Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

M’Cheyne Bible Reading Plan

The classic M'Cheyne plan--read the Old Testament, New Testament, and Psalms or Gospels every day.
Duration: 365 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Error: '2 Istwa 24 ' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Revelasyon 11

De temwen yo

11 Apre sa, yo ban m yon baton ki fèt ak bwa wozo pou m mezire. Yo di m: “Al mezire tanp[a] Bondye a, ansanm ak lotèl la. Epi konte ki kantite moun k ap adore anndan l. Men, kite lakou tanp lan, pa mezire l. Paske, yo kite l pou moun ki pa pou Bondye yo. Yo va montre pouvwa yo genyen sou Vil sent lan pandan 42 mwa. M ap bay de temwen yo pouvwa pale nan non Bondye ak rad dèy sou yo, y ap pale nan non Bondye pandan 1,260 jou.”

De temwen sa yo, se de pye olivye yo. Yo se de lanp yo tou, ki kanpe devan Senyè a k ap domine sou tout latè. Si yon moun vle fè yo mal, yon dife ap soti nan bouch yo pou detwi lènmi yo. Wi, se konsa moun ki vle fè yo mal dwe mouri. Temwen sa yo gen pouvwa pou fè lapli pa tonbe pandan tout tan y ap pale nan non Bondye a. Yo gen pouvwa pou fè dlo tounen san. Yo ka frape latè ak tout kalite dezas, de tanzantan, jan yo vle.

Lè yo fin temwanye, bèt ki te soti nan twou san fon an ap batay avèk yo, l ap gen viktwa sou yo epi l ap touye yo. Kadav yo ap rete nan lari, sou plas gwo lavil la. Yo bay Lavil sa a yon non an daki, yo rele l Sodòm ak Lejip. Se kote yo te klouwe Senyè a sou kwa a. Moun tout nasyon, tout tribi, tout lang, tout peyi, va vini pou wè kadav yo pandan twa jou edmi. Moun yo p ap kite yo antere yo. 10 Tout moun sou latè ap kontan poutèt yo mouri. Y ap fè fèt, youn ap bay lòt kado, paske de pwofèt sa yo te fè moun soufri anpil.

11 Men, apre twa jou edmi, Bondye soufle yon souf lavi sou yo ankò. Yo leve kanpe sou de pye yo. Lè sa a, tout moun ki te wè yo te pè anpil. 12 Apre sa, de pwofèt yo tande yon vwa ki soti nan syèl la ki di yo: “Monte isit!” Yo monte nan syèl, nan yon nyaj, devan je lènmi yo.

13 Nan menm lè sa a, te gen yon gwo trannmantè vyolan. Yon dizyèm pati nan vil la kraze epi 7,000 moun te mouri nan trannmantè a. Moun ki pa t mouri te nan lapèrèz, yo t ap fè lwanj pou Bondye ki nan syèl la.

14 Dezyèm malè a pase. Men twazyèm malè a nan wout ap vini byen vit.

Setyèm twonpèt la sonnen

15 Setyèm zanj lan sonnen twonpèt la. Yon bann gwo vwa soti nan syèl la. Yo t ap di:

“Kounye a, wayòm mond lan se pou Senyè nou an ansanm ak Mesi li a,
    l ap renye sou li pou tout tan gen tan.”

16 Lè sa a, 24 granmoun yo, ki chita devan Bondye yo tonbe fas a tè devan twòn Bondye a, yo t ap adore Bondye. 17 Yo t ap di:

“N ap di w mèsi, Senyè Bondye Toupuisan.
    Se ou menm sèl ki egziste epi ki te toujou egziste.
Mèsi paske ou sèvi ak gwo puisans ou genyen
    epi ou tabli pouvwa w.
18 Nasyon yo te an kòlè,
    men kounye a, kòlè pa w rive.
Kounye a, jou jijman mò yo rive.
    Lè a rive pou rekonpanse sèvitè w yo, pwofèt yo,
    pou rekonpanse moun ki apa pou ou yo,
ansanm ak sa yo ki gen krentif pou non ou yo,
    piti kou gran.
Lè a rive pou ou detwi
    moun sa yo ki t ap detwi latè yo!”

19 Lè sa a, tanp Bondye a ki nan syèl la te louvri. Kòf Alyans lan te la, nan tanp lan. Te gen anpil zeklè, anpil bri, anpil kout loray, yon trannmantè ak anpil gwo moso glas ki t ap tonbe a tè.

Error: 'Zakari 7 ' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Jan 10

Bèje a ak mouton l yo

10 An verite, an verite, mwen di nou: yon moun k ap antre kote yo gade mouton, se nan baryè a li dwe pase.[a] Si l pase nenpòt lòt kote se yon vòlè li ye, se eseye l ap eseye vòlè mouton yo. Men, moun ki pase nan baryè a, se bèje mouton yo l ye. Moun k ap veye baryè a louvri l pou mouton yo, epi mouton yo tande vwa bèje a. Li rele pwòp mouton li yo dapre non yo epi yo swiv li soti deyò. Lè l fin fè tout mouton pa l yo soti nan pak la, li mache alatèt yo epi yo swiv li, paske yo konnen vwa li. Men, yo p ap janm swiv yon moun yo pa konnen. Y a kouri pou li, paske yo pa konnen vwa moun sa a.

Jezi rakonte yo istwa sa a, men yo pa t konprann sa l t ap di yo a.[b]

Jezi se Bon Bèje a

Jezi di yon lòt fwa ankò: “An verite, an verite, m ap di nou: se mwen menm ki pòt pou antre nan pak mouton an. Tout lòt yo ki te vini anvan m se brigan ak vòlè yo ye, men mouton yo pa t koute yo. Mwen se pòtay pak la. Nenpòt mouton ki pase nan mwen pou l antre nan pak la, l ap an sekirite. L ap ka antre nan pak la, l ap ka soti ale nan patiraj pou l manje sa l bezwen. 10 Vòlè a pa vin fè lòt bagay, se vòlè, se touye, se detwi. Men, mwen menm, mwen vini pou ba yo lavi, yon lavi pi plis pase sa w ta janm imajine.

11 Mwen se bon bèje a, epi bon bèje a bay lavi li pou mouton l yo. 12 Yon moun yo peye pou gade mouton yo, li pa yon vrè bèje. Poutèt li pa mèt mouton yo, lè li wè chyen mawon ap vini, li lage mouton yo epi li chape kò l. Chen mawon atake mouton yo epi yo tout gaye. 13 Se paske se yon djòb l ap fè ki fè li pa gen okenn sansibilite pou mouton yo.

14 Mwen se bon bèje a, mwen konnen mouton m yo epi mouton m yo konnen m tou. 15 Menm jan Papa a konnen m, mwen menm mwen konnen Papa a tou, epi mwen bay lavi m pou mouton yo. 16 Mwen genyen lòt mouton ki pa nan pak sa a. Mouton sa yo, fòk mwen mennen yo vini. Y a tande vwa m, lè sa a y ap vini. Konsa, yo tout ap fè yon sèl twoupo ak yon sèl bèje.[c] 17 Se poutèt sa Papa a renmen m, paske mwen bay lavi m pou m repran l ankò. 18 Pa gen okenn moun ki pran l nan men m, men mwen bay li ak pwòp volonte m. Mwen gen dwa pou m bay li, mwen gen dwa pou m pran l ankò. Se lòd sa a Papa m ban mwen.”

19 Yon lòt fwa ankò, Jwif yo te divize poutèt sa Jezi t ap di. 20 Anpil nan Jwif yo t ap di: “Li gen yon move lespri nan tèt li ki rann li fou, pou kisa n ap koute li?”

21 Gen lòt moun ki t ap di: “Pawòl sa yo se pa pawòl yon moun ki gen move lespri nan tèt li. Èske yon move lespri kapab louvri je moun avèg?”

Lidè pèp Jwif yo kont Jezi

22 Lè sa a, yo t ap fete fèt Dedikas la[d] nan lavil Jerizalèm. Se te sezon livè. 23 Jezi t ap pwonmennen nan tanp lan, anba kote yo rele Galri Salomon an. 24 Lidè Jwif yo te antoure Jezi epi yo mande li: “Pou jis kilè ou ap kite nou nan dout sa a? Si se ou ki Kris la, di nou bagay la klè.”

25 Jezi reponn yo: “Mwen di nou sa deja, men nou pa kwè. Mirak sa yo m ap fè nan non Papa m, yo montre aklè ki moun mwen ye. 26 Men nou pa kwè, paske nou pa fè pati mouton m yo. 27 Mouton m yo ap koute vwa m, mwen konnen yo epi yo swiv mwen. 28 Mwen ba yo lavi etènèl epi yo p ap janm peri. Pèsonn p ap ka wete yo nan menm. 29 Se Papa m ki ban mwen yo, epi li pi gran pase tout moun.[e] Okenn moun pa ka vòlè mouton m yo nan men Papa a. 30 Mwen menm ak Papa a nou se youn.”

31 Yon lòt fwa ankò, Jwif yo ranmase wòch pou yo touye Jezi. 32 Jezi reponn yo: “Mwen fè anpil bèl bagay ki soti nan Papa a. Pou kilès ladan yo nou ta vle touye m ak kout wòch?”

33 Jwif yo reponn li: “Nou p ap touye w ak wòch pou yon bèl bagay, men paske ou di bagay ki manke Bondye dega. Se yon moun ou ye, vwala ou di ou se menm ak Bondye.”

34 Jezi reponn yo: “Èske sa pa ekri nan Lalwa nou an: Mwen di: Nou tout se dye.[f] 35 Bib la rele moun sa yo ki resevwa mesaj Bondye a dye. Epi tou, sa Bib la di se toujou verite a. 36 Alò, pou ki n ap akize m, nou di m ap manke Bondye dega paske mwen di: Mwen se Pitit Bondye? Se mwen Bondye chwazi epi li voye m sou latè. 37 Si m pa fè travay Bondye Papa m, pa kwè mwen. 38 Men si m ap fè sa Papa m ap fè, nou ta dwe kwè nan sa m fè. Menm si nou pa t ka kwè mwen, nou ta dwe kwè nan bagay m ap fè yo. Se lè sa a, nou ta konnen epi nou ta konprann Papa a nan mwen epi mwen menm, mwen nan Papa a.”

39 Lè sa a, yo te eseye arete Jezi ankò, men li chape poul li.

40 Jezi te pati yon fwa ankò ale lòtbò rivyè Jouden an, kote Janbatis te kòmanse batize moun yo, epi li rete la. 41 Anpil moun te al jwenn li. Yo di: “Se vre, Janbatis pa fè mirak, men tout sa l di sou nonm sa a se verite a.” 42 Nan zòn sa a, anpil moun te vin kwè nan Jezi.

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International