Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

M’Cheyne Bible Reading Plan

The classic M'Cheyne plan--read the Old Testament, New Testament, and Psalms or Gospels every day.
Duration: 365 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Error: 'Jenèz 13 ' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Matye 12

Jezi se mèt jou saba a

(Mak 2:23-28; Lik 6:1-5)

12 Nan menm peryòd la, Jezi ak disip li yo t ap travèse yon jaden ble nan jou saba. Disip yo te grangou. Yo rape kèk grap ble, epi yo manje grenn ble yo. Men lè Farizyen yo wè sa, yo di Jezi: “Atansyon! Apa disip ou yo ap fè bagay lalwa pa pèmèt nan jou saba a.”

Lè sa a Jezi di yo: “Èske nou pa li sa David te fè lè li menm ak mesye l yo te grangou? Li te antre nan tanp Bondye a. Li pran pen yo te ofri bay Bondye yo, li manje ansanm ak mesye ki te avè l yo. Se sèlman sakrifikatè yo ki te gen dwa manje pen sa yo. Èske nou pa janm li lalwa Moyiz la ki di chak jou saba prèt yo k ap fè sèvis nan tanp la vyole lalwa jou saba a? Poutan yo pa koupab. Kite m di nou franchman, gen yon bagay la ki gen plis valè menm pase tanp la. Bondye di nan Bib la: Mwen pito kè sansib pase bèt n ap ofri pou touye ban mwen yo.[a] Si nou byen konprann pawòl sa a, nou p ap kouri kondane moun ki inosan.

Pitit Lòm nan se chèf jou saba a.”

Jezi geri yon nonm yon jou saba

(Mak 3:1-6; Lik 6:6-11)

Apre sa Jezi antre nan youn nan sinagòg Juif yo. 10 Andedan sinagòg la te gen yon nonm ki te gen yon men pòk. Kèk moun ki t ap chache yon okazyon pou akize Jezi poze l yon kesyon: “Èske lalwa pèmèt moun fè gerizon nan jou saba a?”

11 Jezi reponn yo: “Kilès pami nou, si l gen yon mouton ki tonbe nan yon pi nan jou saba a, ki p ap rale l met deyò? 12 Mwen sèten yon moun gen plis valè pase yon mouton. Konsa, lalwa pèmèt moun fè sa ki byen nan jou saba a.”

13 Apre sa Jezi di nonm ki te gen men pòk la: “Lonje men w!” Nonm nan lonje men li, epi men pòk la te vini menm jan ak bon men an. 14 Apre sa, Farizyen yo leve y ale, epi yo t ap fè plan pou wè kijan ki pi fasil pou yo touye Jezi.

Jezi se moun Bondye chwazi a

15 Men Jezi te konnen ki plan Farizyen yo te gen pou li. Konsa li kite zòn nan ak yon foul moun ki t ap swiv li. Li geri tout malad ki te la. 16 Men Jezi pale avèk yo pou yo pa di ki moun Jezi ye. 17 Tout sa pase konsa pou konfime pwofesi pwofèt Ezayi a:

18 “Men sèvitè mwen an,
    moun mwen chwazi a,
moun mwen renmen anpil la,
    moun ki fè kè m kontan anpil la.
M ap ranpli l ak Sentespri m.
    Se li k ap tabli jistis nan mitan pèp yo.
19 Li p ap nan fè diskisyon ni pale fò,
    li p ap nan fè gwo bri ni gwo diskou nan lari.
20 Li p ap kraze menm yon pye zèb.
    Li p ap etenn menm lanp ki prèske mouri.
L ap kenbe fèm jouktan lajistis gen viktwa.
21     Tout pèp sou latè ap mete espwa sou li.”[b]

Puisans Jezi soti nan Bondye

(Mak 3:20-30; Lik 11:14-23; 12:10)

22 Apre sa yo te mennen bay Jezi yon nonm ki te avèg epi bèbè an menm tan paske li te gen yon move lespri sou li. Jezi geri li. Epi nonm nan te wè epi li te pale. 23 Moun ki te la yo te etone anpil, epi se yon sèl pawòl ki te nan bouch yo: “Sanble nonm sa a se Pitit Bondye te pwomèt David la.”

24 Lè Farizyen yo tande sa, yo di: “Se paske l sèvi Satan[c] ki fè l gen pouvwa pou l chase demon sou moun.”

25 Jezi ki te konnen sa ki t ap pase nan tèt yo te pale konsa: “Yon wayòm ki divize ap fini pa kraze. Yon vil oswa yon fanmi k ap goumen tout tan pa la pou lontan. 26 Si Satan ap chase satan, se ak pwòp tèt li l ap goumen. Si se konsa, kijan pou wayòm li fè kontinye kanpe? 27 Si nou di mwen chase denmon ak pouvwa Bèlzebil, epi patizan nou yo menm, ak ki pouvwa yo chase denmon? Se poutèt sa, se yo menm m ap kite jije nou pou sa nou di a. 28 Men okontrè, si se pouvwa Lespri Bondye a m sèvi pou m chase demon, sa vle di wayòm Bondye a deja tabli pami nou. 29 Pèsòn pa ka antre nan kay yon nèg vanyan pou l vòlè afè l, si li pa mare l anvan. Lè vòlè a fin mare l, l ap ka kòmanse vòlè atò. 30 Yon moun ki p ap travay avè m, ap travay kont mwen. Yon moun ki p ap ede m sanble, se gaye l ap gaye.

31 Konsa, m ap di kèlkeswa peche yon moun fè l ap jwenn padon pou li, men kanta moun ki pale Sentespri a mal, pa gen padon pou yo. 32 Yon moun ki pale Pitit Lòm nan mal, li pou l jwenn padon. Men nenpòt moun ki pale Sentespri a mal p ap jwenn padon ni jodi a ni nan jou ki gen pou vini yo.

Aksyon w montre kilès ou ye

(Lik 6:43-45)

33 Bon pyebwa bay bon fwi. Yon move pyebwa ap bay move fwi. Se sou fwi pyebwa ou ap rekonèt si l bon ak si l pa bon. 34 Bann ras vipè! Se fè mal ase nou pwòp! Èske nou t ap janm di bon bagay? Se pawòl yon moun ki fè w konnen sa k nan kè l. 35 Yon bon moun ka di bon bagay paske gen bon bagay ki sere nan kè l. Yon move moun se mechanste ase ki nan kè l. Se sa k fè li di move bagay. 36 Men tande sa m ap di nou: nan jou jijman an, lèzòm gen pou yo rann kont sou tout pawòl san fondman ki te soti nan bouch yo. 37 Nan jou sa a, se sou pawòl ou ki pral detèmine si w koupab oswa si w inosan.”

Kèk moun gen dout sou otorite Jezi

(Mak 8:11-12; Lik 11:29-32)

38 Apre sa kèk pwofesè lalwa ak kèk Farizyen di Jezi: “Mèt, nou ta renmen wè ou fè yon mirak ki ka sèvi prèv Bondye avè w toutbon.”

39 Men Jezi reponn yo: “Se sèlman moun ki mechan ak moun ki plen peche k ap mande Bondye mirak. Men yo p ap jwenn lòt mirak eksepte mirak pwofèt Jonas[d] la. 40 Menm jan Jonas te pase twa jou ak twa nuit nan vant gwo pwason an se menm jan Pitit Lòm nan gen pou pase twa jou ak twa nuit nan vant latè. 41 Nan jou jijman an, pèp Niniv la ap kanpe kòm temwen pou kondane jenerasyon jodi a, paske yo menm yo te repanti lè yo te tande mesaj Jonas la. Men nou menm, nou refize repanti, epi moun ki devan nou an pi enpòtan pase Jonas.

42 Nan jou jijman an, rèn ki te sòti nannsid la[e] ap leve kòm temwen pou kondane jenerasyon jodi a, paske li te sòti jouk nan dènye bout latè pou l te ka tande ansèyman sajès Salomon yo. Men nou menm, nou refize koute, epi moun ki devan nou an pi enpòtan pase Salomon.”

Danje lè w rete vid

(Lik 11:24-26)

43 Lè yon move lespri sòti sou yon moun, li vwayaje pati al nan zòn dezè pou l chache yon lòt kote pou l rete. Si l pa jwenn, 44 li di tèt li: “M ap retounen nan ansyen kay mwen.” Men lè li l rive, li jwenn kay la byen bale, byen ranje, men li toujou vid. 45 Lè sa a, li pati al chache konkou sèt lòt move lespri ki pi mechan pase l. Yo antre sou moun nan. Lè konsa, moun nan vin pi mal pase jan l te ye anvan. Se menm bagay la ki gen pou rive jenerasyon jodi a k ap pratike mechanste.

Se disip Jezi ki vrè fanmi li

(Mak 3:31-35; Lik 8:19-21)

46 Pandan Jezi t ap pale ak foul moun yo, manman l ak frè l yo te vin parèt. Yo te vle pale avè l. 47 Yon moun vin di Jezi: “Men manman w ak frè w yo ap mande pou ou deyò a. Yo vle pale avè w.”

48 Jezi reponn li: “Ki lès ki manman m? Ki lès ki frè m?” 49 Apre sa, li lonje dwèt sou disip li yo epi li di: “Men manman m ak frè m? 50 Wi, moun ki frè m sè m oswa manman m, se sila yo ki fè volonte Papa m ki nan syèl la.”

Error: 'Neemi 2 ' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Travay 12

Plis pwoblèm toujou pou kwayan yo

12 Nan menm lè sa a tou, wa Ewòd te kòmanse pèsekite kèk manm nan legliz la. Li pase lòd pou yo koupe tèt Jak, frè Jan an ak nepe. Lè Ewòd wè Jwif yo te pran plezi nan sa l te fè a, li fè arete Pyè tou. Sa te pase nan epòk fèt Pen san ledven an. Lè l fin arete Pyè, li fè mete l nan prizon. Li mete kat eskwad; chak eskwad yo gen kat sòlda ladan yo. Sa fè sèz sòlda antou pou veye Pyè nan prizon an. Ewòd te fè plan pou mennen Pyè vin jije devan pèp la apre fèt Pak Jwif yo. Pyè te nan prizon se vre, men legliz la pa t sispann priye Bondye pou li.

Pyè soti nan prizon an

Lavèy jou Ewòd te fè plan pou mennen Pyè devan pèp la, Pyè t ap dòmi nan mitan de sòlda, nan mitan lannuit la. Yo te mare Pyè ak de chenn epi te gen lòt sòlda toujou ki t ap veye pòt prizon an. Sanzatann konsa, yon anj Bondye parèt, epi gwo limyè klere kacho a. Zanj lan manyen Pyè bò kòt li, li souke l pou l reveye, epi anj lan di l: “Leve vit!” Chenn ki te mare men Pyè yo tonbe. Zanj lan di l ankò: “Mare sentiwon w epi mete sandal ou nan pye w!” Pyè fè sa anj lan di l fè a. Apre sa, anj lan di l: “Mete manto w sou ou epi swiv mwen.”

Zanj lan soti kite prizon an, Pyè menm ap swiv li. Pyè pa t rann li kont si sa anj lan t ap fè a te reyèl. Li te panse li te nan yon vizyon. 10 Pyè ansanm ak anj lan pase premye pòs gad la, apre sa yo pase dezyèm nan. Lè yo rive devan pòtay an fè ki bay sou lavil la, pòtay la louvri poukont li devan yo epi yo soti. Apre yo mache nan lari a rive sou yon lòt lari, anj lan disparèt.

11 Lè Pyè reyalize sa k pase a, li di nan kè l: “Kounye a m sèten Senyè a voye anj li toutbon vre vin delivre m. Li delivre m ni anba men Ewòd, ni anba tout move bagay Jwif yo t ap atann rive m yo.”

12 Lè Pyè wè li deyò toutbonvre, li ale tou dwat lakay Mari, manman Jan, jen nonm yo te konn rele Mak la. Anpil moun te rasanble lakay Mari, yo t ap priye Bondye. 13 Pyè frape nan pòt devan an, epi yon sèvant yo rele Wod vin reponn. 14 Lè Wod reyalize se vwa Pyè, li sitèlman kontan li bliye louvri pòt la. Okontrè, li kouri antre al di gwoup ki t ap priye a: “Men Pyè devan Pòt la wi!” 15 Men, moun yo di sèvant lan: “Ou genlè fou!” Sèvant lan menm kontinye plede ak yo. Lè sa a, yo di: “Genlè se bonnanj Pyè!”

16 Pyè menm pa t sispann frape pòt la. Lè kwayan yo louvri pòt la, yo wè se Pyè, yo pa t manke sezi. 17 Pyè fè yon sin ak men l pou fè moun yo pe, epi li rakonte yo kijan Bondye te fè l soti nan prizon an. Li di yo tou: “N a di Jak ansanm ak lòt frè yo sa k pase a.” Apre sa, li soti, l ale yon lòt kote.

18 Nan demen maten, gad yo te twouve yo nan gwo tèt chaje. Yo t ap poze tèt yo kesyon: “Ki kote Pyè pase?” 19 Ewòd fè chache Pyè toupatou, men yo pa t jwenn li. Li fè poze gad yo kesyon, epi l pase lòd pou yo touye yo.

Lanmò Ewòd Agripa

Apre sa, Ewòd kite Jide, l al viv nan lavil Sezare pandan kèk tan. 20 Ewòd te fache kont moun lavil Tir ak lavil Sidon yo anpil. Men, se nan wayòm Ewòd la pou moun Tir ak Sidon yo te vin fè pwovizyon. Konsa, yon gwoup nan yo ale kote wa a pou mande l lapè. Gwoup sa a te fè yon jan fè Blastis vin zanmi yo; Blastis se te ofisye ki t ap travay lakay Ewòd menm.

21 Lè jou Ewòd te deside pou l rankontre yo a te rive, Ewòd abiye ak bèl kostim wayal li, li chita sou twòn li epi li fè yon diskou devan yo. 22 Pèp la tonbe rele byen fò, yo di: “Sa se vwa yon dye, se pa vwa yon moun.” 23 Ewòd te dakò pran glwa a pou li, li pa t bay Bondye glwa a. Poutèt sa, yon anj Bondye te fè l tonbe malad. Vè manje l, epi l mouri.

24 Bòn Nouvèl Bondye a menm t ap kontinye gaye. Li t ap touche plis moun.

25 Apre Banabas ak Sòl te fin akonpli misyon yo, yo soti Jerizalèm, yo tounen Antyòch.[a] Yo te pran Jan, jen nonm yo abitye rele Mak la, pou vini avèk yo.

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International