Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

M’Cheyne Bible Reading Plan

The classic M'Cheyne plan--read the Old Testament, New Testament, and Psalms or Gospels every day.
Duration: 365 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Error: 'Jenèz 29 ' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Matye 28

Jezi leve vivan soti nan lanmò

(Mak 16:1-8; Lik 24:1-12; Jan 20:1-10)

28 Nan demen apre jou Saba a, dimanch maten byen bonè, Mari, moun Magdala a, ak lòt Mari a te fè yon pase gade kavo a.

Sanzatann, tè a pran tranble byen fò paske yon anj Senyè a te desann sot nan syèl. Li woule wòch ki te bouche kavo a, epi l chita sou li. Li te briye tankou yon kout zèklè, epi rad sou li te parèt blan tankou nèj. Sòlda yo t ap tranble epi yo te vin tankou mò, tèlman yo te pè.

Anj lan pale ak medam yo, li di yo: “Nou pa bezwen pè. M konnen n ap chache Jezi, moun yo te klouwe sou kwa a, men li pa isit la. Li resisite jan l te di a. Vin wè kote kadav la te kouche a. Apre sa kouri vit al di disip li yo, Jezi resisite. Li pran devan, l al tann nou Galile, se la n a wè li, jan li te di nou an.”

Medam yo te kite kavo a touswit. Yo te pè, anmenmtan yo te kontan anpil, epi yo pa t ka tann pou yo te bay disip yo nouvèl la. Yo rete konsa, yo wè Jezi parèt devan yo. Li di yo: “Bonjou!” Yo pwoche bò kote l, yo kenbe pye li, epi yo adore l. 10 Apre sa Jezi di yo: “Nou pa bezwen pè! Ale di frè[a] m yo pou y al Galile. Se la yo va wè mwen.”

Rapò sòlda yo

11 Pandan medam yo sou wout pou y al bay disip yo nouvèl la, kèk nan sòlda yo t ap antre lavil la pou y al bay chèf prèt yo rapò sou sa k pase a. 12 Chèf prèt yo rankontre ak lòt lidè yo, epi yo fè yon plan. Yo bay sòlda yo yon bon sòm lajan, 13 epi yo di yo: “Di pèp la: disip Jezi veye nan nuit pandan n ap dòmi, epi yo vin vòlè kò a. 14 Si pawòl la tonbe nan zòrèy gouvènè a, nou mèt kite sa sou kont nou. N ap konvenk li de inosans nou.” 15 Sòlda yo pran lajan yo. Yo fè egzateman jan chèf prèt yo te mande pou yo fè. Jis jodi a, se konsa istwa a sikile pami Juif yo.

Jezi parèt devan disip li yo

(Mak 16:14-18; Lik 24:36-49; Jan 20:19-23; Trav 1:6-8)

16 Onz disip yo ale Galile sou tèt mòn Jezi te pran randevou avè yo a. 17 Lè yo wè li, yo adore l, menmsi kèk ladan yo te gen dout. 18 Jezi pwoche bò kote yo, li di: “Mwen resevwa tout pouvwa nan syèl la tankou sou tè a. 19 Ale fè disip nan tout nasyon yo, epi batize yo nan non Papa a, Pitit la ak Sentespri a. 20 Aprann yo fè tout sa m te ban nou lòd fè. Epi sonje: m ap toujou avèk nou jiska lafendimonn.”

Error: 'Estè 5 ' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Travay 28

Pòl sou zile Malta

28 Lè nou te vin ansekirite sou zile a, nou te aprann zile a te rele Malta. Moun ki te rete la, yo te byen janti avèk nou. Lapli t ap tonbe epi li te fè frèt. Konsa, yo te fè yon gwo dife pou yo te resevwa nou. Pòl te rasanble yon bann branch bwa chèch pou l met nan dife a. Pandan l ap mete branch bwa yo nan dife a, chalè dife a fè yon koulèv vipè ki te nan branch yo te marande nan men Pòl epi li mòde li. Lè moun ki t ap viv sou zile a te wè koulèv la kole nan men Pòl, yo di konsa: “Se sèten, nonm sa a se yon nonm ki konn touye moun! Li pa t mouri nan lanmè a, men dye ki konn fè jistis la pa ba l chans pou l viv.”

Men Pòl sekwe koulèv la jete nan dife a epi li pa t gen anyen. Moun yo t ap tann pou Pòl vin anfle epi pou l te tonbe mouri. Yo te t ap gade li epi yo t ap tann pandan lontan, men pa t gen anyen mal ki te rive Pòl. Lè sa a, yo te vin chanje sa yo te panse. Yo te di: “Misye se yon dye!”

Tou pre a, te gen yon pwopriyete ki te pou Pibliyis, pi gwo sitwayen zòn nan. Li te resevwa nou tankou zanmi epi li te ban nou kote pou nou fè ladesant. Li te fè sa pandan twa jou. Papa Pibliyis te kouche malad ak la fyèv ak disantri. Pòl te antre lakay li, li priye pou li, li poze men l sou li, epi li geri l. Lè sa a tout moun ki te malad sou zile a te vin jwenn Pòl, epi Pòl geri yo.

10-11 Moun yo te montre anpil respè pou nou. Lè lè a rive pou nou pati, yo ban nou tout sa nou te gen bezwen pou vwayaj la.

Pòl ale a Wòm

Apre twa mwa, nou pati sou yon bato ki te sot Aleksandri. Devan bato a te gen yon siy, se te siy non Bato a “De dye Jimo”[a] ki te pase move tan an sou zile a. 12 Nou rive nan Sirakiz epi nou rete la pandan twa jou. 13 Apre sa, nou swiv kot la rive yon kote yo rele Regyo; yon van sid vin leve nan denmen. Nan de jou nou te rive Pouzòl 14 kote nou jwenn plizyè kretyen ki mande nou pou n rete pase sèt jou avèk yo. Se konsa nou te rive lavil Wòm. 15 Frè ak sè yo nan lavil Wòm te tande pale de nou epi yo te soti pou vin rankontre nou nan yon mache ki nan zòn Apiyis[b] ak Twa Otèl.[c] Lè Pòl te wè kretyen sa yo, li remèsye Bondye epi li te santi l ankouraje.

Pòl nan lavil Wòm

16 Lè nou rive lavil Wòm, yo te bay Pòl pèmisyon pou l te viv pou kont li. Men te gen yon sòlda ki te dwe rete avè l pou siveye l.

17 Apre twa jou, Pòl te envite lidè Jwif yo lakay li. Lè yo te fin reyini ansanm, Pòl di yo, “Frè yo, mwen pa fè anyen ki mal kont pèp nou an oubyen kont koutim zansèt nou yo. Men yo arete m nan Jerizalèm epi yo livre m bay women yo. 18 Mesye yo te poze m anpil kesyon, men yo pa t jwenn yon rezon valab pou touye m, konsa, yo te vle lage m. 19 Men Jwif yo pa t dakò sa. Konsa mwen mande pou m vini Wòm pou plede koz mwen devan Seza. Sa pa vle di m ap akize pèp mwen an kòm si yo ta fè move bagay. 20 Se poutèt sa mwen te vle wè nou epi pale avèk nou. Mwen nan chenn sa a paske mwen kwè nan esperans Izrayèl genyen.”

21 Jwif yo reponn li, “nou pa jwenn okenn lèt ki soti Jide ki pale nou de oumenm. Pa gen menm youn nan kòlèg Jwif yo ki vwayaje soti laba a ki ta pote kèk enfòmasyon sou ou ki ta di yon move bagay sou ou. 22 Nou ta renmen tande sa oumenm ou panse. Se vre, toupatou gen moun k ap pale nouvo gwoup sa a mal.”

23 Pòl chwazi yon jou ak Jwif yo pou yo pale, men jou sa a pi plis Jwif ankò te vini lakay Pòl. Depi maten rive jouk aswè, Pòl t ap eksplike yo epi li t ap preche yo wayòm Bondye a avèk fòs. Li pale yo de Jezi epi li t ap eseye konvenk yo. Pou sa, li te itilize Lalwa Moyiz la ak pwofèt yo pou l te ankouraje yo kwè nan Jezi, men yo pa t kwè. 24 Te gen kèk nan Jwif ki te kwè nan sa Pòl te di, men lòt yo pa t kwè. 25 Lè a te rive pou yo pati, men yo pa t dakò youn ak lòt. Pòl te sèlman di mesye yo: “Sa Sentespri a te di sou zansèt nou yo pa mwayen pwofèt Ezayi a se verite a:

26 Ale kote pèp sa a epi di li:
Ou ap koute sou koute,
    men ou p ap konprann anyen.
Ou ap gade sou gade,
    men ou p ap wè anyen.
27 Kè pèp sa a vin tounen zanpoud.
    Yo bouche zòrèy yo pou yo pa tande,
    yo fèmen je yo pou yo pa wè.
Si kè yo pa t tounen zanpoud
    yo ta wè ak je yo,
    yo ta tande ak zòrèy yo,
yo ta konprann, yo ta tounen vin jwenn mwen,
    mwen ta geri yo.[d]

28 Mwen vle fè nou konnen sa, nou menm Jwif, Bondye voye delivrans li a bay moun ki pa Jwif yo. Yo menm y ap koute!” 29 [e]

30 Pòl te rete pase de zan plen nan yon kay li te lwe limenm. Se la li te resevwa tout moun ki te vin rann li vizit. 31 Li t ap preche wayòm Bondye a epi li t ap prezante Jezikris avèk anpil asirans ak tout libète.

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International