M’Cheyne Bible Reading Plan
Jezi ak Nikodèm
3 Te gen yon nonm yo te rele Nikodèm, youn nan Farizyen yo. Se te yon lidè Jwif. 2 Yon lè, nan lannuit, li vin kote Jezi epi li di li: “Mèt, nou konnen ou se yon pwofesè Bondye voye. Paske pèsonn pa kapab fè mirak sa yo ou ap fè a, si Bondye pa avèk li.”
3 Jezi reponn li: “Mwen di w verite a, si yon moun pa fèt yon lòt fwa,[a] li p ap kapab antre nan wayòm Bondye a.”
4 Nikodèm reponn: “Kòman yon nonm ki fin granmoun kapab fèt yon lòt fwa? Èske l ta kapab retounen nan vant manman l pou l ta fèt yon lòt fwa?”
5 Jezi reponn: “Mwen di w verite a, si yon moun pa fèt nan dlo ak nan Sentespri a, li p ap kapab antre nan wayòm Bondye a. 6 Sèl lavi paran yon moun kapab ba li se lavi fizik. Men, lavi Sentespri bay la se nan Lespri li soti. 7 Pa sezi poutèt mwen di w fòk ou fèt yon lòt fwa. 8 Van soufle nan direksyon l vle. Ou tande l, men ou pa konnen ni kote l soti ni kote l prale. Se menm bagay pou nenpòt moun ki fèt nan Sentespri a.”
9 Nikodèm mande Jezi: “Kòman sa kapab fè fèt?”
10 Jezi di Nikodèm: “Ou se yon gwo pwofesè nan peyi Izrayèl, epi ou pa konnen bagay sa yo? 11 Mwen di w sa franchman, nou pale sa nou konnen, nou temwanye sa nou wè, men nou menm pèp Izrayèl, nou pa resevwa temwanyaj nou. 12 Mwen pale avèk ou sou bagay latè, men ou pa kwè mwen. Alò kijan ou ka fè kwè si m ta pale w sou bagay ki nan syèl la? 13 Pèsonn pa janm monte nan syèl, eksepte moun ki te desann soti nan syèl la, Pitit Lòm nan.
14 Menm jan Moyiz te leve sèpan[b] an nan dezè a, se konsa yo dwe leve Pitit Lòm nan tou. 15 Konsa nenpòt moun ki kwè nan li va gen lavi etènèl.”[c]
16 Paske Bondye tèlman renmen lemonn, li bay sèl Pitit li a, konsa nenpòt moun ki kwè nan li, p ap peri, men li gen lavi etènèl. 17 Bondye voye Piti li a nan lemonn, Li pa t voye l pou l jije lemonn, men pou l sove lemonn. 18 Moun ki kwè nan Pitit Bondye a, yo p ap kondane. Men moun ki pa kwè, yo deja kondane, paske yo pa kwè nan sèl Pitit Bondye a. 19 Men sa k fè yo kondane: Limyè a te vini nan lemonn. Men, yo pa vle limyè[d] a. Yo pito fènwa, paske y ap fè sa ki mal. 20 Nenpòt moun k ap fè sa ki mal rayi limyè a. Yo p ap vin jwenn limyè a, paske limyè a ap devwale tout move zèv y ap fè. 21 Men, moun k ap pratike verite a yo vini nan limyè a. Alò limyè a ap devwale tout sa yo te fè nan obeyi Bondye.
Jezi ak Janbatis
22 Apre sa, Jezi te ale nan rejyon Jide ak disip li yo. Li rete la avèk disip li yo epi li t ap batize moun. 23 Janbatis t ap batize moun tou nan zòn Enon, yon kote toupre Salim, paske te gen anpil dlo la. Anpil moun te ale la pou yo te ka batize. 24 Se te anvan yo te mete Janbatis nan prizon.
25 Kèk nan disip Janbatis yo te nan yon diskisyon ak yon Jwif sou abitid[e] pirifikasyon Jwif yo. 26 Alò, yo te vin jwenn Janbatis epi yo di li: “Mèt, ou sonje nonm nan ki te avèk ou lòtbò rivyè Jouden an? Se de li ou t ap pale tout moun nan. Li menm l ap batize moun tou, epi tout moun fin al jwenn li.”
27 Janbatis reponn: “Pa gen pèsonn ki ka resevwa anyen, si Bondye pa ba li l. 28 Nou menm, nou ka sèvi m temwen, m te di se pa mwen ki Kris la. Men, Bondye voye m prepare chemen pou Kris la. 29 Lamarye se pou lemarye. Zanmi k ap ede lemarye a, li sèlman kanpe ap tann epi l ap tande. Li kontan jis pou li tande lemarye k ap pale. Se sa ki fè kè m kontan konsa a. 30 Li gen pou li vin pi enpòtan chak jou, epi mwen menm mwen gen pou m vin mwen enpòtan.[f]
Moun ki vini soti nan syèl la
31 Moun ki vini soti anwo a pi gran pase tout moun. Moun ki soti anba se moun latè li ye. Li pale sou bagay latè. Men moun ki soti nan syèl la pi gran pase tout moun. 32 Li rann temwanyaj konsènan sa l wè ak sa l tande. Men, pèsonn pa resevwa temwanyaj li. 33 Nenpòt moun ki aksepte temwanyaj li a, li rekonèt sa Bondye di se verite a. 34 Bondye voye Kris la epi li fè konnen sa Bondye di. Bondye ba li tout pouvwa Sentespri a. 35 Papa a renmen Pitit la, li ba li pouvwa sou tout bagay. 36 Nenpòt moun ki kwè nan Pitit la gen lavi etènèl. Men moun ki pa obeyi Pitit la p ap janm gen lavi sa a. Pa gen chape pou yo anba kòlè Bondye.”
Yon benediksyon espesyal nan lavi Pòl
12 Fò m kontinye vante tèt mwen, menmsi m pa wè sa l ap itil. Kanmenm mwen vle pale sou vizyon yo ak revelasyon yo ki soti nan Senyè a. 2 Mwen konnen yon kretyen[a] ki te monte jis nan twazyèm syèl. Èske se te nan kò li oubyen èske se san kò li? Mwen pa konnen, men Bondye konnen. Sa gentan gen 14 zan depi l pase. 3-4 Wi, mwen konnen nonm sa a te rive jis nan paradi. Mwen pa konnen si se nan kò li oubyen si se san kò li. Men gen bagay li tande li pa menm ka eksplike, ni li pa gen dwa repete. 5 Mwen te ka vante konsènan sa nonm sa a te viv la, men mwen p ap vante tèt mwen. Silfo pou m ta vante m, mwen t ap pito pale de feblès mwen yo.
6 Si m te vle vante tèt mwen, mwen pa kwè m t ap pi fou pase sa, paske se verite sèlman mwen t ap di. Men m p ap di plis, paske mwen pa vle okenn moun panse m pi plis pase sa yo wè m ap fè oubyen sa yo tande m ap di.
7 Wi, Senyè a fè m konnen bagay ekstraòdinè ki te ka fè m anfle ak ògèy. Pou evite sa, mwen te tou resevwa yon pwoblèm nan kò m k ap fè m soufri. Se tankou yon anj Satan voye antre nan kò m pou fè m soufri epi fè m sonje mwen pa pi bon pase okenn lòt moun. 8 Pandan twa fwa mwen priye Senyè a pou l delivre m anba pwoblèm sa a. 9 Men repons li ban mwen: “Gras mwen sifi pou ou. Se sèlman lè ou fèb puisans mwen akonpli tout bagay pou kont li.” Donk, mwen prefere vante tèt mwen pou feblès mwen yo. Konsa puisans Kris la va rete nan mwen. 10 Wi, si se pou Kris, mwen aksepte ak kè kontan feblès mwen yo. Mwen aksepte ak kè kontan jouman, nesesite, pèsekisyon ak moman difisil. Rezon: lè m fèb se lè sa a m pi fò.
Pòl fè konnen sousi li gen pou legliz Korent la
11 Mwen t ap pale tankou moun fou. Se nou ki lakoz sa. Se nou menm ki ta dwe ap vante kalite m. Mwen pa vo anyen non, men gran apot nou yo pa vo plis pase m non. 12 Avèk anpil pasyans, lè m te avèk nou, mwen te fè tout sa ki pwouve mwen se yon apot. Te gen tout kalite mirak, siy ak pwodij yon apot. 13 Kisa m te fè pou lòt legliz yo m pa fè pou nou? Wi, yon sèl bagay: mwen pa t vle tounen yon fado pou nou nan kesyon lajan. Mwen mande padon pou sa!
14 Tande non, mwen pare pou m vini lakay nou pou yon twazyèm fwa; menm lè sa a tou, mwen toujou pa vle yon fado pou nou. Lajan nou pa enterese m, se nou menm ki enterese m. Epi tou se pa pitit ki dwe ap sere kòb pou bay paran yo, se paran yo ki dwe ap sere kòb pou bay pitit yo. 15 Kanta pou mwen, mwen t ap kontan depanse tout sa m genyen pou nou. Mwen prèt pou m menm bay tèt mwen pou nou. Èske lè m mwen renmen nou pi plis, sa ap fè nou renmen m mwens?
16 Li klè mwen pa t mete yon fado sou nou. Men gen kèk nan nou ki panse mwen pa t fran, mwen pran nou nan pyèj. 17 Èske mwen eksplwate nou pa mwayen mesye mwen voye lakay nou yo? 18 Mwen te ankouraje Tit ak yon lòt frè mwen te voye ak li pou vizite nou. Di m non, èske Tit te eksplwate nou? Èske li pa t aji avèk onètete, menm jan avèk nou? Èske li pa t swiv tras nou?
19 Mwen espere ou pa panse se tèt nou n ap chache defann devan w. Non, nou di tout bagay sa yo antan sèvitè Kris la ak Bondye kòm temwen nou. Se zanmi w nou ye. Donk, tout sa nou di, se pou ede w grandi. 20 Mwen pè pou lè m vini, pou m pa ta jwenn nou jan m ta vle a, epi pou nou pa ta jwenn mwen jan nou ta vle a. Mwen pè pou lè m vini, pou m ta jwenn kont agoch adwat, jalouzi, kòlè, lanbisyon, pale mal, tripotay, awogans ak dezòd. 21 Mwen pè pou lè m vin vizite nou ankò, pou Bondye pa imiliye m devan nou. Petèt mwen pral tris pou anpil moun ki te tonbe nan peche epi ki pa repanti. Anpil pami yo ap mennen yon lavi sal epi imoral, yo toujou ap pratike bagay ki fè moun wont.
Copyright © 2017 by Bible League International