M’Cheyne Bible Reading Plan
Jezi antre nan Jerizalèm tankou yon wa
(Mak 11:1-11; Lik 19:28-38; Jan 12:12-19)
21 Jezi ak disip li yo te rive toupre Jerizalèm. Yo te rive Bètfaje nan zòn mòn Olivye a. Lè sa a, Jezi te voye de nan disip li yo. 2 Li di yo: “Ale nan ti vil ki devan nou an, n ap jwenn yon manman bourik ki mare, ak yon jenn bourik. Lage yo mennen ban mwen. 3 Nenpòt moun ki ta di nou yon bagay, reponn li konsa: Mèt la bezwen yo, l ap voye yo tounen touswit.”
4 Tout sa rive konsa pou konfime pwofesi a:
5 “Fè anons lan pase nan Siyon:[a]
men Wa w la ap vini.
Li plen ak dousè, li monte sou yon bourik.
Wi, sou yon ti bourik dèyè manman.”[b]
6 Disip yo te ale epi yo te fè jan Jezi te di yo a. 7 Yo mennen ba li manman bourik la ak tout ti bourik la. Yo voye manto yo sou do bourik yo, konsa Jezi chita sou yo. 8 Anpil moun nan foul la te ouvè rad yo atè nan wout la, gen lòt ki te koupe branch bwa pou mete kote bourik yo t ap pase a. 9 Jezi te nan mitan foul la. Moun ki te devan l yo ak moun ki te dèyè l yo, yo tout t ap rele, yo t ap di:
“Louwanj[c] pou Pitit David la!
Benediksyon pou sila a ki vini nan non Senyè a![d]
Louanj pou Bondye ki pi wo nan syèl la!”
10 Lè Jezi antre nan lavil Jerizalèm, tout vil la te boulvèse. Yon bann moun t ap mande: “Kilès nonm sa a ye?”
11 Epi foul moun yo t ap reponn: “Se Jezi, pwofèt la, ki soti Nazarèt, nan rejyon Galile.”
Jezi mete lòd nan tanp lan
(Mak 11:15-19; Lik 19:45-48; Jan 2:13-22)
12 Apre sa, Jezi antre nan lakou tanp la. Li mete deyò tout moun ki t ap vann oswa achte. Li chavire tab moun ki t ap chanje lajan yo, ak ban moun ki t ap vann pijon yo. 13 Epi li di yo: “Men sa ki ekri nan Bib la: Y a rele kay ki apa pou mwen an yon mezon lapriyè.[e] Men nou menm nou fè l tounen yon kachèt pou vòlè.”[f]
14 Kèk avèg ak moun enfim ki te nan lakou tanp lan te pwoche bò kote Jezi epi li geri yo. 15 Chèf prèt yo ak pwofesè lalwa yo te wè ki kalite mirak ki t ap fèt. Yo te wè kijan timoun yo ki te nan tanp lan t ap kriye: “Louanj pou Pitit David la!” Yo te vin fache anpil epi yo di Jezi:
16 “Èske w tande sa timoun yo ap di la a?”
Jezi reponn yo: “Wi, m tande! Bib la di:
Ou montre ata timoun ak ti bebe nan tete pou
yo fè louanj ou.[g]
Èske w pa li sa nan Bib la?”
17 Apre sa Jezi deplase, li soti kite vil la. L ale Betani. Se la li te pase nuit la.
Jezi modi yon pye fig
(Mak 11:12-14,20-24)
18 Byen bonè demen maten, Jezi t ap retounen Jerizalèm, epi l te santi l grangou. 19 Li wè yon pye fig bò wout la. Lè l al gade wè si l ta jwenn yon fig, se fèy sèlman li jwenn. Lè sa a, Jezi di pye fig la: “Ou p ap janm pote fwi ankò!” Menm lè a pye fig la te tounen bwa sèch.
20 Disip Jezi yo te sezi pou wè sa k pase a. Yo mande Jezi: “Ki jan pye fig la fè sèch vit konsa?”
21 Jezi di yo: “An verite m ap di nou, si nou gen lafwa, epi san n pa doute, non sèlman n ap ka fè menm bagay mwen fè ak pye fig la, n ap menm ka di mòn sa a: Retire kò w la; al jete tèt ou nan lanmè! Sa gen pou rive toutbon vre. 22 Tout sa nou mande nan lapriyè nou fè avèk lafwa, nou va resevwa l.”
Lidè Jwif yo mete otorite Jezi an dout
(Mak 11:27-33; Lik 20:1-8)
23 Lè Jezi antre nan lakou tanp la epi l kòmanse anseye, chèf prèt yo avèk lidè ki t ap dirije pèp la te pwoche bò kote li. Yo mande l: “Kilès ki ba w otorite fè tout sa w ap fè yo? Kilès ki ba w otorite pou fè yo?”
24 Jezi di yo: “M ap poze nou yon kesyon tou. Si nou reponn li, m ap di nou kilès ki otorize m fè sa m ap fè yo. 25 Ki kote batèm Janbatis la soti: bò kote Bondye oswa bò kote lèzòm?”
Lè sa a youn t ap di lòt: “Si nou reponn batèm Jan an soti nan Bondye, l ap mande nou poukisa nou pa t kwè nan mesaj li a? 26 Men tou si nou reponn se bò kote lèzòm batèm Jan an soti, n ap nan gwo pwoblèm ak pèp la, paske yo tout konsidere Jan kòm yon pwofèt.”
27 Konsa yo di Jezi: “Nou pa konnen ki kote l soti.” Jezi di yo:
“Si se konsa, mwen menm tou, mwen p ap di nou kilès ki ban m otorite pou m fè sa m fè yo.”
Parabòl de pitit gason yo
28 “Di m kijan nou konprann sa? Yon papa te gen de pitit gason. Yon jou li di pi gran an: Pitit mwen, al travay nan jaden rezen m nan pou mwen jodi a.
29 Li reponn papa a: Non, mwen p ap kapab jodi a. Men vè pita, li chanje lide epi l ale nan jaden an.
30 Papa a ale bò kote pi jèn nan, li di l menm bagay. Pi jèn nan reponn: Wi papa, pou touswit! Men li pa mete pye nan jaden an.
31 Kilès nan de pitit yo ki te fè sa papa a te vle?”
Yo reponn li: “Pi gran an!”
Jezi di yo: “Anverite m ap di nou: pèseptè kontribisyon yo ak moun movèz vi yo ap pran devan nou nan wayòm Bondye a. 32 Mwen di sa, paske Janbatis vin anonse nou kijan pou nou viv nan yon fason ki dwat, men nou pa fè ka de li, epi pèseptè kontribisyon ak moun movèz vi yo te kwè nan mesaj la. Menm apre nou fin wè sa, nou pa montre okenn siy repantans ni nou pa kwè.”
Jezi bay yon istwa sou yon jaden rezen
(Mak 12:1-12; Lik 20:9-19)
33 “Koute yon lòt parabòl. Te gen yon pwopyetè ki te plante yon jaden rezen. Li fè kloti li, bare l. Li fouye yon basen kote pou yo kraze rezen yo pran ji a. Li bati yon gerit pou gadyen yo. Li remèt li bay kèk moun jere l epi li pati an vwayaj. 34 Lè dat rekòt la rive, mèt jaden an voye kèk sèvitè bò kote moun ki t ap jere yo pou yo voye pati rekòt pa l pou li.
35 Men moun ki t ap jere yo mete men sou sèvitè yo, yo bat youn, yo touye youn, yo lapide yon lòt jouktan l mouri. 36 Mèt jaden an voye plis sèvitè pase premye fwa a, moun ki t ap jere yo fè menm jan ak premye fwa a. 37 Apre sa, mèt jaden deside pou l voye pwòp pitit gason li. Li di nan kè l: siman y a gen plis respè pou pitit gason m nan.
38 Men lè moun ki t ap jere yo wè se pitit mèt jaden an k ap vini, youn di lòt: Men eritye a ap vin jwenn nou. An nou touye li, konsa eritaj la ap rete pou nou. 39 Yo mete men sou li, yo trennen l met deyò jaden rezen an, epi yo touye l.
40 Donk, lè mèt jaden an vini, kisa nou panse l ap fè ak moun ki t ap jere yo?”
41 Chèf prèt yo ak lidè Jwif yo reponn: “Mèt jaden rezen an ap touye mechan sa yo, san okenn pitye. L ap bay lòt moun jere jaden an. L ap bay lòt jeran k ap voye pòsyon rekòt pa l pou li, lè l voye chache l.”
42 Jezi di yo: “Asireman nou li pawòl sa yo nan Bib la deja:
Wòch bòs mason yo te refize sèvi a
vin tounen wòch ki pi enpòtan nan kay la.
Se Bondye ki te fè sa!
Se yon mèvèy pou nou wè sa![h]
43 Se poutèt sa m ap di nou: y ap retire wayòm Bondye a nan men nou. Y ap remèt li bay yon lòt pèp ki montre yon konduit ki pi sanble ak wayòm Bondye a. 44 Moun ki tonbe sou wòch la ap fè miyèt mòso. Moun wòch la tonbe sou li, l ap plati l tankou kasav.”[i]
45 Lè chèf prèt yo ak Farizyen yo tande parabòl sa yo, yo vin konprann se avèk yo Jezi ap pale. 46 Konsa yo t ap chache wè kijan pou yo mete men sou li. Men yo te pè reyaksyon foul la ki te rekonèt Jezi kon yon pwofèt.
Pòl ale Jerizalèm
21 Apre nou fin di Ansyen Efèz yo orevwa, nou fè vwal tou dwat pou yon zile yo rele Kòs. Nan demen, nou ale sou yon zile yo rele Wòd epi soti Wòd, nou pran direksyon Patara. 2 Pandan nou Patara, nou jwenn yon batiman ki t apral nan peyi Fenisi. Nou monte nan batiman sa a epi nou pati.
3 Nou pase toupre zile Chip. Zile a te sou bò goch nou, nan direksyon nò, men nou pase adwat li san n pa rete. Nou kontinye nan direksyon peyi Siri pito. N al kanpe nan vil Tir, paske batiman an te gen chay pou l debake nan vil sa a. 4 Poutèt nou te rankontre yon ekip kwayan la, nou pase sèt jou avèk yo. Yo bay Pòl avètisman pou l pa ta monte Jerizalèm poutèt sa Sentespri a te di yo. 5 Men, lè tan nou t ap pase a fini, nou retounen nan batiman an pou n kontinye vwayaj nou. Tout kwayan yo te akonpanye nou. Tout madanm yo ak pitit yo te vin avèk nou sou rivaj la tou, kote nou tout te met ajenou pou n priye. 6 Apre nou fin di youn lòt orevwa, nou monte nan batiman an epi yo menm yo retounen lakay yo.
7 Kite nou kite Tir, nou kontinye vwayaje pou ale nan vil Tolemayis. Rive Tolemayis, nou pase salye frè yo ki te la epi nou pase yon jou avèk yo. 8 Nan demen, nou kite Tolemayis, n ale nan vil Sezare. Lè nou rive Sezare, n al lakay Filip epi nou fè ladesant lakay li. Filip se te yon evanjelis; anplis, li te youn nan sèt mesye[a] yo te chwazi pou sèvi kòm dyak nan legliz Jerizalèm nan. 9 Filip te gen kat pitit fi vyèj ki te gen don pwofesi.
10 Apre kèk jou depi nou te la, yon pwofèt yo rele Agabis ki soti nan peyi Jide te vin rive. 11 Li avanse sou nou epi li prete sentiwon Pòl. Agabis mare de men l ak de pye l ak sentiwon an, epi li di: “Men sa Sentespri a di m: Se konsa Jwif yo ap mare mèt sentiwon sa a nan Jerizalèm, pou yo livre l bay moun lòt nasyon yo”.
12 Lè nou tande Agabis di pawòl sa yo, ni nou menm, ni lòt kwayan nan Sezare yo, nou soupriye Pòl pou l pa monte Jerizalèm. 13 Lè sa a, Pòl reponn: “Pouki sa n ap kriye konsa pou fè kè m tris? Mwen menm se pa pou prizon sèlman non m pare; mwen pare pou m ta menm mouri nan Jerizalèm pou non Senyè Jezi.”
14 Kòm nou pa t ka konvenk li pou l pa monte Jerizalèm, nou sispann ensiste. Nou di l pito: “Se pou volonte Senyè a fèt.”
15 Apre nou fin pase jou sa yo la, nou prepare nou epi nou monte Jerizalèm. 16 Kèk nan kwayan Sezare yo te monte Jerizalèm avèk nou tou. Kwayan sa yo mennen nou fè ladesant kay yon sèten Nason, yon moun lavil Chip, ki te yon disip depi lontan.
Pòl al vizite Jak
17 Lè nou rive Jerizalèm, frè ak sè yo te resevwa nou avèk anpil jwa. 18 Nan demen, Pòl te pran nou tout avèk li pou n al lakay Jak. Tout lidè legliz yo te reyini kay Jak la tou. 19 Apre l fin salye yo, Pòl tonbe rakonte yo an detay tout sa Bondye fè pa mwayen ministè li nan mitan moun ki pa Jwif yo.
20 Apre lidè yo fin tande Pòl, yo bay Bondye glwa. Apre sa, yo di Pòl konsa: “Frè nou, ou wè ki kantite Jwif ki vin kwè nan Kris la kòm sovè; epoutan, yo tout trè zele pou lalwa Moyiz la toujou. 21 Yo fè yo konnen ou anseye Jwif k ap viv pami moun lòt nasyon yo pou yo sispann obsève lalwa Moyiz la. Yo aprann ou di moun yo pou yo sispann sikonsi timoun yo epi pou yo sispann swiv lòt koutim yo tou.
22 Ki sa pou n ta fè la menm? Paske kwayan Jwif yo p ap pran tan pou yo konnen ou rive isit la. 23 Oke, n ap di w sa pou w fè: Gen kat mesye pami nou ki fè yon ve.[b]
24 Pran mesye sa yo avè w epi patisipe nan seremoni pirifikasyon[c] y ap fè pou mete tèt yo nan kondisyon pou fè sèvis pou Bondye a. Pran responsabilite pou w peye depans pou yo koupe cheve yo.[d] Sa ap fè tout moun wè sa yo te tande moun di sou ou yo se pa t verite a. Y a wè ou pratike lalwa Moyiz la nan pwòp lavi pa w tou.
25 Pou sa k konsène payen ki vin kwè nan Jezikris yo, nou menm nou te jije bon pou n voye yon lèt ba yo pou di yo bagay sa yo:
Yo pa dwe manje vyann bèt yo te touye pou ofri bay zidòl.
Yo pa dwe manje vyann bèt ki te mouri toufe osinon vyann ki ak tout san ladan yo.
Egzante tout kalite peche seksyèl.”
Yo arete Pòl nan lakou Tanp lan
26 Pòl te chwazi pran kat mesye yo avèk li vre. Nan demen, li te patisipe vre nan seremoni yo t ap fè pou mete tèt yo nan kondisyon pou sèvi Bondye a. Apre sa, Pòl antre nan lakou Tanp lan pou l al anonse ki lè peryòd pirifikasyon an t ap fini. Nan dènye jou a, yo t ap gen pou prezante yon of rann pou chak mesye yo.
27 Lè peryòd sèt jou a te prèske fini, yon kolonn Jwif ki te soti an Azi epi ki te wè Pòl nan lakou tanp lan, tonbe monte tèt foul la. Konsa, yo mete men sou Pòl. 28 Yo tonbe rele byen fò: “Moun ras Izrayèl yo, vin ban nou konkou! Men nonm k ap pwonmennen anseye yon pakèt bagay kont pèp nou an, kont lalwa Moyiz la ak kont Tanp nou an tou. Kounye a men l mennen Grèk, moun ki pa Jwif vin antre nan Tanp lan pou fè yo pwofane espas sakre sa a.” 29 (Jwif yo te di pawòl sa yo paske yo te wè Twofim ansanm avèk Pòl nan Jerizalèm. Twofim te moun lavil Efèz. Jwif yo te panse Pòl te antre nan lakou Tanp lan avè l.)
30 Tout moun nan vil la k te tande koze a te vin fache anpil epi yo t ap kouri sot nan tout direksyon vin nan Tanp lan. Yo mete men sou Pòl, yo trennen l soti deyò espas lakou Tanp lan kote ki sakre a, epi yo fèmen baryè yo tousuit. 31 Foul la t ap chache yon jan pou touye Pòl, lè kòmandan batayon Women an jwenn nouvèl la. Li te tande tout lavil la nèt tèt anba. 32 Rapid rapid, kòmandan batayon an te pran kèk ofisye ansanm ak kèk sòlda, li kouri desann kote foul la te rasanble a. Lè foul la wè kòmandan batayon an ansanm ak kèk ofisye epi ak sòlda yo, yo sispann bay Pòl kou.
33 Lè sa a, kòmandan batayon an avanse sou Pòl, li arete l. Li bay lòd pou yo mare Pòl ak de chenn. Apre sa, li mande: “Ki lès nonm sa ye? Ki mal li fè?” 34 Nan mitan foul la, moun yo t ap rele byen fò. Yon gwoup t ap di yon bagay, yon lòt gwoup t ap di yon lòt bagay. Lè kòmandan an wè li p ap konprann anyen nan tout woywoy sa a, li bay lòd pou yo mennen Pòl nan kazèn nan. 35 Lè yo rive sou mach eskalye yo avèk Pòl, sòlda yo te oblije pote l, tèlman foul la te vin vyolan. 36 Paske se tout foul la nèt ki t ap swiv li epi k t ap rele byen fò: “Touye l!”
37 Pandan yo t apral antre nan kazèn nan, Pòl di kòmandan an konsa: “Èske m ka di w yon bagay?”
Kòmandan an di l: “O, apa ou pale Grèk? 38 Enben si se pou sa, ou pa moun m te panse w ye a? M te panse se te Ejipsyen ki te lakòz soulèvman kont gouvènman an fwa pase a wi; nonm ki te mennen kat mil (4,000) bandi ame ansanm avè l nan dezè a.”
39 Pòl reponn li: “Mwen menm mwen se yon Jwif ki soti lavil Tas, nan peyi Silisi. Se la m soti, nan yon vil ki gen kalite bon renome w konnen an. Silvouplè, ban m pèmisyon pou m pale ak pèp la.”
40 Kòmandan an bay Pòl pèmisyon pou l pale. Pòl kanpe sou mach la, epi li fè yon jès ak men li pou foul la ka fè silans. Lamenm, vin gen yon gwo silans nan foul la, epi Pòl pale avèk yo nan lang Ebre.
Copyright © 2017 by Bible League International