M’Cheyne Bible Reading Plan
Senkyèm twonpèt la kòmanse premye malè a
9 Senkyèm anj lan sonnen twonpèt li a, m wè yon zetwal sot nan syèl la tonbe sou latè. Yo ba l kle twou san fon an. 2 Li louvri pòt twou san fon an, yon gwo lafimen soti ladan l, menm jan ak lafimen yon gwo boukan dife. Lè sa a, solèy la ak lè a, tout vin fè nwa ak lafimen ki soti nan twou san fon an.
3 Yon bann gwo krikèt vèt te soti nan lafimen an gaye toupatou. Yo te resevwa yon pouvwa menm jan ak eskòpyon yo. 4 Yo te resevwa lòd pou yo pa t fè okenn zèb sou latè mal, ni okenn plant, ni okenn pyebwa, sof moun ki pa t gen mak sa Bondye a sou fon yo. 5 Yo pa t gen pouvwa pou touye yo, men sèlman pou toumante yo pandan senk mwa: Toumant sa yo te bay la, se menm jan ak lè yon eskòpyon pike yon moun. 6 Nan jou sa yo, moun ap chache lanmò, men yo p ap jwenn li. Yo t ap byen vle mouri, men lanmò ap kouri lwen yo.
7 Krikèt vèt sa yo sanble ak cheval ki prepare pou fè lagè. Yo te gen yon seri kouwòn sou tèt yo ki sanble ak kouwòn an n ò, figi yo menm jan ak figi moun. 8 Cheve yo te menm jan ak cheve yon fi. Dan yo te menm jan ak dan lyon. 9 Lestomak yo sanble yon bagay ki kouvri ak yon plak an fè. Bri zèl yo se tankou bri yon bann chwal k ap mennen cha pou fè lagè. 10 Krikèt vèt sa yo gen ke yo ak yon pwent ladan yo pou pike, menm jan ak ke eskòpyon. Se ak ke yo, yo fè moun soufri pandan senk mwa. 11 Chèf k ap gouvène krikèt vèt yo, se anj twou san fon an. Nan lang Ebre a, yo rele l Abadon.[a] Nan lang Grèk, yo rele l Apolyon.[b]
12 Premye malè a pase. Apre sa, gen de lòt malè k ap vini.
Sizyèm twonpèt la sonnen
13 Sizyèm anj lan sonnen twonpèt pa l la. M tande yon vwa ki soti nan kat kwen lotèl an n ò ki devan Bondye a. 14 Li di sizyèm anj ki te gen twonpèt la: “Lage kat anj ki nan chenn bò gwo flèv la, bò flèv Lefrat la.” 15 Yo lage kat anj yo. Yo te tou pare pou lè a, pou jou a, pou mwa a ak pou lane a, pou yo touye yon tyè nan tout moun k ap viv sou latè. 16 Kantite sòlda kavalye ki te nan lame a, se te de san milyon (200,000,000). M te tande konbyen yo te ye.
17 Konsa, nan vizyon an, m te wè chwal yo ak kavalye yo: Kavalye yo te gen yon plak an fè tou wouj sou lestonmak yo, yon ble fonse kou digo epi yon jòn sanble ak souf. Tèt chwal yo te sanble ak tèt lyon. Dife, lafimen ansanm ak souf t ap soti nan bouch yo. 18 Twa bagay sa yo, dife, lafimen ak souf, ki t ap soti nan bouch chwal yo, se te twa kalamite ki te touye yon tyè nan tout moun sou latè. 19 Pouvwa cheval yo, se te nan bouch yo ak nan ke yo li te ye. Ke yo sanble ak koulèv, yo gen plizyè tèt epi se ak tèt sa yo, yo toumante moun.
20 Lòt moun ki pa t mouri yo pa janm repanti pou ta chanje fason y ap viv nan aksyon yo. Yo pa t sispann adore demon yo, zidòl ki fèt an n ò, ak lajan, ak bwonz, ak wòch epi ak bwa yo, bagay ki pa ka ni wè ni tande ni mache. 21 Yo pa repanti pou yo sispann touye moun ni pou yo sispann fè maji, ni pou yo sispann fè peche nan fè sèks, ni pou yo sispann vòlè.
8 Jezi li menm te monte sou mòn Oliv la. 2 Gran bonè nan maten, li te retounen nan tanp lan. Tout pèp la te vin jwenn li, epi li te chita li t ap anseye yo.
3 Eskrib yo ak Farizyen yo te mennen yon fanm yo te kenbe nan adiltè bay Jezi. Yo fòse fanm nan kanpe devan tout moun. 4 Yo di Jezi konsa: “Mèt, nou kenbe fanm sa a nan men ap fè adiltè. 5 Lalwa Moyiz la mande pou nou touye yon moun konsa ak kout wòch, epi ou menm, kisa ou di?”
6 Yo te pale konsa pou yo te kapab pran Jezi nan pyèj. Yo t ap chache yon okazyon pou akize li. Men Jezi bese epi li t ap trase atè a ak dwèt li. 7 Tout tan l ap ekri a lidè Jwif yo te kontinye poze l kesyon. Lè sa a, Jezi kanpe li gade mesye yo epi li di: “Nenpòt moun la a ki san peche, ba l premye kout wòch la.” 8 Epi Jezi bese ankò, li t ap trase atè a.
9 Lè yo tande sa, yo tonbe glise kò yo youn apre lòt, Kòmanse sou sa k te pi granmoun nan jouktan Jezi te rete poukont li ak fanm nan kanpe nan menm plas la. 10 Jezi kanpe epi li di: “Madam kote moun yo? Pa gen yon moun ki kondane w?”
11 Madam nan reponn: “Non Senyè!”
Lè sa a Jezi di li: “Mwen menm tou, mwen pa kondane w. Ou mèt ale, men yon sèl bagay, pa peche ankò.”
Jezi se limyè lemonn
12 Pi ta, Jezi t ap pale ak pèp la ankò. Li di: “Mwen se limyè lemonn. Nenpòt moun k ap swiv mwen p ap janm mache nan fènwa. Yo va gen limyè ki bay lavi a.”
13 Men, Farizyen yo di Jezi konsa: “Apa ou ap fè lwanj pwòp tèt ou, pèsonn pa kapab sèten si temwanyaj ou a se verite a.”
14 Jezi reponn, li di yo: “Menmsi m ap pale de tèt mwen, sa m ap di a kòrèk, paske m konn kote m soti ak kote m prale. Men nou menm, nou pa konnen kote m soti ni kote m prale. 15 Nou jije nan fason lèzòm jije. Men mwen menm, mwen pa jije pèsonn. 16 Men, si m ap jije, jijman m ap kòrèk, paske m pa poukont mwen. Men Papa a ki voye m nan li ansanm ak mwen. 17 Se pwòp lalwa nou an ki di lè de temwen di menm bagay la, nou dwe aksepte sa yo di a. 18 Mwen temwanye pou mwen menm. Epi Papa m ki voye m nan se yon lòt temwen pou mwen.”
19 Moun yo mande l: “Ki kote Papa w ye?”
Jezi reponn yo: “Nou pa konnen m, nou pa konn Papa m. Si nou te konnen m, nou t ap konn Papa m.” 20 Jezi te di pawòl sa yo pandan l t ap anseye nan tanp lan, nan plas kote yo mete ofrann yo ranmase nan tanp lan. Men pèsonn pa t arete li paske jou l pa t ko rive.
Kèk Jwif pa konprann Jezi
21 Yon lòt fwa ankò, Jezi di moun yo: “Mwen prale. Yon jou n ap gen pou n chache m, men nou gen pou n mouri nan peche nou. Kote m prale a, nou pa gen pouvwa rive la.”
22 Konsa, lidè Jwif yo t ap poze tèt yo kesyon, “Ou kwè nonm nan ta touye tèt li? Paske li di kote l prale a nou pa gen pouvwa pou n al la?”
23 Jezi di yo tou: “Nou menm, nou se moun isiba, mwen menm, mwen se moun anwo nan syèl la; nou menm, nou se moun mond sa a, mwen menm mwen pa moun mond sa a. 24 Se poutèt sa mwen di nou, n ap mouri nan peche nou. Paske si nou pa kwè moun mwen ye a,[a] n ap mouri nan peche nou.”
25 Lè sa a, yo di Jezi: “Ki lès ou ye?”
Jezi reponn yo: “Sa m te toujou ap di nou depi nan kòmansman an. 26 Mwen gen anpil bagay pou m ta kritike pi plis toujou sou nou. Men, m ap di nou sa m tande moun ki voye m nan di sèlman, epi sa l di se verite a.”
27 Yo pa t konprann li t ap pale yo de Bondye, Papa li. 28 Jezi di yo konsa: “Lè n a fin leve Pitit Lòm nan mete anlè[b] sou yon kwa, n a konnen ki moun mwen ye, epi n a konnen mwen pa fè anyen ak pwòp otorite m, men mwen di sa Papa a te anseye m. 29 Epi moun ki voye m nan la ak mwen; li pa kite m poukont mwen, paske mwen toujou fè bagay ki fè l plezi.” 30 Lè l t ap di bagay sa yo konsa, anpil moun te kwè nan li.
Jezi ap pale de libète pou nou pa peche
31 Jezi di Jwif ki te kwè nan li yo: “Si nou obeyi pawòl mwen yo, n ap disip mwen toutbon vre, 32 epi n ap konnen verite a, epi se verite a k ap ban nou libète.”
33 Yo reponn li konsa: “Se pitit pitit Abraram nou ye, epi nou pa t janm esklav pèsonn, kijan ou fè di n ap vin lib?”
34 Jezi reponn yo: “An verite, an verite, m ap di nou, tout moun k ap pratike peche se esklav peche yo ye. 35 Yon esklav pa rete avèk yon fanmi pou tout tan. Men yon pitit kay, li menm, li nan fanmi lan pou tout tan. 36 Konsa, si se pitit la ki libere w, ou lib toutbon vre. 37 Mwen konnen se nan ras Abraram nou soti, men n ap chache touye m, se paske pawòl mwen yo pa fè anyen nan nou. 38 Mwen menm, mwen pale de sa Papa m montre m, men nou menm, nou fè sa pwòp papa pa nou di nou fè.”
39 Yo reponn li: “Papa nou se Abraram.”
Jezi di yo: “Si nou te pitit Abraram, nou ta fè menm bagay ak Abraram. 40 Mwen menm, m ap di nou verite a mwen tande ki soti nan Bondye, men kounye a n ap chache touye m. Abraram pa fè bagay konsa. 41 Nou menm n ap fè travay papa nou.”
Lè sa a, yo reponn li: “Nou pa pitit deyò, nou gen yon sèl papa, se Bondye.”
42 Jezi reponn yo: “Si Bondye te papa nou, nou ta renmen m. Paske se Bondye ki voye m, mwen pa vini pou pwòp tèt mwen, men se li menm ki voye m. 43 Pou kisa nou pa kapab konprann langaj mwen? Paske nou pa kapab aksepte ansèyman m. 44 Se dyab la ki papa nou, epi nou vle fè sa papa nou vle nou fè. Li menm, depi okòmansman, se metye touye moun li fè. Li pa janm pale verite a, paske verite a pa nan li menm. Lè l ap bay manti, se nan pwòp trezò li li pran li. Li mantè epi se papa bay manti li ye.
45 Men paske m di nou verite a, nou pa kwè m. 46 Kilès nan nou ki kapab montre m mwen fè peche? Si m di nou verite a pou kisa nou pa kwè m? 47 Moun ki soti nan Bondye koute sa Bondye di. Rezon ki fè nou pa koute se paske nou pa soti nan Bondye.”
Jezi ak Abraram
48 Jwif yo reponn li: “Ou pa wè nou gen rezon di ou se yon Samariten, ou gen move lespri nan tèt ou.”
49 Jezi reponn yo: “Non, mwen pa gen okenn move lespri nan tèt mwen, men m ap onore Papa m, epi nou menm n ap dezonore m. 50 Mwen menm, se pa glwa m ap chache pou tèt mwen. Gen yon moun k ap chache l (pou mwen) epi k ap jije. 51 An verite, an verite, m ap di nou sa, si yon moun obeyi sa m anseye l, li p ap janm mouri.”
52 Lè sa a, Jwif yo di li konsa: “Kounye a nou konnen ou gen yon move lespri nan tèt ou. Abraram mouri, ata pwofèt yo mouri, epi ou menm ou ap vin di: Si yon moun resevwa pawòl ou li p ap janm mouri. 53 Èske ou pi gran pase Abraram, zansèt nou? Li menm li mouri, epi pwofèt yo mouri tou. Ki sa ou kwè ou ye?”
54 Jezi reponn yo: “Si se mwen k ap fè lwanj pou tèt mwen, lwanj mwen an pa vo anyen. Se Papa m ki fè lwanj pou mwen, li menm n ap di se Bondye nou an. 55 Nou pa konnen li, poutan mwen menm mwen konnen li. Si m ta di m pa konnen li, mwen ta yon mantè, menm jan ak nou. Men mwen konnen l epi mwen fè sa l anseye. 56 Abraram, papa nou, te kontan nèt lè l sèlman panse mwen gen pou m vini. Li te kontan nèt, lè l te wè jou sa a rive.”
57 Lè sa a, Jwif yo di li: “Ou poko menm gen senkant an epi ou di ou te wè Abraram!”
58 Jezi reponn yo: “An verite, an verite, m ap di nou, anvan Abraram te la, mwen la.” 59 Lè sa a yo ranmase wòch pou yo te touye li, men Jezi te kache epi li chape kò l soti nan tanp lan.
Copyright © 2017 by Bible League International