M’Cheyne Bible Reading Plan
Jezi avèti moun yo sou sa ki gen pou rive
(Mak 13:1-31; Lik 21:5-33)
24 Jezi kite tanp la. Pandan li sou wout pou l ale, disip li yo pwoche bò kote l pou yo montre l kijan bilding nan bèl. 2 Jezi di yo: “Se bilding sa yo n ap kontanple, pa vre? An verite m ap di nou: Pa gen yon wòch k ap rete chita sou yon lòt, yo gen pou yo detwi rapyetè.”
3 Pandan Jezi chita sou mòn Olivye a, disip li yo vin kote l an prive. Yo mande l: “Di nou ki lè bagay sa yo gen pou rive? Di nou tou ki siy k ap anonse retou ou ak lafendimond?”
4 Jezi reponn yo: “Fè atansyon pou moun pa pran nou sou blòf. 5 M di nou sa, paske gen anpil moun ki pral vin sou non mwen, epi k ap di: se mwen menm ki Kris la. Y ap rive twonpe anpil moun konsa. 6 Nou pral pran nouvèl sou lagè k ap fèt pasi pala. Lè nou pran nouvèl sou lagè, ou pa bezwen pè. Bagay sa yo gen pou rive, men se p ap ko lafen an sa. 7 Wi, yon nasyon gen pou leve kont yon lòt nasyon. Yon wayòm gen pou leve kont yon lòt wayòm. Pral gen grangou ak tranblemanntè toupatou. 8 Tout bagay sa yo se tranche anvan akouchman an.
9 Lè sa a, y ap livre nou bay moun ki pral tòtire nou, epi touye nou. Kote nou pase sou latè, y ap rayi nou, paske nou se disip mwen. 10 Anpil moun pral bay lafwa vag. Youn ap livre lòt bay otorite yo. Youn p ap vle wè lòt. 11 Epi pral gen anpil fo pwofèt k ap rive twonpe anpil moun. 12 Pral tèlman gen mechanste sou latè, lanmou ap disparèt nan kè pi fò moun. 13 Men se moun ki pèsevere jiska lafen an ki va sove. 14 Yo pral pataje Bòn Nouvèl wayòm nan toupatou sou latè tankou yon temwen pou Payen yo. Lè nouvèl la fin gaye nan tout nasyon, se lè sa a lafendimond lan va rive.
15 Lè nou wè bagay ki tèrib la, sa k ap detwi tout bagay la, kanpe nan lye ki sen nan tanp lan, n a sonje pwofèt Danyèl te pale sou sa. Moun k ap li fò pou lòt moun tande, yo sipoze konprann sa m ap di a. 16 Lè sa a, tout moun nan teritwa Jide a ta dwe chape pou l yo ale nan mòn yo. 17 Moun ki sou tèt kay yo pa bezwen desann pou pran afè yo anndan kay la. 18 Moun te nan jaden, li p ap bezwen tounen lakay ankò.
19 Nan jou sa yo, bagay la p ap dous ditou pou medam ki ansent yo, oswa sa yo ki ti nouris. 20 Priye Bondye pou pete kouri sa a pa rive ni pandan livè ni pandan yon jou saba. 21 Doulè ki pral gen lè sa a, depi lemonn kreye poko janm gen tankou l, epi p ap janm gen tankou l ankò.
22 Amplis, si Bondye pa t deside fè tan bagay sa yo vin pit kout, pa t ap gen yon moun ki t ap chape. Men li fè l kout, poutèt moun li chwazi yo.
23 Lè sa a, si w tande yon moun di w: Men Kris la isit, oswa men Kris la laba. Pa okipe l. 24 Paske se pa de fo Kris ak fo pwofèt ki pral genyen! Y ap fè gwo mirak pou yo wè si yo te ka twonpe menm moun Bondye chwazi yo, si sa ta posib. 25 Nou wè, m di nou bagay sa yo, anvan menm yo rive.
Lè Jezi va retounen sou latè
(Mak 13:24-31; Lik 17:23-24,37; 21:25-32)
26 Konsa, si yon moun di nou, men Mesi a nan dezè a, nou pa bezwen ale. Si yo di nou, men l nan tèl kay tèl kote, nou pa bezwen kwè. 27 Menm jan yon kout zèklè flache syèl la tout moun ka wè l, se menm jan l ap ye lè Pitit Lòm nan ap vini. 28 Kote kadav la ye, se la votou[a] yo ap rasanble.
29 Touswit apre tout pwoblèm sa yo nan peryòd sa a,
Solèy la ap vin tou nwa,
lalin nan ap sispann klere,
zetwal yo ap sot nan syèl la tonbe,
epi puisans nan syèl yo pral tranble.[b]
30 Lè sa a, ap gen yon siy ki parèt nan syèl la ki montre Pitit Lòm nan ap vini. Tout pèp sou latè pral pete gwo rèl. Tout moun gen pou wè Pitit Lòm nan sou tèt nyaj yo k ap desann sou latè avèk anpil pouvwa ak gwo onè. 31 Konsa gen yon gwo twonpèt ki va sonnen, epi Pitit Lòm va voye anj li yo nan kat kwen latè pou rasanble moun pa l yo, kelkeswa kote yo.
32 Pran leson sou yon pye figye. Depi l kòmanse pouse boujon, epi l pouse fèy, nou konnen lete rive. 33 Menm jan an tou, lè nou wè tout bagay sa yo rive, n a konnen Pitit Lòm nan nan papòt la. 34 An verite m ap di nou: jenerasyon sa p ap pase, bagay sa yo ap gen tan rive! 35 Syèl la ak tè a gen pou pase, men pawòl mwen la pou tout tan.
Sèl Papa a ki konnen ki lè bagay sa yo ap rive
(Mak 13:32,35; Lik 17:26-30,34-36)
36 Pou sa ki konsènen jou a ak lè a, pèsonn pa konnen. Ni anj nan syèl la ni Pitit la pa konnen. Se Papa a sèl ki konnen.
37 Menm jan sa te pase nan tan Noye a, se menm jan l pral ye nan lè Pitit Lòm ap vini. 38 Nan jou anvan delij la, lèzòm t ap manje, yo t ap bwè, yo t ap marye, yo t ap marye pitit yo, jouk jou Noye antre nan lach la. 39 Yo pa t reyalize sa k t ap pase a, jouktan delij la vini, epi l trennen yo ale.
Se konsa sa pral pase, lè Pitit Lòm nan ap vini. 40 Lè sa a, de moun ap nan jaden ansanm, y ap pran youn, y ap kite lòt la. 41 De dam ap moulen grenn ansanm, y ap pran youn, y ap kite lòt la.
42 Konsa, se pou nou toujou pare, paske nou pa konnen ki jou Senyè nou an ap vini. 43 Sonje byen: si mèt kay la te konnen a ki lè nan nuit lan vòlè ap vin kase kay li, li t ap pare pou li epi l t ap veye, li pa t ap kite l kase kay la. 44 Se poutèt sa, nou menm tou, nou bezwen pare, paske Pitit Lòm nan ap vini nan lè nou pa panse.
Bon sèvitè ak move sèvitè
(Mak 13:33-37; Lik 12:41-48)
45 Ki lès nan sèvitè mèt la yo ki saj ase pou mèt la fè l konfyans? Mèt la fè youn nan sèvitè yo konfyans pou l bay lòt sèvitè yo manje lè yo gen bezwen. 46 Byenere sèvitè sa lè Mèt la retounen, li jwenn nan pye travay li! 47 An verite m ap di nou: Mèt la ap mete l chèf sou tout sa l genyen.
48 Imajine tou yon move sèvitè ki di nan kè l: Mèt la pa ko ap tounen? 49 Epi li kòmanse ap bat kanmarad li yo. Li pran plezi nan manje bwè ak tafyatè. 50 Mèt la ap rive sou li sanzatann, nan lè li pa konnen. 51 Lè sa a l ap resevwa yon pinisyon ki sevè. Mèt la ap voye l menm kote ak ipokrit yo, kote ki pral gen kriye ak manje dan.
Jwif yo akize Pòl devan Feliks
24 Senk jou apre, Ananyas, ki te pi gran sakrifikatè a, rive Sezare. Li mennen yon avoka avè l te rele Tètilis ansanm ak kèk ansyen nan lidè Jwif yo. Yo te vin Sezare pou yo te ka akize Pòl devan gouvènè a. 2 Yo fè Pòl vin prezante devan Feliks, epi Tètilis kòmanse akizasyon an kont Pòl ak pawòl sa yo:
“Ekselans, se gras a ou menm nou genyen bonjan lapè sa a. Se gras ak sajès pa w ki fè se sou administrasyon w lan nou jwenn tout bon refòm sa yo pou nasyon an. 3 Ak tout kè nou, nou vle di w mèsi anpil, ekselans Festis, pou tout bagay sa yo n ap resevwa depi lontan ak tout kote. 4 Nou pa vle pran twòp nan tan w met sou li. Men tanpri, pran yon ti pasyans pandan n ap di w kèk mo byen rapid. 5 Nonm sa a se yon moun k ap mache simaye latwoublay pami Jwif yo toupatou nan lemonn. Se youn nan lidè nan pati Nazareyen yo. 6-8 Li menm eseye pwofane tanp lan. Nou menm nou te met men sou li.[a] Ou menm ou ka deside si n ap di verite a. Poze l kesyon pou wè.” 9 Lòt Jwif yo te dakò ak sa k te di a. Yo di wi, tout sa se verite a.
Pòl defann tèt li devan Feliks
10 Gouvènè a fè yon sin ak men l pou di Pòl li mèt pale, epi Pòl di: “Gouvènè Feliks, m konnen ou ap jere zafè jistis nan tèt nasyon sa a depi lontan. Se sa k fè m byen kontan pou m defann koz mwen devan w jodi a. 11 Sa fè douz jou depi m te monte Jerizalem pou m al adore Bondye. Ou kapab verifye sa pou wè si se pa vre. 12 Jwif sa yo k ap akize m nan pa t jwenn mwen nan diskisyon ak okenn moun nan tanp lan ni simen latwoublay ak okenn moun. Yo pa t jwenn mwen ap diskite ni simen latwoublay nan okenn sinagòg nonplis ni okenn lòt kote nan vil la. 13 Yo pa kapab bay okenn prèv nonplis sou bagay y ap akize m di m fè yo.
14 M ap konfese sa devan w: Se menm Bondye zansèt nou yo te sèvi a m ap sèvi, antan yon moun k ap swiv Chemen[b] an, sa Jwif sa yo di k pa bon chemen an. Epoutan, mwen kwè tout bagay ki ekri nan lalwa Moyiz la ak nan liv pwofèt yo. 15 Menm esperans Jwif sa yo genyen nan Bondye a, se li m genyen tou; esperans kote Bondye ap fè tout moun nèt, bon tankou mechan, resisite. 16 Se poutèt sa m toujou fè jefò pou m fè sa m kwè ki bon devan Bondye ak devan tout moun.
17-18 Sa fè anpil ane depi m te kite vil Jerizalèm. Kounye a m retounen vin pote yon ti lajan pou ede pèp mwen an. Pandan m la, m te tou pwofite fè yon ofrann bèt pou Bondye nan tanp lan. Se sa m t ap fè lè Jwif yo te wè m nan tanp lan. M te gentan fini ak seremoni pirifikasyon an.[c] Pa t gen foul moun ki te rasanble, ni pa t gen kras dezòd ki t ap fèt. 19 Te gen yon kolonn Jwif ki te soti an Azi ki te la lè sa a. Se yo menm ki ta pou vin pote akizasyon kont mwen la a, si yo te wè m fè yon bagay ki mal. 20 Ou mèt mande mesye sa yo ki la a, k ap akize m nan pou yo di w ki mal yo te jwenn mwen te fè lè m te konparèt devan Gran Konsèy nan Jerizalèm nan. 21 Lè m te kanpe devan yo a, men sèl sa m te di: Se paske mwen kwè mò yo gen pou resisite ki fè yo rele m nan jijman devan nou jodi a.”
22 Feliks ki te gentan konprann anpil bagay sou chemen Bondye a, li ranvwaye jijman an epi li di: “Lè kòmandan Lizyas va vini, m a deside kisa m ap fè ak nou.” 23 Feliks bay ofisye ki te responsab Pòl la lòd pou l pa lage Pòl, men pou l ba l yon ti libète pou pèmèt zanmi l yo vin pote sa l te bezwen pou li.
Pòl pale ak Feliks epi madanm li
24 Apre kèk jou, Feliks vini ansanm ak Drisil, madanm li, ki te yon Jwif. Feliks mande pou yo mennen Pòl vin devan l. Li te pran plezi pou tande Pòl ap pale konsènan lafwa l nan Jezikris. 25 Men, lè Pòl kòmanse pale sou jan moun dwe viv yon fason ki konfòm ak volonte Bondye, jan moun dwe kontwole pwòp tèt yo, ak jou jijman ki gen pou vini an, Feliks vin pè, li di: “Oke, kounye a ou mèt ale. Lè m a gen tan, m a rele w ankò.” 26 Feliks menm te gen lòt rezon ki fè l t ap pale ak Pòl konsa. Li te gen espwa Pòl t apral ba l lajan anba tab, sa te fè li te rele Pòl souvan pou l pale avè l.
27 Men, apre dezan, Pòsiyis Festis vin gouvènè nan plas Feliks. Konsa, Feliks al kite Pòl nan prizon an pou l te ka fè Jwif yo plezi.
Copyright © 2017 by Bible League International