M’Cheyne Bible Reading Plan
Fason pou mari yo viv ak madanm yo
3 Nou menm medam, menm jan an tou, se pou n soumèt nou devan mari nou. Konsa, si gen nan yo ki refize kwè nan pawòl Senyè a, yo va rive kwè poutèt jan n ap viv. Nou p ap menm bezwen pale. 2 Mari nou yo ap sèlman wè kalite bon lavi n ap mennen nan respè pou Bondye. 3 Se pa bèl kout peny, anpil bijou, rad chè ki dwe fè nou bèl. 4 Men se yon bèlte anndan nou bezwen. Chache genyen yon karaktè ki dou epi poze. Se sa ki gen valè nan je Bondye epi ki p ap janm pase.
5 Se konsa medam nan tan lontan ki te kwè nan Bondye yo te konn fè yo bèl. Yo te soumèt devan mari yo. 6 Tankou Sara ki te obeyi Abraram jouk li te rele l: “Mèt mwen.” Nou se pitit fi Sara si nou fè sa ki byen san nou pa pè anyen.
7 Nou menm tou mari, nan lavi nou ak madanm nou, pran swen madanm nou. Mete sa nan tèt nou byen, fi pi frajil pase gason. Respekte yo, paske y ap resevwa kado lavi a menm jan avèk nou. Si nou fè sa, pa gen anyen ki ka bloke priyè nou yo.
Gen soufrans nan mennen yon vi ki dwat
8 Pou fini, se pou nou gen menm santiman youn pou lòt. Se pou nou youn renmen lòt tankou frè ak sè. Se pou nou gen dousè, epi se pou nou saj. 9 Pa rann mal pou mal, pa joure moun, menm lè yo joure nou. Okontrè, beni moun sa yo, paske se pou benediksyon Bondye te rele nou. 10 Bib la di:
“Si nou vle viv byen,
e si nou vle viv lontan sou latè,
evite pale moun mal,
evite bay manti.
11 Kouri pou sa ki mal epi fè sa ki byen.
Se pou l fè tout sa li kapab pou l viv an pè ak moun.
12 Paske Senyè a gen je li sou moun k ap fè sa ki byen,
li tou prèt pou l tande priyè yo.
Men li kont tout moun k ap fè sa ki mal.”[a]
13 Si n ap chache fè sa ki byen ak tout kè nou, ki lès moun ki pral fè nou mal? 14 Men menm si nou ta soufri paske nou fè sa ki dwat, nou se moun beni. “Pa pè yo, pa kite yo kraponnen nou.”[b] 15 Men, se pou nou gen krentif pou Kris nan kè nou epi fè lwanj pou li kòm Senyè nou. Se pou nou toujou pare pou n reponn nenpòt moun ki poze kesyon sou esperans nou genyen an. 16 Reponn yo avèk sajès ak respè. Kenbe konsyans nou klè. Konsa, moun ap wè bon lavi n ap mennen tankou disip Kris la. Moun ki pale nou mal pral wont poutèt sa yo di.
17 Li pi bon pou n soufri nan fè sa ki byen pase pou n soufri nan fè sa ki mal. Wi, li pi bon paske se sa Bondye vle.
18 Kris li menm te mouri yon fwa pou peche nou yo.
Li menm ki te inosan,
li mouri pou koupab yo,
pou l mennen yo bay Bondye.
Moun yo te touye l,
men Sentespri Bondye a te resisite l.
19 Se ak puisans Sentespri Bondye a l al pwoklame laviktwa l pami lespri ki nan prizon yo. 20 Sa vle di, sila yo ki te dezobeyi Bondye lè l t ap pran pasyans pou yo nan epòk Noye t ap bati lach la. E se yon ti gwoup uit moun sèlman ki te sove nan bato a anba gwo lapli a. 21 Dlo sa a, se tankou yon imaj batèm ki sove nou jodi a. Batèm se pa pou retire salte sou kò nou, se yon angajman nou pran pou n kenbe yon konsyans san repwòch devan Bondye. Li sove nou paske Jezikri te leve vivan nan lanmò. 22 Kounye a li monte nan syèl. Li chita adwat Bondye kote l ap domine sou tout anj, sou tout otorite ak sou tout lòt puisans nan syèl la.
Jezi voye swasanndouz mesye yo
10 Apre tout bagay sa yo, Senyè a chwazi swasanndouz[a] lòt moun ankò nan pami moun ki t ap swiv li yo. Li voye yo de pa de ale nan tout vil ak tout bouk kote li planifye apre pou l ale. 2 Li di yo: “Rekòt la anpil, men pa gen anpil ouvriye. Se poutèt sa, mande mèt rekòt la pou l voye ouvriye pou ranmase rekòt la.
3 Nou mèt ale. Men, tande byen wi, m ap voye nou tankou ti mouton nan mitan bèt sovaj. 4 Pa pote bous. Pa pote sak pou pwovizyon osinon sandal derechany. Pa rete kanpe nan wout ap di moun bonjou nonplis. 5 Lè nou antre nan yon kay kèlkonk, premye bagay pou nou di se: Lapè Bondye sou kay sa a. 6 Si moun nan kay la se moun ki renmen lapè, alò lapè ap rete sou li. Men tou, si moun nan se pa moun ki renmen lapè, alò lapè a ap retounen pou ou. 7 Se pou nou rete nan kay moun ki renmen lapè a. Manje, bwè ansanm avèk yo tout sa yo ban nou, paske moun ki travay merite salè li. Pa plede ap pwonmennen rete nan plizyè kay.
8 Si nou antre nan yon vil epi moun yo byen resevwa nou, manje nenpòt manje yo ofri nou pou n manje. 9 Geri moun malad yo nan vil la, epi di tout moun yo: Wayòm Bondye a rive sou nou!
10 Men, si nou antre nan yon vil, yo pa resevwa nou, soti al kanpe nan mitan lari a epi di: 11 Ata pousyè lavil nou an ki te kole nan sandal nou, nou souke yo kont nou. Men, konnen byen wayòm Bondye a rive sou nou. 12 M ap di nou sa: nan jou jijman an, bagay la ap pi rèd pou moun lavil sa pase pou moun Sodòm.[b]
Avètisman pou moun ki rejte Jezi yo
(Mat 11:20-24)
13 Malè pou nou Jwif nan lavil Korazen, malè pou nou Jwif nan lavil Bètsayida.[c] Si m te fè menm mirak sa yo nan mitan Tir ak Sidon[d] ki se vil payen, bagay la t ap diferan. Yo t ap kwè se Bondye Papa a ki voye m, epi yo t ap chanje lavi yo. Tann dat moun sa yo t ap gentan sispann fè peche. Yo t ap tèlman regrèt peche yo, yo t ap mete rad sak sou yo. Yo t ap chita nan sann pou montre toutbon vre yo vle chanje. 14 Men nan jou jijman an, bagay la ap pi rèd pou nou pase pou moun Tir ak Sidon. 15 E nou menm moun lavil Kapènawòm, nou panse yo pral leve nou pou n rive nan syèl la? Non. Okontrè se nan kote mò yo ye a n ap desann.
16 Nenpòt moun ki obeyi pawòl nou, se mwen menm li obeyi. Nenpòt moun ki rejte nou, se mwen menm li rejte. Nenpòt moun ki rejte m, se moun ki voye m nan li rejte.”
Satan tonbe
17 Lè swasanndouz (72) disip yo retounen soti nan vwayaj la, yo te kontan anpil. Yo di: “Senyè, menm move lespri yo soumèt devan nou lè nou sèvi ak non ou pou pase yo lòd.”
18 Jezi di yo konsa: “Mwen te wè Satan ap tonbe soti nan syèl la tankou yon zèklè. 19 Mwen ban nou pouvwa pou nou mache sou sèpan ak eskòpyon, pou nou kraze tout pouvwa Satan, lènmi nou an, anba pye nou. Anyen p ap ka rive nou. 20 Piga nou fè twòp chèlbè[e] poutèt nou wè move lespri yo soumèt devan nou. Rejwi pito paske non nou ekri nan kaye syèl la.”
Jezi priye Papa a
(Mat 11:25-27; 13:16-17)
21 Nan menm moman an tou, Sentespri a te fè Jezi santi l kontan anpil, epi Jezi di: “Mwen louwe non ou, Papa, Senyè syèl la ak tè a, dèske ou te kache tout bagay sa yo devan je nèg save yo ak moun lespri yo. Alòske ou revele yo bay ti piti sa yo ki pa reprezante gran choz. Wi, Papa, sa fèt konsa paske se konsa menm ou te vle li.”
22 Papa m remèt mwen tout bagay. Pèsonn pa konnen kilès Pitit la ye, eksepte Papa a. Pèsonn pa konnen kilès Papa a ye nonplis, eksepte Pitit la ak moun Pitit la chwazi pou fè konnen Papa a k ap konnen Papa a.
23 Apre sa, Jezi vire gade disip li yo etan yo te apa ak li, li di yo: “Benediksyon pou nou menm ki gen chans wè sa n ap wè a. 24 Paske m ap di nou sa, anpil pwofèt ak anpil wa te vle wè sa n ap wè a, men yo pa t wè yo. Yo te vle tande sa n ap tande yo, men yo pa t tande yo.”
Yon istwa konsènan yon bon Samariten
25 Apre sa, yon doktè Lalwa ki te vle pran Jezi nan pyèj leve kanpe epi li poze l kesyon sa a: “Mèt, kisa pou m fè pou m gen lavi etènèl?”
26 Jezi reponn li: “Ki sa ki ekri nan Liv Lalwa a? Ki sa ou wè l di?”
27 Doktè Lalwa a reponn: “Renmen Bondye ak tout kè ou, ak tout nanm ou, ak tout fòs ou, ak tout panse w;[f] epi renmen pwochen w menm jan ou renmen pwòp tèt ou.”[g]
28 Lè sa a, Jezi di li: “Ou konnen ou byen reponn. Annik fè sa a epi ou ap gen lavi etènèl.”
29 Men, doktè Lalwa a ki te vle montre Jezi li bon deja, poze Jezi kesyon sa a: “Men, ki moun menm pou m konsidere kòm pwochen m?”
30 Lè sa a, Jezi reponn li: “Yon nonm te soti Jerizalèm l ap desann Jeriko. Pandan l sou wout la, yon kolonn vòlè atoufè tonbe sou li. Yo dechèpiye li, pran tout sa l te genyen, ata rad sou po do l. Yo bat li byen bat epi y al fè wout yo kite li atè a twaka mò.
31 Konsa, vin gen yon sakrifikatè k ap pase. Lè l wè nèg la, li pa kanpe pou ede l. Okontrè, li chankre kò l sou lòt bò chemen an, l ale fè wout li. 32 Apre sa, vin gen yon Levit ki vin ap pase tou. Lè l wè nonm nan, li chankre kò l sou lòt bò chemen an tou, l ale fè wout li.
33 Apre sa ankò, vin gen yon Samariten[h] k ap pase. Lè l wè nonm yo te dechèpiye a, kè l fè l mal anpil pou li. 34 Li pwoche kote li. Li vide lwil doliv ak diven sou kote li blese yo pou netwaye yo, epi li vlope yo ak twal. Apre sa, Samariten an ki te gen yon bourik, chaje nonm nan mete sou bourik la. Li mennen l nan yon otèl pou ba li plis swen. 35 Nan demen, Samariten an bay responsab otèl la kantite lajan ou te ka peye yon moun pou de jounen travay, epi li di l konsa: Pran swen malad sa a pou mwen. Sizoka ou ta depanse plis pou pran swen l, lè m retounen m ap remèt ou li.”
36 Apre sa, Jezi di doktè Lalwa a: “Dapre ou, ki lès nan twa mesye sa yo ki pwochen nonm ki te tonbe anba men atoufè yo?”
37 Doktè lalwa a reponn: “Nonm ki te gen kè sansib pou li a.”
Epi Jezi di li: “Ebyen, ale, montre kè sansib tou pou nenpòt moun ki nan bezwen.”
Mari ak Mata
38 Etan yo t ap vwayaje, Jezi ak disip li yo antre nan yon ti bouk epi yon fi nan bouk la yo te rele Mata te resevwa yo lakay li. 39 Mata te gen yon sè yo rele Mari. Mari ta vin chita nan pye Jezi ap koute ansèyman Jezi t ap bay yo. 40 Mata menm t ap fatige kò l ak travay pou resevwa moun yo. Li vin parèt kote Jezi, li di: “Mèt, sa pa fè w anyen Mari kite m poukont mwen pou m fè tout travay sa yo. Pale avè l non pou fè l vin ede m.”
41 Senyè a reponn Mata, li di l konsa: “Mata, Mata, ou ap bay kò w traka pou anpil bagay. 42 Men, se yon sèl bagay ki nesesè. Se bagay sa menm Mari chwazi, yo p ap janm retire l nan men l.”
Copyright © 2017 by Bible League International