M’Cheyne Bible Reading Plan
Koup yo ki plen ak kòlè Bondye a
16 Apre sa m tande yon vwa byen fò nan tanp lan. Li di sèt anj yo konsa: “Al vide sèt koup kòlè Bondye yo sou latè.”
2 Premye a pati, l al vide koup li a sou latè. Tout moun ki te gen mak bèt la epi ki t ap adore zidòl li a te pran nan yon move maleng ki t ap fè yo soufri anpil.
3 Dezyèm anj lan vide koup pa l la sou lanmè a. Lè sa a, lanmè a vin tounen san, menm jan ak san yon moun mouri epi tout bèt nan lanmè a te mouri.
4 Twazyèm anj lan vide koup pa l la nan gwo larivyè yo ak nan sous dlo yo. Yo vin tounen san. 5 Lè sa a, m tande anj ki responsab dlo yo di Bondye konsa:
“Ou menm ki la, ki te toujou la, ou menm ki sen,
ou jis vre, pou fason ou fè jijman w yo.
6 Paske moun yo te fè san koule,
san moun ki apa pou yo ansanm ak pwofèt ou yo.
Kounye a ou ba yo san pou yo bwè.
Se sa yo merite.”
7 Epi m tande lotèl la di:
“Wi, Senyè Bondye toupuisan an,
jijman w yo fèt ak jistis epi yo dwat.”
8 Katriyèm anj lan vide koup pa l la sou solèy la. Solèy la jwenn pouvwa pou l boule moun ak dife. 9 Lè sa a, moun sou latè te boule ak yon chalè tèrib. Men, olye pou yo ta repanti epi bay Bondye glwa, se joure yo te pran joure non Bondye ki gen pouvwa sou kalamite sa yo.
10 Senkyèm anj lan vide koup pa l la sou twòn bèt la. Fènwa te kouvri wayòm bèt la. Moun t ap mòde lang yo tèlman yo t ap soufri. 11 Yo t ap joure Bondye ki nan syèl la, poutèt soufrans yo ak maleng yo, men yo refize chanje kè yo pou yo ta vire do bay move zak y ap komèt yo.
12 Sizyèm anj lan vide koup pa l la sou gwo larivyè ki rele Lefrat la. Dlo a seche nèt pou wa k ap soti nan peyi solèy leve yo ka travèse. 13 Apre sa, m wè twa move lespri, yo te sanble ak krapo, youn t ap soti nan bouch dragon an, youn ki t ap soti nan bouch bèt la, epi youn ki t ap soti nan bouch fo pwofèt la. 14 Lespri sa yo, se demon yo te ye. Se twa lespri demon ki t ap fè anpil mirak. Yo pral rasanble tout wa sou latè pou batay ki gen pou fèt nan gwo jou Bondye ki gen tout pouvwa a.
15 “Tande sa! M ap vini sanzatann, menm jan ak yon vòlè. Benediksyon pou moun ki pa kite dòmi pran yo, epi ki rete tou abiye. Yo p ap mache toutouni sou moun, pou yo pa wont lè moun wè yo toutouni.”
16 Lespri yo te rasanble wa yo yon kote yo rele Amagedon, nan lang Ebre.
17 Epi setyèm anj lan vide koup pa l la nan lè a. Lè sa a, yon gwo vwa te soti nan tanp lan, se te sou twòn nan l te soti. Li di: “Se fini!” 18 Lè sa a, te gen anpil kout zeklè, anpil gwo vwa k ap fè bri, anpil kout loray ak yon gwo trannmantè. Se te pi gwo trannmantè ki te janm fèt depi latè te gen moun sou li. 19 Gwo lavil la te fann fè twa moso. Lavil tout lòt nasyon yo kraze. Epi Bondye sonje gwo lavil Babilòn nan, li ba l bwè yon koup plen ra bouch ak diven kòlè tèrib li a. 20 Tout zile yo disparèt, pa gen mòn ankò sou latè. 21 Anpil gwo grenn lagrèl te pran tonbe sou moun yo. Grenn lagrèl yo te peze prèske 40 kilo.[a] Epi moun yo te pran joure Bondye poutèt kalamite lagrèl la. Se te yon kalamite avèk vyolans tèrib.
Jezi se menm jan ak yon pye rezen
15 “Mwen menm se vrè pye rezen an, epi Papa m se moun k ap okipe pye rezen an. 2 Tout branch ki nan mwen ki pa donnen, li koupe l voye jete. Men, tout branch ki donnen, li netwaye l pou l kapab donnen pi plis toujou. 3 Pou nou menm, ansèyman nou resevwa avè m gentan retire vye fèy ak vye branch ki ta fè nou pa ka donnen. 4 Rete branche nan mwen, epi mwen menm m ap rete branche nan nou tou. Menm jan ak branch rezen ki pa kapab donnen poukont li san l pa rete atache nan pye rezen an, se konsa tou nou pa kapab donnen si nou pa rete branche nan mwen.
5 Mwen menm se pye rezen an, nou menm nou se branch yo. Branch sa yo ki rete nan mwen epi mwen menm nan yo, se pa ti donnen y ap donnen. Paske san mwen menm nou pa kapab fè anyen. 6 Si yon moun pa rete atache nan mwen, yo va koupe l jete deyò, menm jan ak branch rezen an, l ap seche epi y ap ranmase l mete nan dife. 7 Si nou rete atache nan mwen, epi nou pratike ansèyman mwen yo, nou mèt mande sa nou vle, nou va jwenn li. 8 Lè nou donnen anpil, se konsa nou montre nou se disip mwen. Alò moun va wè glwa Papa m.
9 Menm jan Papa a renmen m, konsa tou mwen renmen nou. Kontinye viv selon ansèyman mwen yo, epi mwen menm va renmen nou. 10 Si nou fè sa m kòmande nou fè, n ap kontinye viv nan lanmou mwen, menm jan mwen menm, mwen fè sa Papa m kòmande m, epi m kontinye viv nan lanmou li. 11 Mwen di nou pawòl sa a, pou lajwa pa m kapab nan nou, epi pou nou menm kapab gen lajwa nèt ale. 12 Men kòmandman mwen: Se pou nou renmen youn lòt, menm jan m renmen nou. 13 Pa janm gen yon lanmou pi gran pase lanmou yon moun ki bay pwòp lavi l pou moun li renmen. 14 Nou se zanmi m si nou fè sa m mande nou fè. 15 Mwen pa rele nou senp sèvitè, paske yon sèvitè pa konn sa mèt li ap fè. Men nou menm, mwen rele nou zanmi, paske mwen fè nou konnen tout sa m tande Papa m di.
16 Malgre sa, se pa nou ki te chwazi m, men se mwen menm ki chwazi nou, epi mwen tabli nou pou nou al pote fwi epi pou fwi nou yo kapab dire lontan. Konsa, tout sa nou va mande Papa a nan non m, li va ba nou l. 17 Sa mwen pase nou lòd pou n fè se pou nou renmen youn lòt.
Jezi avèti disip li yo
18 Si lemonn rayi nou, se pou n konnen se paske l rayi m an premye. 19 Si nou te moun lemonn, lemonn t ap renmen nou. Men paske nou pa moun lemonn epi se nan lemonn mwen te pran nou mete apa, se pou sa lemonn rayi nou.
20 Sonje byen sa m te di nou: Yon esklav pa gen plis enpòtans pase mèt li. Si yo te pèsekite m, y ap pèsekite nou tou, si yo te obeyi ansèyman m yo, y ap obeyi ansèyman nou yo tou. 21 Yo va fè nou sibi tout bagay sa yo poutèt mwen, paske yo pa konnen moun ki voye m nan. 22 Si m pa t vini epi si m pa t pale yo, yo pa t ap koupab. Men kounye a, yo pa gen okenn eskiz pou peche yo.
23 Moun ki rayi m rayi Papa m tou. 24 Si m pa t fè devan je yo bagay okenn lòt moun pa t janm fè, yo pa t ap koupab. Men kounye a, malgre yo wè sa m fè, yo kontinye rayi ni mwen ni Papa m. 25 Men, se pou sa ki te ekri nan Lalwa yo a kapab akonpli ki fè yo rayi m san rezon.[a]
26 Lè konsolatè a va vini, moun m ap voye soti lakay Papa a, Lespri verite[b] Papa a ap voye a, l ap rann temwanyaj pou mwen. 27 Nou menm tou, n ap sèvi m temwen, paske depi nan kòmansman nou te avè m.
Copyright © 2017 by Bible League International