M’Cheyne Bible Reading Plan
Parabòl dis jèn fi yo
25 Nan jou sa a, wayòm Bondye a ap tankou dis demwazèldonè ki te dwe al rankontre mesye marye a ak lanp yo pou yo ka klere chemen pwosesyon an pou li. 2 Senk ladan yo se te tèt cho, lòt senk yo te gen tèt yo anplas. 3 Medam tèt cho pran lanp yo se vre, men yo pa t pran pyès gaz rezèv. 4 Lòt senk medam yo, non sèlman yo te pote lanp, men yo te pote boutèy gaz yo tou. 5 Kòm mesye marye a pran tan pou rive, medam yo vin kagou epi yon ti dòmi vòlè yo.
6 A minwi, gen yon vwa ki anonse byen fò: Men mesye marye ap vini! Soti vin rankontre l.
7 Lè sa a tout medam yo reveye, epi yo kòmanse prepare lanp yo. 8 Kounye a, medam tèt cho yo di lòt medam yo: Ban nou ti gaz tanpri, lanp nou yo ap mouri!
9 Medam ki te gen tèt anplas yo reponn: Non, gaz nou genyen p ap ase pou nou tout. Al achte nan men machann yo.
10 Pandan medam tèt cho yo sou wout pou y al achte gaz, mesye marye a rive. Medam ki te pare yo antre nan sal bankè nòs la. Apre sa, yon responsab fèmen pòt la.
11 Lè lòt medam ki t al achte gaz yo retounen, yo kòmanse sipliye mesye marye a pou ouvri pou yo: Senyè, SENYÈ, ouvri pou nou!
12 Men li reponn yo: An verite, m pa konnen nou!
13 Konsa, nou dwe toujou pare, paske nou pa konnen ni ki jou, ni ki lè Pitit Lòm nan ap retounen.
Yon istwa sou twa sèvitè
(Lik 19:11-27)
14 Wayòm syèl la se tankou yon nonm ki ap pati pou yon vwayaj byen long. Li rele sèvitè li yo pou l ba yo responsab tout byen li genyen. 15 Li gade sou kapasite chak moun pou l konn ki kantite byen pou l bay yo responsab. Li rele yon premye li ba li senk sak lajan.[a] Li rele yon dezyèm, li ba li de sak. Li bay yon twazyèm yon sak. Apre sa li pati. 16 Sèvitè ki te resevwa senk sak lajan an pa t pèdi tan pou l te kòmanse fè l travay. Li fè yon benefis menm gwosè ak manman lajan an. 17 Sèvitè ki te resevwa de sak lajan an fè benefis de lòt sak. 18 Poutan, sèvitè ki te resevwa yon sèl sak lajan an fouye yon twou li sere lajan mèt li te ba l responsab la anba tè.
19 Apre yon bon tan deyò, mèt la retounen epi l rele sèvitè l yo pou yo vin ba l rapò. 20 Sèvitè ki te resevwa senk sak lajan an vini ak senk sak anplis. Li di: Mèt, ou te ban m responsab senk sak, men senk sak benefis mwen fè.
21 Mèt la di li: Konpliman, ou se yon bon sèvitè, yon sèvitè fidèl! Poutèt ou te fidèl nan ti bagay mwen pral ba w responsab anpil gwo bagay. Vin rejwi ak mèt ou!
22 Sèvitè ki te resevwa de sak la vini ak de lòt sak anplis. Li di: Mèt, ou te bann responsab de sak, men de lòt sak benefis mwen fè.
23 Mèt la di li: Konpliman, ou se yon bon sèvitè, yon sèvitè fidèl. Poutèt ou te fidèl nan ti bagay mwen pral ba w responsab anpil gwo bagay. Vin rejwi ak mèt ou!
24 Sèvitè ki te resevwa yon sèl sak lajan an vini. Li di mèt la: Mwen te konnen ou se nèg ki di. Ou rekòlte kote w pa t simen grenn. Ou ranmase fwi kote w pa t plante. 25 Mwen te pè. Konsa mwen te sere lajan w nan anba tè. Men lajan w, mwen pot tounen ba ou!
26 Mèt la reponn li: Ou se yon sèvitè mechan epi w parese! Ou te konnen m rekòlte kote m pa t simen grenn, m ranmase fwi kote w pa t plante, 27 pouki ou pa t met lajan m nan labank? Konsa, m ta jwenn yon ti enterè sou li.
28 Pran lajan an nan men l bay sèvitè ki fè lajan an rapòte dis (10) fwa plis la. 29 Wi, moun ki byen sèvi ak sa l gen nan men l ap resevwa plis toujou. Epi li p ap manke anyen! Men moun ki mal sèvi ak sa l gen nan men l, y a wete nan men l tout ti sa l te genyen. 30 Pran voryen an, voye l deyò nan fènwa a kote ki pral gen rèl ak manje dan.
Pitit Lòm nan gen pou jije tout moun
31 Lè Pitit Lòm nan vini ak tout otorite l ansanm ak tout anj li yo, l ap chita sou yon twòn ki montre tout glwa li. 32 Apre sa tout nasyon sou latè pral rasanble devan li. L ap separe yo youn ak lòt, menm jan yon bèje separe mouton ak kabrit. 33 L ap mete mouton yo sou bò dwat li, l ap mete kabrit yo sou bò gòch li.
34 Apre sa wa a pral di moun ki sou bò dwat li yo: Vin non, nou menm moun Papa m beni. Vin pran posesyon wayòm Papa m te prepare pou nou an depi nan kòmansman. 35 Wayòm nan se pou nou, paske lè m te grangou nou te bann manje. Lè m te swaf, nou te bann bwè. Lè m te etranje nan lari, nou te resevwa m lakay nou. 36 Lè m te touni nou te bann rad. Lè m te malad, nou te pran swen m. Lè m te nan prizon, nou te vizite m.
37 Lè sa a moun jis yo ap reponn: Senyè, ki lè nou te wè w grangou nou te ba w manje? Ki lè nou te wè w swaf, nou te ba w bwè? 38 Ki lè nou te wè w etranje nan lari, nou te resevwa w lakay nou? Ki lè nou te wè w touni nou te ba w rad? 39 Ki lè nou te wè w malad, nou te pran swen w? Ki lè nou te wè w nan prizon, nou te vizite w?
40 Lè sa a wa a va reponn yo: An verite, m ap di nou, chak fwa nou te fè sa pou youn nan pi piti nan frè m yo, se pou mwen nou te fè l.
41 Apre sa l ap di sa k sou bò gòch li yo: Rale kò nou sou mwen, bann moun modi! Ale nan dife lanfè ki te prepare pou dyab la ak anj li yo. 42 Lè m te grangou nou pa t bann manje. Lè m te swaf, nou pa t bann bwè. 43 Lè m te etranje nan lari, nou pa t resevwa m lakay nou. Lè m te touni nou pa t bann rad. Lè m te malad, nou pa t pran swen m. Lè m te nan prizon, nou pa t vizite m.
44 Lè sa a y ap reponn li: Senyè ki lè ou te grangou oswa swaf, oswa etranje nan lari, oswa touni, oswa nan prizon epi nou pa t ede w?
45 Lè sa a wa a va reponn yo: An verite, m ap di nou, chak fwa nou pa t fè sa pou youn nan pi piti nan frè m yo, se pou mwen nou pa t fè l.
46 Apre sa, moun ki te renmen fè mal yo pral resevwa yon pinisyon etènèl. Moun ki jis yo pral resevwa lavi etènèl.”
Pòl mande pou l konparèt devan Seza
25 Twa jou apre Festis fin monte nan pòs gouvènè a, li fè yon vwayaj soti Sezare pou ale Jerizalèm. 2 Pandan l nan Jerizalèm, chèf prèt yo ansanm ak lidè Jwif yo pote Festis plent pou Pòl. 3 Yo mande Festis pou l fè yo yon favè, pou l voye Pòl tounen Jerizalèm. Yo te mande sa, paske yo te gen plan pou touye Pòl depi nan wout. 4 Men, Festis reponn yo: “Pòl deja nan prizon Sezare, l ap rete la. Mwen menm, m gen pou m desann Sezare byento. 5 Lidè nou yo ka toujou desann avè m. Si Pòl fè kèk bagay ki mal, yo ka toujou al pote akizasyon kont li la ba a.”
6 Apre sa, Festis pase uit a dis jou ankò nan Jerizalèm epi l desann Sezare. Nan landmen, Festis al chita nan tribinal la epi li mande sòlda yo pou yo mennen Pòl devan li. 7 Lè Pòl parèt nan tribinal la, kolonn Jwif ki te soti Jerizalèm yo te antoure l. Yo pote anpil gwo akizasyon kont li, men yo pa t ka bay okenn prèv. 8 Pou l defann tèt li, Pòl di: “Mwen pa fè anyen ki mal ni kont lalwa Jwif yo, ni kont tanp lan, ni kont Seza.”
9 Festis ki te vle fè Jwif yo plezi, li mande Pòl: “Èske w ta vle al Jerizalèm pou m jije w laba a sou baz akizasyon sa yo?”
10 Pòl reponn: “Kote m kanpe a la a, se devan tribinal Seza m kanpe. Se la pou m jije. M pa fè Jwif yo anyen ki mal, m konnen ou konn sa. 11 Si m te fè yon bagay ki kont lalwa, ki fè m merite lanmò, m dakò pou m mouri. Men tou, si akizasyon y ap pote kont mwen yo pa vre, pèsonn pa ka lage m nan men moun sa yo. Okontrè menm, m mande pou Seza tande koz mwen.”
12 Lè sa a, Festis fè yon pale ak konseye l yo epi li di Pòl: “Ou mande pou al devan Seza, ebyen ou pral devan Seza!”
Pòl parèt devan Agripa ak Berenis
13 Kèk jou apre sa, wa Agripa rive Sezare ansanm ak Berenis, sè li, yo te vin vizite Festis. 14 Yo te pase anpil jou la avèk Festis. Pandan yo te la, Festis mete yo okouran de dosye Pòl la. Li di yo: “Gen yon nonm Feliks te kite nan prizon an lè l t ap kite pòs la. 15 Lè m te monte Jerizalèm, chèf prèt yo ansanm ak lidè Jwif yo te vin fè depozisyon kont li pou akize l. Yo te menm vle m kondane l amò. 16 M te di yo: Lè yo akize yon moun de bagay ki mal, Women yo pa gen nan koutim yo pou yo remèt li bay moun pou jije li san l pa gen chans defann tèt li devan moun k ap akize l yo anvan epi pou l defann tèt li parapò ak akizasyon yo pote kont li yo.
17 Konsa, lè Jwif yo te vin isit la nan Sezare, m pa t kite tan pase. M te chita sou fotèy jijman an depi nan landmen epi mwen te mande pou yo mennen nonm nan devan m. 18 Jwif yo te pote anpil akizasyon kont li se vre, men yo pa t akize l te fè okenn krim jan m te atann yo t apral akize l la. 19 Tout akizasyon yo te pote se te bagay ki konsène pwòp relijyon yo epi sa ki konsène yon nonm yo te rele Jezi. Jezi sa a te mouri, men Pòl di li toujou vivan. 20 Kòm m pa t gen yon ide ditou sou kijan pou m ta jije yon bagay konsa, m te mande Pòl: Èske w ta vle m voye w Jerizalèm pou al jije laba a? 21 Men Pòl mande pou l konparèt devan Anperè a pito. Konsa, m pase lòd pou l rete nan prizon isit la Sezare jouktan m jwenn okazyon pou m voye l bay Seza nan lavil Wòm.”
22 Agripa di Festis: “M ta renmen tande nonm sa a tou.”
Festis reponn: “Pa gen pwoblèm, ou ap tande l demen.”
23 Vrèman vre, nan landmen, Agripa ak Berenis vini ak gwo kòtèj ansanm ak yo. Yo antre nan sal odyans la ansanm ak yon ekip chèf militè ak yon bann notab lavil la tou ansanm ak yo. Festis pase sòlda yo lòd epi yo mennen Pòl vini.
24 Festis pran lapawòl, li di: “O Wa Agripa, nou tout ki rasanble isit la, nou wè nonm sa a! Tout pèp Jwif la, kit se isit la Sezare, kit se Jerizalèm, yo pote m plent pou li. Chak fwa yo pote plent pou li, y ap rele mande pou l mouri. 25 Lè m tande li, m pa jwenn li koupab de anyen pou l ta merite lanmò. Men, li menm li mande pou Seza tande koz li. Konsa mwen deside voye l nan lavil Wòm. 26 Malgre sa, m pa konn kisa pou m di Seza nonm nan fè ki mal. Se poutèt sa m deside fè l konparèt devan nou tout, sitou devan wa Agripa. M espere n ap ka poze l kesyon pou ede m jwenn yon bagay pou m ekri voye bay Seza. 27 M panse se ta yon foli pou yon moun ta voye yon prizonye bay Seza san ou pa di ki akizasyon ki genyen kont li.”
Copyright © 2017 by Bible League International