Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

M’Cheyne Bible Reading Plan

The classic M'Cheyne plan--read the Old Testament, New Testament, and Psalms or Gospels every day.
Duration: 365 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Error: 'Jenèz 32 ' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Mak 3

Jezi geri yon nonm yon jou saba

(Mat 12:9-14; Lik 6:6-11)

Yon lòt fwa ankò, Jezi antre nan sinagòg la. Te gen yon nonm ki te gen yon men l paralize ki te la nan sinagòg la. Kèk moun ki te la t ap veye Jezi byen pou wè si Jezi ta geri nonm nan jou saba a, pou yo ta jwenn yon bagay pou akize l. Jezi di nonm ki te gen men paralize a: “Kanpe nan mitan pou tout moun ka wè w.”

Jezi mande moun yo: “Èske lalwa pèmèt nou fè bon bagay oubyen move bagay jou saba? Èske lalwa pèmèt sove lavi oubyen touye yon moun.” Yo pa reponn Jezi yon mo.

Lè sa a, Jezi gade yo ak yon kòlè melanje ak yon tristès, tèlman tèt yo te rèd. Jezi di nonm lan: “Lonje men w.” Nonm nan lonje men l, epi men l geri. Apre sa, Farizyen yo pati al jwenn Ewodyen yo, pou yo fè plan pou wè kijan ki pi fasil pou yo touye Jezi.

Anpil moun ap swiv Jezi

Jezi ak disip li yo al bò lak Galile a, epi yon foul moun ki te sòti nan Galile ak nan Jide t ap swiv yo. Te gen moun ki sòti nan Jerizalèm, nan Idime, lòt bò rivyè Jouden an ak nan zòn Tir ak Sidon ki t ap swiv li tou. Se te you gwo foul moun. Yo te vin wè Jezi paske yo te tande sa li t ap fè.

Alò Jezi di disip li yo pou yo pare yon ti bato pou li pou foul la pa ta antoure l twòp. 10 Kòm Jezi t ap fè anpil gerizon, tout moun ki te malad t ap pouse youn lòt pou yo ta kapab touche l. 11 Epi chak fwa yon move lespri wè Jezi, yo tonbe devan l epi yo tonbe rele byen fò: “Ou se Pitit Bondye a.” 12 Jezi pale avèk yo byen sevè pou yo pa di ki moun Jezi ye.

Jezi chwazi douz apot li yo

(Mat 10:1-4; Lik 6:12-16)

13 Apre sa, Jezi monte sou mòn lan, li rele moun li te vle epi yo te vin jwenn li. 14 Li chwazi douz, li rele yo apot.[a] Li chwazi yo pou yo te avèk li epi pou l te voye yo preche. 15 Jezi te chwazi yo tou pou yo te ka gen otorite pou chase demon. 16 Men non douz moun li rele apot yo.

Li bay Simon non Pyè,

17 Apre sa Jak ak Jan frè l, pitit Zebede yo li rele yo Bowanègès, ki vle di “Nonm ki mete l ankòlè kòm yon loray”,

18 Apre sa Andre,

Filip,

Batèlmi,

Matye,

Toma,

Jak pitit Alfe a,

Tade epi

Simon yo bay non Patryòt,

19 epi Jida Iskaryòt ki te trayi l la.

Puisans Jezi soti nan Bondye

(Mat 12:22-32; Lik 11:14-23; 12:10)

20 Apre sa, Jezi retounen lakay la, menm jan an ankò, you foul vin rasanble. Sa fè li menm ak disip yo pa t menm gen tan pou manje. 21 Lè fanmi Jezi yo te tande sa, yo te vin chache l, paske te gen moun ki t ap di Jezi pèdi tèt li.

22 Doktè lalwa yo ki te soti Jerizalèm t ap di: “Se Satan[b] ki nan tèt li. Se ak chèf demon an l ap chase demon.”

23 Jezi rele yo epi li pale ak yo an parabòl: “Ki jan Satan ka fè chase Satan? 24 Yon wayòm ki divize p ap rete kanpe. 25 Yon kay ki divize p ap kanpe non plis. 26 Si Satan ta leve kont pwòp tèt li, li divize, li pa ka kanpe, pouvwa l t ap fini.

27 Pèsòn pa ka antre nan kay yon nèg vanyan pou l vòlè afè l, si li pa mare l anvan. 28 An verite, m ap di nou sa byen, Bondye ap padone tout kalite peche, menm tout kalite move bagay mal yo di sou li. 29 Men kanta pou moun ki pale Sentespri a mal, peche sa a p ap jan jwenn padon.”

30 Jezi te di sa paske doktè Lalwa yo te akize l, lè yo di se yon move zespri ki te nan li.

Se disip Jezi ki vrè fanmi li

(Mat 12:46-50; Lik 8:19-21)

31 Pandan tan sa a, manman Jezi ak frè l yo te vin parèt. Yo rete deyò epi yo voye yon moun al rele l. 32 Yon foul moun te chita devan Jezi epi yo vin di l: “Men manman w, ak frè w yo ak sè[c] w yo deyò a ap chache w.”

33 Jezi reponn yo: “Ki moun ki manman m? Ki moun ki frè m ak sè m?” 34 Apre sa, Jezi gade moun ki te chita devan l yo epi li di: “Men moun ki manman m, frè m ak sè m. 35 Se moun ki fè volonte Bondye ki frè m, sè m ak manman m.”

Error: 'Estè 8 ' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Women 3

Alòs, Ki sa yon Jwif genyen anplis yon lòt moun? Ki sa sikonsizyon an itil yo? Se vre, Jwif yo gen anpil avantaj. Men sa ki pi enpòtan an: Bondye konfye yo Pwomès li yo. Se vre, kèk nan Jwif yo pa t fidèl ak Bondye. Men èske sa ap fè Bondye pa fidèl tou nan pwomès li? Swa jamè! Menm si tout moun ta enfidèl nan sa yo te pwomèt, Bondye ap toujou fidèl, l ap toujou fè sa l te di. Jan Pawòl Bondye di l la:

“Yo va jwenn ou dwat nan sa w di.
    Epi si yo ta akize w,
    w ap genyen pwosè a.”[a]

Men kijan kèk moun panse: Lè nou fè sa ki mal, sa montre aklè kijan Bondye jis. Konsa, èske n ka di Bondye pa fè byen lè l pini nou? “Pa ditou. Si Bondye pa fè sa ki byen, kijan l ta ka jije lemonn?”

Yon moun ta ka di: “Lè m bay manti, sa bay Bondye glwa vrèman, paske manti m nan fè verite a Bondye a parèt yon jan fasil. Lè sa a, poukisa Bondye jije m kòm pechè?” Epi, poukisa n pa di: “Ann fè sa ki mal pou sa ki byen ka rive?” Anpil moun ap pale nou mal, y ap di se sa n ap anseye. Moun sa yo antò, yo ta byen merite kondane pou sa.

Alò, èske nou menm Jwif, nou ta pi mal pase lòt moun yo? Non, nou te di deja, sa yo ki Jwif, menm jan ak sa yo ki pa Jwif, yo tout anba pouvwa peche.

Tout moun koupab

10 Jan Pawòl Bondye di sa a:

“Pa gen yon moun ki fè sa ki dwat,
    pa menm yon sèl.
11 Pa gen yon moun ki konprann,
    pa gen yon moun ki vle swiv Bondye.
12 Yo tout vire do kite l,
    yo tout pran move chemen.
Pa gen youn ki fè sa ki byen
    pa menm yon sèl.”[b]
13 “Bouch yo se yon kavo tou louvri.
    Yo sèvi ak lang yo pou bay manti pou twonpe moun.”[c]
“Lang yo se menm jan ak yon pwazon ki soti nan sèpan.”[d]
14     “Bouch yo plen ak malediksyon mele ak pawòl di.”[e]
15 “Yo toujou prèt pou touye moun.
16     Tout kote yo pase,
    yo simen la twoublay ak destriksyon.
17 Yo pa konnen kijan pou yo viv nan lapè.”[f]
18     “Yo pa gen okenn krent ni respè pou Bondye.”[g]

19 Nou konnen sa Lalwa di se pou moun ki anba Lalwa. Sa fè pèsòn pa gen eskiz, lemonn antye anba jijman Bondye. 20 Poukisa? Se paske pratike sa Lalwa di pa fè okenn moun vin jis devan Bondye. Okontrè, Lalwa montre nou peche nou sèlman.

Kòman Bondye fè moun vin jis

21 Men kounye a, Bondye montre nou kijan li fidèl epi li jis. Se vre, lè Lalwa Moyiz la, ansanm ak pwofèt yo, yo te di sa gen pou rive, men fason li aji pa gen anyen pou wè ak Lalwa. 22 Fidelite Jezikris[h] fè nou konnen kijan Bondye bon epi fidèl. Sa a se pou tout moun ki mete konfyans yo nan li. M di tout moun, paske pou Bondye, tout moun se menm, li pa fè okenn diferans. 23 Wi, tout moun fè peche, yo pa merite pataje laglwa prezans Bondye. 24 Men Bondye deside fè nou tout gras nan delivre nou anba peche, pa mwayen Jezikris. 25-26 Bondye ofri Jezi kòm yon mwayen pou l padone peche moun. Li te rive fè sa paske Jezi te rete fidèl jiska lafen. San l te koule epi li mouri sou kwa a pou chak moun. Sa montre kijan Bondye bon epi fidèl nan reyalize pwomès li te fè. Li te fidèl nan tan pase yo, li pa t pini moun poutèt peche yo. Li montre sa, nan tan pa nou an tou, kijan li fidèl nan kenbe pwomès li. Lè l bay Jezi kòm ofrann, se montre l montre kijan li jis epi kijan li aksepte moun ki patisipe nan fidelite Jezi a tankou moun ki jis.

27 Konsa, pou noumenm Jwif, kisa ki rete pou fè fyète nou? Anyen. Bondye fèmen pòt tout fyète pou Jwif yo. Ki lwa ki di sa? Lalwa ki egzije zèv yo? Non, se lalwa ki mande pou n gen lafwa a. 28 Mwen vle di, nou vin moun Bondye aksepte pa mwayen lafwa nou, men se pa poutèt sa nou fè nan swiv lalwa. Se sa nou kwè. 29 Oubyen, èske Bondye se Bondye Jwif yo sèlman? Èske n panse Bondye pa Bondye pèp ki pa Jwif yo tou? Wi, li se Bondye pèp ki pa Jwif yo tou. 30 Poutèt nou dakò se yon sèl Bondye ki genyen. Epi li p ap aksepte Jwif[i] ki gen lafwa kòm moun ki jis devan l sèlman, men l ap aksepte moun ki pa Jwif[j] yo ki gen lafwa, kòm moun ki jis devan l tou. 31 Lè sa a, èske lafwa ranplase Lalwa? Paditou! Okontrè, sa m di la a, li konfime sa Lalwa vle fè.

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International