M’Cheyne Bible Reading Plan
Fo doktè yo
2 Nan tan pase, te gen fo pwofèt nan mitan pèp Bondye a. Se menm bagay la ki pral rive nou. Nou pral genyen kèk fo doktè nan gwoup nou yo. Yo pral ansenye bagay ki fo, yon bann bagay k ap mennen moun sou chemen destriksyon. Epi fò n entèlijan pou n rive wè sa y ap di a pa bon nan jan yo ansenye a. Yo menm ap rive pa swiv Senyè a ki te sove yo. Epi se konsa y ap detwi pwòp tèt yo. 2 Anpil moun pral swiv yo nan fè sa k pa bon. Epi yo menm ak lòt moun pral pase chemen verite a nan betiz. 3 Fo doktè sa yo, se lajan ase yo vle fè. Poutèt sa, y ap sèvi avè n epi rakonte nou yon bann istwa ki pa verite a. Pou moun sa yo, jijman yo pare lontan deja, kondanasyon yo p ap dòmi.
4 Paske, menm zanj nan syèl la ki te peche, Bondye pa t kite yo ale san l pa t pini yo, li voye yo nan lanfè etènèl. Li mete yo nan prizon fènwa pou tann jou jijman yo.
5 Bondye pa t epanye pèp mechan yo ki t ap viv nan tan lontan. Li voye yon gwo lavalas dlo pou detwi pèp ki te kont li yo. Men li te sove Noye ansanm ak sèt lòt moun. Noye se te yon moun ki t ap preche pou moun viv yon fason ki dwat.
6 Bondye te pini vil Sodòm ak Gomò yo tou. Li boule yo tout tounen sann. Li fè vil sa yo sèvi egzanp pou sa k gen pou rive pèp ki kont Bondye yo. 7 Poutan Bondye sove Lo, nonm jis la, ki t ap gade ak tristès jan pèp yo t ap viv nan imoralite. 8 Nonm lavi dwat sa a t ap viv nan mitan pèp mechan yo chak jou. Kè l te tris pou l wè epi tande bann move zak yo t ap komèt.
9 Konsa, nou wè, Bondye konnen kijan pou l prezève moun ki fè lwanj pou li yo. L ap sove yo anba latwoublay yo. Epi Bondye ap kenbe mechan yo pou l ka pini yo nan jou jijman an. 10 Pinisyon sa a se pou moun ki toujou ap swiv move dezi feblès lèzòm nan lachè yo, pou moun ki rayi otorite Bondye. Yo fè sa yo vle, epi yo gen fyète pou pwòp tèt yo. Yo pa pè anyen, yo pa menm pè di move pawòl kont kreyati ki gen anpil glwa.[a]
11 Poutan, zanj yo ki gen plis puisans epi ki pi fò pase lèzòm, yo pa janm akize yo nan prezans Senyè a. 12 Men fo doktè sa yo, yo di move pawòl sou bagay yo pa konnen. Yo sanble ak zannimo ki pa gen bon konprann, ki pran nan pyèj yo pare pou touye yo. Y ap peri nan pye travay yo. 13 Konsa yo va soufri. Se konsa y ap jwenn sa yo merite pou sa yo te fè. Se yon plezi pou yo, lè yo komèt move zak deprave gwo lajounen. Lè y ap manje ansanm avè nou, yo pran plezi yo nan bay manti. Prezans yo bay moun kè plen, prezans yo fè moun wont.
14 Je yo ap gade toupatou kote yon fi ap soti. Yo toujou anvi komèt peche konsa. Yo atire moun ki fèb pou fè yo tonbe nan peche. Se yon bann moun ki gen lanbisyon pou lajan. Yo anba malediksyon.[b]
15 Fo doktè yo kite bon chemen an, yo pèdi. Yo pran menm wout ak Balaam, pitit Bozò a. Li te renmen fè yo peye l pou l fè sa ki mal. 16 Men se te yon bourik ki te di l sa l t ap fè a pa bon. Yon bourik pa konn pale, se vre, men bourik sa a pale ak yon vwa moun epi li frennen pwofèt la nan zak foli li t apral komèt la.
17 Fo pwofèt sa yo, se tankou sous ki pa gen dlo. Yo tankou nyaj gwo van ap pouse. Gen yon plas ki rezève pou yo kote ki fènwa anpil la. 18 Y ap fè gwo diskou plen ak yon bann gwo mo ki pa menm gen sans. Se konsa y al jwenn moun ki te fenk fin vire do bay lavi peche yo t ap mennen epi yo fè yo retounen nan peche ankò. Pou yo rive fè sa, yo sèvi ak move bagay moun renmen fè nan feblès lachè yo, bagay ki fè moun wont. 19 Fo doktè sa yo ap pwomèt moun liberasyon, poutan yo menm, yon bann plezi peche domine yo epi fè yo vin esklav.
20 Moun ki konnen Jezikri, Senyè ak Sovè nou an, moun sa yo vire do bay move enfliyans lemonn. Men si yo retounen nan menm move bagay sa yo, yo ka tonbe anba kontwòl yo ankò. Lè sa a, sitiyasyon yo vin pi mal pase anvan. 21 Yo konnen bon chemen an, men yo vire do bay kòmandman Bondye yo te aprann yo. Nan ka sa a, li ta pi bon pou yo pa t janm konn chemen sa a. 22 Kounye a, sa k rive yo a montre sa pwovèb la di a se vre: “Chen an manje sa l fin vomi a ankò”[c] epi tou “kochon yo fenk fin benyen an tounen al woule nan m a labou ankò.”
Se nòmal pou geri moun nan jou saba a
14 Yon jou saba, Jezi t al manje lakay youn nan gwo chèf nan pami Farizyen yo. Tout moun ki te la yo t ap veye Jezi ak anpil atansyon. 2 Te gen yon nonm ki te gen yon maladi anfle te la tou devan Jezi. 3 Jezi pran lapawòl, li poze doktè lalwa yo ansanm ak Farizyen yo kesyon sa a: “Èske lalwa pèmèt moun fè gerizon nan jou saba a, oubyen non?” 4 Kòm pèsonn pa t reponn, Jezi pran nonm nan, li geri li epi li voye l ale. 5 Apre sa Jezi di yo: “Sipoze youn nan nou la a ta gen yon pitit gason l osinon yon bèf li ki tonbe nan yon pi nan jou saba a, ou t ap retire l nan pi a menm lè a, pa vre?” 6 Farizyen yo ansanm ak doktè lalwa yo te oblije rete bouch be.
Pa pran pòz enpòtan w
7 Envite yo ki te vin nan dine a t ap chwazi plas devan pou yo chita. Lè Jezi wè sa, li rakonte yo istwa sa a. 8 “Lè yo envite w nan yon fèt maryaj, pa prese al chita nan plas donè. Ou pa janm konnen si yo pa t envite yon moun ki pi enpòtan pase w toujou. 9 Moun ki te envite nou an ap vin kote w, l ap di w: Bay moun sa a plas ou a. Lè sa a, ou ap anbarase, poutèt ou ap oblije al chita nan plas ki pa tèlman enpòtan.
10 Okontrè, lè yo envite w nan yon festen, al chita nan yon plas ki pa twò enpòtan. Konsa, lè moun ki te envite w la va vini, l a di w: Zanmi m, vin chita bò isit nan yon pi bon plas. Lè sa a, se va yon onè pou ou devan tout moun ki chita sou tab la avè w yo. 11 Paske tout moun k ap monte tèt yo, Bondye ap imilye yo; men tout moun ki chwazi imilye yo devan Bondye, Bondye ap leve tèt yo.”
Ou ap jwenn rekonpans ou
12 Apre sa Jezi pale ak Farizyen ki te envite l la, li di li: “Lè ou ap fè fèt, kit se yon ti fèt, kit se yon gwo fèt, pa sèlman envite zanmi w, frè w, fanmi w, vwazen w yo ki rich. Yon lòt lè yo ka rann ou laparèy. 13 Okontrè, lè ou ap fè yon festen, se pou envite pòv yo, kokobe yo ak avèg yo. 14 Lè sa a ou ap beni paske moun sa yo pa gen mwayen pou yo envite w tou. Men Bondye ap ba ou rekonpans ou lè moun k ap mache dwat yo resisite.”
Yon istwa konsènan moun yo te envite nan yon festen
(Mat 22:1-10)
15 Youn nan moun yo ki te chita bò tab la avèk Jezi, lè l tande sa Jezi te di yo, li pran lapawòl li di: “Ala gwo benediksyon pou nenpòt moun ki manje yon repa nan Wayòm Bondye a!”
16 Jezi di li: “Yon nonm t ap ofri yon gwo festen. Li te envite anpil anpil moun. 17 Lè lè a te rive pou fèt la kòmanse, li voye sèvitè li al di moun li te envite yo: Nou mèt vini kounye a! Tout bagay fin pare. 18 Olye pou yo ta vini, tout envite yo tonbe prezante eskiz. Premye a di: Mwen fèk achte yon teren. Fòk mwen al vizite li. Tanpri eskize m. 19 Yon lòt moun di: Mwen fèk sot achte dis (10) bèf pou m fè travay mwen mache. Fòk mwen al eseye yo. Silvouplè, eskize m. 20 Yon twazyèm moun di: Mwen fèk sot marye ak yon jenn fi la a, kidonk m pa ka nan al nan fèt kounye a.
21 Lè sèvitè a tounen lakay, li rakonte mèt li tout sa envite yo te di. Mèt kay la pa t manke fache. Li di sèvitè a: Ale vit nan tout lari nan vil la. Ranmase tout pòv yo, tout kokobe yo, tout avèg yo ansanm ak tout moun k ap bwate yo mennen vini.
22 Lè sèvitè a fini, li di mèt kay la: Mèt, mwen fè tout sa ou te di m fè a men, gen plas vid toujou. 23 Lè sa a mèt la di sèvitè a: Ale nan tout ti koridò yo ak nan tout ti chemen yo. Tout moun ou jwenn di yo pou yo vini, paske mwen vle kay mwen an ranpli nèt. 24 Paske m ap di ou sa, menm youn nan moun mwen te envite anvan yo p ap goute nan manje fèt la.”
Fòk ou deside si ou kapab swiv mwen
(Mat 10:37-38)
25 Yon gwo foul moun t ap swiv Jezi nan wout la. Li vire gade yo li di yo: 26 “Si yon moun vle vin disip mwen, ki fèt pou l mete m nan premye plas nan lavi li. Moun sa a pa fèt pou l okipe l de dezi papa l, manman l, madanm li, pitit li yo, frè l you osinon sè l yo. Li fèt pou l mete pwòp dezi pa l yo andènye, san sa, li pa kapab disip mwen. 27 Nenpòt moun ki refize pote pwòp kwa li yo ba l pote a epi pou l swiv mwen, li pa kapab disip mwen.
28 Nenpòt nan nou ki ta vle konstwi yon gwo kay t ap chita dabò pou evalye pri a epi wè si l gen ase resous pou fini konstriksyon an? 29 Si li pa fè sa, li gendwa fin poze fondasyon an epi li pa ka fin konstwi kay la. Nenpòt moun ki wè sa ta tonbe pase l nan betiz. 30 Yo ta di: Nonm sa a kòmanse bati, men li pa ka fini.
31 Si yon wa pral fè lagè kont yon lòt wa, l ap chita anvan pou l planifye. Si l gen dimil (10,000) sòlda l ap eseye deside si l kapab bat lòt wa a ki li menm gen venmil (20,000) sòlda. 32 Si l wè li pa kapab fè lagè a, antan lòt wa a byen lwen toujou, l ap voye mesaje kote li pou mande l pou yo fè lapè.
33 Konsa tou, nenpòt nan nou la a ki pa dakò abandone byen l yo, li pa kapab disip mwen.”
Bat pou ou pa pèdi enfliyans ou
(Mat 5:13; Mak 9:50)
34 “Sèl se yon bon bagay. Men si menm sèl la pèdi gou sale li,[a] ak kisa y ap reba li gou sale a ankò? 35 Yon sèl konsa pa bon ni pou mete nan tè a kòm angrè, ni pou mete nan matyè pou fè dife. Se jete pou voye sa jete.
Moun ki gen zòrèy pou tande, tande.”
Copyright © 2017 by Bible League International