M’Cheyne Bible Reading Plan
Yon Jerizalèm nouvo
21 Lè sa a, m wè yon syèl ak yon tè nouvo. Premye syèl la ak premye tè a te disparèt. Epi pa t gen lanmè ankò. 2 M gade m wè vil ki apa pou Bondye a, yon Jerizalèm nouvo,[a] m wè l ap desann soti nan syèl kote Bondye ye a. Se pa ti bèl li pa fè tèt li bèl, menm jan ak yon lamarye ki fè tèt li bèl pou yon mesye marye.
3 Epi m tande yon vwa byen fò ki soti kote fotèy wa a. Li di: “Kounye a Bondye fè bitasyon l pami lèzòm. L ap rete ansanm avèk yo. Yo va pèp Bondye, Bondye li menm ap avè yo, l ap Bondye yo. 4 L ap siye tout dlo nan je yo. Lanmò p ap egziste ankò, p ap gen dèy ankò, ni kriye, ni soufrans. Tout bagay pase yo ap disparèt.”
5 Moun ki chita sou fotèy la di konsa: “Gade sa, m refè tout bagay tou nèf.” Epi li di m: “Ekri sa, paske pawòl mwen yo se verite a, yo merite tout konfyans nou.”
6 Li di m ankò: “Sa deja reyalize! Mwen se Alfa ak Omega,[b] kòmansman ak finisman. Moun ki swaf, m ap ba l bwè gratis nan sous dlo lavi a. 7 Tout moun ki ranpòte laviktwa ap jwenn sa; m ap Bondye li epi l ap yon pitit gason pou mwen. 8 Men moun ki lach yo, sa yo ki pa fidèl yo, sa yo k ap komèt vye zak tèrib, asasen yo, moun imoral yo, sòsyè yo, moun k ap adore fo dye yo, tout moun k ap bay manti yo, yo tout pral nan letan dife ak souf la. Se sa ki dezyèm lanmò a.”
9 Youn nan sèt zanj yo vin kote m. Se te youn nan sèt zanj ki te gen sèt koup plen ak sèt dènye gwo kalamite yo. Li di m konsa: “Vini, m pral montre w lamarye, fiyanse Ti Mouton an.” 10 Zanj lan kapte lespri m epi l mennen m sou tèt yon gwo mòn byen wo. Li montre m vil ki apa pou Bondye a, Jerizalèm Bondye voye desann soti nan syèl la.
11 Vil la te gen laglwa Bondye sou li, li t ap klere tankou bijou ki fèt ak bèl wòch ki koute byen chè. Li sanble ak wòch jas, klè tankou kristal. 12 Vil la te gen yon miray byen wo epi byen laj ak douz pòtay. Sou douz pòtay yo te gen douz zanj. Chak pòtay gen non yon tribi Izrayèl ekri sou li. 13 Te gen twa pòt sou kote lès; te gen twa pòt sou kote nò; te gen twa pòt sou kote sid; te gen twa pòt sou kote lwès. 14 Miray vil la te bati sou yon fondasyon ki fèt ak douz wòch. Non douz apot Ti Mouton an te ekri sou douz wòch yo.
15 Anj ki t ap pale avè m nan te gen yon gòl nan men l, ki fèt ak lò, pou l mezire vil la, pòt li yo, epi miray la. 16 Vil la te gen yon fòm kare: longè l te menm ak lajè l. Anj lan mezire l avèk gòl la. Longè a te mezire 12,000 estad,[c] lajè a te mezire 12,000 estad, wotè a te mezire 12,000 estad. 17 Zanj lan te mezire miray la: li jwenn li mezire 144 koude.[d] Anj lan te sèvi ak mezi tout moun te konn mezire. 18 Miray yo te fèt ak bèl wòch koulè vèt[e] ki koute chè. Vil la menm te fèt ak bon lò, klè menm jan ak kristal.
19 Vil la te gen douz fondasyon. Chak fondasyon te fèt ak yon kalite wòch bijou ki koute chè anpil. Premye wòch la te an jas. Dezyèm nan te an safi. Twazyèm nan te an agat. Katriyèm nan te an emwod. 20 Senkyèm nan te an oniks. Sizyèm nan te an sadwan. Setyèm nan te an krizolit. Uityèm nan te an beril. Nevyèm nan te an topaz. Dizyèm nan an krizopaz. Onzyèm nan an tikwaz. Douzyèm nan an ametis. 21 Douz pòtay yo se te douz bèl grenn pèl. Chak pòtay te fèt ak yon sèl grenn pèl. Tout lari nan vil la te fèt ak bon lò, klere kon kristal.
22 Men nan vil la, m pa wè tanp, tanp lan se Senyè a menm, Bondye ki gen tout pouvwa a, ansanm ak Ti Mouton an. 23 Vil la pa bezwen solèy la oubyen lalin nan pou klere l. Glwa Bondye se limyè ki klere l, Ti Mouton an se lanp vil la.
24 Nasyon yo ki sou latè, yo mache nan limyè Ti Mouton an bay la. Dirijan yo ki sou latè, yo pote glwa pa yo vini nan vil la. 25 Pòtay vil la p ap janm fèmen lajounen kou lannuit, paske p ap gen lannuit nan vil la. 26 Tout glwa ak tout lonè nasyon yo, y ap pote yo vini nan vil la. 27 P ap gen anyen ki pa pwòp k ap antre nan vil la. Moun k ap fè vye bagay sal, moun k ap bay manti, pa gen youn k ap antre ladan i. Se sèlman moun ki te enskri nan liv lavi Ti Mouton an k ap antre nan vil la.
Jezi leve vivan soti nan lanmò
(Mat 28:1-10; Mak 16:1-8; Lik 24:1-12)
20 Premye jou nan senmenn nan, nan devanjou, li pa t ko fin fè klè nèt, Mari, moun Magdala a, te ale nan kav la. Li gade, li wè wòch bouch kav la woule, kav la louvri. 2 Li kouri al jwenn Simon Pyè ak lòt disip la, disip Jezi te renmen an, epi li di yo: “Yo wete Senyè a nan kav la, epi nou pa konn kote yo mete l.”
3 Lè sa a, Pyè soti ansanm ak lòt disip la, yo ale nan kav la. 4 Yo toulede t ap kouri ansanm, men lòt disip la te kouri pi vit pase Pyè, li rive an premye nan kav la. 5 Li bese gade epi li wè twal yo depoze yon kote, men li pa t antre.
6 Lè Simon Pyè menm vin rive, li t ap swiv li, li antre nan kav la, epi li gade twal yo byen gade, yo te depoze la. 7 Twal ki te kouvri tèt Jezi a te la tou, men li pa t ansanm ak lòt twal yo, li te ranje apa, nan yon lòt plas. 8 Se lè sa a, lòt disip la, disip ki te rive an premye a, li te antre nan kav la tou. Li te wè epi li te kwè. 9 Pou di vre, yo pa t ko konprann Bib la ki te vle di Jezi te dwe resisite soti nan lanmò.
Mari, moun Magdala a, wè Jezi
(Mak 16:9-11)
10 Apre sa, disip yo te tounen lakay yo. 11 Mari te rete deyò toupre kav la, epi li t ap kriye. Ak je l tou plen dlo, li panche gade anndan kav la 12 epi li wè de anj abiye tou de blan, yo chita egzakteman kote kò Jezi te ye a, youn nan tèt, epi lòt la nan pye.
13 Yo di l konsa: “Madam, pou kisa ou ap kriye konsa?”
Li reponn yo: “Yo wete kò Senyè m nan epi m pa konnen kote yo mete li.” 14 Pandan l ap pale, li vire, epi li wè Jezi ki kanpe la, men li pa t konnen si se te li menm.
15 Jezi di l konsa: “Madam, pou kisa ou ap kriye? Kilès ou ap chache?”
Men li menm, li panse se te responsab jaden an, li di l: “Mesye, si se ou ki wete l, di m kote w mete l, m va al pran li.”
16 Jezi di l: “Mari!”, Mari vire je li, li di nan lang Arameyen: “Rabouni!”, sa vle di “Mèt mwen”.
17 Jezi di l: “Pa kenbe m! Paske m poko monte ale jwenn Papa m. Sa w gen pou fè, ale jwenn disip mwen yo,[a] di yo mwen monte al jwenn Papa m, ki Papa nou tou, mwen ale jwenn Bondye m, ki Bondye pa nou tou.”
18 Mari, moun Magdala a, te vin di disip yo konsa: “Mwen wè Senyè.” Epi li di yo sa Senyè a te di l.
Jezi parèt devan disip li yo
(Mat 28:16-20; Mak 16:14-18; Lik 24:36-49)
19 Premye jou nan senmenn nan, byen ta nan apre midi, disip yo te ansanm nan yon kay. Poutèt yo te pè Jwif yo, yo fèmen pòt la. Jezi vini, li kanpe nan mitan yo epi li di yo: “Lapè avèk nou!” 20 Apre l fin di sa, li montre yo men l yo ak bò kòt li. Lè disip yo te wè Senyè a, se pa ti kontan yo te kontan.
21 Yon lòt fwa ankò, Jezi di yo: “La pè avèk nou. Menm jan Papa a te voye m, konsa mwen menm mwen voye nou tou.” 22 Lè l te fin pale konsa, li soufle sou yo epi li di yo: “Resevwa Sentespri a.” 23 Moun nou padone peche yo, peche yo ap padone. Moun nou refize padone, yo p ap jwenn padon.
Jezi fè Toma wè li
24 Men Toma, youn nan douz disip yo, sa yo te rele Didim nan, li pa te la lè Jezi te vini an. 25 Lòt disip yo di l: “Nou wè Senyè a wi!” Men li reponn yo: “Si m pa wè mak klou yo nan men l, si m pa mete men m bò kòt li epi nan mak klou yo, m p ap kwè!”
26 Apre uit jou, disip yo te reyini ankò nan yon kay. Lè sa a, Toma te la avèk yo. Jezi vin kanpe nan mitan yo epi li di yo: “La pè avèk nou.” 27 Apre sa, li di Toma: “Vini ak dwèt ou epi gade men m yo, lonje men w, foure dwèt ou nan bò kòt mwen, sispann rete nan enkredilite, se pou w tounen yon moun ki gen lafwa.”
28 Toma reponn li: “Senyè mwen, Bondye mwen.”
29 Jezi di l konsa: “Paske w wè m ou kwè, benediksyon pou moun ki pa wè men ki kwè.”
Pou kisa Jan ekri liv sa a?
30 Jezi te fè anpil lòt mirak ankò ki pa rapòte nan liv sa a. 31 Men bagay sa yo ekri pou nou kapab rive kwè[b] Jezi se Kris la, Pitit Bondye a, epi tou lè nou kwè sa nou va gen lavi etènèl.
Copyright © 2017 by Bible League International