Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

M’Cheyne Bible Reading Plan

The classic M'Cheyne plan--read the Old Testament, New Testament, and Psalms or Gospels every day.
Duration: 365 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Error: '1 Istwa 9-10' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Ebre 12

Nou dwe swiv egzanp Jezi

12 Nou gen anpil egzanp tankou sa yo. Lavi moun sa yo fè nou konprann lafwa pi byen. Konsa, nou menm tou, an nou fè jefò pou n kouri nan kous ki louvri devan nou an. An nou mete sou kote tout bagay k ap ralanti kous nou, ak tout peche k ap detounen pye nou detanzantan pou fè nou kite chemen an. Nou pa dwe janm retire je nou sou Jezi. Lafwa nou depann de li depi nan kòmansman rive nan finisman. Jezi t aksepte mouri sou lakwa. Men li t aksepte tout wont ki mache ak kalite lanmò sa a kòmsi se pa t anyen, malgre rejwisans li te wè ki rezève pou li. Kounye a, li chita nan plas donè ki adwat twòn Bondye a. Wi, annik reflechi sou valè tray Jezi pase anba men pechè sou latè ki te rayi l yo! Konsa, nou p ap kite dekourajman pote n ale, nou p ap bay legen.

Bondye menm jan ak tout bon papa

Dayè, nan batay n ap mennen kont peche a, nou pako rive nan pwen kote lanmò se sèl bon chwa ki rete. Nou se pitit Bondye, men nou gen lè bliye pawòl ankourajman Bondye voye pou konsole kè nou:

“Pitit mwen, lè Senyè a ap korije w.
    Pa pran sa alalejè, pa dekouraje.
Senyè a korije tout moun li renmen;
    li pini tout moun l aksepte kòm pitit li.”[a]

Konsa, sipòte soufrans tankou yon pitit papa l ap korije. Bondye trete nou tankou pitit li. Ki pitit yon papa pa janm korije? Si n ta wè n pa janm resevwa koreksyon nan men Bondye menm jan ak tout pitit, konnen nou pa pitit lejitim li, konnen se pa moun Bondye nou ye vre. Nou tout gen papa isit sou latè ki korije nou, epi nou respekte yo. Konsa, li menm pi enpòtan toujou pou n obeyi Papa espirityèl nou pou n ka gen lavi. 10 Wi papa nou sou latè te korije pou yon ti tan. Yo te fè sa yo kwè ki t ap pi bon pou nou. Men Bondye korije nou pou l ka ede nou vin sen menm jan avè l. 11 Pa gen moun ki renmen koreksyon, paske sa fè mal. Men pita, lè leson an byen antre nan tèt nou, n ap jwi lapè moun ki fè sa ki byen.

Fè atansyon sou fason n ap viv

12 Remanbre men fatige nou yo. Repare jenou nou yo k ap tranble. Ranmase fòs nou. 13 Pa fè chemen kwochi pou pye n yo ki gentan ap bwate pa fin enfim nèt, men pou yo ka geri.

14 Fè tout sa k depann de nou pou nou viv an pè ak tout moun, mennen yon lavi ki sen pou fè Bondye plezi. Nenpòt moun ki pa mennen yon lavi ki sen konsa, li p ap janm wè Bondye. 15 Fè sèten pou pèsonn nan mitan nou pa vire do bay gras Bondye a. Fè sèten pou pèsonn nan mitan nou pa vin tounen yon plant nwizib k ap pouse epi k ap pwazonnen tout gwoup la. 16 Fè atansyon pou pèsonn nan mitan nou pa tonbe nan peche seksyèl. Se pou nou gen respè pou bagay sakre. Pa fè tankou Ezayi, ki vann dwa premye pitit li te genyen an jis pou yon plat manje. 17 Sonje pita lè li te vle resevwa benediksyon ki rezève pou premye pitit la, papa l pa t ka fè anyen pou li. Ezayi te tèlman vle benediksyon an li te kriye, men pa t gen okenn fason li te ka defèt sa l te gentan fè a.

18 Tankou pèp Bondye a jodi a, nou pako rive bò mòn yo ka touche a, ki gen gwo dife k ap boule, ki kouvri ak fènwa, tenèb ak tanpèt. 19 Pa gen son twonpèt ni vwa k ap pale pawòl tankou sa pèp la te tande yo. Moun ki te tande vwa a pale te tèlman anba lapèrèz, yo te mande pou yo pa tande yon mo ankò. 20 Yo pa t ka sipòte lòd sa a: “Menmsi se yon bèt ki touche mòn nan se pou yo kalonnen l ak kout wòch pou touye l.”[b] 21 Sa yo te wè te tèlman fè yo pè, menm Moyiz te di: “M tranble tèlman m pè!”[c][d]

22 Men nou vini bò mòn Siyon an, vil Bondye vivan an, Jerizalèm selès la, kote ki gen zanj pa milye ki rasanble pou selebre. 23 Nou vini nan asanble premye pitit Bondye yo. Yo gen non yo ekri nan syèl la. Nou vini bò kote Bondye ki se jij lemonn antye. Nou vini jwenn tout lespri moun ki jis yo, moun Bondye te fè rive nan pèfeksyon yo. 24 Nou vini bò kote Jezi, li menm ki vini ak nouvo kontra Bondye siyen ak pèp li a. Yo te aspèje w ak san Jezi ki te koule a, san k ap di bagay ki pi bon pase san Abèl la.

25 Fè atansyon epi pa fè tèt di lè Bondye pale. Moun yo ki te refize koute Bondye yo pa t chape anba pinisyon an. Pou nou menm, se depi nan syèl la Bondye ap pale avèk nou. Si nou vire do ba li, bagay la ap pi mal pou nou toujou. 26 Latè te tranble lè l te pale premye fwa a. Kounye a, li fè pwomès sa: “Yon lòt fwa ankò non sèlman m ap fè latè tranble, syèl la ap tranble tou.”[e] 27 Mo “yon lòt fwa ankò” a montre aklè Bondye pral sekwe tout bagay ki nan kreyasyon an epi li pral disparèt tout sa ki pa dire yo. Se sèlman sa ki pa ka sekwe k ap rete.

28 Men nou menm nou mèt di Bondye mèsi, paske nou resevwa yon wayòm pèsonn pa ka sekwe. An nou adore Bondye avèk anpil respè ak krentif, 29 paske Bondye nou an se yon dife ki ka kraze brize.[f]

Error: 'Amòs 6 ' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Lik 1:39-80

Mari al rann Zakari ak Elizabèt yon vizit

39 Nan menm epòk la, Mari leve, san pèdi tan, li ale nan yon ti vil nan mòn Jide. 40 Mari antre lakay Zakari epi li salye Elizabèt. 41 Menm kote Elizabèt fin tande salitasyon Mari a, pitit ki nan vant Elizabèt la pran sote nan vant li epi Sentespri a ranpli Elizabèt.

42 Li pale byen fò epi li di Mari konsa: “Bondye beni ou pami tout fi, li beni pitit ou ap fè a tou. 43 Ki sa m ye menm, pou manman Senyè m nan vin lakay mwen? 44 Paske menm kote salitasyon ou nan rive nan zòrèy mwen, pitit la pran danse nan vant mwen, tèlman li kontan. 45 Ou se yon moun ki beni, paske ou te kwè sa Senyè a te di w la gen pou rive vre.”

Mari fè lwanj pou Senyè

46 Apre sa Mari di:

“Nanm mwen beni non Bondye.
47     Lespri m rejwi nan Bondye sovè mwen.
48 Malgre mwen pa gen enpòtans,
    Senyè a manifeste favè li anvè mwen, pòv sèvant li a.
Depi kounye a pou jouktan sa fini,
    tout moun ap sonje kijan Bondye beni m anpil.
49 Wi, Bondye ki gen tout pouvwa a fè anpil gwo bagay pou mwen.
    Non li sen anpil.
50 Li toujou gen konpasyon
    pou moun ki gen krentif pou li.
51 Li manifeste pouvwa li nan sa li fè ak men li.
    Moun ki ògeye yo epi ki panse se yon pakèt afè yo ye, li fè yo wont.
52 Li ranvèse wa yo sou twòn yo
    epi li leve tèt moun ki bese byen ba devan li.
53 Li bay moun ki grangou yo manje pou plen vant yo,
    men li voye moun rich yo ale san anyen.
54 Bondye ede Izrayèl pèp li chwazi pou sèvi l la.
    Li pa t janm bliye mizerikòd li.
55 Jan li te di zansèt nou yo,
    Abraram ansanm ak desandan l yo,
    li t ap fè l la, pou tout tan gen tan.”

56 Mari pase anviwon twa mwa lakay Elizabèt, apre sa li tounen lakay li.

Nesans Janbatis

57 Lè lè a te rive pou Elizabèt akouche, li fè yon pitit gason. 58 Lè vwazen l yo ak fanmi l yo pran nouvèl kijan Bondye te manifeste bonte li anvè Elizabèt, sa te fè yo kontan anpil pou li. 59 Lè ti bebe a te gen uit jou, yo te ale pou sikonsi li. Yo te vle rele l Zakari tou pou te leve non papa l. 60 Men, manman l te di: “Non, se Jan pou l rele.”

61 Moun ki te la yo di Elizabèt konsa: “Men, pa gen pèsonn nan fanmi w ki rele Jan.” 62 Lè sa a, yo pale an siy ak papa a, yo mande l: “Ki jan ou ta renmen rele pitit la?”

63 Zakari mande pou yo ba li yon bagay pou l ekri. Epi li ekri, “Non li se jan.” Tout moun te sezi. 64 Apre sa, Zakari te vin ka pale ankò, epi li te kòmanse fè lwanj pou Bondye. 65 Tout moun nan vwazinay la te vin pè pou sa k pase a. Epi nan tout mòn Jide a moun pa t sispann pale koze a. 66 Tout moun ki te pran nouvèl sa k pase a t ap poze tèt yo anpil kesyon. Yo t ap mande tèt yo: “Ki sa ti gason sa a ap devni menm?” Yo te ka wè pouvwa Senyè a te avèk ti gason an.

Zakari fè lwanj pou Bondye

67 Apre sa, Sentespri a te ranpli Zakari, papa Jan, epi li te kòmanse ap bay pèp la yon mesaj ki soti nan Bondye ki di konsa:

68 “Lwanj pou Senyè a, Bondye Izrayèl la.
    Li vin pote konkou bay pèp li a,
    li vin libere yo.
69 Li ban nou yon Sovè ki gen anpil puisans
    ki soti nan branch fanmi sèvitè li David.
70 Se sa menm li te pwomèt
    pa mwayen pwofèt li yo depi nan tan lontan.
71 Li te pwomèt pou l delivre nou anba lènmi nou yo
    anba grif tout moun ki rayi nou yo.
72 Li te di li t ap manifeste konpasyon li anvè gran paran nou yo,
    epi li t ap toujou sonje alyans san defo li te fè ak yo a.
73 Se sa menm li te pwomèt
    gran papa nou Abraram,
74 yon pwomès pou l delivre nou anba puisans lènmi nou yo,
    pou nou kapab sèvi li san kè sote,
75 nan sentete ak nan yon fason ki kòrèk
    devan je li toutotan n ap viv.

76 Kanta pou ou menm, ti gason,
    y a rele w pwofèt Bondye ki pi wo nan syèl la.
    Ou ap gen pou pran devan Senyè a pou prepare chemen an pou li.
77 Ou ap fè pèp li a konnen y ap jwenn delivrans
    nan resevwa padon pou peche yo.

78 Paske Bondye gen kè sansib,
    l ap fè yon limyè[a] soti anwo vin klere nou tankou solèy k ap leve.
79 L ap klere sa yo k ap viv nan fènwa epi ki chita anba lonbray lanmò.
    L ap gide nou nan chemen lapè a.”

80 Ti gason an menm t ap grandi epi li te byen devlope nan lespri l. Li te rete nan dezè a jouktan lè a te rive pou l parèt an piblik pou l preche mesaj Bondye a devan pèp Izrayèl la.

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International