M’Cheyne Bible Reading Plan
Bèt ki soti nan lanmè a
13 Apre sa, m wè yon bèt monte soti nan lanmè a. Li te gen dis kòn ak sèt tèt. Te gen yon kouwòn sou chak kòn. Epi sou chak tèt te gen yon non pou joure Bondye. 2 Bèt mwen wè a te sanble ak yon leyopa. Pat li yo te menm jan ak pat yon lou epi bouch li te menm jan ak bouch yon lyon. Dragon an bay bèt sa a puisans li a, twòn li ak yon gran pouvwa.
3 Youn nan tèt bèt la te blese prèt pou mouri. Men kote l te blese prèt pou mouri a geri. Tout moun sou latè t ap admire epi t ap swiv bèt sa a. 4 Tout moun t ap adore dragon an, paske l te bay bèt la pouvwa a. Tout moun t ap adore bèt la tou, yo t ap di: “Kilès ki menm jan ak bèt la? Kilès ki ka batay ak li?”
5 Bèt la te jwenn otorizasyon pou l di yon bann pawòl plen ak lògèy ansanm ak yon seri pawòl pou joure Bondye. Li te jwenn pouvwa pou l aji pandan 42 mwa. 6 Bèt la te ouvè bouch li epi li t ap joure Bondye: Li joure non Bondye, joure kote Bondye rete a ansanm ak tout sa ki rete nan syèl la. 7 Li te jwenn pouvwa pou l goumen ak moun ki apa pou Bondye yo ak pouvwa pou l ranpòte laviktwa sou yo. Li te jwenn pouvwa sou tout tribi, tout ras moun, sou tout lang ak sou tout peyi. 8 Tout moun toupatou sou latè pral adore bèt la. Moun sa yo se moun ki pa t gen non yo ekri nan liv lavi Ti Mouton an depi anvan mond lan te kòmanse. Ti Mouton an, se li menm yo te touye a.
9 Nenpòt moun ki gen zòrèy pou tande
ta dwe tande sa:
10 Si yon moun te dwe al nan prizon,
fòk li al nan prizon.
Yon moun yo te dwe touye ak nepe,
y ap touye l ak nepe.
Se poutèt sa, moun ki apa pou Bondye yo dwe gen pasyans ak lafwa.
Bèt ki soti anba tè a
11 Apre sa, m wè yon lòt bèt ki soti monte anba tè a. Li te genyen de kòn menm jan ak Ti Mouton an, men li pale menm jan ak yon dragon. 12 Bèt sa a kanpe devan premye bèt la, li fè tout sa premye bèt la te fè ak menm puisans lan. Li te fòse latè ak tout moun k ap viv ladan l fè yo adore premye bèt la, bèt ki te blese prèt pou mouri a epi ki te geri a. 13 Dezyèm bèt sa a te fè yon bann gwo mirak. Li te menm fè dife soti nan syèl la tonbe sou latè, devan je tout moun.
14 Se konsa dezyèm bèt la te twonpe tout moun k ap viv sou latè. Li te jwen pouvwa sa a nan men premye bèt ki te soti nan lanmè a. Li kòmande pou tout moun sou latè fè yon estati bèt ki te soti nan lanmè a, bèt ki te blese ak kout lans lan epi ki vivan toujou a. 15 Dezyèm bèt la te jwenn pouvwa pou l mete lavi nan estati premye bèt la, pou fè l pale epi pou fè touye tout moun ki pa ta vle adore l. 16 Dezyèm bèt la te egzije tout moun pote yon mak sou men dwat yo oubyen sou fon yo, kit ou te timoun kit ou te granmoun, kit ou te rich kit ou te pòv, kit ou te esklav kit ou te lib. 17 Pou yon moun vann oubyen achte yon bagay, fòk li pote mak sa a: Mak sa a, sete non bèt la oubyen nimewo non l.
18 Men sa ki rele sajès: Moun ki gen sajès va kalkile nimewo bèt la, se nimewo yon gason. Nimewo a se 666.
Yon dam fè lwanj pou Jezi
(Mat 26:6-13; Mak 14:3-9)
12 Sis jou anvan fèt Pak la, Jezi ale Betani kote Laza, nonm li te resisite a te rete. 2 Yo te fè bèl fèt pou li la, Mat t ap fè sèvi manje, epi Laza te la ak envite yo ap manje ak Jezi. 3 Lè sa a, Mari pran yon boutèy losyon san melanj ki koute chè anpil, plis pase yon lit konsa, li mouye pye Jezi ak losyon an epi li siye yo ak cheve l. Lè sa a, tout kay la te vin gen lodè losyon an.
4 Jida Iskaryòt, youn nan disip yo, ki t apral trayi Jezi a, te di disip yo konsa: 5 Pou ki nou pa vann losyon an pou twasan denye,[a] nou ta bay pòv yo kòb sa a? 6 Li t ap pale konsa, se pa paske l te panse ak pòv yo non. Se paske se te yon vòlè l te ye, epi se li menm ankò ki te kenbe kès la. Li te konn vòlè nan sa yo mete ladan l.
7 Lè sa a, Jezi di: “Kite l trankil, se yon ekonomi l ap fè pou jou antèman m. 8 Pou pòv yo, n ap toujou genyen yo ak nou,[b] men mwen menm, mwen p ap la pou tout tan ak nou.”
Konplo kont Laza
9 Yon gwo foul Jwif te vin konnen Jezi te la, yo pa t vini pou yo wè Jezi sèlman, men pou yo te kapab wè Laza Jezi te resisite a tou. 10 Chèf prèt yo te deside touye Laza tou. 11 Paske, poutèt li menm, anpil Jwif vire do kite yo pou y al kwè nan Jezi.
Jezi antre nan Jerizalèm tankou yon wa
(Mat 21:1-11; Mak 11:1-11; Lik 19:28-40)
12 Nan demen, tout foul moun ki te vin nan fèt la te vin konnen Jezi t apral rive nan lavil Jerizalèm. 13 Yo pran branch bwa soti al rankontre l. Yo t ap plede rele:
14 Jezi jwenn yon jenn ti bourik, li monte sou li, jan Bib la te di a:
16 Nan moman sa a, disip yo pa t konprann sa k t ap pase a. Men lè Jezi te fin retounen al jwenn papa l, yo reyalize bagay sa yo te ekri sou li, epi se sa menm yo te fè pou li.
17 Foul moun ki te la yo, lè li te rele Laza soti nan tonm nan, lè li te resisite l la, yo tout t ap rann temwanyaj pou li. 18 Se poutèt sa, foul moun sa yo te vin kontre li, paske yo te tande ki kalite mirak li te fè. 19 Lè sa a, Farizyen yo t ap di antre yo menm: “Nou pa wè nou pa ka fè anyen? Men tout moun pati ale jwenn li.”
Jezi ap pale sou lanmò ak lavi
20 Te gen kèk moun pami Grèk yo ki te vini pou adore Bondye nan moman fèt la. 21 Y al jwenn Filip ki moun Bètsayida, nan teritwa Galile, yo mande l: “Mesye, nou ta renmen wè Jezi.” 22 Filip al di Andre sa, epi yo toulede al di Jezi sa ansanm.
23 Men, Jezi reponn yo konsa: “Moman an rive pou Pitit Lòm nan resevwa glwa li. 24 An verite, an verite, m ap di nou, si grenn mayi yo plante a pa mouri, l ap rete poukont li. Men si li mouri, l ap donnen anpil. 25 Moun ki renmen lavi l ap pèdi l, men moun ki bay lavi l pou lemonn, moun sa a va konsève lavi l pou letènite. 26 Si yon moun ap sèvi mwen, se pou l swiv mwen, epi kote m ye sèvitè mwen ap la tou. Si yon moun ap rann mwen sèvis, Papa m ap fè lwanj pou li.
Jezi pale sou lanmò li
27 Kounye a, m santi lespri m twouble. Ki sa m ta di? Papa, delivre m non anba tan soufrans sa a. Men, se pou sa menm mwen te vini. 28 Papa, fè wè glwa w non!”
Lè sa a, yon vwa soti nan syèl la, li di: “Mwen fè wè glwa m deja, epi m ap fè wè glwa m ankò.”
29 Foul moun ki te la yo te tande. Gen nan yo ki di se yon kout loray, gen lòt ki di se yon anj ki pale avè l.
30 Jezi reponn epi li di: “Se pa pou mwen menm vwa sa a pale, se poutèt nou menm. 31 Kounye a lè jijman lemonn rive, lè a rive pou chèf k ap domine sou lemonn nan tonbe. 32 Epi mwen menm, lè yo va leve m anwo[g] tè a, m ap rale tout moun vin jwenn mwen.” 33 Li te di sa pou l fè konprann kijan l ap mouri.
34 Foul la te reponn li: “Nou etidye nan Lalwa, lè Kris la vini l ap viv pou tout tan, kijan ou fè di fòk Pitit Lòm nan leve anwo latè a?[h] Ki moun Pitit Lòm nan ye?”
35 Jezi di yo: “Limyè[i] a avèk nou pou yon ti tan ankò. Mache toutotan limyè a la, pou fènwa pa kenbe nou. Paske moun k ap mache nan fènwa pa wè kote l prale. 36 Pandan nou genyen limyè a, se pou n kwè nan limyè a, konsa nou va tounen pitit limyè.” Apre Jezi fin pale konsa ak yo, li pati l al kache.
Kèk Jwif derefize kwè Jezi
37 Menm lè Jezi fè tout mirak sa yo devan pèp la, yo pa t kwè nan li 38 pou pawòl pwofèt Ezayi sa a te kapab akonpli:
“Senyè, kilès ki kwè nan sa yo tande n ap di?
Pouki moun pouvwa Senyè a parèt aklè?”[j]
39 Men pou kisa yo pa t kapab kwè, se Ezayi menm ki di ankò:
40 “Li fè yo avèg
epi li fè kè yo di
pou yo pa wè nan je yo,
pou yo pa konprann nan kè yo,
pou yo pa ta vire vin jwenn mwen,
pou m ta geri yo.”[k]
41 Ezayi te di sa, paske li te wè glwa Jezi, epi li pale de li.
42 Poutan, pami chèf yo menm, anpil te kwè nan Jezi. Men poutèt Farizyen yo, yo pa t oze di sa, yo te pè pou yo pa t mete yo deyò nan Sinagòg la. 43 Yo te prefere lwanj moun ba yo pase lwanj Bondye.
Ansèyman Jezi a gen pou jije lèzòm
44 Lè sa a, Jezi deklare byen fò: “Moun ki kwè nan mwen se pa nan mwen l kwè, se nan moun ki voye m nan li kwè. 45 Moun ki wè mwen wè moun ki voye m nan. 46 Mwen menm, mwen vini pou m yon limyè pou lemonn, pou nenpòt moun ki kwè nan mwen pa rete nan fènwa.
47 Si yon moun tande sa m di epi li pa pratike yo, se pa mwen k ap jije li, paske mwen pa vini pou m jije lemonn, mwen vini pou m sove lemonn. 48 Yon moun ki rejte m epi ki pa fè ka pawòl mwen, li gentan gen jij li: Pawòl mwen yo, se yo k ap jije li nan dènye jou a. 49 Mwen pa pale pou pwòp tèt pa m. Men, Papa m ki voye m, li preskri m sa m dwe di. 50 Mwen konnen sa l mande fè bay lavi etènèl. Se poutèt sa, mwen di sa m ap di, menm jan papa m di l.”
Copyright © 2017 by Bible League International