M’Cheyne Bible Reading Plan
Jezi ap retounen
3 Zanmi m yo, sa se dezyèm lèt m ap ekri nou. Nan toulede, m ap chache fè n sonje kèk bagay nou konnen deja, pou m kapab ede n reflechi yon fason ki dwat. 2 M ta renmen nou sonje pawòl pwofèt ki apa pou Bondye yo te konn ap di nan tan pase yo. Se pou n sonje kòmannman apot nou yo te ansenye nou tou: se kòmannman Senyè a ak Sovè a yo ye.
3 Li enpòtan pou n konnen kijan sa pral pase nan dènye tan an. Se nan rizib moun pral pase nou, poutèt ansèyman nou te resevwa a. Yo pral kontinye viv nan move bagay sal yo vle fè yo. 4 Yo pral di: “Jezi te pwomèt l ap retounen, kote l? Zansèt nou yo mouri, epi depi ti konkonm t ap goumen ak berejèn, bagay yo rete jan yo te ye, depi lakreyasyon”.
5 Moun sa yo refize sonje sa k te pase nan tan lontan. Te gen syèl epi te gen tè a Bondye te kreye pa mwayen dlo epi li fè l soti nan dlo. Tou sa te rive fèt pa mwayen pawòl Bondye. 6 Epi tout bagay ki te egziste te peri nan dlo. 7 Poutan se menm pawòl sa a ki deklare syèl ak tè nou genyen kounye a rezève pou dife detwi yo, nan jou jijman kote Bondye pral pini moun ki kont li yo.
8 Men, byenneme m yo, gen yon bagay nou pa dwe janm bliye: “Pou Senyè a, yon jou se menm jan ak mil an, epi mil an se menm jan ak yon jou. 9 Senyè a pa an reta nan akonpli pwomès li yo, jan kèk moun konprann li an reta a. Men se pasyans li genyen pou nou konsa. Li pa vle okenn moun peri, men pou tout moun rive repanti.”
10 Lè Senyè a ap vini, se sanzatann, menm jan ak lè yon vòlè ap vin vòlè. Jou sa a, syèl la ap fè yon bri tèrib epi l ap disparèt. Dife ap detwi tout bagay yo ki nan syèl la. Tè a ansanm ak zak abitan l yo pral jije.[a] 11 Poutèt se konsa tout bagay sa yo gen pou yo detwi, konprann byen sa n dwe fè! Fòk nou gen yon konduit ki sen, ki montre atachman nou ak Bondye. 12 Nou dwe ap tann jou Senyè a rive epi swete li vini prese prese. Lè jou sa a va rive, dife ap detwi syèl la epi tout sa ki nan syèl la ap fonn. 13 Men Bondye fè nou yon pwomès. N ap tann pwomès la reyalize, yon syèl tou nèf ak yon tè tou nèf. Se yon plas kote lajistis va rete.
14 Se poutèt sa, frè m yo, pandan n ap tann jou sa a rive, an n fè anpil efò pou n mennen yon lavi ki pwòp epi san repwòch nan je Bondye. Epi tou n ap viv an pè avèk Bondye. 15 Sonje se grenmesi pasyans Senyè a nou sove. Se sa frè byenneme nou an, Pòl, di nan sa l ekri ak sajès Bondye ba li. 16 Se sa li ekri nan tout lèt li yo. Gen pasaj nan sa li ekri yo ki difisil pou moun rive konprann. Se rezon sa a ki fè kèk inyoran, moun ki pa merite yo fè yo konfyans, chanje sans yo epi entèprete yo mal. Dayè, yo fè menm bagay nan anpil lòt pasaj nan Bib la. Men lè y ap fè sa, se detwi y ap detwi pwòp tèt yo.
17 Men pou nou menm, byenneme, kounye a mwen fè n konn sa. Pridans! Pa kite lènmi Bondye yo twonpe nou, pa kite yo pouse nou fè menm fot ak yo. Se konsa n ap rete fèm nan lafwa nou. 18 Se pou n grandi nan lafwa ak nan konesans nou genyen nan Senyè ak Sovè nou Jezikri. Se pou Senyè a tout glwa ye pou tout tan gen tan! Amèn.
Anpil rejwisans nan syèl la
(Mat 18:12-14)
15 Pèseptè kontribisyon yo ansanm ak moun k ap viv nan peche yo te pwoche bò kote Jezi pou yo tande ansèyman li yo. 2 Farizyen yo ansanm ak Skrib yo menm t ap plenyen kont sa, yo t ap di: “Nonm sa a[a] resevwa moun k ap viv nan peche yo epi li manje ak yo.”
3 Se sa k fè Jezi rakonte yo parabòl sa a. 4 “Sipoze youn nan nou gen san (100) mouton epi youn ladan yo pèdi. Ki sa ou t ap fè? Ou t ap kite katrevendiznèf (99) lòt yo nan raje a epi pati al chache mouton ki pèdi a. Ou t ap kontinye chache jouktan li jwenn ni? 5 Lè l jwenn ni, li pote l sou zepòl li ak anpil kè kontan. 6 Lè l rive lakay, li rele tout zanmi l yo ak vwazen li yo, li di yo: Vin rejwi ansanm ak mwen, paske mouton m nan ki te pèdi a, mwen jwenn ni. 7 M ap di nou sa, gen anpil rejwisans nan syèl la lè yon sèl pechè chwazi chanje lavi li epi tounen vin jwenn Bondye. Gen plis rejwisans pou yon sèl pechè sa a pase pou katrevendiznèf (99) jis yo ki pa bezwen chanje lavi yo.
8 Sipoze yon madanm ta gen dis (10) pyès lajan[b] epi l ta pèdi youn ladan yo. Li t ap limen lanp li, epi bale kay la byen bale. Li t ap chache jouktan li jwenn pyès lajan an? 9 Lè l jwenn ni, li rele tout zanmi l yo ak tout vwazen l yo epi li di: Vin rejwi ansanm ak mwen, paske pyès lajan m nan ki te pèdi a, mwen jwenn ni. 10 Konsa tou m ap di nou, gen anpil rejwisans nan pami anj Bondye yo lè yon pechè chwazi chanje lavi li epi tounen vin jwenn Bondye.”
Istwa konsènan de pitit gason
11 Apre sa Jezi di: “Yon nonm te gen de pitit gason. 12 Pi piti a nan de gason yo di papa l: Papa, ban m pòsyon pa m nan byen w yo. Epi papa a separe byen l yo ant mesye yo.
13 Kèk jou apre sa, ti gason an rasanble tout bagay, li pati ale nan yon peyi byen lwen. Lè l rive la, li gaspiye tout byen li yo nèt nan banbòch. 14 Apre l fin depanse tout sa l te genyen, yon gwo grangou tonbe sou peyi a, epi jèn nonm nan tonbe nan malsite. 15 Jèn gason an vin asosye ak yon sitwayen nan peyi a ki ba l yon travay. Li voye l nan jaden li al bay kochon manje. 16 Grangou a te tèlman rèd, li swete li te ka manje enpe nan manje kochon yo. Men pèsonn pa t ba li anyen ladan yo.
17 Jèn nonm nan reyalize li t ap aji tankou moun fou. Li di nan panse l: Tout sèvitè k ap vann papa m jounen yo gen kont manje pou yo manje jis y ap kite rès. Alòske mwen menm m ap mouri grangou isit la, m pa ka jwenn manje. 18 M ap tounen lakay papa m. M pral di l: Papa, mwen peche kont Bondye epi mwen peche kont ou. 19 Mwen pa merite pou konsidere m kòm pitit ou ankò. Gade m tankou youn nan sèvitè w yo. 20 Apre sa, li leve li tounen lakay papa l.
Pandan jèn nonm nan te yon bèl distans toujou, papa l wè l ap vini, epi kè papa a fè l mal pou li. Papa a kouri al kontre pitit la, li vole nan kou pitit la, li bo li. 21 Pitit gason an di: Papa, mwen peche kont Bondye, mwen peche kont ou menm tou. Mwen pa merite pou konsidere m kòm pitit ou.
22 Men, papa a di sèvitè l yo: Fè vit, vini ak pi bèl rad la, mete l sou li. Vini ak yon bag pou met nan dwèt li ansanm ak sandal pou met nan pye l. 23 Vini avèk ti towo bèf gra a. Touye li vit pou nou ka manje, pou nou ka fete. 24 Paske pitit gason m nan te mouri, kounye a li resisite. Li te pèdi, kounye a nou rejwenn ni. Epi yo kòmanse fete.
25 Pi gran pitit gason an menm te nan jaden. Etan l ap retounen sot nan jaden an, lè l rive pre kay la, li tande mizik k ap jwe ansanm ak moun k ap danse. 26 Li rele youn nan sèvitè yo li mande l: Sa k gen la a? 27 Sèvitè a reponn: Frè w la retounen lakay epi papa w touye jenn towo bèf ki pi gra a, paske li rejwenn pitit gason n nan an bòn sante.
28 Gran frè a fè kòlè. Li refize antre pou selebre retou ti frè li. Lè papa a wè sa, li oblije soti vin kote l, li sipliye l pou l antre. 29 Men, li reponn papa l, li di: Mwen sèvi w tankou yon esklav pandan tout ane sa yo. Mwen pa janm dezobeyi lòd ou. Menm yon ti kabrit ou pa janm ban mwen pou m ta fete ansanm ak zanmi m yo. 30 Epoutan, lè pitit gason w nan retounen, apre l fin gaspiye tout byen w yo nan pran plezi ak fi pwostitiye, ou touye pi bèl ti bèf ou a pou li!
31 Papa a reponn li: O pitit gason mwen! Ou menm ou toujou ansanm ak mwen, epi tout sa m genyen se pou ou. 32 Men li te nesesè jodi a pou nou fete, pou nou rejwi, paske frè w la te mouri, li resisite; li te pèdi, nou rejwenn ni.”
Copyright © 2017 by Bible League International