M’Cheyne Bible Reading Plan
1 Se mwen menm Pyè, apot Jezikri, k ap ekri nou. M voye salye nou tout, pèp Bondye chwazi a, k ap viv kòm vizitè ki gaye toupatou nan zòn Pon, Galasi, Kapadòs, Lazi ak Bitini. 2 Bondye te planifye lontan davans pou l te chwazi nou epi pou l te fè nou tounen yon pèp apa pou li pa mwayen travay Sentespri a. Bondye vle n obeyi l epi li vle pou san Jezikri ki te koule a fè nou pwòp nèt.[a] M ap priye pou Bondye beni nou epi ban nou gras ak lapè li an abondans.
Yon espwa ki p ap janm fini
3 Louwanj pou Bondye, papa Jezikri, Senyè nou an. Nan bonte li, li ban nou yon lòt lavi tou nèf ki pote yon vrè espwa pou nou, granmesi Jezi ki te resisite a. 4 N ap tann pandan tan sa a, pou n resevwa benediksyon Bondye genyen pou pitit li yo. Se nan syèl la Bondye sere benediksyon sa yo pou nou. Pa gen anyen ki ka gate yo, ni detwi yo, ni fè yo pèdi bèlte yo.
5 Pouvwa Bondye ap pwoteje nou poutèt lafwa nou epi l ap kenbe nou ansekirite jouk li ban nou delivrans lan nan dènye jou yo. 6 Mwen konnen panse sa yo fè nou kontan anpil, menmsi kounye a nou pral pase anba anpil eprèv pou yon ti tan. 7 Lò ki se yon bagay k ap pase, lè l pase nan dife se netwaye dife a netwaye l. Se menm jan an tou lafwa nou, ki pi enpòtan pase lò, li dwe sibi eprèv pou valè li kapab parèt aklè. Se konsa nou va resevwa lwanj, glwa, lonè, lè Jezi va tounen.
8 Nou pa ko wè Kris, men sa pa anpeche nou renmen l. Nou pa ka wè l kounye a, men nou kwè nan li. Kè nou ranpli ak yon kontantman nou pa ka eksplike. 9 Lafwa nou gen pou l bay rezilta, epi rezilta lafwa nou se delivrans nou.
10 Pwofèt yo te fouye anpil epi yo te eseye aprann anpil bagay sou delivrans sa a. Yo te pale anpil sou gras Bondye te pare pou nou an. 11 Yo te travay di pou yo te ka konnen nan ki epòk ak nan ki sikonstans bagay Lespri Kris la t ap di yo a te gen pou rive. Paske Lespri ki te nan yo a te anonse soufrans Kris la te gen pou l sibi davans ak kalite glwa li t apral genyen apre sa.
12 Bondye fè pwofèt yo konnen sèvis yo t ap fè a se pa t pou yo menm. Men se nou menm yo t ap sèvi lè yo te pale sou bagay nou tande kounye a granmesi moun k ap preche levanjil yo. Moun sa yo pale ak puisans Sentespri a ki soti nan syèl. Menm zanj yo ta renmen konnen plis sou bagay sa yo nou tande a.
Annou viv yon lavi ki dwat devan Bondye
13 Se poutèt sa, mete tèt nou an plas pou n sèvi Bondye. Kontwole tèt nou, mete tout espwa nou nan kado nou pral resevwa lè Jezi va retounen. 14 Obeyi Bondye. Piga nou swiv move dezi nou te gen lontan yo, lè nou pa t gen bon konprann nan. 15 Menm jan moun ki rele nou an sen, nou menm tou se pou nou sen nan tout sa n ap fè. 16 Paske men sa Bib la di: “Se pou nou sen paske mwen menm mwen sen.”[b]
17 N ap priye Bondye epi nou rele l papa, men l ap jije chak moun menm jan, dapre sa yo fè. Konsa, pandan nou se vizitè sou tè sa a, se pou n viv avèk krentif pou Bondye. 18 Paske nou konnen byen pwòp se pa avèk bagay k ap pase, tankou lajan ak lò Bondye te rachte nou nan vye lavi nou te eritye nan gran paran nou yo. 19 Men, se ak san Jezikri Bondye te rachte nou. Li menm ki te sakrifye tèt li tankou yon Ti Mouton san tach epi san defo. 20 Bondye te chwazi Kris pou travay sa a anvan menm li te kreye lemonn, men se nan dènye tan sa yo li fè Kris parèt devan nou. 21 Nou Kwè nan Bondye granmesi Jezikri. Se Bondye ki te leve Jezi vivan nan lanmò epi se li menm ki te ba li laglwa. Konsa se nan Bondye lafwa ak esperans nou soti.
22 Kounye a nou gentan vin pwòp paske nou obeyi verite a pou nou ka gen yon lanmou fratènèl ki sensè, alò se pou n renmen youn lòt ak tout fòs nou, ak tout kè nou. 23 Paske nou fèt yon lòt fwa ankò. Nouvèl vi sa a pa soti nan sa k ap peri men nan sa k pa ka peri, granmesi pawòl Bondye ki vivan epi ki p ap janm pase. 24 Bib la di:
“Moun se tankou zèb yo ye,
tout chèlbè y ap fè a, se tankou flè nan jaden.
Yo seche epi yo tonbe.
25 Men pawòl Bondye a la pou tout tan.”[c]
Se pawòl sa a menm nou te tande a.
Gwoup moun ki te ak Jezi a
8 Apre sa, Jezi t ap vwayaje nan tout vil yo ak bouk yo, li t ap preche bòn nouvèl wayòm Bondye a. Douz disip li yo te ansanm ak li tou. 2 Te gen yon ekip medam avèk li tou. Se moun ki te gen move lespri sou yo ak lòt kalite maladi, lè te geri yo. Youn ladan yo se te Mari, moun Magdala a, sa Jezi te chase sèt denmon sou li a. 3 Nan pami medam sa yo, te gen Jàn, madanm Kouza. Kouza sa te responsab pou jere byen Wa Ewòd yo. Te gen Sizàn ak anpil lòt medam ankò. Tout medam sa yo te konn pran nan pwòp byen yo pou yo fè pwovizyon pou Jezi ak disip li yo.
Istwa yon plantè ki t ap simen grenn
(Mat 13:1-17; Mak 4:1-12)
4 Yon gwo foul moun te rasanble. Yo te soti nan tout vil yo vin jwenn Jezi epi li rakonte yo parabòl sa a:
5 “Te gen yon plantè ki t al nan jaden pou simen grenn. Pandan l ap simen grenn yo, kèk grenn tonbe bò chemen an. Pye pile yo epi zwazo nan syèl manje grenn yo. 6 Gen lòt ki tonbe nan yon sou karyann. Yo kòmanse grandi men yo seche, paske yo pa jwenn ase tè mouye. 7 Gen lòt toujou ki tonbe nan mitan pikan. Yo kòmanse grandi, men pikan yo toufe yo. 8 Gen lòt menm ki tonbe nan bon tè. Yo grandi. Yo donnen anpil fwi, menm san fwa lavalè.”
Lè l fin rakonte istwa a, li di byen fò: “Moun ki gen zòrèy pou l tande, tande.”
9 Disip Jezi yo mande l: “Ki sa parabòl sa vle di?”
10 Jezi reponn yo: “Bondye fè nou gras pou nou konnen tout ti sekrè wayòm Bondye a. Men lòt yo menm, yo pale ak yo an parabòl poutèt
Menm lè yo wè,
yo pa vrèman wè.
Menm lè yo tande,
yo pa vrèman ni tande ni konprann.[a]
Jezi eksplike istwa plantè a
(Mat 13:18-23; Mak 4:13-20)
11 Men sa parabòl sa a vle di: Grenn yo se pawòl Bondye a. 12 Gen moun se tankou grenn ki tonbe bò chemen an yo ye. Lè yo fin tande pawòl Bondye, Satan vini li fè yo bliye li pou yo ka pa kwè, pou yo pa sove. 13 Grenn ki tonbe nan tè ki gen wòch yo, se tankou moun lè yo tande pawòl la, yo resevwa l ak anpil jwa. Men yo pa pouse rasin. Konsa, yo kwè pou yon ti bout tant, men lè eprèv frape yo, yo vire do bay Bondye.
14 Grenn ki tonbe nan pikan yo menm, se tankou moun ki tande pawòl la, men firamezi y ap avanse, traka nan lavi chak jou a, richès ak plezi lavi kwense yo fè yo pa byen devlope. Si se pou donnen, yo donnen, men fwi yo pa janm rive a tèm pou yo ta pwodui yon bon rekòt. 15 Grenn ki tonbe nan bon tè yo menm, se tankou moun ki tande pawòl la ak yon kè onèt epi bon. Yo obeyi pawòl la kòrèkteman epi avèk pasyans, yo pwodui yon bon rekòt.
Chache konprann sa ou tande
(Mak 4:21-25)
16 Pèsonn p ap limen yon lanp pou l kouvri l anba yon bokit osinon pou l sere l anba kabann. Okontrè, l ap mete l anlè sou etajè, yon fason pou lè moun ap antre limyè a ka klere pou yo. 17 Tout bagay ki kache gen pou parèt aklè. Tout bagay ki te fèt ankachèt gen pou devwale, epi tout moun gen pou wè yo. 18 Fè atansyon sou jan n ap tande pawòl la. Paske, moun ki gen bon konprann, y ap ba li plis bon konprann. Men, nenpòt moun ki pa gen bon konprann, menm sa l te sanble genyen an y ap retire l nan men l.”
Se disip Jezi ki vrè fanmi li
(Mat 12:46-50; Mak 3:31-35)
19 Manman ak frè Jezi yo te vin parèt. Men, poutèt foul la, yo pa t kapab rive kote Jezi te ye a. 20 Yon moun di Jezi konsa: “Men manman w ak frè w yo kanpe deyò a, yo vle wè w.”
21 Jezi reponn yo: “Manman m ak frè m se moun ki tande pawòl Bondye epi ki fè sa li mande a.”
Jezi kalme yon tanpèt
(Mat 8:23-27; Mak 4:35-41)
22 Yon jou, Jezi te monte nan yon bato ansanm ak disip li yo epi li di yo: “Annou travèse sou lòt bò lak la.” Konsa, yo kòmanse navige pou y ale. Etan yo t ap navige, dòmi te pran Jezi. 23 Lamenm, yon gwo van vin tonbe soufle sou lak la. Bato a te kòmanse pran dlo epi lavi mesye yo te an danje. 24 Disip yo pwoche bò kote Jezi, yo reveye l. Yo di: “Mèt, mèt, men n ap nwaye wi.”
Jezi leve, li pale byen rèd ak van an ansanm ak lanm lanmè yo. Van an sispann epi lanmè a vin kal. 25 Apre sa, Jezi di disip yo: “Kote lafwa nou?”
Disip yo menm te pè epi yo te sezi tou. Yo t ap pale youn ak lòt. Yo t ap di: “Ki lès nonm sa a ye menm, pou menm van ak lanmè li pase yo lòd epi yo obeyi l?”
Jezi delivre yon nonm anba move lespri
(Mat 8:28-34; Mak 5:1-20)
26 Jezi ak disip li yo navige ale nan peyi Jerazenyen[b] yo ki sitiye lòt bò lak la, fas pou fas ak Galile. 27 Kou Jezi kite bato a, li desann atè, yon nonm lavil la ki te gen move lespri sou li kontre ak Jezi. Pandan anpil tan, nonm sa a pa t mete rad sou li, li pa t abite nan yon kay tankou tout moun, men se nan mitan tonm li te abite nan simityè.
28 Lè l fè sa li wè Jezi, li kriye byen fò. Li lage kò l atè devan Jezi epi li di byen fò: “Ki pwoblèm ou gen avè m, Jezi, pitit Bondye ki anwo nan syèl la? Mwen priye w angras, pa toumante m non.” 29 Li te pale konsa paske Jezi te di move lespri a, “Soti nan nonm sa a.” Lè w tande denmon an te konn sele nonm sa a, se mare yo te konn mare ni men li ni pye li nan chenn epi mete l nan prizon. Malgre sa toujou, move lespri a te konn fè l kase chenn yo epi pati ak li ale nan raje, kote ki pa gen moun.
30 Jezi mande li: “Ki jan ou rele?”
Li reponn: “Lejyon.”[c] Li te di sa paske se anpil anpil denmon ki te antre sou nonm nan. 31 Lespri yo te pran soupriye Jezi pou l pa t voye yo ale nan gwo tou san fon an.[d] 32 Te gen yon latriye kochon ki t ap manje sou mòn nan. Denmon yo soupriye Jezi pou l ba yo pèmisyon antre nan kochon sa yo. Jezi te ba yo pèmisyon. 33 Denmon yo soti sou nonm nan, yo antre sou kochon yo. Kochon yo kouri al lage kò yo nan falèz la. Y al nwaye tèt yo nan lak la anba.
34 Lè yo wè sa, moun ki t ap gade kochon yo pran kouri al gaye nouvèl la nan lavil la ak nan tout zòn andeyò yo. 35 Anpil moun kouri vini pou wè sa k te pase a. Lè yo rive kote jezi te ye a, yo wè nonm ki te gen denmon yo sou li a chita nan pye Jezi. Li te byen abiye epi li te nan bon sans li. Sa te fè moun yo vin gen laperèz. 36 Moun ki te temwen yo te pran rakonte lòt yo kijan nonm ki te gen denmon sou li a te geri. 37 Apre sa, tout moun yo ki t ap viv nan tout rejyon alantou peyi Jerazenyen yo te mande Jezi pou l pati kite zòn nan, paske yo te vin pè anpil.
Jezi tou monte nan yon kannòt li retounen Galile. 38 Nonm ki te gen move lespri sou li a t ap ensiste pou l te ale avèk Jezi, men Jezi te refize. Li voye l ale, li di l: 39 “Retounen lakay ou, al rakonte sa Bondye fè pou ou.”
Nonm nan ale, li mache nan tout lavil la ap fè konnen sa Jezi fè pou li.
Jezi resisite yon jèn fi epi li geri yon madam
(Mat 9:18-26; Mak 5:21-43)
40 Lè Jezi retounen nan Galile, yon foul moun te kontan resevwa li, paske tout moun t ap tann li. 41 Yon nonm yo rele Jayiris vin devan li. Jayiris se te youn nan chèf sinagòg yo. Li lage kò l atè nan pye Jezi, li t ap soupriye l pou l al lakay li avè l. 42 Paske sèl pitit fi li ki te gen anviwon douzan konsa te prèske mouri.
Lè pou Jezi te ale lakay Jayiris, yon foul moun t ap kwense l toupatou. 43 Nan foul la te gen yon fi ki te gen yon emoraji sou li depi douzan. Li gentan depanse tout resous li te genyen kay doktè,[e] men yo youn pa t ka geri li. 44 Li bat li pase pa dèyè, li touche ke rad Jezi epi lamenm emoraji a koupe. 45 Apre sa, Jezi di: “Ki lès ki touche m nan?”
Tout moun di se pa yo menm. Epi Pyè di: “Mèt, ou nan kalite foul sa a, moun fwote sou ou, moun toupatou?”
46 Men Jezi reponn: “Wi m di w gen yon moun ki touche m. Paske mwen santi yon puisans soti sou mwen.” 47 Lè fi ki te touche Jezi a wè li pa ka kache bagay la, li vin lage kò l atè devan Jezi. Pandan l tou ap tranble, li temwanye devan tout pèp la poukisa li te touche Jezi. Epi li di yo li te geri imedyatman. 48 Apre sa Jezi di li: “Pitit fi mwen, ou geri paske ou kwè. Ale ak kè poze.”
49 Pandan Jezi t ap pale toujou, yon moun soti lakay Jayiris ki chèf sinagòg la, li vin di Jayiris konsa: “Ti fi a gentan mouri. Ou pa bezwen twouble mèt la ankò.”
50 Men Jezi ki te tande sa moun nan te di Jayiris la, li di Jayiris konsa: “Ou pa bezwen pè. Annik kwè sèlman epi pitit ou a ap geri.”
51 Lè Jezi rive nan kay la, li pa t pèmèt okenn moun antre ak li, eksepte Pyè Jan ak Jak, ansanm ak papa ti fi a epi manman li. 52 Tout moun t ap kriye. Yo te aflije pou ti pitit la. Men Jezi di yo: “Pa kriye. Paske tifi a pa mouri. Se dòmi l ap dòmi.”
53 Konsa, moun yo te pran pase Jezi nan betiz, paske yo konnen tifi a te mouri. 54 Men Jezi pran men tifi a. Li rele l byen fò, li di: “Ti pitit, leve!” 55 Lespri tifi a retounen nan limenm epi san pèdi tan li leve kanpe. Apre sa Jezi mande pou yo ba l manje. 56 Manman ak papa tifi a te sezi anpil. Jezi pase yo lòd pou yo pa di pèsonn kisa k te pase.
Copyright © 2017 by Bible League International