Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

M’Cheyne Bible Reading Plan

The classic M'Cheyne plan--read the Old Testament, New Testament, and Psalms or Gospels every day.
Duration: 365 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Error: 'Egzòd 17 ' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Lik 20

Lidè Jwif yo mete otorite Jezi an dout

(Mat 21:23-27; Mak 11:27-33)

20 Yon jou, Jezi t ap anseye foul la nan tanp lan. Li t ap preche yo bòn nouvèl la. Te gen chèf prèt yo, ansanm ak Skrib yo epi lidè Jwif yo ki te kanpe toupre. Yo vin pale ak Jezi, yo di li: “Di nou kilès ki ba w otorite fè tout sa w ap fè a yo, osinon di nou kilès ki ba w otorite sa a?”

Jezi reponn, li di yo: “M ap poze nou yon kesyon tou, se pou nou reponn mwen. Ki kote batèm Janbatis la soti: bò kote Bondye oswa bò kote lèzòm?”

Lè sa a youn t ap di lòt: “Si nou reponn batèm Jan an soti nan Bondye, l ap mande nou poukisa nou pa t kwè nan mesaj li a? Men tou, si nou reponn se bò kote lèzòm batèm Jan an soti, tout pèp la ap lapide nou ak kout wòch, paske yo tout kwè Janbatis te yon pwofèt Bondye.” Konsa, yo reponn Jezi: “Nou pa konnen kilès ki te bay Janbatis otorite.”

Lè sa a, Jezi di yo: “Mwen menm non plis, mwen p ap di nou kote m jwenn otorite pou m fè bagay sa yo.”

Jezi bay yon istwa sou yon jaden rezen

(Mat 21:33-46; Mak 12:1-12)

Apre sa, Jezi rakonte pèp la parabòl sa a: “Vwala se te yon nonm ki te plante yon jaden rezen. Apre sa, li bay kèk kiltivatè jaden an de mwatye, epi li pati al fè anpil tan deyò. 10 Lè sezon rekòt la rive, mèt jaden an voye yon domestik al kote kiltivatè yo pou al chache pati pa l nan rekòt rezen an. Men, kiltivatè yo kenbe domestik la, yo bat li byen bat, epi yo voye l ale de men vid. 11 Mèt jaden an voye yon dezyèm domestik kote kiltivatè yo. Yo kenbe domestik la, yo bat li byen bat. Lè yo fini, yo joure l byen joure, apre sa, yo voye l ale de men vid. 12 Mèt jaden an voye yon twazyèm domestik kote kiltivatè yo. Fwa sa a, yo menm blese domestik la epi yo pimpe l deyò jaden an.

13 Lè sa a, Mèt jaden an di: Ki sa m dwe fè la a? M ap voye pitit gason m nan kote yo, pitit mwen renmen anpil la. Petèt, lè yo wè se pitit mwen an, y a gen respè pou li. 14 Lè kiltivatè yo wè pitit la ap vini, youn di lòt konsa: Men pitit mèt jaden an ap vini. Annou touye li, pou jaden an ka rete pou nou. 15 Konsa, kiltivatè yo trennen pitit gason mèt la soti deyò jaden an epi yo touye l.

Nan kondisyon sa a, kisa mèt jaden an pral fè kiltivatè sa yo? 16 L ap vini, l ap touye tout kiltivatè sa yo; apre sa, l ap bay lòt kiltivatè responsab jaden an.”

Lè moun yo fin tande istwa a, yo di: “Mande Bondye padon non! Yon bagay konsa pa ka rive.” 17 Men, Jezi gade yo epi li di yo: “Enben kisa pawòl sa ki ekri a vle di pou nou?

Wòch bòs mason yo te refize sèvi a,
    vin tounen wòch ki pi enpòtan nan kay la.[a]

18 Nenpòt moun ki kase pye l nan wòch sa a, ap kraze an miyèt moso, men, si se wòch la menm ki tonbe sou yon moun, l ap kraze moun nan fè farin.”

19 Lè chèf prèt yo ansanm ak Skrib tande Jezi rakonte istwa a, yo te konprann trè byen se de yo Jezi t ap pale. Konsa, yo t ap chache arete li menm kote a, men yo te pè reyaksyon pèp la.

Jezi reponn yon kesyon pyèj

(Mat 22:15-22; Mak 12:13-17)

20 Konsa, lidè Jwif yo tonbe chache jwenn okazyon pou pran Jezi nan pyèj. Yo voye espyon vin pran pòz yo sensè, pou yo ka chache pran pawòl nan bouch li pou akize l. Konsa, yo ta ka lage l nan men gouvènè a ki gen pouvwa pou arete l. 21 Espyon yo poze Jezi yon kesyon. Yo di: “Mèt, nou konnen tout sa ou ap anseye yo se verite a. Ou pa gade sou figi moun; men, ou toujou anseye verite Bondye a kòm sa dwa. 22 Di nou, èske l legal pou nou kontinye peye taks bay Seza, wi ou non?”

23 Men Jezi te konnen se nan pyèj mesye yo t ap chache pran li, li di yo: 24 “Montre m yon pyès lajan. Foto ki moun ak non ki moun ki sou li?”

Yo reponn li: “Seza.”

25 Apre sa, Jezi di yo: “Enben, bay seza sa k pou Seza, epi bay Bondye sa k pou Bondye.”

26 Mesye yo pa t ka resi jwenn anyen ki mal nan bouch li pou akize l devan pèp la. Okontrè, repons li yo te etone yo. Yo pa t ka menm louvri bouch yo di yon mo.

Kèk Sadiseyen ap chache pyeje Jezi

(Mat 22:23-33; Mak 12:18-27)

27 Sadiseyen yo se yon gwoup moun ki di moun mouri pa ka leve ankò. Kèk nan yo vin kot Jezi pou poze l kesyon. 28 Yo di: “Mèt, Moyiz te ekri lwa sa a pou nou: Si yon mesye marye mouri li san l pa t gentan gen pitit ak madanm li, yon lòt frè oblije marye ak vèv la, pou l ka fè yon pitit pou frè ki mouri a.[b] 29 Vwala te gen sèt frè. Premye a marye ak yon fi, apre sa li mouri san kite pitit. 30 Dezyèm nan marye ak vèv la, epi li mouri tou san kite pitit. 31 Twazyèm nan menm jan. Konsa konsa, tout sèt frè yo marye ak fi a epi yo tout mouri san kite pitit. 32 Finalman, fi a mouri tou. 33 Poutèt fi sa a te madanm tout sèt frè yo, nou ta renmen konnen lè rezireksyon an, madanm kilès l ap ye?

34 Jezi reponn Sadiseyen yo: Jounen jodi a sou latè, fanm ak gason marye. 35 Men, moun ki gen pou resisite yo epi viv nan lòt lavi ki gen pou vini an p ap nan koze marye. 36 Nan lòt lavi a, moun ap tankou anj yo. Li p ap posib pou yo mouri ankò. Se pitit Bondye yo ye, paske yo leve vivan nan lanmò. 37 Lè Moyiz te devan touf bwa ki t ap boule a nan dezè a,[c] Moyiz fè nou wè byen klè moun mouri leve paske li rele Senyè a, Bondye Abraram lan, Bondye Izaak la ak Bondye Jakòb la. 38 Bondye pa Bondye moun mouri. Se Bondye moun ki vivan li ye. Paske tout moun, kit yo mouri ou non, you toujou vivan pou Bondye.”

39 Kèk nan Skrib yo reponn, yo di: “Mèt, ou byen pale.” 40 Apre sa, pèsonn moun pa t santi l brav ase pou poze l kesyon ankò.

Èske Mesi a se pitit David?

(Mat 22:41-46; Mak 12:35-37)

41 Apre sa, Jezi di yo: “Pouki sa moun di Mesi a se pitit David li ye? 42 Se David menm ki di nan liv Sòm yo:

Senyè Bondye di Senyè mwen:
Chita sou bò dwat mwen,
43     jouktan m fè lènmi w yo
    tonbe anba pouvwa w.[d][e]

44 Si David rele Mesi a Senyè, kijan li ta ka fè pitit David ankò?”

Avètisman konsènan Doktè Lalwa yo

(Mat 23:1-36; Mak 12:38-40; Lik 11:37-54)

45 Pandan tout pèp la t ap koute Jezi k ap pale, li di disip li yo konsa: 46 “Pran prekosyon avèk Doktè Lalwa yo. Yo menm ki renmen fè parad ak gwo wòb long sou yo. Yo menm ki renmen lè moun bese byen ba pou salye yo sou plas piblik, ki renmen plas devan nan sinagòg ak plas rezève nan resepsyon. 47 Epoutan, se dechèpiye y ap dechèpiye vèv yo. Yo pran kay vèv yo. Apre sa y ap blofe moun avèk yon ekip priyè byen long. Men tou, Bondye ap jije yo pi rèd pase lòt moun.”

Error: 'Jòb 35 ' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
2 Korentyen 5

Nou konnen kò nou, tankou yon tant kote n ap viv sou latè, li gen pou l detwi. Men lè sa rive, Bondye gen yon kay k ap tann nou nan syèl la. Se pa menm kalite kay ak sa lèzòm bati isit sou latè. Se yon kay ki nan syèl la, k ap dire pou tout tan. Konsa, pandan nou nan tant sa a, n ap soupire. Dezi kè nou se pou nou al abite nan kay nou ki nan syèl la. Nouvo kò a ap tankou yon rad nèf nou mete sou nou. Konsa nou p ap toutouni. Pandan n ap viv nan tant sa a, nou gen gwo fado epi se plenn n ap plenn. Sa pa vle di nou vle retire tant sa a voye jete, men nou ta vle mete rad abitasyon selès la sou tant sa a. Lè sa a, kò sa a k ap mouri a pral vin kouvri ak lavi. Se Bondye li menm ki prepare tout sa pou nou. Li ban nou Sentespri a se tankou yon avalwa sou sa nou gen pou resevwa pita.

Konsa, nou kapab toujou gen konfyans, menm si nou konnen pandan n ap viv nan kò sa a, nou pako nan prezans Senyè a. Nou viv lavi nou dapre sa nou kwè, men se pa dapre sa nou kapab wè. Wi, mwen di nou gen konfyans. Anverite, m ta prefere kite kò sa a epi ale lakay mwen ak Senyè a. Objektif nou, se pou nou toujou fè Bondye plezi kit n ap viv isit nan kò sa kit nou parèt nan prezans li. 10 Nou tout gen pou parèt devan tribinal Kris la. Chak moun gen pou resevwa rekonpans pa yo selon aksyon te komèt, swa byen swa mal, jan yo t ap viv pandan yo te nan kò sa a.

Nou se anbasadè Bondye

11 Nou konnen sa sa vle di gen krentif pou Bondye. Konsa, nou fè sa nou kapab pou ede lòt moun aksepte verite a. Bondye konnen ki kalite moun nou ye, epi mwen espere nan fon kè w ou konnen ki moun nou ye tou. 12 Nou p ap chache vante tèt nou ankò. Men n ap di w tout sa pou nou ka ba w yon okazyon pou santi w fyè de nou. Konsa ou ap gen yon repons solid pou moun ki kwè anpil nan aparans. Sa k nan kè yon moun pa enterese yo. 13 Si moun wè nou tankou moun fou se pou Bondye nou fou. Si tèt nou dwat se pou ou menm. 14 Lanmou Kris la ranpli kè nou, paske nou konnen yon sèl moun mouri pou tout moun. Sou baz sa a, se nou tout ki te mouri. 15 Li te mouri pou tout moun, poutèt pou moun k ap viv pa viv pou pwòp tèt pa yo ankò. Li te mouri pou yo epi li resisite pou yo ka viv pou li.

16 Konsa, nou sispann gade moun ak menm je lèzòm gade moun. Se vre, se konsa nou te konnen Kris la nan tan pase. Men nou pa panse konsa ankò. 17 Donk, si yon moun fè yon sèl ak Kris la, li tounen yon lòt moun. Bagay lontan yo pase, kounye a tout bagay vini nouvo! 18 Tout sa soti nan Bondye: Li rekonsilye nou ak li menm pa mwayen Kris la. Li ba nou travay pou fè lòt moun vin rekonsilye avè l. 19 Wi, se Bondye li menm ki rekonsilye lemonn avèk limenm pa mwayen Kris la. Nan Kris la, Bondye pase yon trè sou peche nou yo. Apre sa li ba nou mesaj rekonsilyasyon an. 20 Konsa, nou se anbasadè Kris la. Bondye sèvi ak nou pou l rele lòt moun. Se nan non Kris la nou pale, n ap chache konvenk moun pou yo retounen byen ak Bondye ankò. 21 Kris la pa t janm fè peche, men Bondye te fè l vin tounen peche poutèt nou menm. Konsa, kounye a, pa mwayen Kris la, Bondye deklare nou inosan.

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International