M’Cheyne Bible Reading Plan
Jezi ap pale sou lè moun bay
6 Fè atansyon, lè w ap fè sa ki byen, pou ou pa tonbe nan fè wè. Ou p ap jwenn okenn rekonpans nan men Papa ou ki nan syèl la si ou tonbe nan fè wè.
2 Lè w bay pòv yon bagay, ou pa bezwen ap klewonen twonpèt pou moun ka wè w. Pa aji tankou ipokrit. Se konsa yo fè l nan sinagòg yo ak nan lari a, pou yo ka resevwa louwanj nan men moun. Anverite, m ap di nou: yo jwenn rekonpans yo deja. 3 Men lè w ap bay pòv yon bagay, pa kite men gòch ou konnen sa men dwat ou ap fè. 4 Konsa, sa w bay la ka fèt an sekrè. Papa ou ki nan syèl la, ki konnen tout sekrè, se li k ap ba w rekonpans ou merite a.
Jezi anseye kijan pou n lapriyè
(Lik 11:2-4)
5 Lè ou ap priye pa fè tankou ipokrit yo. Yo renmen kanpe nan sinagòg ak nan kafou pou priye byen fò, paske yo bezwen lòt moun wè y ap priye. Anverite m ap di nou: yo jwenn rekonpans yo deja. 6 Men ou menm lè ou ap priye antre nan chanm ou, fèmen pòt la. Apre sa, priye Papa w. Li menm ki konnen tout sekrè, l ap ba w rekonpans ou.
7 Lè ou ap lapriyè, pa plede ap repete menm mo yo plizyè fwa menm jan ak moun ki pa konnen Bondye yo. Yo panse se afòs yo pale anpil yo va jwenn repons. 8 Pa fè tankou moun ki pa konn Bondye yo, paske Papa w konnen sa w gen bezwen, anvan menm ou mande l. 9 Men kijan ou dwe priye:
Papa nou ki nan syèl la,
se pou tout moun fè lwanj pou non ou ki sen.
10 Vin tabli wayòm ou an.
Se pou volonte w fèt sou tè a menm jan ak nan syèl la.
11 Ban nou jodi a jou manje nou bezwen pou chak jou.
12 Padone peche nou yo
menm jan nou menm nou padone moun ki fè nou mal.
13 Pa kite nou tonbe anba tantasyon,
men delivre nou anba mechan an.[a][b]
14 Si nou padone lòt moun ki fè nou mal, Papa nou ki nan syèl la ap padone nou tou. 15 Men si nou pa padone lòt moun yo, Papa nou ki nan syèl la p ap padone nou nonplis.
Jezi ap pale sou lè moun ap jèn
16 Lè nou ap fè jèn, pa fè figi nou long tankou ipokrit. Yo fè figi yo tris pou tout moun ka wè y ap jene. Anverite m ap di nou: yo jwenn rekonpans yo deja. 17 Men nou menm, lè n ap jene, lave vizaj nou. Fè figi nou byen fre. 18 Konsa, moun pa menm konnen si n ap fè jèn, men Papa nou ki nan syèl la, ki konnen tout ti sekrè, li va ban nou rekonpans nou.
Nou pa ka sèvi de (2) mèt alafwa
(Lik 12:33-34; 11:34-36; 16:13)
19 Pa chita ap rasanble richès isit sou latè. Mit ap pike yo. Lawouy[c] ap detwi yo. Vòlè ap kase kay ou pran yo. 20 Ranmase richès nan syèl la pito, kote ki pa gen ni mit, ni wouy, ni vòlè k ap kase kay moun. 21 Kote richès ou ye, se la kè w ap ye tou.
22 Se je yon moun ki sèvi kòm sèl sous limyè[d] pou rès kò a. Si ou gade lòt moun avèk yon je jenere, y ap wè ou se yon moun ki ranpli ak limyè. 23 Men, si ou gade moun ak move je, y ap wè ou se yon moun ki ranpli ak fènwa. Epi si limyè a plonje nan fènwa, pa gen anyen ki ka retire l.
24 Pèsonn pa ka janm sèvi de mèt alafwa. Se oubyen li rayi youn epi li renmen lòt la. L ap sèvi youn byen epi l ap meprize lòt la. Li pa posib pou nou sèvi Bondye ak richès[e] anmenmtan.
Mete Wayòm Bondye a anvan tout bagay
(Lik 12:22-34)
25 Se poutèt sa mwen di nou: Pa bay kò nou traka pou kisa n ap manje, osinon ki kote n ap jwenn rad pou n met sou nou. Èske lavi pa gen plis valè pase manje? Èske kò a pa gen plis valè pase rad? 26 Gade zwazo yo k ap vole, yo pa simen, yo pa rekòlte, yo pa gen depo manje. Epoutan, Papa nou ki nan syèl la ba yo manje pou yo manje. Èske nou pa gen plis valè pase zwazo yo? 27 Kilès nan nou ki ka ajoute menm yon sèl èdtan sou lavi li afòs li bay tèt li traka pou sa?
28 Poukisa n ap bay tèt nou traka konsa pou rad? Gade jan flè ki nan raje yo grandi. Yo pa travay, yo pa koud rad. 29 M ap di nou sa, menm wa Salomon, nan tout laglwa li, li pa t abiye bèl tankou youn nan flè sa yo. 30 E si zèb nan jaden jodi a, zèb yo pral boule nan dife demen, Bondye pran tan pou l abiye yo si bèl, e nou menm atò? Ala piti lafwa nou piti!
31 Pa kòmanse ap chaje tèt nou sou kisa n pral manje, kisa n pral bwè, oswa kisa n pral met sou nou. 32 Se moun ki pa konnen Bondye ki toujou ap kouri dèyè bagay sa yo. Papa nou ki nan syèl la deja konnen nou bezwen tout bagay sa yo. 33 Konsa, wayòm Bondye a ak jan l mande pou nou viv dwe gen premye plas nan kè nou. Bondye ap ban nou tout lòt sa nou bezwen kòm degi. 34 Konsa, pa chaje tèt nou jodi a ak bagay ki gen pou rive demen. Demen gen pwòp chay pa l. Chak jou vin ak lo tèt chaje pa l.
Yo chwazi sèt moun pou yon travay espesyal
6 Kantite kwayan yo te kontinye ap ogmante chak jou pi plis. Nan menm tan sa tou, Jwif ki te fèt nan lòt peyi epi ki te pale grèk yo te tonbe plenyen kont Jwif ki te fèt nan Izrayèl epi ki te pale ebre yo. Yo t ap plenyen dèske vèv pa yo pa t jwenn anyen nan manje ki t ap separe chak jou a. 2 Konsa, douz apot yo rasanble tout gwoup kwayan yo ansanm, epi yo di yo: “Li pa ta nòmal pou nou ta neglije travay anseye Bòn Nouvèl Bondye a pou n al okipe afè separe manje.
3 Kidonk, frè nou yo, se pou nou chwazi sèt (7) frè pami nou ki gen bon repitasyon, ki anba pouvwa Sentespri a epi ki gen anpil sajès. Nou menm apot yo, n a mete moun nou chwazi yo responsab sèvis sa a. 4 Konsa, nou menm, n ap kapab itilize tout tan nou pou n lapriyè epi anseye mesaj Bondye a.”
5 Tout foul la te dakò nèt ak sa Apot yo te di a. Konsa, yo chwazi Etyèn, yon nonm ki te gen anpil lafwa nan Bondye epi ki te anba pouvwa Sentespri a. Anplis, yo te chwazi Filip,[a] Pwokò, Nikanò, Timon, Pamenas, ak Nikola. Nikola sa a se te yon moun lavil Antyòch ki te konvèti nan relijyon Jwif yo, anvan menm li te kwè nan Jezikris. 6 Yo prezante mesye yo devan apot yo. Apot yo lapriyè epi yo mete men sou tèt[b] mesye yo.
7 Ansèyman mesaj Bòn Nouvèl la te kontinye gaye toupatou. Epi gwoup kwayan nan Jerizalèm yo pa t sispann ogmante. Ata sakrifikatè yo te vin mete konfyans yo nan Kris la pa ban ak pa pakèt.
Kèk nan Jwif yo tonbe fè diskisyon ak Etyèn
8 Bondye te beni Etyèn anpil. Bondye te ba li anpil puisans, konsa, li t ap fè anpil bèl bagay ak anpil mirak nan mitan pèp la. 9 Malgre sa, te gen yon gwoup moun ki leve kont li. Se yon gwoup moun ki soti nan sinagòg yo te rele sinagòg ansyen esklav yo.[c] Ladan yo, te gen Jwif ki soti lavil Sirèn, sa k soti Aleksandri, sa k soti nan peyi Silisa ak lòt ki soti nan Lazi. Yo tout te tonbe fè diskisyon ak Etyèn. 10 Mesye yo pa t gen agiman pou kenbe tèt ak Etyèn, paske se Sentespri a ki te ba l sajès pou l di sa l t ap di yo.
11 Lè Jwif yo wè yo pa t ka gen rezon sou Etyèn, yo peye kèk moun anba anba pou y al fè fo temwanyaj kont Etyèn, pou y al di: “Nou tande l ap pale Moyiz ak Bondye mal!” 12 Konsa, Jwif yo resi monte tèt ni pèp la, ni chèf fanmi yo, ni doktè lalwa kont Etyèn. Yo vin fache kont li. Y al kote Etyèn te ye a, yo poze lapat sou li epi yo mennen l vin devan Gran Konsèy la.
13 Yo mennen fo temwen tou ki vin di: “Nonm sa a pa sispann pale Tanp sa ki apa pou Bondye a ak lalwa nou an mal. 14 Nou tande l ap di Jezi, nonm Nazarèt la, gen pou l kraze Tanp sa a epi l ap chanje tout koutim Moyiz te kite pou nou yo.” 15 Tout manm Gran Konsèy la te gen je yo fikse sou Etyèn. Pandan y ap gade l konsa, yo wè figi l sanble ak figi yon anj Bondye.
Copyright © 2017 by Bible League International