Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

M’Cheyne Bible Reading Plan

The classic M'Cheyne plan--read the Old Testament, New Testament, and Psalms or Gospels every day.
Duration: 365 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Error: 'Jenèz 21 ' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Matye 20

Parabòl travayè jaden yo

20 Wayòm Bondye a se tankou yon gwo kiltivatè ki soti byen bonè nan maten pou l al chache travayè pou travay nan jaden rezen l. Li antann li ak yo pou l peye yo yon jounen travay. Epi li voye yo al travay nan jaden an.

A nevè di maten, li soti ankò, l ale sou yon plas piblik, epi li wè kèk mesye ki kanpe ki p ap fè anyen. Li di yo: Si nou al travay nan jaden rezen m nan, m ap ba nou yon bagay ki rezonab. Konsa mesye yo te pati al travay nan jaden rezen an.

Vè midi ak vè twazè, kiltivatè a refè menm mouvman nevè a. Ozanviwon senkè konsa, li soti ankò epi li jwenn kèk mesye kanpe san yo p ap fè anyen. Li di yo: Poukisa nou kanpe la a tout jounen ap kalewès?

Yo reponn li: Pèsonn pa ban nou travay!

Li di yo: Al travay nan jaden rezen m nan.

Nan fen jounen an, mèt jaden an rele moun ki responsab pou peye travayè yo, epi li di l: Rele travayè yo vin touche. Kòmanse ak sa yo ki te vin an dènye jouktan w rive sou premye a.

Lè travayè ki te vin a senkè a vin touche, yo chak resevwa kòb yon jounen travay. 10 Konsa, lè gwoup ki te vin an premye a vin touche yo te panse yo t ap jwenn yon ti diplis, men yo tout te touche menm kòb la. 11 Yo pran kòb la, men yo t al plenyen bay mèt jaden an. 12 Yo di: Nèg senkè yo, fè sèlman inèdtan travay, men nou menm nou pase tout jounen an ap travay anba solèy cho a, epi ou ba nou menm fòs kòb!

13 Mèt jaden an reponn youn pami yo: Zanmi m, mwen pa fè nou lenjistis. Èske nou pa t mete nou dakò pou m peye yon jounen travay? 14 Pran sa k pou ou a, epi al lakay ou! Se mwen ki deside pou m bay tout moun menm kòb. 15 Dayè kòb mwen se pou mwen, mwen ka fè sa m vle avè l, pa vre? Èske nou jalou[a] paske mwen gen kè nan men pou lòt moun yo?

16 Konsa, anpil moun ki nan dènye plas kounye a ap gen pou vin premye. Anpil moun ki premye kounye a gen pou yo vin dènye.”

Jezi pale sou lanmò li ankò

(Mak 10:32-34; Lik 18:31-34)

17 Pandan Jezi te sou wout pou l monte Jerizalèm, li pran douz disip li yo apa, epi li di yo: 18 “Tande m! Nou sou wout pou Jerizalèm kote yo pral livre Pitit Lòm nan bay chèf prèt yo ak pwofesè lalwa yo ki gen pou kondane l amò. 19 Apre sa, yo gen pou yo livre l bay payen yo ki gen pou yo pase l nan betiz, pou yo bat li byen bat, epi krisifye l sou yon kwa. Men li gen pou l resisite sou twazyèm jou a.”

Madan Zebede mande yon favè espesyal pou pitit li yo

(Mak 10:35-45)

20 Apre sa, manman pitit Zebede yo ak de pitit gason l yo, pwoche bò kote Jezi. Li mete l ajenou devan Jezi pou mande l yon favè.

21 Jezi mande li: “Kisa w vle?”

Li reponn: “Mwen vle pou ou pwomèt mwen de pitit gason m yo ap chita youn sou bò dwat ou epi youn sou bò gòch ou, lè w va nan wayòm ou an.”

22 Jezi di li: “M pa kwè ou konprann sa w ap mande la a. Èske nou ka bwè nan menm gode[b] mwen pral bwè a?”

Mesye yo reponn: “Wi, nou kapab!”

23 Jezi di yo: “Se vre, n ap gen pou n bwè nan gode a. Men kanta pou privilèj pou youn chita adwat, lòt la chita agoch la, sa pa depann de mwen. Papa a rezève plas sa yo pou moun li vle.”

24 Lè lòt dis disip yo tande sa, yo te fache anpil ak de frè yo. 25 Jezi rele yo epi l di yo: “Nou konnen kijan chèf nasyon yo ak grannèg yo renmen fè lòt moun santi ki kalite pouvwa yo gen nan men yo. 26 Men se pa konsa sa dwe ye nan mitan nou. Okontrè, nenpòt moun ki vle jwe wòl lidè nan mitan nou bezwen jwe wòl sèvitè nou. 27 Nenpòt moun ki vle jwe wòl premye nan mitan nou dwe jwe wòl esklav nou tout. 28 Fè menm jan ak Pitit Lòm nan, li pa vini pou moun sèvi l, men l vini pou l ka sèvi moun epi bay lavi l pou peye delivrans anpil moun.”

Jezi geri de avèg

(Mak 10:46-52; Lik 18:35-43)

29 Pandan Jezi ak disip li yo t ap kite Jeriko, te gen yon gwo foul moun ki t ap swiv li. 30 Te gen de mesye avèg ki te chita bò wout la. Lè yo tande Jezi ap pase, yo pran rele byen fò: “Senyè, Pitit David la, gen pitye pou nou!”

31 Foul la t ap kritike mesye yo epi mande yo fèmen bouch yo. Men yo te kriye pi fò: “Senyè, Pitit David la, gen pitye pou nou!”

32 Jezi fè yon kanpe. Li rele mesye yo, epi l mande yo: “Kisa nou vle m fè pou nou?”

33 Yo reponn li: “Senyè, nou vle wè!”

34 Jezi santi kè l fè l mal pou yo. Li touche je yo, epi nan menm moman an, je mesye yo te vin wè. Yo te leve, yo swiv Jezi.

Error: 'Neemi 10 ' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Travay 20

Pòl retounen nan Masedwàn ak nan Peyi Lagrès

20 Lè ajitasyon yo te sispann, Pòl mande pou l wè ak kwayan yo. Apre l fin ankouraje yo, li di yo orevwa epi l pati pou Masedwàn. Li te fòtifye kwayan yo ak anpil pawòl ankourajman nan tout rejyon Masedwàn nan, apre sa l ale nan peyi Lagrès. Apre l te fin pase twa mwa nan peyi Lagrès, Pòl te gentan pare pou l pran batiman pou l al nan peyi Siri. Men, lè l vin konnen te gen kèk Jwif ki t ap planifye yon konplo kont li, Pòl chanje plan an, li retounen pase pa Masedwàn.

Men non moun ki te akonpanye Pòl nan vwayaj la: Sopatè, pitit gason Piris la, moun lavil Bere; Aristak ak Sekoundous ki te soti nan vil Tesalonik; Gayis ki te soti nan lavil Dèb; Timote; epi de lòt moun, Tichik ak Twofim ki te soti an Azi. Tout ekip sa a te pran devan, y al tann Pòl nan vil Twoas. Apre fèt Pen san ledven an, nou pran bato nan vil Filip. Sou senk jou, nou rive jwenn mesye yo Twoas epi nou pase sèt jou la.

Dènye vizit Pòl nan Twoas

Nan dimanch,[a] nou tout te reyini pou n manje pen an ansanm,[b] epi Pòl t ap pale ak gwoup la. Kòm li te gen pou l pati nan demen, Pòl pwolonje diskou l la jiska minui. Nou tout te reyini ansanm nan yon chanm anlè chanmòt kay la epi te gen anpil lanp limen pou klere chanm nan. Yon jenn gason yo te rele Etikis te chita arebò fenèt la. Kòm mesaj Pòl la te long anpil, Etikis pran kabicha. Finalman, pandan Etikis nan yon pwofon somèy, li sot nan twazyèm etaj kay la, li tonbe anba. Lè moun yo kouri vini pou ede l leve, yo jwenn li mouri frèt.

10 Lè sa a, Pòl desann, li bese bò kot kadav Etikis la, li pran kadav la nan bra li, epi l di: “Nou pa bezwen fatige kò nou, paske li vivan.” 11 Lè Pòl retounen monte, li kase pen an epi li manje. Apre sa, li kontinye pale lontan ak moun yo toujou. Li te gentan prèske fin jou lè Pòl fin pale ak yo, apre sa l ale. 12 Kwayan yo menm mennen Etikis lakay li byen vivan. Se te yon gwo ankourajman pou tout moun.

Vwayaj soti Twoas pou ale Milè

13 Nou menm, nou te pran devan Pòl pa bato pou al toudwat nan vil Asòs kote nou te gen pou n rankontre ak Pòl. Paske Pòl li menm te deside vini Asòs apye. 14 Lè Pòl rankontre nou nan Asòs, nou pran l nan bato a epi nou pati ale Mitilèn ansanm. 15 Nan landmen, nou kite Mitilèn epi nou pati ale yon kote ki toupre zile Chyo. Yon jou apre, nou pati pou Samòs, epi nan landmen nou rive Milè. 16 Pòl te pran desizyon pou nou pa t kanpe nan Efèz, pou l te ka evite pase twòp tan an Azi. Li t ap prese paske li te vle gentan rive Jerizalèm pou jou Pannkot la si sa ta posib.

Pòl ap pale ak lidè nan legliz Efèz yo

17 Men, lè Pòl rive nan Milè, li voye chache lidè ki responsab nan legliz Efèz yo pou yo vin kote l.

18 Lè yo vini, Pòl di yo konsa: “Nou tout nou konnen kijan m te toujou mennen bak mwen byen nan mitan nou depi jou m te rive an Azi a. 19 Jwif yo t ap fè konplo kont mwen, epi sa te mete m nan sitiyasyon difisil. Men nou konnen m te toujou ap sèvi Senyè a, menmsi gen kèk fwa se ak dlo nan je. M te toujou fè tout sa avèk anpil imilite. 20 M te toujou fè tout sa ki bon pou nou. M te toujou anonse nou Bòn Nouvèl la devan tout moun, an piblik, epi m te anseye nou tout bagay nan kay yo tou. 21 M te toujou egzòte tout moun, Jwif tankou Grèk, pou yo chanje jan y ap viv la epi pou yo tounen vin jwenn Bondye. M te toujou mande yo pou yo mete konfyans yo nan Jezi, Senyè nou an.

22 Men, kounye a, Sentespri a ap ankouraje m pou m al Jerizalèm. M pa konnen sa k pra l rive m lòtbò a ditou. 23 Sèl sa m konnen, nan chak vil mwen pase, Sentespri a avèti m anpil soufrans ak menm prizon ap tann mwen la. 24 Men, pou mwen menm, m pa gade lavi m tankou yon bagay enpòtan pou m chache pwoteje. Sa k pi enpòtan pou mwen se pou m fè travay Senyè Jezi banm fè a, pou m anonse Bòn Nouvèl konsènan gras Bondye ap ofri moun nan.

25 Kounye a, koute byen sa m ap di nou. M konnen okenn nan nou la a p ap janm wè m ankò. Pandan tout tan m te nan mitan nou an, m te toujou preche nou mesaj konsènan wayòm Bondye a. 26 Se poutèt sa m ap di nou yon bagay jodi a mwen sèten sou li: Bondye p ap ban m pote okenn responsabilite si youn nan nou peri. 27 M kapab di sa, paske mwen te anonse nou tout verite Bondye te vle m fè nou konnen, san m pa kache nou anyen. 28 Veye kò nou, nou menm; epi veye sou tout pèp Sentespri Bondye a ban nou responsab la. Sentespri a ban nou responsabilite pou n pran swen legliz Bondye a[c] tankou bèje pran swen twoupo,[d] yon legliz Senyè a achte ak pwòp san li. 29 M konnen apre m fin ale, ap gen moun k ap vin antre nan mitan nou pou kraze legliz la tankou chyen mawon fè twoupo mouton. 30 Ap gen lòt menm k ap leve nan mitan nou epi k ap kòmanse anseye fo doktrin pou chache rale kèk disip Kris la dèyè yo. 31 Kidonk, veye! Toujou sonje pandan twa zan m te nan mitan nou an, se avèk dlo nan je m te toujou ap avèti nou tout, lajounen kou lannuit.

32 Kounye a, m ap remèt nou nan men Bondye epi m ap konfye nou mesaj konsènan gras Bondye a ki gen puisans pou fòtifye nou. Mesaj sa a kapab fè nou jwenn tout benediksyon Bondye bay tout moun ki apa pou li yo. 33 Lè m te nan mitan nou, m pa t janm konn anvye ni lajan, ni lò, ni bèl rad pèsonn. 34 Nou konnen trè byen se men sa yo nou wè la a ki te konn travay pou fè pwovizyon ni pou mwen, ni pou kòlèg mwen yo nan ministè a. 35 M te toujou aprann nou pou n travay menm jan avè m epi pou ede moun ki nan bezwen. M te aprann nou pou n toujou sonje pawòl Senyè Jezi te di a: Gen plis benediksyon nan bay pase nan resevwa.”

36 Lè Pòl fin di tout bagay sa yo, li met ajenou epi li menm ak lidè yo priye ansanm. 37 Tout lidè yo te tonbe kriye. Yo bay Pòl akolad, epi yo bo l. 38 Sa k te fè yo plis lapenn nan, se lè Pòl di yo p ap janm wè l ankò a. Apre sa, yo kondui Pòl rive jouk sou batiman an pou di l orevwa.

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International