Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

M’Cheyne Bible Reading Plan

The classic M'Cheyne plan--read the Old Testament, New Testament, and Psalms or Gospels every day.
Duration: 365 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Error: 'Egzòd 27 ' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Jan 6

Jezi bay plis pase 5,000 moun manje

(Mat 14:13-21; Mak 6:30-44; Lik 9:10-17)

Apre sa, Jezi travèse lak Galile a. Yo rele l lak Tiberyad tou. Yon gwo foul moun te pran swiv li, paske yo te wè anpil mirak li t ap fè, lè li t ap geri malad yo. Jezi monte sou mòn nan epi li chita la avèk disip li yo. Se te prèske lè pou fèt Pak Jwif yo.

Lè Jezi gade tout foul moun sa yo ki t ap pwoche kote l, li di Filip konsa: “Ki kote nou kapab achte pen pou tout moun sa yo manje?” Li te poze Filip kesyon sa a pou l te sonde l, paske Jezi te gentan konnen kisa li t apral fè.

Filip reponn Li: “200 denye[a] pen pa ta sifi pou chak moun ta jwenn ti moso!”

Te gen yon lòt disip la ki te rele Andre, frè Simon Pyè a. Andre di: “Men yon ti gason avèk senk pen ak de ti pwason. Pou di vre, sa sa ka fè pou tout moun sa yo?”

10 Jezi di: “Fè tout moun chita.” Se te yon kote ki te genyen anpil zèb, senk mil moun konsa te chita sou zèb yo. 11 Jezi pran pen yo epi li priye Bondye pou remèsye li. Alò, li bay moun ki t ap tann pou yo manje yo. Epi, li fè menm bagay ak pwason yo. Li bay moun yo kantite yo te vle.

12 Yo tout te manje vant deboutonnen. Lè yo fini, Jezi di disip li yo: “Ranmase moso pwason ak moso pen moun yo pa fin manje yo. Pa gaspiye anyen.” 13 Konsa, yo ranmase moso ki te rete yo, yo ranpli douz panye ak moso ki te rete nan senk pen yo, lè tout moun te fin manje.

14 Moun ki te wè mirak sa a Jezi te fè a, yo di: “Se sèten, se li ki pwofèt[b] ki te gen pou vini nan lemonn nan.”

15 Jezi konnen moun yo t ap fè plan pou vin pran li epi mete l wa alatèt yo. Alò li pati epi l al nan mòn yo poukont li.

Jezi mache sou dlo

(Mat 14:22-27; Mak 6:45-52)

16 Nan aswè, disip Jezi yo te desann ale nan lak la. 17 Li te fènwa, epi Jezi pa t ankò retounen vini jwenn yo. Yo antre nan yon bato epi yo kòmanse avanse pou travèse lak la pou ale Kapènawòm. 18 Van an t ap soufle byen fò. Lanm lanmè ki te sou lak la te vin pi fò toujou. 19 Disip yo te avanse senk ou sis kilomèt[c] konsa, epi yo wè Jezi. Li t ap mache sou dlo a vini toupre bato a. Disip yo te pè anpil. 20 Men li di yo: “Nou pa bezwen pè, se mwen menm.” 21 Lè li di sa, yo te vle mete l nan bato a. Epi tousuit apre, bato a rive kote yo t aprale a.

Moun yo t ap chache Jezi

22 Yon foul moun te rete sou lòtbò lak pou jis demen. Yo te konnen Jezi pa t pati avèk disip li yo nan bato a. Yo te konnen disip yo te pati tou sèl nan bato a. Epi yo te konnen tou se te sèl bato ki te genyen la a. 23 Men te gen kèk lòt bato ki te vini soti Tiberyad, yo te rete toupre kote moun yo te manje nan ayè a. Se te menm kote yo te manje pen an apre Senyè a te fin di Bondye mèsi. 24 Moun yo gade yo wè Jezi pa t la. Alò, yo pran bato, yo pati ale Kapènawòm pou chache jwenn kote Jezi ye.

Jezi, pen lavi a

25 Pèp la jwenn Jezi sou lòtbò lak la. Yo mande li: “Mèt, depi ki lè ou vin isit la?”

26 Jezi reponn yo: “Se vre! Nou byen konprann mwen te dwe vini ak pouvwa Bondye. Men, mwen kapab konstate, se pa paske nou wè mirak n ap chache m. N ap chache m paske nou te manje pen epi vant nou te plen. 27 Men manje latè pa dire, yo gate fasil. Pa fè efò pou manje sa a, men travay pito pou nou jwenn manje ki va dire epi ki va bay lavi etènèl. Pitit Lòm nan va ban nou manje sa a. Se li menm sèl Bondye Papa a kalifye pou ban nou li.”

28 Pèp la mande Jezi: “Alò, Ki zèv Bondye mande nou fè, pou l ka voye Pitit Lòm nan pou ban nou manje sa a?”

29 Jezi reponn: “Men sa Bondye vle nou fè se kwè nan moun li gentan voye a.”

30 Konsa, moun yo mande Li: “Ki mirak ou ap fè pou nou wè? Si nou wè ou fè yon mirak, n ap kwè nan ou. Ki sa ou fè? 31 Zansèt nou yo te manje lamàn nan dezè a. Tankou jan Bib la di l: Li te ba yo pen ki soti nan syèl pou yo manje.”[d]

32 Jezi di: “Amèn! Sa Bib la di a se vre, se pa Moyiz ki te bay moun yo pen ki soti nan syèl. Men se Papa m ki ban nou vrè pen ki soti nan syèl la. 33 Pen Bondye bay la se sa ki soti nan syèl la epi ki bay lemonn lavi.”

34 Moun yo di konsa: “Mesye, toujou ban nou pen sa a.”

35 Alò Jezi di: “Se mwen menm ki pen ki bay lavi a. Nenpòt moun ki vin jwenn mwen p ap janm grangou ankò. Nenpòt moun ki kwè nan mwen p ap janm swaf ankò. 36 Mwen te di nou sa a epi nou wè sa mwen ka fè,[e] men nou toujou pa kwè mwen. 37 Sa se pwoblèm pa nou, men se pa pwoblèm pa m. Tout sa Papa a te pwomèt mwen ap vin jwenn mwen. E mwen p ap janm rejte youn nan yo. 38 Bondye voye m vin soti nan syèl pou m fè sa Bondye vle, pa sa mwen vle. 39 Men sa Papa a ki voye m nan vle m fè: Li pa vle m pèdi pèsonn nan sa l te ban mwen yo. Non! Nan dènye jou a, m ap gen pou m resisite yo. 40 Nenpòt moun ki wè Pitit la epi ki kwè nan Li, li gen lavi etènèl. Mwen va resisite li nan dènye jou a. Sa a, se sa Papa mwen vle.”

41 Kèk Jwif t ap kritike Jezi paske li te di: “Pen ki soti nan syèl la, se mwen menm.” 42 Yo di: “Se pa Jezi sa, pitit Jozèf la? Nou konnen papa l ak manman l. Kòman li fè di kounye a: Mwen desann soti nan syèl?”

43 Men Jezi te di yo: “Sispann kritike m!” 44 Se Papa Bondye ki voye m, pa gen yon moun Papa a pa voye ban mwen ki kapab vin jwenn mwen. M ap resisite yo nan dènye jou a. 45 Men sa pwofèt yo di: “Bondye va anseye yo tout.”[f] Nenpòt moun ki tande epi ki aprann sa Papa Bondye di, se yo menm ki vini jwenn mwen. 46 Mwen pa vle di te janm gen yon moun ki te wè Bondye Papa a. Yon sèl moun ki te janm wè Bondye Papa a, se moun Bondye voye a. Li menm, li wè Bondye Papa a.

47 Mwen kapab asire nou, nenpòt moun ki kwè, li genyen lavi etènèl. 48 Mwen se pen ki bay lavi a. 49 Zansèt nou yo te manje lamàn Bondye te ba yo nan dezè a, men sa pa t anpeche yo mouri. 50 Men sa m ap di, m ap di se mwen menm ki pen ki soti nan syèl la. Menm jan li te soti nan syèl, moun te ka manje ladan epi yo te ka viv, mwen vini pou nou kapab viv. 51 Mwen se pen vivan an ki desann soti nan syèl. Nenpòt moun ki manje nan pen sa a, l ap viv pou tout tan. Pen sa m ap bay la, se kò mwen. M ap bay li, konsa moun nan lemonn kapab gen lavi lè m va mouri pou yo.

52 Alò, Jwif yo te pran fè yon diskisyon byen fache. Yo t ap di: “Kòman nonm sa a ap fè pou li ban nou manje kò l la?”

53 Jezi di: “Amèn, amèn! Nou poze yon bèl kesyon. Si nou menm nou pa manje kò Pitit Lòm nan epi bwè san li, nou p ap gen lavi etènèl nan nou. 54 Moun ki pran tan yo ak plezi yo nan manje kò mwen ak bwè san mwen, yo deja genyen lavi etènèl. Pou mwen menm, m ap resisite yo nan dènye jou a. 55 Kò m se yon manje toutbon, epi san m se yon bwason toutbon. 56 Lavi pa m menm ap nan moun sa a k ap jwi tan l pou l manje kò mwen epi k ap bwè san mwen. Moun sa a ap mennen yon relasyon sere sere ak mwen.

57 Bondye Papa a te voye m. L ap viv, epi mwen menm m ap viv tou, poutèt li menm. Konsa, nenpòt moun ki pran tan l ak plezi l pou l manje mwen, l ap viv poutèt mwen menm. 58 Se sa Pen ki desann soti nan syèl la vle di. Se pa menm jan ak pen zansèt nou yo te manje a. Pen sa a pa t anpeche yo mouri. Moun k ap pran plezi pou l manje pen m ap pale a, l ap viv pou tout tan.”

59 Jezi te di tout bagay sa yo pandan l t ap anseye nan sinagòg la, nan lavil Kapènawòm.

Anpil nan disip yo vire do bay Jezi

60 Lè disip Jezi yo tande sa, anpil nan yo di: “Ansèyman sa a di, ki moun ki kapab aksepte sa?”

61 Jezi te gentan konnen disip li yo t ap plenyen pou sa. Konsa li di yo: “Èske ansèyman sa a se yon pwoblèm pou nou? 62 Alò kisa nou va panse lè nou va wè Pitit Lòm nan monte ale kote li te soti a? 63 Se Sentespri a ki bay lavi. Kò a pa vo anyen nan bagay konsa. Men bagay mwen di nou yo soti nan Sentespri a, yo bay lavi. 64 Men gen kèk nan nou ki pa kwè.” (Jezi te konnen moun ki pa t kwè yo. Li te konnen sa depi okòmansman. Epi Li te konnen kilès ki ta livre li bay lènmi li yo tou.) 65 Jezi di: “Se pou sa mwen te di nenpòt moun pa kapab vini jwenn mwen si Bondye Papa a pa ede li vini.”

66 Lè Jezi fin di pawòl sa yo, anpil nan disip li yo vire do ba li, epi yo sispann swiv li.

67 Jezi mande douz disip yo: “Nou pa ta renmen ale tou?”

68 Simon Pyè reponn li: “Senyè, ki kote pou n ta ale? Se ou ki genyen pawòl ki bay lavi etènèl la. 69 Nou kwè nan ou. Nou konnen se ou menm ki Moun Bondye mete apa a.”

70 Jezi reponn: “Se mwen menm ki chwazi nou douz la. Men gen youn nan nou se yon move lespri[g] li ye.” 71 Li t ap pale de Jida, pitit Simon Iskaryòt la. Jida se te youn nan douz disip yo, men kèk tan apre, li te trayi Jezi lage l bay lènmi li yo.

Error: 'Pwovèb 3 ' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Galat 2

Lòt apot yo aksepte Pòl ak Mesaj li a

Kounye a, apre katòzan, mwen tounen Jerizalèm ankò, ansanm ak Banabas. Mwen te mennen Tit avè m tou lè sa a. Mwen te monte Jerizalèm paske Bondye te fè m konnen mwen te bezwen fè sa. Lè m rive, mwen eksplike moun legliz yo mesaj levanjil m ap preche a pami moun ki pa Juif yo. Mwen te fè yon rankont an prive tou ak sila yo ki te konsidere kòm lidè yo, pou m te asire m efò m t ap fè yo pa t pou granmesi.

Malgre Tit ki te avè m nan se te yon Grèk, yo pa t egzije l pou l sikonsi. Yo pa t fè sa, malgre gen moun ki te fè tèt yo pase pou frè, ki te glise kò yo nan mitan nou pou espyone libète nou genyen nan Kris la. Yo te vle fè nou tounen esklav lalwa ankò. Moun sa yo, nou pa t lage bay fo frè sa yo ditou. Nou te vle pou verite mesaj konsènan Kris la rete fèm pou nou.

Mesye yo te rekonèt kòm gwo lidè yo, yo pa t chanje mesaj mwen an. (Vrèmanvre, kèlkeswa sa yo ye a, sa pa t fè okenn diferans, paske Bondye pa gade sou figi moun). Wi, gwo lidè yo pa t ajoute anyen nan mesaj mwen t ap preche a. Okontrè, yo wè Bondye te chwazi m pou m preche Levanjil la bay moun ki pa Juif yo, menm jan li te chwazi Pyè pou preche Levanjil la bay moun ki Juif yo. Paske, menm Bondye ki chwazi Pyè pou l vin yon apot pou ale nan mitan Juif yo, se li menm tou ki chwazi m pou m vin yon apot pou nan mitan moun ki pa Juif yo. Alò, tout moun rekonèt Jak, Pyè ak Jan kòm gwo lidè nan legliz Jerizalèm nan. Lè mesye sa yo wè favè Bondye te fè m, yo bay Banabas avèk mwen lanmen asosyasyon pou montre se ansanm n ap travay. Yo montre nou yo dakò pou n kontinye travay ak moun ki pa Juif yo, alòske, yo menm, y ap travay ak Juif yo. 10 Yon sèl bagay yo te mande nou se pou nou te toujou sonje pòv yo. Yon bagay mwen te toujou cho deja pou m fè.

Pòl montre Pyè te antò

11 Lè Pyè te vin nan Antyòch, mwen te montre l mwen pa t dakò avè l, paske li te fè yon bagay ki pa bon. 12 Men sa k te pase: Anvan kèk moun ki soti kote Jak nan legliz Jerizalèm nan te rive nan Antyòch, Pyè te toujou konn manje ak moun ki pa Juif yo nan legliz Antyòch la. Men, lè Juif ki soti bò kote Jak yo rive, li demake tèt li, li fè kòmsi li pa t konn manje ak moun ki pa Juif yo, li sispann manje ak yo. Li te fè sa poutèt li te pè Juif yo ta nan gwoup ki te di moun ki pa Juif yo dwe sikonsi tou. 13 Lòt Juif ki nan legliz Antyòch yo te mete yo ansanm ak Pyè nan menm aksyon ipokrit sa a tou. Menm Banabas te swiv yo nan ipokrizi a tou. 14 Lè m te wè yo pa t ap mache dwat dapre verite mesaj Levanjil la, mwen te di Pyè devan tout moun: si ou menm ki Juif, ou ap konpòte w tankou yon moun ki pa Juif, pase pou w ta konpòte w tankou yon Juif, kijan ou fè ap eseye fòse moun ki pa Juif yo pou yo viv tankou Juif?

15 Nou menm, nou se Juif de nesans. Nou pa konsidere tèt nou kòm pechè tankou yo rele moun ki pa Juif yo. 16 Nou konnen Bondye pa deklare yon moun dwat devan l paske moun sa a fè sa lalwa mande. Men, se poutèt fidelite Kris[a] la ki fè Bondye kapab aksepte nou. Se poutèt sa, nou menm Juif yo tou, nou te mete konfyans nou nan Jezikris[b] pou Bondye te kapab deklare nou dwat devan l. Se pa t lalwa nou te obsève, paske pa gen okenn moun Bondye ap deklare dwat devan l paske li fè sa lalwa mande.

17 Men, si n ap chache pou Bondye deklare nou dwat devan l sou baz relasyon nou ak Kris, sa vle di nou se pechè tou, menm jan ak moun ki pa Juif yo. Èske sa ta vle di Kris la ap ankouraje peche pou sa? Non, se pa vre! 18 Paske si pou m ta ap eseye fè moun ki pa Juif yo obsève lalwa pou yo sove, epi m gentan fin kraze panse sa a deja, se lè sa a mwen montre mwen se yon moun k ap vyole lalwa. 19 Paske, pa mwayen lalwa, mwen mouri kanta lalwa, poutèt pou m ka viv pou Bondye. Mwen te mouri sou kwa a ansanm ak Kris. 20 Konsa, nou wè m ap viv, men se pa mwen k ap viv, se Kris k ap viv nan mwen. M ap viv nan kò a, se paske pitit Bondye a renmen m, li bay lavi l pou mwen epi mwen mete konfyans mwen nan li. 21 Mwen chwazi pou m pa meprize favè Bondye fè m nan. Paske, si se ta lè yon moun fè sa lalwa mande li dwat devan Bondye, enben, nou ta mèt di Kris pa t bezwen mouri.

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International