li manje dan l epi tout kò l vin rèd. Mwen mande disip ou yo pou yo ta chase move lespri a, men yo pa t kapab.”

19 Jezi reponn yo: “Bann moun san lafwa k ap viv nan peche. Pou konbyen tan ankò pou m rete avèk nou, pou m ap pran pasyans ak nou? Mennen pitit ou a ban mwen!”

20 Disip yo mennen jèn gason an bay Jezi. Lè move lespri a wè Jezi, li atake jèn gason an, li tonbe, li woule atè epi kim t ap sòti nan bouch li.

21 Jezi mande papa jèn gason an: “Depi konbyen tan li konsa?”

Papa a reponn li: “Li konsa depi li te tou piti. 22 Anpil fwa lespri a voye l jete nan dife osinon nan dlo pou l touye l. Men si ou kapab fè yon bagay, tanpri gen pitye pou nou, ede nou.”

23 Jezi di papa a: “Poukisa ou di si ou kapab? Tout bagay posib pou moun ki kwè.”

24 Menm kote a, papa a di byen fò: “Mwen kwè, ede m pou m kwè pi plis.”

25 Lè Jezi wè foul la t ap vin pi gwo, li pali byen sevè ak move lespri a, li di l: “Movèzespri ki fè jèn gason sa a soud epi ki fè l paka pale a, mwen ba ou lòd pou sòti epi pou pa janm rantre sou li ankò!”

26 Movèzespri a pouse yon kri, li frape jèn gason an atè ankò, epi li sòti. Jèn gason an rete atè a tankou yon moun ki mouri, se sa ki fè anpil moun t ap di: “li mouri.” 27 Men Jezi pran men jèn gason an pou l ede l kanpe. Epi li kanpe.

28 Apre Jezi te ale lakay la. Lè disip yo te poukont yo ak li, yo mande l: “Poukisa nou pa t kapab chase move lespri a?”

29 Jezi reponn yo: “Kalite lespri sa yo se sèlman ak lapriyè[b] ou ka chase yo.”

Jezi pale sou lanmò li

(Mat 17:22-23; Lik 9:43b-45)

30 Apre sa, Jezi ak disip li yo kite kote yo te ye a, yo t ap vwayaje nan Galile, li pa t vle moun konnen ki kote yo te ye. 31 Li te vle anseye disip li yo sèlman. Li te di yo: “Yo gen pou yo trayi Pitit Lòm nan. Yo gen pou yo livre l anba pouvwa lèzòm. Yo gen pou yo touye l, men sou twazyèm jou a li gen pou l resisite.” 32 Men disip yo pa t konprann sa l te vle di, men tou yo te pè mande l sa pawòl la vle di.

Kilès ki pi gran?

(Mat 18:1-5; Lik 9:46-48)

33 Jezi ak disip li yo ale Kapènawòm, epi lè yo rive nan kay la, li mande yo: “Kisa nou t ap diskite sou wout la konsa?” 34 Disip yo pa reponn paske sou wout la yo t ap diskite pou konnen kilès nan yo ki pi gran?

35 Jezi chita, li rele douz disip yo epi li di yo: “Nenpòt moun ki vle premye se dènye pou li ye, epi li dwe sèvi tout moun.”

36 Se konsa Jezi pran yon timoun, li mete l kanpe devan yo. Li kenbe timoun nan nan bra l epi li di yo: 37 “Nenpòt moun ki resevwa youn nan timoun sa yo nan non mwen, se mwen li resevwa. E nenpòt moun ki resevwa mwen, se pa mwen sèlman li resevwa, men tou, se moun ki voye m nan li resevwa.”

Nenpòt moun ki pa kont ou, li avèk ou

(Lik 9:49-50)

38 Apre sa Jan di Jezi: “Mèt, nou wè yon moun k ap sèvi ak non ou pou l chase demon. Nou eseye fè l sispann, paske li pa youn nan nou.”

39 Men Jezi di: “Pa anpeche l, paske pa gen yon moun ki fè yon mirak nan non mwen ki pral pale m mal apre sa. 40 Yon moun ki pa kont nou se pou nou li ye. 41 Mwen ba w garanti sa a, nenpòt moun ki bay w yon vè dlo paske ou pou Kris la, li p ap janm pèdi l.”

Mizangad sou koz ki fè moun peche

(Mat 18:6-9; Lik 17:1-2)

42 “Se va byen grav pou yon moun ki ta fè youn nan timoun sa yo ki mete konfyans nan mwen peche. Li ta pi bon pou li si yo ta mare yon moulen nan kou l epi voye l jete nan lanmè. 43 Si se men w k ap lakoz ou tonbe nan peche, koupe l. Li pi bon pou gen lavi ki p ap janm fini an ak yon men oswa yon pye pase pou w ta genyen de men w ak de pye w epi pou w al boule nan dife lanfè etènèl. 44 [c] 45 Si pye w fè ou peche, koupe l. Li pi bon pou gen lavi ki p ap janm fini an ak yon men oswa yon pye pase pou w ta genyen de men w ak de pye w epi pou w al boule nan dife lanfè etènèl. 46 [d] 47 Si se je w k ap lakoz ou tonbe nan peche, rache l. Li pi bon pou ou pou w ta antre nan wayòm Bondye a ak yon sèl je pase pou ou ta gen de je w epi w al nan lanfè, 48 kote vè pa janm mouri epi dife pa janm etenn.

49 Tout moun gen pou sale avèk dife.[e]

50 Sèl bon wi, men si l pèdi gou sale l genyen an, kijan ou ka fè l sale ankò? Pa pèdi bon gou sale nou genyen an, epi viv nan lapè youn ak lòt.”

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International