M’Cheyne Bible Reading Plan
Jezi ap priye pou li menm ak disip li yo
17 Apre Jezi te fin di bagay sa yo, li leve je l nan syèl la epi li di: “Papa, lè a rive, fè lwanj pou Pitit ou a, pou Pitit ou a kapab fè lwanj pou ou, 2 menm jan ou ba li pouvwa sou tout moun, pou l ka bay tout moun ou ba li lavi etènèl. 3 Lavi etènèl se lè yon moun konnen w kòm sèl vrè Bondye, epi lè l konnen Jezikris, moun ou voye a. 4 Mwen te fè lwanj pou ou sou latè, mwen fini travay ou te ban m fè a nèt. 5 Kounye a Papa, fè m jwenn lwanj kote w, lwanj mwen te genyen bò kote w depi anvan lemonn te egziste.
6 Mwen fè moun ou te pran ban mwen nan lemonn yo konnen ki moun ou ye. Se pou ou yo te ye, ou ban mwen yo, epi yo mete Pawòl ou an pratik. 7 Kounye a, yo konnen tout sa m posede se ou ki ban mwen yo. 8 Paske pawòl mwen te pale yo se pawòl pa w ou te ban mwen. Yo aksepte pawòl ou yo. Yo konnen mwen soti kote w toutbon vre, yo kwè se ou ki voye m. 9 M ap priye pou yo kounye a. Mwen p ap priye w pou lemonn, men pou sa ou ban mwen yo. Se pou ou yo ye, 10 tout sa k pou mwen se pou ou, menm jan tout sa k pou ou se pou mwen, epi mwen te jwenn lwanj nan yo.
11 Nan yon ti tan, mwen pral jwenn ou epi mwen p ap nan lemonn ankò, men yo menm yo nan lemonn. Papa, ou sen, prezève yo ak pouvwa non w genyen an, non w ou ban mwen an, pou yo kapab youn menm jan mwen menm ak ou, nou se youn. 12 Lè m te ak yo, mwen te kenbe yo ak pouvwa non w ou ban mwen an. Mwen te pwoteje yo, okenn nan yo pa t pèdi, sof sa k te fèt pou pèdi a. Sa te pase konsa pou pwofesi Bib la te ka akonpli.
13 Kounye a mwen prale kote w, mwen di pawòl sa yo nan lemonn pou yo kapab gen lajwa m nan kè yo san mank. 14 Mwen te ba yo pawòl ou epi lemonn te rayi yo, poutèt yo pa pou lemonn ankò, menm jan mwen menm mwen pa pou lemonn.
15 Mwen pa mande w wete yo nan lemonn, men pou w pwoteje yo kont Malen an. 16 Yo pa pou lemonn, menm jan mwen menm mwen pa pou lemonn. 17 Mete yo apa pou sèvis ou nèt, grenmesi Verite a. Pawòl ou se verite a. 18 Menm jan ou te voye m nan lemonn, se konsa mwen voye yo tou. 19 Poutèt yo, mwen mete m apa pou m sèvi ou jan w vle a. Konsa, yo menm tou, yo va mete yo apa pou yo sèvi w jan w vle a, grenmesi Verite a.
20 Mwen pa priye pou yo sèlman, mwen priye tou pou moun k ap vin kwè poutèt temwanyaj yo. 21 Papa, m ap priye pou tout moun ou ban mwen yo fè youn. Menm jan ou menm, ou nan mwen, mwen nan ou, se pou yo fè yon sèl nan nou. Konsa moun ki nan lemonn kapab kwè se ou menm ki voye m. 22 Mwen menm, mwen ba yo glwa ou te ban mwen an. Mwen ba yo l pou yo tout ka fè youn, menm jan ou menm ak mwen fè youn. 23 Mwen nan yo, menm jan ou menm ou nan mwen. Se pou yo rive fè youn nèt ale. Konsa, moun nan lemonn ka rekonèt se ou ki te voye m, epi tou ou renmen yo, menm jan ou renmen m nan.
24 Papa, mwen vle kote m ye, se la pou moun ou ban mwen yo ye avè m tou, pou yo wè glwa ou ban mwen, paske ou renmen mwen anvan lemonn te fèt. 25 Papa, ou menm ki jis, menm lè lemonn pa konnen w, mwen menm mwen konnen w, epi disip mwen sa yo rekonèt se ou menm ki voye mwen. 26 Mwen fè yo konnen ki moun ou ye, epi m p ap manke kontinye fè sa, pou lanmou ou gen pou mwen kapab nan yo, epi mwen menm mwen kapab nan yo.”
1 Mwen menm Pòl ak Timote, sèvitè Jezikri,[a] nou salye nou tout, pèp ki apa pou Bondye a, ansanm ak tout lòt lidè[b] ak dyak legliz k ap viv nan vil Filip.
2 Se pou Bondye Papa nou ak Jezikri, Senyè nou an ban nou benediksyon ak lapè.
Pòl di Bondye mèsi
3 Mwen di Bondye m nan mèsi chak fwa m sonje nou. 4 Mwen toujou priye pou nou, ak kè kontan. 5 Mwen di Bondye mèsi pou jan nou ede m nan preche Bòn Nouvèl la, depi premye jou a rive jodi a. 6 Mwen sèten Bondye ki kòmanse bon travay sa a nan nou an ap kontinye l jouktan li va fini l nan jou Jezi va retounen an.
7 M gen rezon pou m panse de nou tout konsa, paske m pote nou nan kè m. Nou tout te ede m nan tout favè Bondye fè m, non sèlman pandan m nan prizon an, men tou, lè m te lib epi m t ap defann mesaj Levanjil la nan montre moun chemen verite a. 8 Se sèl Bondye ki konnen kijan m anvi wè nou. Mwen renmen nou tout ak lanmou Jezikris la.
9 Men ki priyè mwen fè pou nou:
Se pou lanmou ki nan kè nou an kontinye grandi plis toujou. Se pou nou gen tout kalite konesans ak bon konprann, 10 pou n ka fè diferans ant sa ki enpòtan ak sa ki pa enpòtan. Epi se lè sa a, n ap san tach epi san repwòch nan jou Senyè a va retounen an. 11 M ap priye pou lavi nou ranpli ak bon zèv tou pou sa ka sèvi yon sous glwa ak lwanj pou Bondye gras a Jezikris.
Pwoblèm Pòl fè Levanjil la avanse
12 Frè m ak sè m yo, m ta renmen nou konnen byen sa k rive m yo fè Levanjil la avanse. 13 Sa fè tout moun isit la, ak sòlda women k ap pwoteje Seza yo, konnen se poutèt Jezikris mwen nan prizon. 14 Se konsa tou, anpil frè ak sè nan fanmi Bondye a vin pran plis kouray nan Senyè a, paske m nan prizon. Yo kòmanse vin gen plis kouray de jou an jou pou yo anonse Levanjil la san krent.
15 Se vre, gen kèk nan yo ki preche nan non Jezi paske yo jalou epi yo vle fè polemik. Men gen lòt tou ki fè l paske yo renmen fè sa. 16 Moun ki aji konsa, se renmen yo renmen m, yo konnen se Bondye ki mete m kote m ye a pou m defann Levanjil la. 17 Men lòt yo anonse Levanjil Kris la ak yon lespri egoyis, yo pa sensè, epi yo panse yo ka ban m pwoblèm pandan m nan prizon an. 18 Men sa sa fè? Kit yo sensè kit yo pa sensè, sa ki pi enpòtan an se pale y ap pale moun de Jezi. Sa fè kè m kontan.
Epi sa ap kontinye fè kè m kontan. 19 Mwen konnen m ap rive jwenn liberasyon m nan prizon an gras ak konkou lapriyè nou ak sipò Lespri Jezikri va ban mwen. 20 Se sa m ta renmen wè. Epi se sa m ap tann ak pasyans. Mwen p ap janm regrèt, okontrè, mwen gen yon gwo espwa. Kit mwen rete vivan, kit mwen ta mouri, se pou Bondye sèvi ak lavi m pou l fè lwanj pou Jezikris pi plis toujou. 21 Paske pou mwen, si m ap viv se pou Kris m ap viv; epi lanmò se yon benefis pou mwen. 22 Si mwen kontinye viv nan kò sa a, m ap kontinye travay mwen. Konsa mwen pa konnen kisa m ta chwazi: lavi oubyen lanmò? 23 Se yon chwa ki difisil. Men gen de lè, mwen ta vle mouri pou m ka al jwenn Kris, sa t ap pi bon nèt. 24 Men, gen de lè mwen santi l pi bon pou m rete vivan nan kò sa a, poutèt nou menm. 25 Poutèt sa, mwen sèten m ap rete avèk nou pou m ede nou grandi ak lajwa nan lafwa nou. 26 Konsa, lè m retounen jwenn nou ankò, n ap gen plis rezon pou n fyè poutèt sa Jezikri fè pou mwen.
27 Men, kèlkeswa sitiyasyon an, se pou n viv yon fason ki konfòm ak Levanjil Jezikri a. Konsa, kit mwen retounen wè nou, kit mwen pa vini, mwen ta renmen tande bon temwanyaj sou nou, epi m ap konnen n ap mennen yon konba ansanm pou lafwa nou jwenn nan Levanjil la. 28 Nou p ap pè sa yo ki kont nou. Kouray nou sèvi kòm prèv. Moun ki kont nou yo se moun pèdi yo ye, men nou menm, nou se moun sove. Se Bondye menm k ap fè sa. 29 Se yon benediksyon Bondye ban nou, non sèlman pou nou sèvi Kris la, men pou nou soufri pou li tou. 30 Konsa, nou nan menm batay avè m, batay nou te wè m ap mennen anvan sa a, se menm batay sa a nou tande mwen toujou ap mennen jouk kounye a.
Copyright © 2017 by Bible League International